Souvni On The Mike

Spill Your Secrets or Not.

SOUVNI ON THE MIKE

Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.

0:00 | 20:00

Send a text

Valentin and Souvni debate whether it's wise to tell your partner everything. Ovila offers Bryan a plate of corn maize and herring.

Support the show

Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/

Also, consider DONATING so that we can expand the show from 20 to 30 minutes of air time every Friday. This extra time will allow for more in-depth discussions, additional creative segments, and the continued availability of written transcripts. You may DONATE at our gofundme page at https://www.gofundme.com/f/support-souvni-on-the-mike-radio-show



January 30 2026 - Show Transcript

Allo, salut, E bonsoir, oditè radyo ki ape koute nou aswè a. 

Nou rankontre ankò yon lòt fwa.

Ou branche sou emisyon Souvni On The Mike, 

Yon emisyon ki rantre lakay ou gras a Radyo Konpa WLQY 1320 AM, chak vandredi a 7:30 du soir.

M ape di yon gran mèsi a Aubry Blag ki rann sa posib. Mèsi Aubry!

Nou gen anpil bagay pou nou pale, pou nou fè aswè a. Anpil pale ki pou fèt.

Men tout Dabò mwen ta renmen di yon gran mèsi a tout moun ki pran yon ti tan nan vandredi swa yo pou yo pase sa avèk nou. Mwen konnen ke tan nou presye anpil. W ap fè ti monte desann nou pou kòmanse wikenn nou. Donk mwen apresye ekout nou. 

Votre attention, votre écoute est pour nou un grand cadeau!!

Ann nou pran yon ti te detant, men kontinye rete branche sou emisyon Souvni On The Mike La. N ape tounen talè konsa.

Music - Bondye Beni Ayiti

Oui Mes amis, merci d'être rester avec nous. Vous êtes branchés sur l'émission Souvni on the Mike, sou Radyo Konpa.

N ape di byenveni a Mr Valentin.

Merci d'être venu ce soir Mr Valentin. 

Votre participation est grandement appreciée

Valentin: Bonswa souvni, bonswa ekoutè Radyo Konpa ki ap suiv emisyon Souvni On The Mike yo, mwen renmen randevou vandredi sa yo. Sa fè m sonje lè m te konn chita sou galri lakay mwen an Ayiti, zanmi pase, fè ti kanpe, nou chita pale de tout bagay.  Ti konvèsasyon yo konn trè chofe pafwa. Lè konsa, menm lè w al dòmi, w ap reflechi sou koze nou t ap pale

Souvni: Mèsi Valentin. Petèt nan pwochen emisyon an, nou ta pale enpe de souvnans danfans nou Ayiti. Mwen gen anpil bèl souvni de tan ke mwen te leve Ayiti. Men jodi a, kesyon ki ap brile kè mwen, kesyon ke mwen ta vle poze jodi a, si ou ta vle diskite sa avèk mwen, se èske ou dwe di mari oubyen madanm ou, oubyen yon moun ke ou nan relasyon avèk li, tout ti sekrè ou?

Valentin: Ou vle di kòm nan yon maryaj?

Souvni: Wi mwen vle di nan yon relasyon womantik ke ou genyen avèk yon patnè, yon menaj, madanm oubyen mari, èske moun sa dwe konnen tout ti sekrè ou?

 

Valentin: sa se yon kesyon ki mal pou reponn. Mwen menm pèsonèlman, mwen kwè ke nan yon relasyon ki pèsonèl konsa, nan yon maryaj sitou, yon moun ta dwe konnen tout bagay de ou.

Souvni: Mwen sipoze espesyalman si ou marye avèk moun nan, li ta dwe konnen tout sa ke li bezwen konnen pou fè relasyon an mache, men m pa konnen si se yon bon lide pou di moun sa tout bagay.

Valentin: Ah Souvni premyèman mwen pa konnen sa ou vle di pa, moun nan dwe konnen tout sa ke li bezwen konnen pou fè relasyon an mache.  Kijan konjwen ou ap fè konnen ki sekrè ke li dwe, oubyen pa dwe, konnen, si ou pa di li? Mwen pa kwè ke se yon bon lide.  Paske sa pral vle di ke ou pa fè moun nan konfyans. E sa pa toujou pase byen.

