Souvni On The Mike
A Podcast drops every Friday night at 8 PM right after Souvni On The MIke Show on WLQY 1320 AM South Florida Station Fridays nights 7:30-7:50.Haitian Creole and English. Discussion on Current events, culture, fun games and radio drama.
Souvni On The Mike
FIRST SHOW - INTRODUCTION
Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.
Talk about current events. Culture of snapping photo on phone vs safety. A fun Game of questions.
January 9 2026 - Transcript
Bonswa, zanmi. Bonswa. Byenveni, byenveni! Ou branche sou emisyon Souvni On The Mike. Mwen byen sèten ke anpil nan nou ap fè preparasyon pou kòmansne weekend nou. Pou anpil nan nou, sa vle di, al travay nan wikenn nan. Pou rès la, se repoze lakay, fè ti monte desann, ti va e vyen. De tout fason nou genyen yon bon ti emisyon pou ou aswè a, ki sipè chaje, supercharged! Rete branche. N ap koute mizik, n ap fè ti pale tou kout sou kèk aktyalite ki pase resamman. Gen anpil bagay ki ap pase sèjousi. Sanble prezidan etazini a vle vire tout monn nan tèt anba! nou pral fè ti pale sou sa. Enpitou m kwè, nou okouran ke anne 2026 la te kòmanse avèk yon gwo trajedi nan peyi lasuisss kote anpil jenn ti moun, ki t ap fete nouvèl ane a, te mouri nan yon dife yon ensandie, mezanmi, se bagay pou kriye. Sa se nouvèl ki pase, men nap fè ti touche kout sou sa kòm pati nan seksyon kilti emisyon an. Apre sa, m panse nou ka gen yon ti tan pou fè ti jwèt kesyonè!
Donk, rete avèk nou. Pa deplase. Pa bouje!
Sa se Souvni On The Mike!
Music - Ayiti Nou Damou
Wi, e byen, kòm nou te pwomèt, n ap antre dwat dirèk nan aktyalite k ap pase nan lemonn. Vle pa vle, etazini genyen yon prezidan ki afekte lemonn antye. Jan prezidan sa a ap dewoule la. Imaj ke li ban mwen, se kòmsi ou t ap gade on yon ti moun piti ki antyoutyout. Timoun nan manyen tout bagay, vire tout bagay, mete dwèt li nan tout twou. L ap kouri rale asyèt ki sou tab pou lage atè, pran sachè ki gen farin, simen atè, enpi se kòm si ou gen nounous ti moun nan k ap mache dèyè l pou netwaye apre li.
Pou pale klèman, kalite gounvènman peyi Etazini, lakòz, chanjman nan ekonomi, kilti, li chanje tou, jan moun aji avèk lòt ras moun ki nan peyi a. Demokrasi vin gen yon lòt vizaj, gen anpil dout, anpil mefyans. Sa vin produi anpil kondisyon mantal tou. Paske yon gwoup moun fin debòde pou mentni klète nan tout sa k ap fèt, lòt gwoup la ap bay friksyon, tout rès yo preske, se kenbe paspò yo anba zòrye yo, paske ou pa konnen ki lè ya vin frape pòt nou.
Sa sa vle di pou nou menm Ayisyen?
Enben, Ayisyen, kèlkelanswa estati yo jwenn anpil presyon. Sa ki ka travay kontinye travay, sa ki ap viv nan lapè, sa ki pa ka lite pou kont yo pran avoka. Men, m panse, sa ki trè enpòtan kounye a, se mete tèt ansanm, youn sitou sipòte lòt, e espesyalman kenbe zòrèy ou a lekout, pou tout chanjman ki ap fèt. Paske ou tande y ap pale anpil ke yo vle fè ras moun blan tounen majorite nan peyi a, y ap pale denatiralize anpil moun, sitou sa ki fè krim. Se pa bagay ke nou te konn tande anvan. Se pa Ayisyen sèlmann, yo bay anpil lòt nasyon ki pa blan blokis tou. Eh m t ap panse, ekip Ayisyen pral jwe nan koup dimonn, ou ta panse yo ta bay kèk fanatik chans pou vin patisipe nan okasyon spòtif, men anba prezidan sa a, sa pap fèt. Donk malè avèti pa touye kokobe. Ann branche zòrèy nou pou nou rete okouran. Souvni on the Mike
N ap fè yon ti pase sou kilti. Se pa nesesèman kilti Ayisyen an, men se kilti ki ap prezide sèjousi!
M panse ke tout moun tande sa ki te pase nan peyi lasuis. Yon bann jenn moun tap fete nouvel ane a, enpi dife mete pye, enpe sove, genyen 40 ou 47 ki mouri.
Sa se yon gwo trajedi, men si w ap gade videyo ak imaj ke moun ki te nan fèt sa mete deyò. Se laraj. Plafon ba a ap pran dife, ba anba yon sousòl, genyen yon sèl pòt pou soti, enpi gen anpil k ap danse toujou. Yo wè dife a, olye pou yo kouri, yo retire kamera yo pou y ap fè videyo. Poukisa? Paske si yo pran videyo a, yo pran genyen anpil klik, anpil 'likes', anpil vizit nan sit yo. Se kilti jodia malerezman.
Ou pase ou wè yon aksidan, se retire kamera, fè videyo
Yon moun ap bat yon lòt, se retire kamera, fè videyo.
Y ap kondui machin, se retire kamera, fè videyo
Yo nan twalèt tou, se retire kamera, fè videyo
Si gen paran kap koute, fè pitit ou konnen, oubyen si gen jenn moun tou, sonje pou panse avèk sekirite w, panse ak lavi w anvan. Paske se sa ki pi enpòtan
Oke nou nan dènye minit nou, Se tan pou fèt yon jeu, N ap entwodui Valenten ki a ban nou yon kesyon:
Allez-y. Te m wè si m ka reponn:
Oke. Bonswa.
Men trivia mwen gen pou ou.
Trivia?
Wi, yon devinèt.
Devinèt?
Wi. Li pa yon kesyon. Donk m pa konn sa l ye.
Dakò Allezy.
Fè yon fraz kreyòl avèk mo ki kòmanse avèk G sèlman.
G?
Wi. Pa ji non, G
Ok G, tankou gagann, gòl, goumen?
Wi.
Oke.
Tann non. Fraz la dwe gen uit mo. Ou pa ka itilize yon mo de fwa. E fò fraz la fè anpil sans
Oke, sa pral fasil. Oke. gason,
Non, te m ajoute, GWO GASON....
HMMMM, sa fè de mo
Gwo Gason Genyen, sa fè twa.
Oke
Gow gason genyen gwo
Ou paka itilize yon mo de fwa. Ou pa ka itilize GWO ankò
Ok Gwo Gason Genyen, umm gwo gason genyen gade.
Sa pa fè sans, Gwo gason genyen gade.
Dakò, te m mete mo gade a, anvan
Dakò
Gade, gwo gason genyen, safè 4, garaj.....
M rete 3 gade gwo gason genyen gran garaj .....gran garaj gratis
Manke 2 mo
Gade gwo gason genyen gran garaj gratis gran maten
What? Non! Gran maten pa bon
Poukisa,
Li se de mo, epi maten pa komanse avek G
Granmaten se yon mo
No li se de mo
Ok
Gade, gwo gason genyen gran galri garaj gratis
Ala yon bèl lag se Kreyòl la.
END
Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Pase bon wikenn