Souvni On The Mike
Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. Every Friday night at 8 PM, this Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. The show's very name, "Souvni," meaning "Remember," signals its core mission: to be a living archive of cherished experiences and a bridge between generations of Haitians, both at home and across the diaspora.
At its foundation, the program is a powerful tool for language acquisition. Recognizing the challenges faced by intermediate and advanced learners, Souvni On The Mike provides a full transcript in Creole for every episode. This thoughtful feature allows students to read along as they listen, reinforcing their comprehension, expanding their vocabulary, and tuning their ears to the natural cadence and nuances of authentic Haitian speech. It moves beyond simple vocabulary drills, placing learners directly into the flow of real conversation, humor, and storytelling, making the process of mastering Creole both engaging and effective.
The soul of the show is its signature segment, "La Famille Pòt" (The Pòt Family). This weekly skit injects a dose of drama and comedy that is both relatable and distinctly Haitian. Through the lives, laughter, and squabbles of the Pòt family, the show explores everyday situations, cultural touchstones, and social dynamics in a way that is both entertaining and illuminating. This recurring drama not only captivates listeners but also provides rich context for language learners, showcasing how Creole is used in real family settings, complete with idioms, affectionate teasing, and the warmth of familiar interaction. It is this blend of humor and heart that makes the podcast feel less like a lesson and more like a visit with old friends.
Hosted on the widely accessible platform Buzzsprout.com, Souvni On The Mike ensures its reach is as broad as its ambition. The platform's user-friendly interface makes it easy for anyone, from a curious language student in Europe to a homesick Haitian in North America, to tune in and download episodes and transcripts. This accessibility is crucial to the show's goal of fostering a deeper connection within the global Haitian community and providing a welcoming gateway for outsiders.
Ultimately, Souvni On The Mike is more than just a podcast; it is a cultural touchstone. It serves as a vital link for Haitians longing to relive the memories and rhythms of their homeland, offering a sonic space where their language and culture are celebrated with pride and authenticity. Simultaneously, it extends a warm invitation to foreigners, demystifying Haitian culture and offering an enjoyable, participatory way to engage with its vibrant spirit. By blending practical language tools with compelling entertainment, Souvni On The Mike succeeds in its mission to educate, unite, and entertain, one Friday night at a time.
Souvni On The Mike
Haitian Natural Medicine - Medsin Fèy Ayisyen
Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.
We are sharing basic recipes for preparing Haitian teas, tonics with specific plants and herbs used to treat common ailments and promote well-being. On La Famille Pòt, Dyak recounts his perilous journey from Haiti to the USA.
Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/
Also, consider DONATING so that we can expand the show from 20 to 30 minutes of air time every Friday. This extra time will allow for more in-depth discussions, additional creative segments, and the continued availability of written transcripts. You may DONATE at our gofundme page at https://www.gofundme.com/f/support-souvni-on-the-mike-radio-show
March 6th.
Chers amis auditeurs, bonsoir.
N ape salye tout zanmi ki kenbe randevou vandredi 7:30 sa a. M kontan chita avèk nou, pou nou pale kòm de bon zanmi ki chita k ap koze.
Ou kontinye ap branche sou Radyo Konpa kote Pè Aubry ap fè yon travay ki toutafè eksepsyonèl nan kominote a. Yo rele kalite travay sa yo, 'labor of love', 'zèv pasyon'. Kote ou p ap janm ka ranbouse yon moun, vrèman vre, pou tout katafal travay ke y ap fè.
Alò kounye a ou branche sou emisyon Souvni on the Mike. E w ap koute animatris emisyon an Souvni.
Nan emisyon nou jodi a, nou pral pale de koneksyon ke pèp Ayisyen genyen avèk medsin natirèl. Medsin natirèl se lè ou fè medikaman avèk plant oubyen fèy. Nou pral pale de kòman medsin natirèl la, remèd ki fèt avèk fèy oubyen plant, kòman sa gouvène lavi nou menm Ayisyen. Kòman sa detèmine jan nou viv. E nan ki mezi ke li enpòtan pou Ayisyen kontinye transmèt, eritaj konesans medsin Ayisyen natirèl la, de jenerasyon an jenerasyon.
Donk, nan emisyon jodi a, se posib ke ou ka byen bezwen pran nòt. Si ou pa ka pran nòt, se pa pwoblèm. Sonje ke ou kapab telechaje emisyon sa a si ou vle tande li ankò. Epi sonje ke nou genyen transkripsyon emisyon an disponib tou. Ki vle di ke ou kapab telechaje emisyon an alekri, enprime li, epi prezève li nan rejis ou.
