Souvni On The Mike

Childhood Memories

SOUVNI ON THE MIKE

Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.

0:00 | 20:08

Send a text

Souvni and Valentin talk about memories of Haiti. Ovila's sister pays her a visit

Support the show

Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/

Also, consider DONATING so that we can expand the show from 20 to 30 minutes of air time every Friday. This extra time will allow for more in-depth discussions, additional creative segments, and the continued availability of written transcripts. You may DONATE at our gofundme page at https://www.gofundme.com/f/support-souvni-on-the-mike-radio-show



Mesdames et Messieurs, tout moun ki ape koute, bienvenue sur l'émission Souvni On The Mike. Mwen se animatris ou Souvni.

N ape di yon gwo bonswa a tout moun ki branche sou Radyo Konpa yo.

Souvni On The Mike se yon emisyon ki rantre lakay ou gras a Radyo Konpa sou WLQY 1320 AM, nou sur les ondes chak vandredi at 7:30 du soir.

Mwen kontan retwouve nou ankò devan radyo an. M'espere ke semèn nou te pase trè byen. 

Mwen prepare yon pwogramasyon eksepsyonèl pour nou 

Aswè a nou pral pale de lakay. Lakay se lakay. Nou pral fè ti dyaloge sou souvnans peyi nou. 

Men kòm toujou, mwen ta renmen di, tout dabò, yon gran mèsi a tout moun ki pran yon ti tan pou chita tande nou, pandan ke w ap fè preparasyon pou kòmanse wikenn ou.  Mwen apresye ekout lan. Ann nou pran yon ti te detant, men kontinye rete branche sou emisyon Souvni On The Mike. N ap tounen talè konsa.

Music.... Nou ka nan ka

Wi Mèzanmi, mèsi dèske ou te rete branche.  W ape koute emisyon Souvni on the Mike, sou Radyo Konpa.

Nou genyen avèk nou, jodi a, nan estidyo an, Mr Valentin. Mwen toujou kontan lè li vizite nou. N ape di byenveni a Mr Valentin.

Valentin- Mèsi souvni, m ape salye tout moun ki ap koute emisyon Souvni On The Mike yo. E m ape salye tou tout oditè Radyo Konpa. 

Souvni: Valentin, nan dènye emisyon an, nou t ap pale de tan lè nou te leve an Ayiti. Epi nou te panse petèt nou te ka fè yon ti dyaloge sou sa nan yon lòt emisyon. Enben jodia se jou a, an nou pale, an nou fè ti dyaloge sou tan ke nou te pase an Ayiti.

Valentin: Wi Souvni, n ap viv nan yon peyi etranje kounye a.  Se yon evènman ki transfòme lavi yon moun, pou kite peyi ou, kite tout bagay ou abitye avèk li, pou al kòmanse de nouvo nan yon lòt peyi, kote yo pale yon lòt lang, kote kilti a diferan. Kote menm moun yo ak tradisyon yo diferan tou

Souvni - Pou Ayisyen ki te antre isi depi lè yote tou  piti, yo ka pa eksperyanse menm chòk kiltirèl ke nou menm te eksperyanse lè nou te antre nan peyi an, paske nou te antre nan yon laj konesans

Valentin: Wi, Lè m te antre nan peyi isi, malgre mwen te konn de twa mo angle, ke m te aprann lekòl, li pa te fasil pou m te eksprime mwen. Mwen te gen anpil baryè akoz de lang lan. Pou w te jwenn travay, si ou pa konn lang lan, e ou pa t aprann yon metye ke ou kapab itilize nan peyi etranje, se kòm si ou vin rekile dèyè. Mwen t ap fè bon ti travay an Ayiti, malgre sa pa t rapòte m anpil, men m santi m te genyen yon libète pou m te dewoule kò m jan m vle lè sa a. Men isi, mwen te santi ke fòm mete anpil zefò pou navige lang lan, kilti a, e anpil prejije pafwa.

SOUVNI: Men piti a piti, nou vin anbrase kilti peyi etranje a, aprann lang nan,  fè nouvo zanmi, mache jan etranje an mache, pale jan yo pale, pou nou te kapab, reyèlman vre, antre nan kilti etranje a. 

Valentin: Wi nou vin oblije adpate byen vit pou n ka siviv

SOUVNI: Nan ki zòn an Ayiti ke ou sòti Valentin?

