Souvni On The Mike

Cell phones in the bathroom Stalls

SOUVNI ON THE MIKE

Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.

0:00 | 20:00

Send a text

You are on a call on your cell and you got to pee.... what to do... hmmm. La famille Pòt puts Dyak in a situation.

Support the show

Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/

Also, consider DONATING so that we can expand the show from 20 to 30 minutes of air time every Friday. This extra time will allow for more in-depth discussions, additional creative segments, and the continued availability of written transcripts. You may DONATE at our gofundme page at https://www.gofundme.com/f/support-souvni-on-the-mike-radio-show



January 23, 2026 - Show transcript

Salut et bienvenu a tout ekoutè radyo a.

Ou branche, yon lòt fwa ankò, sou emisyon Souvni on the Mike.

Isi votre animatrice Souvni. Et C'est un plaisir, un immense plaisir de vous retrouver pour cette nouvelle émission, kote m ap pote anpil solèy pou nou.

Mwen pare jodia pou pataje dyalòg, nouvèl mizik. Mwen gen ti pawòl pou nou.

Nou pral kòmanse avèk yon ti detant mizik.

N ape retounen nan yon ti moman. Rete konnekte e branche sou emisyon Souvni on the Mike.

Music.... ALASO

Zanmi, mèsi dèske rete branche avèk nou. W ap koute emisyon Souvni on the Mike. 

Jodi a nou pra fè ti pawòl reflechi, men dabò, nou ta renmen salye mesye Valentin ki vizite nou bonè nan emisyon an jodi a. 

Souvni - Bonswa Valentin.

Valentin - Bonswa Souvni, e bonswa tou a tout ekoutè emisyon Souvni on the Mike lan ki ape koute. Mwen di nou mèsi pou patisipasyon nou, nan konvèsasyon nou jodi a.

Souvni - Valentin, mwen wè ou vini bonè jodi a. Kisa ou pote pou nou?

Valentin - Souvni mwen te enterese nan sijè ke ou pral diskite jodi a. Mwen te vle di de mo ladan li tou. Donk se pou sa mwen te fè yon ti parèt bonè.

Valentin - A wè mèsi Valentin. Mwen kontan prezans ou. Mèsi pou patisipasyon ou. Sa ke mwen ta renmen pale jodi a sèke, m ap ba ou yon ti istwa. Mwen t ap fè yon ti makèt nan Publix lotrejou, e mwen te vle itilize twalèt Publix lan. Lè mwen antre nan twalèt la, te genyen yon dam ki te nan youn nan kabin nan twalèt lan. Li t ap fè anpil bri. Li t ap griyen dan. E mwen menm, paske li t ap pale fò, mwen t ap koute tout sa l t ap di. Dam nan t ap pipi pandan l ap pale. M tande lè li flushe twalèt la, e apre li soti, mwen la m ap gade li. Li kenbe telefòn nan ak yon men, epi li pran yon sèl grenn men an, li mete anba tiyo a. li lave sèl grenn men an. Epi li soti. Li fè sa tout pandan ke li kenbe telfòn selilè li. L ap pale. Li pa konnen sa k ap pase kote li ye an. Se pale l ap pale nan telefòn.

Sa vin fè m poze tèt mwen kesyon, èske se yon bon koutwazi pou ap pale nan telefòn pandan ke w ap fè tout bagay pèsonèl sa yo?

Valentin - Pou di w laverite Souvni, se pa yon bagay ke mwen konn panse ak sa souvan, men tout dènyèman, mwen genyen yon zanmi, yon zanmi fi, ke m konn pale avèk li tout tan. Men li toujou ap fè m sa. E sanble menm li tann lè l ap pale avè m pou l al antre nan sal de ben al pipi. E mwen pa renmen lè l fè m sa ditou ditou.

Souvni - Enben ou pa janm di l anyen sou sa?

Valentin - Mwen fè panse anpil fwa pou m ta di l sa. Mmen mwen poko.

Souvni - Petèt ou pè pou pa pèdi zanmi an?