Souvni: Men m panse gendefwa gen de sekrè ke ou genyen, si moun ou avè l la ta konnen sa, petèt yo pa ta rete avèk ou.

Valentin - Pou di w la verite, mwen se youn nan moun ki panse ke lanmou kapab padone tout. Fòk madanm mwen ta di m tout sekrè li, pou mwen pa fè sezisman, ni gen dezagreman pita. Si moun nan gen bagay li pa ka di w, sa vle di li pa fè ou konfyans, oubyen li pa ta dwe menm ap viv avèk ou, paske si li pa ka di ou sekrè ki nan kè li, sa vle li tou deja konnen ou p ap dakò ak sekrè a.

Souvni: An nou pran yon egzanp, ann di ke yon dam te kouche avèk tout zanmi gason ou ke ou genyen, men li te fè sa lè li te jenn, men kounye a li chanje lavi li. Èske ou ta renmen konnen sekrè sa yo? Èske ou ta renmen konnen, pa egzanp, ke li te kouche avèk dè venntèn de moun? Èske ou ta renmen konnen ke li te jete yon pitit? Oubyen èske ou ta renmen konnen ke li te pase de twa jou lopital akoz de yon maladi mantal ke l te genyen, ann di konsa ke li te fè yon kriz depresyon, menm si sa te rive, yon sèl fwa nan lavi li, èske sa se sekrè ke ou ta renmen konnen, èske sa se pa fouye zo nan kalalou?

Valentin: Mwen ta di ke sekrè sa yo nesesè pou mwen konnen, pou m ka konnen ak ki moun m ap boule?  Si ou pa konnen ak ki moun w ap boule, ap gen deblozay kanmenm pita. Relasyon an pap dire. Li pap siviv.

Souvni: Dakò mesye valentin, men èske sa pa pral fè ou gade moun nan yon lòt jan, trete moun nan yon lòt fason? Petèt ou p ap janm ka fè moun nan konfyans ankò si li di ou konsa ke li te pran yon lajan ki pa t pou li yon jou.  Oubyen petèt ou p ap fè li konfyans ankò ak zanmi gason ou, si li di w konsa ke li te gen santiman pou yon zanmi gason ke w genyen? Oubyen petèt ou ka vin rive nan yon sitiyasyon kote ou vin oblije ap siveye li tout tan, ap kesyonen tout sa li fè? 

Valentin: Bon, M panse  fò m ta konnen kanmenm, paske, si toutfwa mwen vin aprann sekrè a nan men yon lòt moun, mwen ta santi yon imilyasyon, sa ta vin mete m malalèz, mwen ta santi yon rabèsamn devan madanm mwen.

Souvni: E sipozon ke ou te nan relasyon ak yon moun, epi li di ou tout sekrè li kounye a ou vin pa ak moun ankò donk moun sa konnen ke men ou menm la k ap mache avèk sekrè li. Ou ka mete nan lari nenpòt ki lè.

Valentin - Eh byen se devwa mwen pou m respekte sekrè moun nan di mwen an konfidans. M panse ke si genyen yon sekrè ki pou devwale, moun nan ta dwe di m an premye, anvan nou kòmanse relasyon an, enpi mwen va deside si se yon bagay mwen ka viv avè l. 

Souvni: Donk nan kondisyon sa ou vin pran pozisyon yon jij. Relasyon ap fini anvan menm ke li te kòmanse. M ta panse ke, gen enfòmasyon ou ta dwe gade pou tèt ou. Se pa paske w ap kache sekrè a non, men se paske, li ka pa yon bon tan pou deklare sekrè a. Oubyen li ka pa menm nesesè pou deklare sekrè sa.

 

Wi mèdam e mèsye ou branche sou emisyon Souvni On The Mike. O Mikwo ou genyen animatris ou Souvni. N ape fè ti dyalòg avèk Mesye Valentin, yon zanmi ki pase nan estidyo nou detanzantan pou fè ti dyaloge. N ape tounen nan kèlke segond.