Valentin: Ah mwen se moun Benè. Se kote ki pwodui tout bagay. Mwen te rete tou pre larivyè Benè a. Mwen te travay anpil, nan leve tout kalite bèt, bèf, kochon, poul. Papa m te gen gwo jaden, nou te konn plante tout bagay, kafe, kokoye, lanm veritab, tout kalite viv. Nou te konn pwodui ni viv, ni vyann angwo pou magazen. E ou menm Souvni, nan ki pati Ayiti ke ou soti?

SOUVNI - Mwen menm, mwen te leve Akayè? 

Valentin - Akayè, kote drapo Ayisyen an te pran nesans

SOUVNI - Wi, mwen te grandi nan bouk Arcahaie a menm, pa twò lwen Sen Meda, Kourjòl, a Sen Mak. Akayè se kote ki genyen bèl plaj, bèl lanmè. Se kote w ale nan jaden tou pou keyi bannann, gwayav, mango, zaboka. Se kote w ale nan lanmè pafwa pou tann pechè  pwason yo fin peche, pou yo pote pwason pou achte, yo konn pote piskèt, yo konn pote gwo pwason, e dèfwa yo konn pote woma tou, e lè dimanch swa, ou kapab jwenn anpil moun y ale sou plas desalin nan, pou bwè  krèm glase 

Valentin - Ki pi bon souvnans ou genyen de Akayè?

Souvni - M ta di fèt 18 me, m te lekòl kay mè, se nou menm kite sèvi kòm defile pou pote drapo a sou plas desalin nan lè genyen fèt 18 me. Epòk kanaval te bèl tou, kote yo dekore lari a tout koulè, epi lè fini ou ta renmen pou se ou yo chwazi pou yo mete danse sou cha a. Lè epòk kanaval, le maten byen bonè, mesye yo konn benyen tou kò yo nan molas, epi yo genyen yon ti pantalon pay sèlman byen kout sou yo, epi y ap kouri nan tout lari a pou fè ou pè, lè konsa ou menm ki genyen ti rad blan sou ou, ou fèt sot legliz, epi lè fini y ap kouri dèye  pou wè si y ap manyen rad lan. Sa se te bèl souvnans.

Valentin: Pou mwen menm se te sezon nwèl, tout abitan ki rete anwo nèt, yo desann depi vin rete nan lakou an. Yo tout desann avèk bèt yo pou yo pa rate mès minui. Mwen te toujou renmen sa paske yo te toujou pote diferan manje. Yo vini avèk pwòp manje pa yo. E genyen yo fè manje nan lakou an. Donk tout moun reveye, ou menm w ap tann tou. W ap tann pou nwèl rive.

Souvni: Gen anpil chanjman ki fèt kounye a. Anpil nan chanjman sa yo se bon bagay

Valentin: Souvni, ki pi bon chanjman ki fèt depi ou te premye kite peyi a

Souvni: Pi bon chanjman ki fèt, se definitivman, teknoloji kominikasyon. Lontan, koneksyon avèk monn lòtbò dlo, sa te difisil anpil. Nou te kapab pran nouvèl nan radyo, nou te kapab pran nouvèl nan Tele Nasyonal epi lè fini mwen kwè te genyen televisyon ou te kapab pran l nan kab. Men kominkasyon te difisil, men avèk entènèt jodia, entènèt ak telefòn mobil, e sa fè nou rapwoche pi prè avèk monn nan. M pa konnen si ou sonje lè nou konn al Teleko pou fè yon apèl telefòn. Lè w al teleko ou rete chita ap tann teleko kominike ak fanmi ou nan peyi etranje, enpi lè fini ou antre nan ti kabin nan, lè moun nan rele w, pou ap pale ak fanmi w.

Valentin - Wi teknoloji, e sitou teknoloji kominikasyon trè avanse sèjousi. Se yon bon chanjman ki benefisye lemonn antye nèt. 

Souvni - Wi nou nan yon epòk mondyalizasyon ki ban nou yon koneksyon global. Yon fwa yon nouvèl tonbe sèjousi. Li pa twòp tan pou li epapiye jouk nan ziltik. E souvnans lekòl, Valentin, kijan sa te ye?

Valentin - Mwen te lekòl kay frè. Se te yon bon tan. Mwen te timoun toujou, mwen sonje pè nan legliz katolik la ki te fòme reyèlman lavi mwen.  Men gen yon bagay ki toujou rete nan memwa mwen. Mape sonje yon lè mwen t ale konfese ba li.  Mwen te fè yon ti peche seksyèl. Mwen t al konfese, enpi mwen di pè a ke mwen te kouche ak yon ti fi, enpi pè a mande m si m te kanpe oubyen si m kouche lè m ta fè peche a?