Sa ki pi enpòtan jodi a, transkripsyon emisyon aswè a va genyen ni non kreyòl, ni non syantifik fèy ak plant ke nou va mansyone jodi a. Sa va fè li pi fasil pou jwenn fèy la, si ou konnen non syantifik li. E ou ta renmen parèt nan yon magazen pou achte l, oubyen si ou ta bezwen kòmande li nan yon magazen ki sou entènèt la.
Donk m pral ba ou yon ti tan pou chache kaye ak kreyon anvan nou dewoule sijè nou jodi a.
W ap koute emisyon Souvni on the Mike. Pran yon ti moman, epi nou pral tounen talè konsa.
Wi zanmi, ou branche sou Radyo Konpa, e w ap koute emisyon Souvni on the Mike.
An nou, toudabò, akeyi Mr Valentin, ki chita la avèk nou nan estidyo a.
Bonswa Mr Valentin.
Valentin - Bonswa Souvni. Bonswa tout oditè Radyo Konpa ki ap koute nou.
Souvni - Valentin, ou se moun ki renmen pale anpil de medsin natirèl, de fèy ki konn geri. Ou se moun ki bwè te anpil. Mwen genyen anpil plant medsin nan jaden mwen, men m panse ke ou ka genyen plis varyete plant sa yo pase m.
Valentin - Wi Souvni. M santi ke jodi a m pral nan ben mwen nan konvèsasyon nou.
Souvni - Èske ou kwè ke genyen yon grenn Ayisyen, ki soti nan peyi Ayiti, ki pa genyen menm yon ti fèy te sere nan bifèt yo?
Valentin - Souvni, m panse ke depi moun nan te fèt Ayiti, kèlkeswa kote li abite a, si ou chache, w ap jwenn yon ti pake fèy, oubyen yon plant ke li itilize pou fè te lakay li. Si moun nan pa genyen sa, ou gen pou wè li sèvi ak legim oubyen vejetab pou l brase ti medsin natirèl li.
Souvni - Ki medsin natirèl ou ka fè ak vejetab ak legim konsa?
Valentin -M konn fè te ak po Lay (Allium sativum). Nou te konn fè te ak ti klou Jiwòf (Syzygium aromaticum) tou. Pafwa nou konn mete Fèy Leti (Lactuca sativa L.) tranpe nan yon po dlo pou nou ka bwè l kòm yon ti rafrechi. Oubyen, nou menm te konn manje Zonyon (Allum Cepa) tou kri kòm remèd. Tout sa yo se legim ak vejetab.
Souvni - Pou ki maladi ou konn manje Zonyon (Allum Cepa) an menm?
Valentin - Lè m te piti, manman m konn fwote Zonyon (Allum Cepa) sou vant mwen pou apandisit. Epi nou konn kraze zonyon (Allum Cepa) an nan siwo myèl, oubyen molas, enpi nou bwè l pou kolik tou.
Souvni - Lè m te rete Akayè, m t ap viv ak matant mwen. Li te konn fè remèd grip avèk Lay (Allium sativum). Li te konn pile you douzèn tèt Lay (Allium sativum) konsa, li mete yo nan yon ti bokal. Apre sa li plen bokal a mwatye ak siwo myèl. Enpi li fè yon bèl melanj. Chak maten anvan menm nou manje, li ban nou de gwo kiyè melanj Lay (Allium sativum) ak Siwo Myèl sa a pou pwoteksyon kont grip ak enfeksyon.
Valentin - Pou Jiwòf (Syzygium aromaticum) lan menm, lè m te piti, manman te konn kraze jiwòf la, fè yon poud avèk li. Enpi li mete yon ti tak luil doliv nan poud jiwòf la, enpi li tanponnen l nan dan m, pou doulè dan, ak enfeksyon dan.
Souvni - Men, Valentin, se pa doktè nou ye, kisa ki ban nou otorite pou n ap pale de fèy ak plant sa yo?
Valentin - Medsin natirèl an Ayiti, ke n ap pale a, se pa lekòl nou te ale pou n aprann sa. Medsin natirèl an Ayiti se eritaj ak konesans ke paran nou kite pou nou. Lè nou te piti nou leve ap gade grann nou, manman nou, matant nou ap fè remèd fèy. Donk nou menm, lè nou grandi, nou sonje resèt remèd sa yo. Nou kontinye fè yo lè nou malad.
Souvni - Wi, se konesans sa yo, ki degrenngole soti depi dè santèn de jenerasyon. N ap pale de eritaj ki soti depi nan peyi Lafrik. Nan peyi Ayiti kote, souvan, moun pa gen lajan pou al ka doktè, majorite moun, sitou sa ki nan pwovens yo, itilize medsin natirèl anvan y ale ka doktè.