 

Ou branche sou emisyon Souvni On The Mike. Emisyon sa a vini jwenn ou lakay nou chak vandredi soir at 7:30 PM avèk animatris emisyon an Souvni

Si ou ta renmen kontakte nou, ou ka ale nan sit wèb mwen, SOUVNI.ORG, lè w ale nan sit la ou va jwenn yo ti bouton ble, sou bò goch ekran an ki make, poze kesyon ou la, ou kapab poze kesyon ou, mete imèl ou, epi w ap jwenn repons. Pi ba goch anba ekran an, gen yon lyen ki make Souvni On The Mike, si ou klike sou li, ou va jwenn emisyon yo pou telechaje. Pa egzanp emisyon jodi a va disponib pou telechaje apre emisyon an fini.

Donk, oditè radyo Konpa, ou branche sou emisyon Souvni On The Mike, ki kòmanse chak Vandredi at 7:30. N ape fè ti dyalòge avèk Mr Valentin

Mr Valentin mwen di w mèsi anpil, se yon imans plezi pou n ape dyaloge konsa, mèsi pou patisipasyon ou nan emisyon nou.

Wi, Valentin kesyon ke nou t ap diskite jodia, se èske ou dwe devwale tout sekrè bay madanm, mari, oubyen patnè womantik ou?  

Valentin:  Wi, souvni, mwen te ap esplike ke mwen panse ke si w ap viv ak yon moun, sitou si ou marye ak moun sa, fòk moun nan ta konnen tout bagay de ou. 

Souvni: E mwen menm, mwen te di ke mwen pa kwè ke se yon bon lide pou moun nan konnen tout bagay. Gen de bagay ou kapab kenbe sekrè.  Se pa ke w ap kache sa non, men se paske pou yon rezon ou yon lòt, Li pa pridan pou w ta pataje sekrè a.

Valentin: Mwen ta mande ou, Souvni, ban m kèk egzanp sekrè ke ou pa ta kapab pataje avèk konjwen ou?

Souvni: Yon egzanp m te kapab ba ou, se sekrè ki ta blese moun nan. Sekrè ki ta vekse moun nan. Pa egzanp, si mwen avèk yon moun epi fanmi mwen pa renmen moun nan, m pa kwè ke m t ap di l sa.

Valentin: Mwen pa konnen si m dakò a ka sa. Si fanmi moun nan pa renmen m. Li ta bon pou m ta konnen, dekwa pou m pa bezwen patisipe nan zafè fanmi li ap fè.

Souvni: Donk Valentin, kòm yon egzanp, si fanmi ou pa renmen madanm ou, enpi tout tan y ap pouse pou ou ta marye ak yon lòt moun pito, èske ou t ap di madanm ou sa?

Valentin: Bon mwen pa ta di l sa pou m pa blese santiman li, oke mwen konprann sa, ban yon lòt egzanp ankò.

Souvni: Men yon lòt egzanp ankò, eskize vilgarite wi, men ann di konsa ke ou genyen yon ansyen menaj ki konn fè lanmou pi byen ke madanm ou, epi li gen bagay li konn fè pou ou ke madanm ou pa ka fè, oubyen ke madanm nan pa vle fè. Eske ou ta p di madanm nan sa?

Valentin: sa diferan, mwen pa ta janm di yon bagay konsa, paske madanm mwen t ap fè jalouzi, li t ap kite m san souf ap mande m detay.

Souvni: Wi, sa mwen dakò, afè bay detay sa a se yon lòt  egzanp, èske ou ta dwe detaye, bay madanm ou, tout sa ou te konn fè anvan ou te rankontre avèk li?  

Valentin: Non, pa jantiyès, mwen pa kwè ke mwen bezwen pa li tout kont randu de tout sa mwen te konn fè, oubyen fason mwen te konn fè yo. Mwen kwè sa ta mete nou nan pwoblèm pita.

