Souvni On The Mike
Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. Every Friday night at 8 PM, this Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. The show's very name, "Souvni," meaning "Remember," signals its core mission: to be a living archive of cherished experiences and a bridge between generations of Haitians, both at home and across the diaspora.
At its foundation, the program is a powerful tool for language acquisition. Recognizing the challenges faced by intermediate and advanced learners, Souvni On The Mike provides a full transcript in Creole for every episode. This thoughtful feature allows students to read along as they listen, reinforcing their comprehension, expanding their vocabulary, and tuning their ears to the natural cadence and nuances of authentic Haitian speech. It moves beyond simple vocabulary drills, placing learners directly into the flow of real conversation, humor, and storytelling, making the process of mastering Creole both engaging and effective.
The soul of the show is its signature segment, "La Famille Pòt" (The Pòt Family). This weekly skit injects a dose of drama and comedy that is both relatable and distinctly Haitian. Through the lives, laughter, and squabbles of the Pòt family, the show explores everyday situations, cultural touchstones, and social dynamics in a way that is both entertaining and illuminating. This recurring drama not only captivates listeners but also provides rich context for language learners, showcasing how Creole is used in real family settings, complete with idioms, affectionate teasing, and the warmth of familiar interaction. It is this blend of humor and heart that makes the podcast feel less like a lesson and more like a visit with old friends.
Hosted on the widely accessible platform Buzzsprout.com, Souvni On The Mike ensures its reach is as broad as its ambition. The platform's user-friendly interface makes it easy for anyone, from a curious language student in Europe to a homesick Haitian in North America, to tune in and download episodes and transcripts. This accessibility is crucial to the show's goal of fostering a deeper connection within the global Haitian community and providing a welcoming gateway for outsiders.
Ultimately, Souvni On The Mike is more than just a podcast; it is a cultural touchstone. It serves as a vital link for Haitians longing to relive the memories and rhythms of their homeland, offering a sonic space where their language and culture are celebrated with pride and authenticity. Simultaneously, it extends a warm invitation to foreigners, demystifying Haitian culture and offering an enjoyable, participatory way to engage with its vibrant spirit. By blending practical language tools with compelling entertainment, Souvni On The Mike succeeds in its mission to educate, unite, and entertain, one Friday night at a time.
Souvni On The Mike
Lang Manman nou, Lang Peyi nou - Our Mother's Tongue
Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.
Today’s program dives into the remarkable journey of Haitian Creole — a language that survived oppression, stigma, and centuries of misunderstanding to become the official national language of Haiti. We explore the challenges Creole faced, from being dismissed as “patois” to being banned in schools, and how it rose to claim its rightful place as the voice of the Haitian people.
We’ll talk about why Creole is more than a way of speaking — it is identity, memory, resistance, and unity. And we’ll encourage every member of the Haitian community, especially those raising children in the diaspora, to continue promoting and protecting the language that carries our history and our pride.
Because when we speak Creole, we honor our ancestors, we strengthen our culture, and we keep Haiti alive in every generation.
La Famille Pòt honors the Haitian Creole language in this episode.
Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/
Also, consider DONATING so that we can expand the show from 20 to 30 minutes of air time every Friday. This extra time will allow for more in-depth discussions, additional creative segments, and the continued availability of written transcripts. You may DONATE at our gofundme page at https://www.gofundme.com/f/support-souvni-on-the-mike-radio-show
Yon bèl bonswa bay tout oditè ki ape koute. Yon gwo onè respè pou tout moun! W ap koute emisyon Souvni on the Mike, ki vin jwenn ou sou Radyo Konpa WLQY 1320 AM. Yon radyo ke Aubry Blag mete chita pou kenbe solèy la byen cho nan bèl paradi twopikal South Florida.
Zanmi nou, depi Vandredi swa rive, a 7h30 ou gentan konnen, se lè pou chita koute emisyon Souvni on the Mike.
Chak semèn emisyon Souvni on the Mike la pote bèl ti istwa, bon ti diskisyon ak anpil koze ki fè nou sonje lakay. E si nou ta rate youn nan emisyon Vandredi swa sa yo, pa gen pwoblèm, pa enkyete w — Souvni on the Mike disponib nan fòm podcast tou. Donk kontinye koute nou, kontinye rete avèk nou. Souvni on the Mike se fakilte konesans ke ou t ap chache a. Donk, rete branche, nou pral aprann anpil bagay, jodi a.
Nan emisyon nou jodi a nou pral fè yon ti diskisyon sou peripesi ak viktwa lang Kreyòl la. Nou pral fè bon larezònman. Nou pral ba ou kèk enfòmasyon ke, petèt ou pa t konnen, epi nou espere ankouraje ou pou kontinye patisipe nan nòmalizasyon lang Kreyòl la.