Valentin - Ayisyen respekte medsin tradisyonèl la ak medsin natirèl la egalman. Yo respekte l menm fòs la. Lè nou itilize fèy la, sa pa vle di ke nou rejte medsin tradisyonèl la. Senpleman, gen yon jenerasyon Ayisyen, depi l malad se ti fèy li l ap chèche anvan l al ka doktè. Depi l rankontre ak zanmi, toujou gen yon echanj plant ki ap fèt. Toujou gen yon ti pake fèy te ki chita sou kontwa kizin nan. Paske se ak sa yo abitye. Paske se ak sa ke yo leve. Yo te grandi ap wè paran yo ap trete diferan maladi ak fèy.
Souvni - Sèjousi, medsin natirèl popilè anpil. Se pa vle di ke moun ap abandone medsin tradisyonèl non. Non, yo pa abandone medsin modèn nan. Moun sèjousi vin pi aksepte diferan fason pou trete maladi. Ou gen dwa wè yo konplemante medikaman modèn yo ak medsin natirèl. Medikaman tradisyonèl yo, kounye a, yo konplemante l ak medsin fèy. Ou tande moun ap pale plis de medsin altènatif, oubyen ou gen dwa tande y ap di w, medsin entegratif. Tout sa se medsin natirèl.
Menm, gen lekòl medsin, kounye a, ki gen bon repitasyon, yo ajoute depatman medsin natirèl nan pwogram ansèyman yo.
Valentin - Gen doktè ki konn rekòmande terapi natirèl tankou akiponkti, oubyen terapi masaj, oubyen lòt tretman siplemantè pou prevansyon maladi tou. Tout sa se medsin natirèl.
Souvni - Medsin natirèl se gwo biznis sèjousi. Magazen yo fè gran pwofi avèk sa. Ti fèy ke ou plante dèyè lakay ou, magazen an pran li mete nan boutèy, kòm konprime, kòm siwo, pou vann.
Valentin - Kounya, nan anpil magazen, ou ka jwenn plant tankou Fèy Kowosòl (Annona muricata), w ap jwenn li nan fòm siwo, fòm poud, fòm konprime. Enpi, yo fabrike grenad (Punica granatum) anpil tou. Ou jwenn sa nan tout fòm. Nan tout magazen.
Souvni - Bon, lontan ti te Fèy sitwonèl (Cymbopogon citratus) mwen, se ak plant nan jaden m mwen te konn fè sa. Men mwen pa fè sa ankò kounye a. M achte ti sache te a nan magazen pito. Li gen menm gou an. Li fè menm efè a.
Valentin - Mwa pase a, m te byen sezi jwenn menm fèy gwo bònm (Hyptis suaveolens) ke mwen konn itilize pou maladi dyabèt, mwen jwenn sa nan magazen kounya. Se la m achte l.
Souvni - O ou konnen, malgre mwen genyen yon ti pye Fèy kachiman ke bèf (Annona reticulata) nan lakou lakay mwen? M te wè yo t ap vann fèy kachiman an nan ti sache te yo. M t achte l pou m wè si l t ap gen menm gou a. Men li pa t mal. Li te fè yon bon ti te. O, epitou, ou konnen ki fèy yo genyen? Yo genyen fèy plant Dèyè Do (Phyllantus Nuriri). Papa m te konn itilize sa anpi pou fè te.
Valentin - Fèy Dèyè Do, sa bon anpil pou moun ki gen pyè nan ren. Yo rele fèy sa Kraze Wòch, paske li redui pyè nan ren. E kanta pou kokoye (Cocos nucifera) a menm, yo pwodui sa a leksè sèjousi.
Souvni - Wi, se vrè. Ou jwenn pwodui nannan kokoye nan tout fòm, nan tout magazen sèjousi. E, malgre tout bagay sa yo, preyokipasyon an kounye a, sèke doktè a pa kapab ba ou yon preskrisyon ki di w, " Al pran de (2) tèt Lay (Allium sativum), yon grenn zoransi (Citrus aurantium L), ak twa (3) fèy Kenèp (Melicoccus bijugatus)". Paske dòz la pa regle konsa.
Valentin - Non, sa se preskripsyon ke sèl doktè fèy ka ba ou sèlman, paske se yo menm ki konn dòz la.
Souvni - Donk zanmi, nou p ap vini jodi a pou di w ki medikaman pou pran. Nou pa vini pou nou pratike lamedsin tou. Men aswè a nou senpleman ap pataje resèt ki pi komen, ke anpil Ayisyen itilize pou fè pwòp ti konprime Ayisyen pa yo. N ap pale de resèt ki se eritaj zansèt ak paran nou te kite pou nou. Sa yo se resèt ke anpil Ayisyen konnen.