Valentin - Non se pa si tèlman sa non. M konn di li, si w pra itilize twalèt pandan nou nan telefòn nan, al pipi, epi apre sa w a rele m apre. Al fè sa w bezwen fè, epi w a rele m aprè. M ap tann ou. M panse ke lè m di l sa li ta konprann, men m pa kwè l ko konprann.

Souvni - Wow mesye Valentin, sa se yon egzanp klasik de moun ki pa konn pale kare. Eskize m si m di w sa. Ou vle di ke ou pale avèk zanmi w lan. Ou pa di li egzakteman kisa ou ta renmen di. Men ou espere ke lè w di l yon bagay, li konprann tout sa ke ou ta vle di. Gen anpil moun ki konsa. Yo pa janm pale kare, men yo vle kòmsi pou w ta kapab li panse yo.

 Valentin - Mwen konprann sa ou vle di a. Mwen reyalize ke m ta dwe pale dirèk avèk li. M ap panse kijan m fè sa. 

Souvni - E mwen ta renmen mande ou tou, kisa li di w lè ou mande l pou l rakwoche pou l rele ou aprè.

Valentin - Enben li konn di m, "Non tann, m preske fini, pa rakwoche". Oubyen li konn di mwen, "si ou ale ou pap rele m ankò".

Souvni - Ou pa janm di l pou silans telefòn nan menm. M ta panse lè yon moun fè sa, se petèt gen yon rezon. Pa egzanp, si ou nan yon konvèsasyon byen long epi ou bezwen al pipi, ou pa vle pèdi apèl la, ou kapab di moun nan tann yon moman, epi ou mete telefòn nan sou silans, pou moun nan pa tande sa w ap fè a. Ou pa bezwen di l kisa ou pral fè. Paske genyen plizyè rezon kifè yon moun ta di w nan telefòn, 'tann yon ti moman'. Petèt gen yon delivrezon nan pòt la pou al siyen. Oubyen petèt ou gen yon manje w ap fè, w bezwen al desann dife a, oubyen petèt genyen yon vit machin ki desann, l ap fè lapli deyò a, pou al monte. Genyen dè milye de rezon ki fè ke pandan w ap pale nan telefòn avèk yon moun, pou di li   tann yon ti moman. Moun nan pa bezwen konnen kisa w pral fè.

Valentin - wi mwen menm mwen panse tout ke li bon koutwazi si moun ta mete telefon nan sou silans pandan ke l ap pale avèk yon zanmi, epi apre sa pou retounen nan apèl la. Sitou si ou sou  yon apèl telefònik pwofesyonèl tankou w ap pale avèk yon biznis, w ap pale avèk yon bòs ,oubyen w ap pale ak yon reprezantan yon òganizasyon. Li pa ta fè sans pou ta fè sa pandan ke ou nan twalèt.

Souvni - Wi zanmi nou ki ape koute, nou branche sou emisyon Souvni On The Mike, n ape pale de moun ki ap itilize twalèt pandan ke yo sou apèl telefonik. N ape retounen talè konsa nan konvèsasyon nou.

Oditè Radyo Konpa, ou branche sou emisyon Souvni On The Mike. Nou genyen Valentin avèk nou jodi a ki chita ape fè ti koze avèk nou. E n ape pale de moun ki ap itilize twalèt pandan ke yo sou apèl telefòn.

Anvan nou kontinye avèk konvèsasyon nou, m ap fè nou sonje ke si ou genyen yon kesyon pou nou, ou kapab kontakte nou nan sitwèb mwen, SOUVNI.ORG.

Si ou ta rive nan sit lan, genyen yon ti bouton ble, ki make, poze kesyon ou la, anba li.  Ou kapab klike sou li epi antre kesyon ou, mete imèl ou, konsa ou va jwenn repons. E osi, genyen yon lyen sou bò goch ekran an ki make Souvni On The Mike, si ou klike sou foto sa a, ou kapab jwenn emisyon vandredi yo ki disponib pou telechaje. Pa egzanp emisyon sa a va disponib apre ke li fin pase, w ap jwenn li nan sit la. 