Rete branche. Pa lapenn deplase. E mèsi davans pou patisipasyon ou nan emisyon nou jodi a. Nou prale tounen nan yon ti moman.
SOUVNI - Nou retounen ankò zanmi. Nou rive nan moman pou nou plonje dirèkteman nan sijè diskisyon nou aswè a. E natirèlman, mwen pa pou kont mwen. Mwen genyen avèk mwen, zanmi mwen, oubyen pafwa nou rele li, un personage arrèté dans ses opinions — Mr Valentin!
VALENTIN- Wi Souvni, se vre mwen gen anpil opinyon pa mwen, e se yon gran privilèj pou m pataje yo ansanm avèk tout oditè emisyon Souvni on the Mike yo. E mwen ap di bonswa tout moun.
SOUVNI - Oditè yo entelijan. Yo konnen ou pa moun ki renmen pale met la. Y ap aspete w jan w ye a. Aswè a Mr Valentin, nou pral pale de yon lang ke yo te jete, yon lang ke yo te meprize, yon lang ke yo te fin pase anba pye nèt, men ki, kounye a, ap epanouyi ankò, ke y ap elve nan yon estati byen wo. Aswè a n ap pale de lang ke nou renmen anpil la, lang kreyòl la — se yon lang ki konn sa sa vle di pou siviv.
Bon, Mr. Valentin, an nou kòmanse la. Lang Kreyòl la se kòm yon reskape. Se kòm yon ansyen konbatan. Se tankou yon veteran lagè lasosyete t ap fè kont lapovrete. Oubyen, li tankou yon veteran lagè ke y ap fè kont moun ki pa t gen opòtinite resevwa bon edikasyon. Èske se pa vre?
VALENTIN - Oh wi. Lang Kreyòl la se tankou yon chodyè ki ize. Ki fin pran kont dife li. Moun pa t wè valè li — yo pa t vle mete l sou tab. Yo te di ke sa se lang moun ki “pa t al lekòl.” Men kounye a, erezman, yo wè itilite li, yo wè fòs li. Donk yo drese l pou mete sou tab ankò.
SOUVNI - Ekzakteman. Lontan, lè w te pale Kreyòl devan moun, yo te di se moun san edikasyon ou ye. Le moman ke ou rantre lekòl, direktè lekòl la gentan kanpe ogadavou avèk règ li nan men li, prèt pou pini w pou chak grenn mo Kreyòl ke w di.
VALENTIN - Wi gen anpil moun nan tan ke m te grandi. Depi yo te fin pase lekòl, yo te oblije chanje aksan yo, pou montre moun ke yo te edike. Yo pouse Kreyòl la dekote. Yo pale diferan, se sèlman “Bonjour, comment allez‑vous?” yo ka di. Yo pa ka di 'Sak pase ankò" Yo vin tounen dè moun tulututu.
SOUVNI - Wi. Nan lekòl sitou, yo te fè nou adopte lang Franse a kòm nouvo lang nou, pou yo ka montre ke nou gen edikasyon, men nou pa t kapab pale ak zanmi lè rekreyasyon, paske bwat Franse nou pa t twò long. Donk nou te oblije rete bouch be paske yo te entèdi nou pale lang manman nou, lang peyi nou.
VALENTIN - Lontan gen de fanm, si ou pa t gen bon ti Franse sou ou, ou pa t ka file yo non.
SOUVNI - Wap pale de eksperyans ke w fè?
VALENTIN - Men wi. M pa wont di sa. Pou m ap pale avèk yon fi, se nan liv mwen te konn al chache bèl ti pwezi Franse, epi mwen mete sa nan vokabilè mwen. Lè konsa m mete de twa mo ansanm, epi mwen delivre yo bay yon mademwazèl.
SOUVNI - Ki pawòl ou konn delivre konsa?
VALENTIN - Ah mwen konn melanje tout mo yo ansanm. 'Cheri de mon coeur', 'Je t'aime a la folie', 'Je veux un p'ti bo'... depi pawòl la nan liv. Li bèl. Mwen pran l.
SOUVNI - Epi medam yo asepte sa nan men w?
VALENTIN - Enben wi, gendefwa m bon, gende fwa m pa bon.
SOUVNI - Bon mezanmi. M pa konnen si m pou wont medam ki te pran pawòl vid sa yo nan men ou, oubyen si pou m admire kouraj ke w te genyen pou fè sa.
VALENTIN - Enben lontan si pou w te ale nan kèk biwo federal, depi w gen bon ti Franse nan men w, yo te sèvi w byen vit. Si pa egzanp, yon moun ta mande w pou ta parenn nòs, se pou te prepare gwo diskou an franse. Se kòmsi diskou an te pi bèl si ou te fè li an Franse. Men si ou ta manke fè l an Kreyol, se kòmsi sa te desann entelijans ou. Se konsa bagay yo te ye.