Oditè Radyo Konpa yo, w ape koute emisyon Souvni on the Mike. N ap fè ti pale sou koneksyon ke pèp Ayisyen genyen avèk medsin natirèl. Kòman medsin natirèl, remèd ke yo fè avèk fèy oubyen plant, kòman sa gouvène lavi nou kòm Ayisyen. Rete branche, n ap retounen talè konsa.
Wi, oditè k ape koute, nou retounen ankò. Ou branche ce soir sou emisyon Souvni On The Mike. Emisyon sa a vini jwenn ou lakay ou chak vandredi swa at 7:30 avèk animatris ou, Souvni.
Si ou ta renmen kontakte nou, ou kapab ale nan sit wèb mwen, SOUVNI.ORG. Lè w ale nan sit lan ou va gade sou bò goch ekran an, w ap wè genyen yon ti kare ble, ki make, poze kesyon ou la, anba li. Ou kapab poze kesyon ou, mete imèl ou, soumèt li, epi w ap jwenn repons. Pi ba goch anba ekran an, si ou ta renmen telechaje emisyon an apre ke li fin pase, ou va wè yon ti lyen ki make Souvni On The Mike. Si ou klike sou lyen sa a, ou va jwenn emisyon an pou telechaje, si ou ta vle koute emisyon an ankò. Alò, si ou pa nan South Florida, ou kapab toujou koute emisyon an nan WLQYradio.com. Transkripsyon emisyon jodi va genyen non syantifik tout fèy ke nou mansyone nan emisyon jodi a, dekwa pou w kapab jwenn yo fasil si ou vle achte yo nan magazen. Enpi nou va ajoute tou, kèk referans oubyen atik ke ekri sou sijè medsin natirèl Ayisyen an.
Donk, oditè radyo Konpa yo, ou branche sou emisyon Souvni On The Mike, ki kòmanse chak Vandredi swa at 7:30. Donk Mesye Valentin, si m ta vin lakay ou, ki konprime Ayisyen ke mwen va jwenn, e èske ou kapab ban mwen resèt la.
Valentin - Si ou ta vini nan kizin lakay mwen, depi yo nan sezon, mwen va toujou genyen Anana (Ananas comosus). Anana bon pou dijesyon ak maladi bil. Men kijan mwen prepare Anana (Ananas comosus) a. Mwen koupe li an plizyè ti moso. Men fò li ta yon ti jan wòwòt. Fò l pa twò mi. Mwen ranpli yon po twaka ak moso anana yo, enpi mwen fin plen po a nèt ak dlo distile. Mwen kenbe l nan frijidè, e mwen bwè li chak maten. Si nou nan sezon chalè, e m ap fè travay nan jaden lakay mwen, mwen konn bwè ti rafrechi anana a lè sa, men mwen pa bwè li leswa pou l pa rete sou lestomak mwen.
Souvni - Mwen menm, yon resèt senp ke mwen renmen fè kòm yon tonik, kòm yon fòtifyan, mwen fè yon ti ji blende ak 3 tèt Lay (Allium sativum), 3 ti branch Pèsi (Petroselinum crispum), yon ka zonyon (Allum Cepa), ak yon pòm. Mwen blende li nan yon ti siwo myèl e kèk fwa mwen konn mete ji pòm ladann tou. Mwen konn fè kantite ase pou yon semèn sèlman epi mwen mete l nan frijidè. Ti melanj sa ban mwen iminite pou evite maladi kansè rantre sou mwen.
Valentin - Resèt sa a bon pou desann enflamasyon rimatis tou.
Souvni - Wi, m tande sa.
Valentin - Èske ou konn bwè te fèy kowosòl (Anona muricata)? Te fèy kowosol la bon kòm yon kalman, li bon pou moun ki fè sezisman sitou. Li bon pou grip tou.
Souvni - Lè m bwè te fèy kowosòl li fè kòm mòl nèt. Lè konsa m ta dòmi pou de (2) jou. M pa bwè li souvan poutèt sa. E Valentin, èske ou konn bwè te fèy langchat (Nepeta cataria)?
Valentin - A wi, te fèy langchat (Nepeta cataria), sa bon pou indijesyon sitou. Moun ki anwe oubyen ki gen gòj anfle, yon konn pile fèy langchat (Nepeta cataria) la, yo prije l nan yon ti twal, mete ji a nan yon ti tas dlo oubyen nan yonti tas ji, mete yon ti sèl ladan l, gagari l, enpi vale l. Sa bon pou gòj fè mal.
Souvni - Gen yon ti fèy ke ou jwenn nan tout kwen lari Ayiti, fèy koupye (portulaca oleracea L.). Ou ka fè bon ti legim avèk fèy sa a. Men ou kapab itilize l yon lòt fason tou. Si ou pile fèy sa, kraze l byen kraze. Melanje l ak yon ti luil maskreti, ou kapab itilize l, pou w wete abse sou po w.