E osi, pita pa bliye ke nou pral tande La Famille Pòt. Donk rete branche avèk nou. Apre ke nou fè ti koze nou. Nou pral fini talè konsa.

Wi Valentin, nou t ap pale de moun ki ap itilize twalèt pandan ke yo sou apèl telefòn.

Valentin - Wi souvni, kòm mwen t ap di ou, wi ,m panse ke genyen plizyè moun ki fè sa, ki itilize telefòn pandan ke yo nan sal de ben, men reyèlman vre nou pa janm konnen paske yo silans telefòn yo. Men mwen pwoblèm mwen sèke zanmi m nan pa silans telefòn li. Li toujou genyen yon bagay l ap fè, lè l n ap pale nan telefòn nan.  Ouswa l ap lave chodyè, ou byen l ap pipi, e gendefwa, li konn nan magazen ap achte enpi ou tande ke l ap peye kesye a lajan pandan ke n ap pale.

Souvni - Ah mwen ta di ke, si w ap regle bagay finans, w ap manyen lajan, w ap fè echanj lajan, fò telefòn sa ta fèmen, paske avèk afè lajan ou oblije konsantre pou pa gen erè ki pase, pou pa gen malkonte ki pase. E osi lè ou di sa, m ap di ou laverite Valentin, sa konn pase mwen ke mwen nan telefòn pandan ke m ape kondui, epi mwen rive nan yon restoran, yon Fast Food restoran konsa, tankou Taco Bell, epi m ap order, epi lè m rive nan fenèt la, m ap pale toujou. Mwen di moun nan, tann mwen yon ti moman pou m kapab regle zafè peye pou manje a anvan ke mwen deplase ankò. 

 Valentin - Wi, souvni, sa rive m tou. Men mwen pa konn po kisa. Mwen pa bezwen yon moun konnen kisa ke mwen ape order nan restoran pandan ke m ap pale avèk yo nan telefòn. 

Souvni - E byen se nan tan modèn ke nou ye. Telefòn nan nan men tout tan. M ap panse ke li ta difisil pou nou ta evite ke bagay sa yo pase kèk fwa. Paske w ap toujou okipe ap fè lòt aktivite pandan ke w ap pale.

Valentin - Wi se vrè, mwen konprann sa. Men mwen pa bezwen tande yon moun k ap pipi pandan ke m ap pale avèk yo. Mwen ta panse ke pa koutwazi moun nan ta dwe eskize li, oubyen mete telefòn nan sou silans. E pa panse ke lè ou antre nan sal de ben an ke moun nan pa konnen. Paske sal de ben pa gen anpil mèb ladan l. Donk li fè eko lè ou antre. Yon moun ki nan telefòn avèk ou kapab santi chanjman ki fèt lè ou antre nan sal de ben an. Paske l ap tande eko sal de ben an.

Souvni - Wi, mwen konprann sa w ap di Valentin. C'est généralement considéré comme impoli. Alors, anpil moun twouve sa jennen yo pou y ap tande pipi a k ap tonbe, pandan ke yo nan konvèsasyon avèk yon moun nan telefòn. Donk, la solution polie est de vous excuser premièrement, mettre la personne en attente, epuis rappeler après avoir utilisé les toilettes. 

Valentin - Wi se sa. souvni. telefòn nan avek nou tout tan, to ou ta wap genyen pou itilize li le w nan sal de ben an,

Souvni -Bon ou pa konn tande moun ap di w ke telefon nan tonbe nan twalèt la?

Valentin - Aktyèlman, mwen genyen yon moun sa te pase. Telefòn nan te nan pòch li, l ale pou retire telefon nan, epi telefòn nan tonbe nan twalèt la.  Kisa ou ta fè si sa rive w souvni?

