Souvni On The Mike

Sakrifis Modèn pou Sèjousi - Modern Sacrifices

Mandaly

Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.

0:00 | 20:44

Today's heartfelt radio program explores everyday modern sacrifices—small, intentional acts of selflessness that transform both the giver and receiver. We're talking about sacrifices, little gestures,  that could ripple outward, creating unexpected positive changes in communities while profoundly reshaping the lives of those who make them. This program promotes that meaningful change doesn't require grand gestures, but rather the consistent practice of putting others first in small, meaningful ways that honor our shared humanity.

Support the show

Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/

Also, consider DONATING so that we can expand the show from 20 to 30 minutes of air time every Friday. This extra time will allow for more in-depth discussions, additional creative segments, and the continued availability of written transcripts. You may DONATE at our gofundme page at https://www.gofundme.com/f/support-souvni-on-the-mike-radio-show



Bonswa, bonswa tout moun! W ap koute emisyon Souvni on the Mike! E ou branche sou WLQY 1320 AM sud de La Floride, sur Radyo konpa.

Wi se byen sa. W ap koute emisyon Souvni on the Mike, qui vous vient chak Vandredi swa at 7:30. Se avèk anpil kè kontan ke nou salye ou nan jou Vandredi Sen sa a. Malgre se yon jou refleksyon, se yon jou pou fè penitans, nou pote limyè, nou pote lespwa, e nou pote anpil enèji pozitif pou kominote Ayisyen nou an.

Jou Vandredi Sen an se yon jou pou nou ankouraje youn lòt pou rete nan lafwa, pou pran kouraj— paske n ap soufri ansanm, men kou bagay yo bon, n ap rejoui ansanm tou.

Zanmi nou, nou kontan ke ou rete branche avèk nou nan jou sa a. Jou Vandredi Sen an genyen anpil siyifikans pou anpil nan nou.

Vandredi Sen se yon jou ke anpil moun kretyen obzève pou komemore krisifiksyon e lanmò Jezi kris. 

Ke ou te Katolik, ke w te Literan, ke w te Episkopalyen, ke w te Metodis, Presbiteryen, Pwotestan e Òtodòks, semèn sa a se te yon semèn sent pou nou tout.

Kisa jou Vandredi sen an reprezante?

Eh byen, jou sa a reprezante yon jou kote moun komemore Sakrifis ak soufrans Jezi.

An Ayiti nou selebre jou sa a avèk lapriyè. Mwen gen yon legliz Batis mwen te mache ladan li lè m te Boston, legliz la te etenn tout limyè andann sal adorasyon an pou komemore jou Vandredi Sen an.  Lè sèvis la te fini, tout moun nan fènwa, y ap tatonnen pou soti legliz lan, yo pa ka wè byen. Se te yon fason pou montre ke lemonn nan fènwa. Enpi limyè yo te rete etenn nan legliz lan jouk Dimanch Pak rive.

Gen moun ki komemore jou Vandredi Sen an avèk pyès teyat, pou repwodui, pou rejwe evènman krisifiksyon an. 

E gen moun ki selebre li, yo fè pwosesyon avèk yon kwa byen lou sou do yo. Se sa Legliz Sen Pyè ki Akayè an, se sa yo te konn fè.

Se jou sa tou, kote bann rara konn soti deyò, ap jwe banbou, tanbou epui kòn. Se fason sa ke yo menm yo selebre jou an.

Se yon jou tou kote moun fè jèn, alò lè nou di jèn nan, gen moun ki deside pou retire yon manje espesyal nan dyèt yo. Pa egzanp yo gendwa pa manje vyann bèf, vyann kabrit oubyen vyann kochon. You gen dwa pa manje bèt volay tout. Yo souvan konn manje vejetab ak viv epui yo ka manje bèt lanmè tankou mori, pwason ak woma. Yo manje sa avèk chou, bètrav, kawòt, bannann ak manyòk. 

Gen moun ki deside pase jou an nan refleksyon tou.