Souvni: Epitou sekrè ki genyen nan fanmi ou, pa egzanp, ann di ke ou genyen plis ke twa oubyen kat matant nan fanmi ou ki gen maladi mantal, èske ou t ap pataje sa ak madanm ou? 

Valentin:  Sa pral depann de sikonstans lan. M pa ta vle ke madanm nan panse ke m pral fou nan men li menm jan ak fanmi m, men m ta panse ke se yon bagay m ta mete l chita pou mwen pale avèk li. 

Souvni: E move kredi. Èske ou ta dwe ti konjwen ou ke ou gen move kredi anvan ou viv ansanm ak li? 

Valentin: Sa a wi sa diferan, mwen t a renmen konnen tout ti detay sa yo paske si nou gen pou nou fè acha ansanm, tankou achte kay, achte machin, epui mwen pa ta renmen responsab dèt li tou.

Souvni: M pa konnen, petèt mwen menm mwen ta bay enfòmasyon sa apre, sofsi moun nan ta mande mwen.  Bon kòm n ap pale de reyalite, eskize vilgarite ankò,  genyen de moun ki genyen fantezi seksyèl ke yo pa ka di konjwen yo, paske yo pa konnen si sa ka mete dezagreman. Èske ou panse devwale bagay sa yo se yon bon ide?

Valentin: Tout sa m konnen Souvni, sèke si w ap viv avèk yon moun, pa ta dwe gen jennen nan koze sa yo, men se vrè ke gen de moun ki pa di w tout bagay. Yo pa ba ou laverite sou kalite de moun ke yo ye. Se ou menm ki pou ap itilize brenn ou pou li siyal yo jan ou kapab.

Souvni: Wi se vrè paske ou gen dwa marye avèk yon moun, enpi kèlke mwa, oubyen kèlke ane apre, w ap mande tèt ou, "Rete, nan kisa m ye la a?" "Avèk ki moun, oubyen avèk kisa m annafè la a"?  

 

Mèdam e mèsye nou rive nan fen diskisyon nou. Mèsi anpil anpil Mr Valentin pou patispasyon nou. Mwen toujou apresye sa. N ap retounen ankò avèk La Famille Pòt.

____

 

Tika - Manmi, quelle est cette odeur?

Ovila - Tika, se yon bon ti mayi moulen ak arensò ke m ap fè la.

Tika - Mais manmi pourquoi tu me fais sa. Je t'ai dit de ne pas faire de l'hareng sor quand Bryan vient me voir. 

Dyak - Ovila, se vre wi. Tika di w li gen menaj li k ap vini wè li, pou pa kuit aransò nan kay la, enpi ou chwazi se jodi a pou fè aransò a.

Ovila - Bon ki tenten n ap vin di m la a? Pou Tika ta genyen yon menaj ki pa ka pran sant aransò, donk se mwen menm l ap vin di pou m pa fè aransò lè menaj li ap vini. Ki bagay sa? Tande, kay mwen se pou mwen l ye, nenpòt manje m vle fè se li m ap fè. 

Dyak - Enben si w te konn sa, poukisa se jodi a ou chwazi pou kuit aransò a?

Ovila - Se pa konsa bagay yo pral mache non. Chak kou ti gason sa a ap vini, se pou m kuit aransò a jiskaske li abitye avè l.

Tika- Mè manmi se pa juste. Il t a dit qu'il ne peut pa tolerer l'odeur

Ovila - Enben sa se zafè pa li. Poukisa Tika pa chache yon jennòm Ayisyen, ki konn gou manje Ayisyen, ki konn apresye manje lakay?

Dyak - Ovila se ti etranje li ye. Se pou respekte sa. Fò w respekte gou li.

Ovila - Hey! Pou pitit mwen gen yon menaj, m pa ka ba l manje ki gen piman, m pa ka mete epis nan manje an, depi l pran sant aransò a li près pou l endispoze, m pa ka nan bagay sa yo

Dyak - Se pa anyen non, Ovila. Se abitye li pa abitye ak manje a.