Valentin - E Fèy Womaren (Rosmarinus Officinalis) an Souvni, èske ou genyen sa?
Souvni - Hmmm fèy Womaren santi bon.
Valentin - Wi, fèy womaren (Rosmarinus Officinalis) santi bon lè ou fwote l nan men w. Si ou kraze l mete nan myèl, li bon pou apeti. E si ou tranpe l nan alkòl ou ka fè frison avèk li pou lakranp ak rimatis.
Souvni - Ou kapab bouyi fèy womaren an nan dlo pou rense cheve w avèk li. Ou kapab kraze l byen fen, melanje l ak luil maskreti, epi koule l nan yon twal fen, pou fè masaj po tèt ou, si cheve w ap tonbe.
Valentin - Lanati vrèman ban nou tout sa nou bezwen pou nou viv ansante
Souvni - Wi, sa se pa manti. Men yon dènye resèt m ap ban nou. Mwen te itilize resèt sa nan tan kovid la anpil. Se zanmi mwen ki te pataje resèt sa avèk mwen. Li rele resèt sa a Ti Konprime Ayisyen li.
Se, yon ti moso jenjanm (Zingiber officinale) gwosè ti dwèt ou, yon mwatye Sitwon (Citrus × aurantiifolia) san po, 3 tèt lay (Allium Sativum), 3 grenn fèy asosi (Momordica charantia), yon moso rasin plant reglis (Glycyrrhiza glabra), epi, yon ti moso rasin timerik (Curcuma longa). Ou gen dwa fè te avèk melanj sa a. Ou gen dwa blende l nan myèl, oubyen ou gen dwa tranpe l nan wonm pou 4 a 8 semèn. Si ou pa bwè alkòl, ou kapab fè tranpaj la ak diven blan ki san alkòl. Sa fè yon bon ti siwo. Se sa ki te kenbe m ansante nan tan kovid la, pou di w laverite.
Valentin - Sa se resèt mwen pran depi m santi m pral gripe tou. M ap diw sa, m te itilize li san alkòl la. Li te gen bon gou tou.
Souvni - Mwen ta renmen ajoute tou ke remèd te avèk remèd plant yo pa ta dwe ranplase tretman prensipal pou maladi grav oswa maladi kwonik. Se siplemante ke medsin natirèl la ta dwe siplemante tretman doktè. Gen moun ki ka malad, epi, nan bwè te sèlman, yo tou rate opòtinite pou swaye maladi yo depi bonè. Pa bliye ke genyen kondisyon, tankou kèk enfeskyon oubyen kansè, si ou pa kòmanse trete yo depi bonè, distans pou rive ka doktè li ka gentan twò ta. Donk toujou konsilte doktè pou w ka konfime ki kondisyon ou genyen, pou evite yon move maladi pwogrese sou ou.
Valentin - Remèd fèy bon pou prevansyon ak gerizon pafwa. Men yo pa yon zouti pou deteksyon maladi tankou kansè. Anpil fwa, yo pa menm ka ranplase tretman kèk maladi kwonik, tankou dyabèt oubyen tansyon wo.
Souvni - Espesyalman sèjousi, kote anpil maladi kansè ap antre sou moun agresivman. Yon moman ou byen, ou anfòm, ou ansante, enpi lòt moman an, doktè ap ba w move nouvèl, ap di w ou gen yon kansè ki avanse. E sa k pi mal, maladi ki te konn ap rantre sou moun ki aje, kounye a y ap rantre sou moun ki jenn kounya a. Y ap fè anpil rechèch pou eseye konprann ki faktè ki fè anpil jenn moun ap plede gen kansè konsa a. Sitou kansè nan kolon yo.
Valentin - Wi, mwen remake sa. Genyen anpil moun ki afekte ak kansè sèjousi.
Souvni - Se pou sa li enpòtan pou ou genyen yon rejim alimantè ki bon pou kò a. Ki bon pou kè ou tou. E li nesesè pou chwazi yon mòd de vi ki evite ou pran twòp grès. Evite ou mennen yon lavi ki san aktivite. E evite ou pou w ta manje manje ki pa bon pou ou.
Valentin - Ayisyen gen bon rejim alimantè. Yo ta dwe ansante. Men poutan, yo soufri anpil maladi.
Souvni - Wi, Ayisyen manje anpil legim ak vejetab. Nou manje manje ban nou anpil fiber. Yo bwè bon bouyon, e nou mache anpil tou. Sa ta dwe fè kè nou ansante, men malerezman, nou defèt tout bagay sa yo akoz de sa ke nou ajoute nan bon manje nou.
Nou manje anpil sèl. Sa pa bon pou lasante. Gen yon etid ke yo fè ki montre ke manje Ayisyen genyen 9 fwa plis lavalè sèl ke yon manje nòmal ta dwe genyen.