Timoun Ayiti nan sezon sa a, lè yo fin manje, tout moun sou refleksyon. Timoun yo al monte kap tout koulè. Menm lè dimanch Pak rive ou wè timoun k ap monte kap toujou. 

Donk jodi a, zanmi, nou pral pale de kisa ou menm ou kapab fè pou selebre sezon an, ke ou te Kretyen ou pa. E lè m di Kretyen an, sa vle di ni Pwotestan ni Katolik.

Donk zanmi w ap koute Souvni on the Mike. Nou genyen yon bèl pwogram pou ou aswè a. Nou pral envite ou pou fè kèk aktivite pou semèn sent lan. Pa deplase, n ape retounen talè konsa.

Bonswa, nou retounen ankò. Mesye Valentin zanmi nou, ki konn vin chita fè ti pale ak nou, ape antre nan estidyo a tout an dansan. Bonswa mon cher Valentin.

Valentin - Bonswa souvni. N ap salye tout oditè radyo konpa yo. M espere n ap pase yon bon Vandredi Sen.

Souvni - Wi jodi a, pou selebre vandredi Sen an, nou ta renmen tout moun patisipe avèk nou.  Nou pral pale de yon seri de sakrifis ke ou kapab fè pou komemore sezon an. Alò se pa gwo sakrifis non.  N ap pale de ti sakrifis modèn, ke ou kapab fè. N ap pale de ti sakrifis ki va ede ou fè refleksyon, ki va ogmante konpasyon ou, ki va komemore sezon an. Ou kapab kòmanse fè ti sakrifis sa yo nan sezon semèn sent lan, enpi kontinye yo kòm yon woutin nan lavi ou. Ce sont des petits gestes qui va chanje ni lavi w, ni lavi resipyan jès sa yo.

Valentin - Enben Souvni, ki sakrifis n ap pale konsa? 

Souvni - Si w bezwen konnen, rete branche. Pran ti papye ak kreyon. Nou pral pale de plizyè ti sakrifis, oubyen plizyè ti jès, ke w kapab fè, pou komemore semèn sent lan lè nou tounen talè konsa.

Premye sakrifis la pou selebre semèn sent lan, ke ou kapab fè. Se pa twò gran choz. Se KENBE LANG OU, MENM SI OU KONNEN OU GEN REZON. Chwazi lapè pase pou ta chwazi egoyis. Se tout. Yo rele sa jenewozite emosyonèl.

Valentin - Sa pa fasil pou fè non. Sitou si w gen rezon, enpi ou gen yon moun k ap fè w nève. Men kòm se semèn sent. M konnen gende moun ki va rann li difisil pou fè sa.

Souvni - Pou rete an silans sitou lè ou konnen gen rezon, se youn nan egzèsis ki pi difisil ke w kapab fè. Sa pa vle di ke w siprime verite a non. Il saji de senpleman chwazi kilès ki chan batay ou. Konprann ke gen de fwa li pa toujou enpòtan pou montre yon moun ke w genyen rezon. Paske gen rezilta ke w ap chache, se sèlman si w rete bouch be ke w ap jwenn li. Donk Premye sakrifis ou kapab fè mezanmi: KENBE LANG OU.


Dezyèm sakrifis ke ou kapab fè pou komemore semèn sent lan se: METE TELEFÒN NAN DE KOTE.  Fèmen telefòn nan. Kache li anba yon sak diri. Chita sou li. Bay fanmi ou oubyen zanmi ou atansyon ou 100%.

Valentin - Afè pou moun ba w ti atansyon an. Sa pa egziste ankò. Tout moun si tèlman okipe. Sitou jenn timoun. Moun pa gentan pou moun ankò. Se ouswa yo nan televizyon, oubyen yon nan Instagram, yo nan Facebook, Tiktok, Boing Boing, YouTube, MySpace

Souvni - MySpace pa egziste ankò. Pa di bagay konsa non. Se sa zanmi. Fè yon gwo sakrifis pou semèn sent lan. Fè zanmi oubyen fanmi w kado prezans ou. METE TELEFÒN NAN DE KOTE  


Twazyèm sakrifis ou ka fè pou semèn sent lan se MANDE PADON. Si ou te fè yon moun yon bagay ke li pa t renmen men ou pa t janm gen chans mande l padon. Hey, semèn sent lan se yon bon tan pou fè yon ti sakrifis pou mande padon.