SOUVNI - Tann yon moman. Kisa pè a mande w?

Valentin - Eh byen mwen pa t ap atann mwen ak sa. Mwen te senpleman bezwen absolisyon pou m al pran losti. Enpi li mande m kesyon sa ki te toujou rete nan lespri m 

SOIUVNI - Donk ou tal nan relasyon seksyèl ak yon ti fi, enpi ou te bezwen konfese avan ou pran losti

Valentin - Bon anfèt se pa te yon aktivite seksyèl total. Mwen te timoun

SOUVNI: ki laj ou te genyen?

Valentin - M panse m te gen kenz oubyen sèz an - e se pa gran aktivite, se bagay timoun ki pa konn anyen mwen t ap fè. mwen te fè yon ti pentire ak ti fi a

SOUVNI - Yon ti pentire, kisa sa ye?

Valentin: Eh byen mwen pa te totalman fè gran choz, mwen te fè yo ti fwote kont tifi a. M panse se konsa yo te rele li.

SOUVNI: Donk apre sa, ou deside pou al pran losti?

Valentin: Wi, donk m al konfese. Epi lè m di pè a sa, li mande m, si m te kanpe oubyen kouche lè m t ap fè sa

SOUVNI - Èske ou panse ke gen yon diferans?

Valentin - Kounye a non. Men, pou yon moman trè brèf, m te panse ke kouche a te pi grav. Men lè m t ap di zanmi m yo sa, yo te fè blag ak sa. Donk mwen konnen ke se pa te gran choz

Souvni - Èske ou te janm wè pè sa ankò?

Valentin - Sa ke mwen t ap eseye di sè ke, sa se te souvnans danfans mwen, pè a te wè se timoun mwen ye, e li te santi ke m te mal alèz, donk li t ap eseye difize sitiyasyon pou mete alez oubyen pou fè m ri, mwen pa konnen, men kòm nou t ap pale, sa se memwa ki te fòme anfans mwen. Se youn nan moun ke nou tout sou katy a te apresye. Menm lè n ap jwe boul nan katye a, pè a konn ap pase ak tout wòb li sou li, ap choute boul la tou. Ban nou bon konsèy, kòm jenn ti Ayisyen. Li te toujou ap montre nou ki jan pou mennen yon lavi pwodktif nan lasosyete. Sa se bagay lè m ap sonje yo, sa fè mwen emosyonèl pou peyi mwen.

BREAK

Wi mèdam e mèsye, ou branche sou emisyon Souvni On The Mike, O Mikwo ou genyen animatris ou Souvni, n ape fè ti dyalòge avèk Mesye Valentin, yon zanmi nou ki pase nan estidyo nou detanzantan pou fè ti dyaloge. N ape tounen nan kèlke segond

Break

Ou branche ce soir sou emisyon Souvni On The Mike. Emisyon sa a vini jwenn ou lakay nou chak vandredi soir at 7:30 PM avèk animatris ou an Souvni

Si ou ta renmen kontakte nou, ou kapab ale nan sit wèb mwen, SOUVNI.ORG, lè w ale nan sit lan ou va gade sou bò goch ekran an, w ap yon ti bouton ble, ki make, poze kesyon ou la, ou kapab poze kesyon ou, mete imèl ou, epi soumèt li, epi w ap jwenn repons. Pi ba goch anba ekran an, si ou ta renmen telechaje emisyon an apre ke li fin pase, ou va wè yon lyen ki make Souvni On The Mike, si ou klike sou lyen sa a, ou va jwenn emisyon an pou telechaje. Pa egzanp emisyon sa a, si ou ta renmen tande li ankò, li va disponib pou telechaje apre emisyon an fini.

Donk, oditè radyo Konpa, ou branche sou emisyon Souvni On The Mike, ki kòmanse chak Vandredi soir at 7:30. n ape fè ti dyalòge avèk Mr Valentin

Mr Valentin, mwen di w mèsi anpil, se toujou yon privilèj pou nou chita pou dyaloge konsa, mèsi pou patisipasyon ou nan emisyon nou.

Nou t ap pale de souvans peyi nou. Ou t ap di nou souvnans ke ou te genyen lè ou te jenn ki fè ou emosyonèl lè ou sonje peyi ou 

Valentin: Wi mwen t ap pale de bèl souvnans nan epòk kote mwen t ap kite anfans mwen pou antre nan matirite. E ou menm Souvni, èske ou gen memwa danfans konsa?