Ovila - Jan m konnen gen etranje ki renmen manje Aysiyen. Mezanmi si ou wè yo lè y ap manje bon ti bannann peze ak griyo, bon ti diri ak djondjon. Yon niche bouch yo. Yo preske koupe dwèt yo. Yo renmen manje lakay.  Men tou, gen etranje, lè yo gade manje nou, yo gade li dwòl,  kòm si se yon manje yo pa janm wè deja, yon bagay ke yo pa rekonèt. Y ap mande, 'kisa sa ye? kisa sa ye?  Yo prèt pou kouri. Mwen pa renmen sa. Ti gason sa pa vin fè m sa.

Dyak - Se pa sa non Ovila, chak peyi gen tradisyon manje pa yo, donk yo jis bezwen konnen ki sa ki nan manje a. Se tout wi.

 

Ovila - Kwè m si w vle, m pa pral genyen okenn bofis ki pa ka manje manje Ayisyen.

Dyak - Bofis?! ki moun ki gentan ap pale de bofis la? Timoun nan fèt renmen ou gentan ap pale de maryaj. Ou pa menm konnen si menaj la ap dire. 

Tika - Le voici papi, je vois sa voiture, il arrive. 

Ovila - Ou pa bezwen pè Tika - jodi a mwen pral prezante Bryan avèk yon mayi moulen ki tèlman gou, bon se dwèt li l ap manje menm .

Tika - Hello Bryan.

Dyak - How are you Bryan?

Bryan - Hello everyone.

Ovila - Ba l chita Tika.

Tika - Come in and sit down.

Ovila - O o sa li gen la? Apa gòj li kòmanse ap grate l. Bryan, men gade, sa se yon plat mayi moulen ak aransò ke m te fè kite pou ou.

Dyak - Bon, Ovila, sa w ap fè konsa? Misye fèk antre. Enpi lè fini, li pa menm konprann sa w ap di a menm.

Ovila - Pa vin di m li gen menaj Ayisyen pou l pa konprann yon grenn mo Kreyòl. Li konprann byen sa m ap di a. Men Bryan, men yon plat mayi moulen. 

Dyak - Ovila, ou pa ta bezwen kite tèt aransò a k ap griyen da li nan mayi moulen. Se pou w te retire l anvan ou sèvi l.

Ovila - Mwen senpleman vle montre l ke aransò a se yon pwason tankou lòt pwason li ye. Men Bryan. Men yon plat mayi moulen.

Ovila - O O men l endispoze, men l tonbe atè a!

Dyak - Ouvè fenèt yo, limen vantilatè a, ba l yon ti van. Al bouyi yon ti kanèl pou retire sant aransò a nan kay la

Ovila - O O, men l ap ouvè zye l, men l ap reprann li. Tika, kenbe l, al chita deyò a avèk li pou l ka pran bon ti lè. M pral bouyi yon ti kanèl nan kay la

Dyak - Ovila se fòt ou wi si yon bagay rive ti gason an. W ap ba l presyon, w ap fè diskriminasyon. W ap fòse l manje, manje ke l pa konn manje deja. 

 

Ovila - Se pa diskrimnasyon non Dyak. Ti gason sa a pa ka fè anyen pou Tika. Ki kalite gason depi li pran sant aransò pou li endispoze. Moun konsa, nenpòt ti grip yo genyen, yo pran kabann. 

Dyak - Cheri, tout sa m bezwen ou fè kòm paran, se sipòte Tika dekwa si renmen an gate pou Tika pa di se fòt nou.  Menaj li pa ka vini pou se deyò l oblije rete chita. Jis bay ti gason an manje ke li konnen. 

Ovila - O! m konnen kisa m pral fè pou li. Tika! Bryan! nou te mèt rantre ankò. Kanèl la gentan rale sant aransò a. 

Tika- Wi Manmi?

Ovila - Tika, Bryan, vini chita. M pral fè yon manje ki pa gen odè pou ou. Oke? Nou pral renmen li. Bryan, mwen pral fè yon Krab nan kalalou ak tonmtonm pou ou.

Dyak - Woy! Men l endispoze ankò.

END

Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Pase bon wikenn.