Valentin - Wi semèn sent lan se yon gwo opòtinite pou fè yon ti sakrifis, mande yon moun ke w te fè tò padon.  Se pa pou yo ke w ap fè sa, men se pou degaje lespri w ke w ap fè li. Pou w ka santi w lib.

Souvni - Wi, zanmi. Mande Padon se yon ti sakrifis ou kapab fè pou komemore semèn sent lan.

 

Souvni - Katriyèm Sakrifis la.  Katriyèm sakrifis ou ka fè pou komemore semèn sent lan. Pou komemore sakrifis ke Jezi te fè sou lakwa se KOUTE YON MOUN K AP PALE SAN OU PA ENTÈWOP LI. O, sa pral difisil pou mwen. 

Valentin - Ou renmen entewonp moun?

Souvni - E byen, pa fòt mwen non. Si m ap pale ak yon moun epi yon lide vin nan tèt mwen lè moun nan ap pale an, fò m di lanmenm.  Se kòmsi kè m cho m pa ka tann. Fò m antre lide m. Se jis lè m fin entèwonp moun nan, se lè sa a m remake sa. Sa a ka pa sakrifis pou yon moun, men pou mwen se yon sakrifis l ap ye. 

Valentin - Enben Souvni, sakrifis sa se pou ou. 

 

Senkyèm Sakrifis la - Senkyèm sakrifis ou ka fè pou komemore semèn sent lan se: REFIZE DEPANSE LAJAN SOU YON TI PLEZI KE W RENMEN, DEKWA POU KA DEPANSE LAJAN AN POU YON LÒT MOUN

Valentin - Petèt ou ka neglije ti desè ou, ti gato ou, ti pate ou konn achte, enpi ou bay yon yon lòt moun lajan an. Oubyen ou ka itilize lajan sa pou peye yon Uber pou moun nan. Oubyen ou ka peye yon bil pou yon moun, tou. 

Souvni - Wi, nou tande sa. Sa se senkyèm sakrifis la. Sere ti lajan ou konn achte ti Kafe Late ou dekwa pou w ka peye yon Uber pou yon moun ki nan bezwen.  

Valentin - Wi se pa yo bagay ke ou va fè chak jou. Men se yon ti sakrifis ke ou ta deside fè yon jou nan ane a. Bon, te m mande w yon bagay Souvni. E si Uber ta koute $24. Ou kwè sa se pri kafe?

Souvni - Sakrifis se sakrifis. Pran lajan ti pen ak pate Ayisyen ou, mete li ansanm, kole pyese, enpi itilize li pou peye yon bil pou yon moun avèk li. Alò zanmi konprann byen ke nou pa mande w pou al fè gwo zefò, pou ap depanse lajan ke ou pa genyen. Se pa sa ke n ap mande w. Men tande byen. Si pa egzanp ou genyen yon ti lajan pou achte ti pate, ti pen Ayisyen, ti kafe ou, ti plezi fitil sa yo. Senpleman chwazi yon jou nan ane a, kote ou di, bon ou p ap achte bagay sa yo, men ou pral fè yon jès ak yon moun avèk ti lajan sa a. Se pa gran choz, ya?


Souvni - Nou sou Sizyèm sakrifis la. Sizyèm sakrifis ou ka fè pou komemore semèn sent lan se ADMÈT W YON ERÈ. - Mezanmi sa se yon ti sakrifis ki kapab ankouraje bon kwasans emosyonèl lakay ou. You can do it.

Vanlentin - Wi nou ankouraje w fè sa. Sa p ap koute w anpil

Souvni - Li p ap koute w anpil. Sèlman fyète w l ap koute. Men w ap ganye konfidans moun nan. Wi wi. Sa se te sizyèm sakrifis la: ADMÈT LÈ W FÈ YON ERÈ.