Souvni: Mwen sonje, te gen yon jennòm ki te jwe òg nan legliz katolik la. Mwen te gen petèt douz an, li te pi gran pase mwen, paske se li menm ki tap jwen òg nan legliz katolik la. Li te vin pase lakay la yon jou swa, pandan ke nou tap fè devwa lekòl. Nou t ap itilize ti lanp tèt gridap, ki sanble avèk ti lanp ki fèt avèk ti mamit yo, epi yo gen yon mèch tout won. Ou mete gaz blan nan ti lanp lan. 

Valentin: Dis kòb gaz blan te mennen ou lwen nan jou sa yo.

Souvni: Wi, jenòm nan te chita sou tab la avèk mwen menm, gran fè mwen e tisè mwen. Li te pran yon kaye li te ekri ladan enpi li ban mwen li. Li te ekri yon nòt ki te di egzakteman: Je suis venu chez toi et tu ne m as pas embrasser.

Valentin: Enben se te menaj ou?

Souvni: Non, se te zanmi gran frè mwen. Mwen pa menm sonje si nou te janm pale anvan sa menm. Donk, mwen menm avèk li te sòti deyò a, mwen mache avèk li, e nou te gen yon gwo baryè ki te fèmen lakou a. Lè li rive nan baryè a, mwen te anbrase li.

Valentin: Èske nou te vin renmen lè sa.

Souvni: Non, mwen pa menm sonje si m te jan wè misye apre sa menm. Men sa ki te pi enteresan an, sèke lè mwen te rantre andan ankò, gran frè m t ap chache nòt ke misye t ap ekri nan kaye a. Gran frè m nan di, mwen te wè misye t ap ekri anpil nan kaye a kote sa li t ap ekri a?

Valentin: Ki sa ki te pase nòt la Souvni?

Souvni: Mwen te gentan brile nòt sa a lontan nan lanp tèt gridap la.

Souvni On The Mike

Wi mèdam e Mesye, ou branche sou emisyon Souvni On The Mike sou Radyo Konpa. Mèsi très chèr Valentin pou patispasyon ou nan dyalòg nou jodi a. N ape tounen talè konsa avèk la famille Pòt.  

La Famille Pòt - Epizòd 4 - Ovila's sister comes for a visit

Ovila - Ou te gen moun ki t ap vin wè w Dyak? Men y ap frape nan pòt la wi.

Dyak - A lè sa a menm. Li gen tan uitè di swa. M pa gen moun k ap vin wè m non. 

Ovila - Enben al gade pou wè ki moun li ye non.

Dyak - O o! se sè ou Gayèl wi.  Sa w ap fè deyò a lè sa a Gayèl?

Ovila - O Gayèl! Fè l antre non Dyak! Sa k genyen Gayèl?

Dyak - Wi Gayèl. Sa k ap pase? M konnen ou pa konn soti a lè sa a.

Gayèl - Bonswa Mezanmi

Ovila - Sa k Genyen Gayèl. Di m non!  w ap ban m kè kase.

Gayèl - Wi tout koze depòtasyon, ak polis maske ki a pousuiv moun ak fizi a, sa ban m twòp tèt chaje. Donk m pa mache deyò lajounen ankò.

Ovila - Bon, m te kwè nou te fin dakò pou fè demann pou TPS pou ou. Konsa ou pa bezwen ap kache tout tan. Talè konsa kondisyon imigrasyon an pral chanje.

Gayèl - Non, mwen deside m p ap fè TPS la ankò. Mwen remèsye ou menm ak Dyak dèske ou te fè m rantre nan pwogram Prezidan Biden nan, men se tankou se nan yon prizon m ap viv la.

Ovila - Sa w ap di konsa Gayèl? Bon, m te di w mwen pral fè makèt pou ou. M ap ede w ak tout sa ou bezwen. M te di w sa. Kèlkeswa sa w bezwen an, ou pa bezwen menm soti deyò. M ap fè l pou ou.

Gayèl - Non Ovila. ou se sè mwen. M konnen ou vle ede m. Men, sa se pa kondisyon pou moun viv. M separe avèk fanmi mwen. M pa ka al lekòl pou m aprann yon bagay, m pa ka al kay doktè. Mwen sou kè kase tout tan.  M ap viv ak malèt mwen tou pake. M pa ka planifye lavni mwen, paske m pa konn sa k ap vini. Li pa bon konsa.