Wi, nou manje legim nan, men nou benyen l ak magi.
Wi nou manje anpil viv yo, men nou benyen l ak luil.
Menm lè nou manje pwason, si se pwason gwo sè li ye, li pa fre, donk li genyen twòp sèl
Nou renmen ti fritay nou.
Nou ajoute sik nan tout bweson ke n ap bwè
E anplis de tout sa, nou genyen anpil estrès, akoz de pwoblèm peyi nou.
Valentin - Donk sa vle di ke nou dwe fè anpil chanjman, ak prevansyon la.
Souvni - Wi, prevansyon pi bon pase gerizon. Si w ta rankontre yon moun ki di w li pa janm al ka doktè paske li pa janm malad, se moun sa a ki pi bezwen doktè pase tout moun. Paske ou pa konnen ki maladi ke l genyen. Ou pa konnen ki sa ki nan kò li kounye a. Li enpòtan pou techke doktè, pou w genyen omwens yon egzamen de baz, dekwa si lasante w kòmanse ap desann, yo va detekte sa byen vit.
Valentin - Donk si m fè tès ak screening chak ane, epi m vin gen yon maladi. Anvan maladi an gentan rive lwen, y ap gentan trape l?
Souvni - Wi, depi w ap kontinye suiv doktè. Paske, ou ka soufri ak yon kondisyon, epi ou pa konnen sa. Pito w kite doktè a verifye ke w nòmal, oubyen, ke ou ansante, pase pou se lè w gen doulè, pou y ap kòmanse ap fè detektif pou y ap chache sa w genyen.
Valentin - Gen moun ki byen pran swen lasante yo. Yo byen manje. Yo pa fimen. Yo bwè ti te prevansyon yo chak jou. Men yo jis pa renmen ale ka doktè, oubyen yo pa gen lajan pou fè sa.
Souvni - Bon mwen ta ke, menm lè ou genyen bon ti disiplin nan lasante w, ou pa fimen, ou pa bwè, ou pa manje sèl, ni manje grès, sa p ap anpeche w ou malad. Disiplin nan kapab ede w simonte maladi a lè maladi a antre sou ou, paske ou te byen pran swen kò a. Men li pa p anpeche w malad.
Valentin - Donk nou bezwen toulede. Nou bezwen medsin natirèl la pou prevansyon. Epi nou bezwen medsin doktè a pou deteksyon ak tretman.
Souvni - Wi, se sa. Pratike medsin natirèl la. Itilize ti plant ou pou fè gerizon. Bwè ti fèy te w pou soulajman. Men pa bliye doktè tradisyonèl la. Yo genyen yon plas enpòtan nan lavi w tou.
Alò mezanmi an nou pa bliye ke jis paske remèd la natirèl, pa vle di ke li pa gen move zefè.
Se vrè, nou genyen richès pou yon lasante konplè anba pye nou la.
Yon ti vire dèyè do kay nou, nan lakou nou, n ap jwenn bon ti remèd pou anpil maladi.
Men li enpòtan pou nou aprann itilize fèy ak plant sa yo, avèk respè, e ak konesans.
M swete nou va chache aprann plis sou fèy ak plant sa yo, menm si se fèy ke nou konnen deja.
Pa bliye tou ke, avèk plant ou pa janm konnen ki dòz wa p pran.
Donk, toujou konsilte doktè anvan ou kòmanse pran medikaman oubyen fèy ke ou pa janm pran anvan.
Alò, n ap prezève resèt ke zansèt nou te kite pou nou.
Genyen anpil Ayisyen ki ekri liv sou benefis ak gerizon ki genyen nan plant ak fèy ki leve Ayiti, pou prezeve resèt sa yo.
Pa janm sèvi ak yon plant ke ou pa konnen.
Respekte preparasyon resèt yo tou. Si grann ou te di w, mete yon sèl grenn fèy la nan yon ti dlo, pa mete 5 fèy nan menm valè dlo a.
Si ou gen yon kondisyon kwonik tankou dyabèt oswa tansyon wo, oswa ou ansent, ou dwe toujou konsilte doktè ou, anvan ou itilize okenn fèy.
Plant ak fèy se medikaman, donk yo ka gen entèraksyon avèk lòt remèd ke w ap pran deja. Konesans se pwoteksyon.
Alò mèsi zanmi dèske ou te chita avèk nou pou ap tande diskisyon sa a.
Rete branche zanmi, la Famille Pòt ap vini talè.
__________
Epizòd 8 - La Famille Pòt
The Longest Trip - Yon Vwayaj Long
Tika - Le Dîner semble très apétissant aujourd'hui manmie
Freya - I like when we all sit at the dining table to eat together. My Compliment to the chef.