 

Men yon setyèm sakrifis ou kapab fè pou komemore semèn sent lan. Setyèm sakrifis lan se POZE SAN W, KONTWOLE TÈT OU POU W PA AJI TWÒ VIT.  Zanmi o! nou konnen ki kote zafè aji twò vit la ka mennen nou. Si yon moun di w yon bagay, enpi ou ta renmen ba l yon repons ki pike. Oubyen ou ta renmen fè yon aksyon san reflechi. Kanpe la. Panse. Kalkile. Pran yon souf. Rete Kè kal. Kontwole tèt ou. Poze san w. Fè tout sa w kapab pou mete fren nan pawòl pike a, oubyen nan aksyon san reflechi a. 

Valentin - Se pa nan pawòl sèlman pou poze san ou. Si ou pa gen lajan pou achte yon bagay konsa. Yon bagay ki pa nesesè tankou pafen, bijou, kèk bagay siplemantè konsa. Pa rale kat kredi w twò vit. Panse anvan. Èske depans lan ka tann?  Kontwole anvi a.

Souvni - Sa se te setyèm sakrifis lan: POZE SAN OU, KONTWOLE TÈT OU POU W PA AJI TWÒ VIT.

 

Mwen uityèm sakrifis ou kapab ou kapab fè. O, mwen renmen sa.  Mwen renmen sa anpil. Uityèm sakrifis ou ka fè pou semèn sent lan, pou komemore sakrifis Jezi sou lakwa se FIKSE YON LIMIT. MENM SA MAL

Sa sa vle di?

Si ou gen yon moun k ap abize w, ap mande w al mennen tout kote, men lè ou gen pou al travay, menm lè ou gen pou al dòmi, y ap mande w sèvis ke ou pa gen tan pou fè pou yo, men ou pa ka di non, pou w pa gate amitye a, sakrifis ou jodi a, se:

Di non!!!!! 

Menm si kè w fè mal, 

Di non!!!

Valentin - Moun nan ka mande w fè gazon an pou li, men ou konnen ou pral pase tout jounen ap fè sa. E reyèlman ou pa gen tan pou li. Di non, jis di non!!

Souvni - Di non! Menm si kè w fè mal!

Pwoteje lapè emosyonèl ou.

 

Souvni - Mezanmi, men yon nevyèm e dènye sakrifis ke ou nou sijere ou kapab pratike pou komemore semèn sent la se LAPRIYÈ POU MOUN KI AJI MAL AVÈK OU.

Valentin - Sa difisil.  M pa konn si m ap ka fè l. 

Souvni - Men wi, se pou sa yo rele li sakrifis. Li p ap fasil, men lapriyè pou mande Bondye beni moun ki ap fè w tò, yon moun ki ap mal aji avèk ou se yon gwo sakrifis. Se yon jès ki kapab transfòme ni kè ou, ni kè moun ki ap aji mal avèk ou an.

Alò, mèsi mèdam e mèsye paske ou te rete branche sou emisyon Souvni On The Mike. O Mikwo ou genyen animatris ou Souvni. N ape fè ti dyalòge avèk Mesye Valentin

Emisyon Souvni on the Mike lan vini jwenn ou lakay ou chak vandredi at 7:30. 

Si ou ta renmen kontakte nou, ou kapab ale nan sit wèb mwen, SOUVNI.ORG. Lè w ale nan sit lan ou va gade sou bò goch ekran an, w ap wè yon ti bouton ble, ki make, poze kesyon ou la, ou kapab poze kesyon ou, mete imèl ou, epi soumèt li, epi w va jwenn repons. Pi ba goch anba ekran an, si ou ta renmen telechaje emisyon an apre ke li fin pase, ou va wè yon lyen ki make Souvni On The Mike sou sit lan, si ou klike sou lyen an, ou va jwenn emisyon an pou telechaje. Pa egzanp emisyon jodi a, li va disponib pou telechaje apre ke emisyon an fin pase.