Dyak - Gayèl, nou ka pran avoka pou ede w.

Gayèl - Non. Mwen remèsye nou anpil. Men rezon ki fè m vini la aswè a, se pou m di nou ke m achte tikè m. M ap retounen Ayiti demen.

Ovila - O Gayèl pa fè sa non. Lè w te Ayiti se te pi mal. Ou di konsa ke chak ou touche lajan nan ti komès ou Ayiti, ou pa ka al labank paske ou pa konnen si gang ap vin fè va sou ou, pou pran lajan nan men w. E ou pa menm ka kenbe lajan lakay ou paske ou pa konnen kilè gang ap vin fè dappiyanp sou ou.

Dyak - Ovila. Kèlkeswa sa li fè, sitiyasyon an grav. Gang ki ame jouk nan dan ap kontwole mwatye nan peyi Ayiti. Ti malere pa gen chans. Y ap fè kadejak sou moun, y ap touye moun, kidnape yo pou lajan

Freya - Whats going on? I hear all the noises. O! Hi aunti Gayèl. How are you doing? What are you doing here?

Gayèl - Bonswa Freya.

Dyak - Anpil moun nan peyi Ayiti ap viv nan move kondisyon, paske peyi a pa ka bay yo èd imanitè ki nesesè pou sove lavi yo.

Tika - Qu'est-ce qui se passe - Oh Bonsoir Ma tante Gayèl. Tout va byen?

Gayèl - Tika, Kijan ou ye?

Dyak - Anpil Ayisyen sove kite peyi Ayiti pou wè si yo ta gen yon pi bon lavni, pou yo, pou pitit yo, pou fanmi yo. Men lè yo rive isi, yo trete yo pi mal pase chyen.

Gayèl - Yo ban nou move non. Yo di se asasen, sousèt san, manjèt chyen ak chat, eksplwatè ke nou ye, dekwa pou moun ka pè nou.

Dyak - Kounye a, yo voye yon bann moun maske ak gwo revòlvè pou rache nou nan men fanmi nou. Se kòmsi se lachas y ap fè dèyè nou pou depòte nou.

Ovila - Gen Ayisyen, yo pa menm al depòte Ayiti menm. Se nan lòt peyi y al lage yo. Ou pa menm konnen nan ki kondisyon y ap viv.

Dyak - Men sa ki pi mal la, gen peyi ki pa menm vle aksepte Ayisyen.

Gayèl - Donk se nou menm Aysiyen ki se bèt nwa a. Mwen ta renmen rete vre, men ke m te nan peyi etranje, ke m te Ayiti, se menm bagay la. Moun ap kouri dèyè w pou dechèpiye w tou de kote.

Ovila - Wi se vre. Men ou gen plis chans si w rete isi Ozetazini, paske isi, omwens, lalwa sou bò w. M pa konnen si lajistis Ayiti ka depanne w.

Gayèl - Ayisyen se bon moun. Ayisyen konn soufri. Ayisyen gen andirans. Yo konn reziste. Yo konn adapte. Ayisyen se yon flè dezè. Y ap fleri nan nenpòt tè yo tonbe. M ap ankouraje tout sa ki deside rete pou yo kenbe fè m. Delivrans yo ap vini. Se mwen k di w sa. Men jodi a mwen vin di nou orevwa. M pa ka viv yon kote pou m pa konn ki lè y ap vin frape pòt mwen

Ovila - Se kilès ki nan pòt la?

Tika - O non, ne vous inquiétez pa. C'est mon petit ami, Bryan. Je viens de lui dire ce qui se passe. Donc il est venu te dire au revoir, matant Gayèl.

Ovila - O kite l antre non.

Bryan - Hello everyone. Gayèl, Tika just texted me and told me what happened. I wanted to come and say goodbye. 

Bryan - If you all got deported, mwen ta sonje w anpil.

Gayèl - Mèsi anpil Bryan. Ou se bon ti moun.

Bryan - If you all leave, I will never get the chance to try Ovila's Mayi ak Aransò

Ovila - O se vre Bryan, enben men yon ti plat mayi ak aransò ke m te sere pou demen. Ou te mèt pran li.

Gayèl - O O apa li endispoze

Ovila - Mè wi se konsa wi. Ti vant li fèb. Men n ap travay sou li!!

End......

Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Pase bon wikenn.

 

 

 

Podcasts we love

Check out these other fine podcasts recommended by us, not an algorithm.

AAA Resilience Podcast Artwork

AAA Resilience Podcast

Roland St Gerard