Ovila - Mèsi Tika. Mèsi Freya. An nou manje.
Freya - Dad, you seem so sad. You're not even touching your food today.
Ovila - Jodi a se anivèsè jou papa w te rantre Ozetazini. Li toujou genyen yon tristès nan kè li jou anivèsè sa a.
Tika - Pourquoi tu es triste comme ça papi?
Ovila - Papa w te rantre nan peyi Etazini nan yon ti chaloup. Se pa t yon bon vwayaj.
Dyak - Vwayaj pou m te rantre isi Ozetazini an pa t fasil. Mwen pa ka janm bliye jou ke m te mete pye sou sòl Etazini an. Mwen te kontan rive, men mwen te tris anmenmtan an pou sa ki te pase nan vwayaj la.
Ovila - Wi, malgre se Dyak sèlman ki te fè vwayaj la, mwen pa ka bliye l tou. Nou t ap viv Ayiti. Tika, ou te ti bebe toujou. Dyak p at vle kite m sèl ak yon timoun piti nan men mwen. Men se te sèl solisyon ki te genyen pou nou kòmanse bati yon lavi miyò.
Tika - Qu'est-ce qui s'est passé dans ce voyage?
Dyak - Te gen anpil pèsekisyon politik. Chak jou ou leve, ou pa konnen si w ap fini jounen an anwo sòl la oubyen anba tè. Lame nan kò w ap pèsekite w. Grangou nan lestomak ou ap boulvèse w. Ou se chèf de la maison, men ou pa gen anyen pou bay. Se chyen w ap fè devan pòt ka moun pou fè yon ti degouden.
Ovila - Tout fanmi an t ap viv ansanm nan menm kay la. Yon ti kay tout piti.
Freya - Which family?
Dyak - Te genyen nou dis (10) la nan yon sèl kay la. Dis (10) bouch pou bay manje. Manman m, grann mwen, de (2) sè mwen, yon ti frè m, sè ak frè Ovila, epi nou tou lè twa (3), mwen menm, Ovila, ak Tika ki te tou ti bebe. Freya, ou potko fèt.
Ovila - Malgre tout fanmi an te kotize ansanm, nou pa t gen ase pou bay tout moun manje. Dyak te konn al peche pwason, vann yo nan mache an, fè dekwa pou nou manje ak yon ti pen.
Dyak - Dis (10) moun nan yon sèl ti kounnouk lan. Bagay la pa t bon menm.
Tika - Alors qu'est-ce que tu as fait, papi?
Dyak - Donk, fanmi an te pran yon desizyon ansanm pou kotize pou voye m Ozetazni. Nou tande gen anpil moun ki ale sou bato, e ki rive anbyen. Donk nou mete sa devan Bondye. Nou pran chans nou. Sa ki vann teren, sa k vann poul, sa k vann mèb, pou mete ansanm pou achte yon plas sou yon ti chaloup ki t a prale Ozetazini.
Ovila - Nou te mete ajenou. Nou lapriyè. Epi nou bay Dyak yon ti sak manje pou vwayaj la.
Tika -Pourquoi la famille vous a-t-elle choisi pour le voyage. Pourquoi, n’ont-ils pas choisi quelqu’un d’autre?
Ovila - Eh byen Dyak te yon pechè pwason. Li te gen bon misk sou li. Li te konn naje pi byen pase tout moun. Yo panse ke li ta p genyen pi bon chans pou l rive anbyen si l t ale.
Freya - How was the trip dad?
Dyak - O Freya, Li pa te fasil. Premyèman, se te bagay ki te pi difisil mwen te fè nan lavi m, pou mwen te kite Ovila dèyè. Tika te tou piti. Mwen te pè. Mwen te panse ke mwen pa t ap janm wè yo ankò.
Ovila - E nou menm ki te rete dèyè, nou te pè pou ou tou wi, Dyak. Men nou te panse ke lè w te rive, ou ta va jwenn travay, enpi voye lajan pou ede fanmi an siviv. Nou tout t ap lapriyè byen di.
Dyak - Vwayaj la se te yon eprèv. Ti chaloup la te chaje kou legba. Moun sou moun. Pa t gen kote pou lonje pye w menm. Ti chaloup la t ap krake anba chaj tout moun sa yo.
Freya - Did you get along with everyone on the small boat, dad?
Dyak - Malgre nou pa t alèz, nou pa t plenyen, paske nou tout t ap reve ak yon lavi miyò ki t ap tann nou lè nou rive.
Ovila - Men anvan bagay yo miyò, fòk te gen kalamite.
Dyak - Yon jou swa, pandan n sou ti chaloup la, van tonbe soufle fò. Grenn lapli ap bat nou tankou gwo mòso glas k ap tonbe sou do nou. Lapli a pa t mande rete. Vag lanmè an menm pran gwonde tankou yon lyon. Fanm ki sou chaloup la ap panike. Timoun ap kriye.