Mèsi dèske ou te patisipe nan konvèsasyon nou jodi a. Nou te pale de sakrifis ke ou kapab fè pou komemore semèn sent la.  E sakrifis sa yo se ti jès ki tou piti ke ou kapab fè pou yon moun ki nan bezwen yon fwa pa ane konsa. Ou pa genyen milyon pou bay, men sa w gen nan men w lan, sèvi avèk li.

Zanmi, rete branche toujou. La Famille Pòt ap vini talè konsa.

 

                                                  Epizòd 12 - La Famille Pòt

                                                    Good Friday Sacrifice

Dyak - Ovila ou pare? Vin ale non.

Freya - Where are we going dad?

Tika - Freya, pourquoi tu demandes ou lorsequ'on va? 

Freya - I have the right to ask where we're going, Tika? I just want to know.

Tika - Mais on fait la même chose chaque ane, Freya. O va aider les autres. Faire un petit travaille volontaire pour commemorer le sacrifice de Jesus.

Freya - Ugh! I am not going. I don't feel good. I don't want to go, dad.

Tika - Mais sa c'est de la paresse, Freya?

Dyak - Sa nou genyen la? Freya, Tika, sispann goumen la ban mwen. 

Freya - Tika started it.

Dyak - Ovila, kote w vin ale non.

Ovila - Ok men mwen.  M pare. Vin ale Non. Apa m tande Tika ak Freya t ap diskite la?

Freya - I dont know mommy, I feel so weird about everything. Good Friday. The silence. The darkness. The death on the cross.  It is weird. I don't like it.

Ovila - Freya, se yon jou pou komemore lanmò Jezi sou lakwa. Donk se pa yon jou selebrasyon l ye.

Freya - Yeah, but why all the suffering. All the diseases. All the people that are sad. 

Ovila - Wi genyen anpil lamizè sou tè a vre. Pa gen moun ki te janm pwomèt nou lavi a t ap bèl nèt ale.

Tika - Oui, actuellement je pense a cela aussi. 

Freya - My Friend's mom got sick with cancer. We prayed every day for her but she still died.

Tika - Oui il y a beaucoup de souffrance dans le monde. Et Cela devient plus mal de jour en jour.

Freya - So, Yeah, what's the point of celebrating good Friday, anyway?

Ovila - Freya, Tika, N ap toujou gen soufrans nan monn nan. Se pa tout moun malad ki va geri. Se pa tout sikonstans ki va chanje an lajwa.

Freya - But why is that? If God id Good, why doesn't he just make everything happy?

Dyak - Freya, soufrans sou lakwa pa t anven non. Bondye te mouri sou lakwa pou montre ke va toujou gen soufrans. Pa gen moun ki egzante. Krisifiksyon te reprezante Bondye ki antre nan kò imen pou li soufri pi move soufrans ki genyen.

Ovila - Wi li te soufri trayizon, doulè, abandònman ak lanmò. Tout sa ke nou menm sou latè nap soufri, li te pase tout.

Dyak - Se kòm si se solidarite li ta fè avèk lemonn, Freya. Li rete avè lemonn. Li soufri avèk lemonn. Epi li te mouri. Sa se yon jès solidarite.  Malgre li te ka evite sa, li pa t fè sa pou l ta ka bay soufrans lan yon siyifikans.

Tika - Mais papi, cela ne repond pas la question quel espoir y a-t-il pour l’humanité.

Ovila - Tika, sa se gwo kesyon ke nou pa genyen repons lan pou li.

Freya - But I still would like to have hope mommy

Dyak - Wi, Tika ak Freya, Ovila gen rezon, nou p ap janm genyen tout repons a pi gwo kesyon ke limanite a poze, men m panse ke, krisifiksyon a rezireksyon se yon pwomès lespwa ke l ye.

Ovila - Donk Freya, ann nou al bay yon dezèdtan travay volontè la pou nou kapab komemore Vandredi Sen an. Dakò?

Freya - I don't want to, but ok, let's go volunteer.


END

Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Pase bon wikenn.