Souvni - E byen sa pra depann de anpil bagay? 1è: Konbyen telefon nan koute? 2è: Èske se yon twalèt piblik? 3è: Èske se yon telefòn waterproof, ki vle di kòmsi dlo pa antre ladan l. E anfen, èske mwen vle menm mete men mwen nan dlo a pou retire telefon nan?

Medam e mesye w ap koute emisyon Souvni on the Mike. Rete branche la famille Pòt ap vini kouye a.

 

La Famille Pòt - Epizòd 2 - Dyak, the mouse, and the women of the house

Ovila - Dyak! Kouri vin gade!

Dyak - O O! Sa k genyen Ovila? Sa k ap pase?

Ovila - Enben, fè vit! Kouri vini non, Dyak. Se yon ti souri m wè ki fè, floup, li pase anba tab la.

Freya - What's going on? Why everybody screaming?  O dang, a mouse!

Dyak - O o sa nou gentan genyen la? Freya, Ovila,  yon ti sourit nou wè, enpi nou tout te gentan kouri monte sou sofa a? 

Ovila - Dyak, sispann pale non! Al chache yon bale pou touye sourit la non.

Tika - Qu'est ce qu il a? Qu'est-ce qui se passe? Manmie, freya, pourquoi vous êtes debout sur le sofa comme ça?

Ovila - Tika, fè atansyon, genyen yon sourit anba tab la

Tika - O mon Dieu! Regarde, une petite sourit. Papa, il faut la tuer

DyaK - O O! Bon, nan kisa m pran la a? Yon ti sourit nou wè, enpi nou tou lè twa gentan kanpe sou sofa a. Nou pa ka menm mete pye n atè? O O!

Ovila - Enben Dyak ou pa wè ti sourit anba tab la. L ap griyen grif dan li ban nou. Se pou n te rete la pou l te mode nou?

DyaK - Ki zafè mòde nap pale la a. Ou pa wè ti sourit la, se pè li pè nou.

Ovila - Sispann pase nou nan rizib Dyak. Al touye sourit la pou l pa antre nan chanm nan non.

Dyak - Fanm alèkile, si w manke konsidere yo kòm sèks ki fèb, yo di se diskriminasyon.

Freya - What are you sayin dad. Kill the mouse.

Dyak - Si ou pa ba yo pwomosyon an nan travay la, yo di se paske yo trete yo enferyè a gason an

Tika - Qu'est-ce que tu di comme ça papi, voici la sourit nou regarde avec ses petits yeux, elle va nous attaquer.

Dyak - Fanm yo vle se yo ki pou bòs

Freya - Dad, this is not funny! This mouse looks creepy

Dyak - Fanm yo vle se yo ki pou gason nan kay la.

Ovila -Dyak, anverite, si ou pa vin touye sourit, mwen avè ou de zòm pèdi.

Dyak - Fanm yo vle pou yo egal ego ak gason, men kou batiman an ap koule, yo pran pòz sèks fèb yo. Se yo ki pou soti anvan avèk ti moun yo.

Tika - papi, regarde! la sourit va me morder avec ses petit dent, il faut la tuer

Dyak - kou yo pòt la prezante, se gason an ki pou ki pou ouvè pot la pou yo. se gason an ki pou rale chez ba yo chita

Ovila -Dyak, m konn sa k fè ou pa vle touye sourit la. Se paske se defen manman w ki voye sourit la dèyè nou

Dyak - kou genyen yon dezas, se fanm pou yo sekouri anvan, enpi yo kite gason dèyè pou yo peri

Ovila - Dyak, kontinye konsa. Ou mèt tou konnen ou pa gen madanm aswè a.

Dyak - Kou yo wè yo sourit - se gason ki pou ap kase pye l al kouri deye sourit la pou yo

Freya -  Oh my god it's going to jump on us!

Dyak - Tande, m pa pral kouri dèyè okenn sourit. E m p ap fout touye okenn sourit. Nou egal ego. Se pou n chache touye sourit la pou kont nou, oubyen pase nuit la sou sofa a. 

END

Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Pase bon wikenn