Tika - Qu'est ce que tu as fait, papi?
Dyak - Nou te eseye rete kal, men van an te tounen yon tanpèt debòde. Tanpèt sa mete grif li deyò pou l souke ti chaloup la. Distans pou n te eseye dechaje chaloup la, voye kèk bagay nan dlo a, chaloup lan te gentan chavire. Nou tout tonbe nan dlo. Youn t ap eseye kenbe lòt. Youn t ap eseye ede lò, men gen anpil moun ki pa t konn naje. Nou te fè nofraj.
Freya - What happened to the people that fell in the water? Did they get to safety?
Dyak - Freya. Sa te rèd nèt. Dlo a te sonm. Fanm ak gason t ap eseye kenbe timoun yo, men dlo a rache timoun yo nan men yo. Dlo a anpòte ni gason, ni fanm, ni timoun. Mwen te ranvèse nan dlo a tou. Se lè m ouvri je m, mwen wè m sou sab al bò yon rivaj. Moun ki te sove pa t anpil.
Ovila - Dyak. Se pou n pa pale de bagay sa yo ankò.
Tika - Papi, je suis si desolée.
Dyak - Rès moun ke dlo a te vomi sou rivaj la te fèb. Nou te vivan, men nou te tèlman fèb, nou te rete kouche sou sab la ap tann lanmò nou pandan de (2) jou. Nou konnen ke nou te gen de (2) chans. Se oswa nou mouri, oswa Gadkòt vin pran nou pou voye nou tounen Ayiti. M te panse ke sa te fini pou mwen. M panse m pa t ap janm wè manman nou ankò.
Tika - Comment tu étais sauvé, papi?
Dyak - Mwen te vin tande yon gwo bri motè ki ap soti byen lwen.
Tika - Qu'est-ce-que c'etais papi?
Dyak - M te leve tèt mwen tou piti, mwen te wè yon gwo batiman lapèch ki t ap pwoche. Sanble yo wè nou sou rivaj, lonje la, prèt pou mouri.
Freya - Did the big boat have food?
Dyak - Mwen pa konnen, Freya. Bato a te rete lwen. Te gen de mesye sèlman ki desann. Yo t ap pale. Yo t ap di 'strong, strong, strong'.
Ovila - Yo te vle sekoure yon moun ki fò. Ki ka degaje l. Ki ka kouri. Ki p ap mouri nan wout la. Donk yo te chwazi papa w.
Tika - Ils n'ont pas pris les autres?
Dyak - Non, yo te lonje men pran mwen menm sèlman. M te fèb. Se sou kat pat mwen ta rale. Yo wè ke mwen te gen yon ti fòs rete sou mwen. Yon te trennen mwen nan gwo batiman yo an, epi yo mete mwen nan yon gwo barik an bwa. Yo te di m rete la pa soti, epi y ale avè m.
Ovila - Nan yon barik, wi. Se konsa Dyak te resi sove. E pou bondye toujou beni mesye sa yo. Sa fè m konnen ke gen bon moun sou tè a toujou.
Dyak - Mwen fè rès vwayaj la nan barik la. Lè yo rive. Yo lage mwen nan dlo a. Mwen mete pye m atè, Ovila. Mwen mache sou sòl Ameriken an. Mwen t ap tranble. M t ap kriye. Mwen rele yon zanmi ke mwen te konnen. Li vin chache m. Li ban m yon kote pou m rete. Mwen te travay di jouk tan mwen te ka degaje m.
Freya - What happened to the other people left behind on the sand. Did they die?
Dyak - Non Freya, mwen te pran nouvèl ke Gadkòt te sekoure yo.
Tika - Est-ce que tu as revue ces hommes qui t ont sauvé?
Dyak - Non mwen pa t janm wè yo ankò. Men mwen toujou panse avèk yo. E m p ap janm sispann priye pou yo. Se pou sa mwen p ap janm bliye jou ke m te mete pye sou tè peyi Etazini.
END
Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Pase bon wikenn
________
Pierre Noèl, Arsene V. (1959). Les Plantes et les Legumes D'Haiti qui Guerissent, Tome I.
Severin, François, (2000). Plant ak Pyebwa Tè Dayiti, Editions Quitel
Thesnor V, Cheremond Y, Sylvestre M, Meffre P, Cebrián-Torrejón G, Benfodda Z. Survey on the Traditional Use of Medicinal Herbs in Haiti: A Study on Knowledge, Practices, and Efficacy Prevention. Plants (Basel). 2024 Aug 26;13(17):2383. doi: 10.3390/plants13172383. PMID: 39273867; PMCID: PMC11396795.