SOUVNI - E byen granmèsi Bondye, gouvènman Ayiti a, anba Refòm Bèna a, te vin nan bon sans yo. An 1979 — Ayiti te rekonèt lang kreyòl la kòm lang nasyonal peyi a. Sa te otorize moun itilize lang Kreyòl la pou bay timoun enstriksyon nan lekòl. Donk pwofesè lekòl pa t bezwen bay enstriksyon an franse ankò. Sa te fin ofisyèl nèt an 1987. Se te yon gran moman.
VALENTIN - Wi se te yon moman ki te di: “Lang lan enpòtan e ou ka itilize li pou tout kalite kominikasyon, menm enstriksyon lekòl.”
SOUVNI - Wi, se kòmsi Kreyòl la te fè nofraj, enpi yo pase men ranmase l sou bò rivaj la pou sekoure l.
VALENTIN - Moun yo pa t reyalize ki domaj yo t ap fè pou mande yon timoun ki pa janm pale Franse nan lavi li pou l kòmanse ap pale Franse depi antre lekòl, oubyen pou l annik antre lekòl enpi pwofesè a ap pale Franse avè l.
SOUVNI - Se kòmsi ou gen yen timoun ki leve lakay li ap pale Anglè. Tout lavi l se Anglè. Lang manman l se Anglè. Lang papa l se Anglè. L al legliz se Anglè. L al larivyè se Anglè. Enpi toudenkou ou mete li lekòl, ou mande l pou l sispann pale Anglè. Yo mande l pou kòmanse pale Panyòl. Yo menm pini li si l ta di de twa mo Anglè.
VALENTIN - Se tretman sa ke lang Kreyòl la te resevwa, pou anpil tan.
SOUVNI - Wi zanmi, ou branche sou emisyon Souvni on the Mike. N ap fè yon bèl diskisyon sou peripesi ak viktwa Lang Kreyòl Ayisyen an. Nou gen anpil pawòl toujou pou ou. Rete branche, pa ale twò lwen. Lè nou tounen nou va kontinye konvèsasyon nou.
SOUVNI - Wi mèdam e mèsye, ou branche ce soir sou emisyon Souvni On The Mike. Emisyon sa a vini jwenn ou lakay ou chak vandredi soir at 7:30 avèk animatris ou Souvni
Si ou ta renmen kontakte mwen, ou kapab ale nan sit wèb mwen, SOUVNI.ORG. Lè w ale nan sit lan ou va gade sou bò goch ekran an, w ap yon ti bouton ble, yon ti kare ble ki make, poze kesyon ou la, ou kapab poze kesyon ou, mete imèl ou, epi soumèt li, epi w ap jwenn repons. Pi ba goch anba ekran an, si ou ta renmen telechaje emisyon an apre ke li fin pase, ou va wè yon lyen ki make Souvni On The Mike. Si ou klike sou lyen sa a, ou va jwenn emisyon an nan fòm podcast pou telechaje. Pa egzanp emisyon sa a, ke w ap koute kounye a, si ou ta renmen tande li ankò, li va disponib pou telechaje apre ke emisyon an fini.
Nou retounen ankò zanmi n ap kontinye konvèsasyon nou avèk mesye Valentin. N ap pale de lang cheri nou, lang kreyòl Ayisyen an, e ki tretman ke lang sa a ta konn resevwa.
VALENTIN - Wi se sa Souvni.
SOUVNI - Ok Valentin, an nou pale de premye son yon ti bebe tande. Premye son yon ti bebe tande se nan vant. Yo tande son manman yo k ap pale. Yon ti bebe kòmanse tande lang kreyòl la anvan menm li fèt?
VALENTIN - Anvan li fèt menm? Ki vle di ke ti bebe a koute tout sa manman an ap di?
SOUVNI - Non, se pa egzakteman konsa. Lasyans demontre ke nan twazyèm trimès la, ti bebe yo ka tande melodi vwa manman yo. Yo pa tande pawòl yo — men yo tande kadans lang lan, tankou yon mizik.
VALENTIN - Aaa, sa vle di tibebe a tande ritm kreyòl la — Yo tande “chalè,” “dousè,” ak “anbyans” ke nou konnen ki genyen nan Kreyòl la.
SOUVNI - Egzakteman. Lang Kreyòl Ayisyen an gen pwòp modèl mizikal pa l — li genyen ti monte, ti desann, ak ti kadans. Epi tout son sa yo vwayaje anndan vant manman an. Kidonk, lè yon manman Ayisyen ap pale, chante, oubyen priye, oswa menm diskite...
VALENTIN - Espesyalman lè l ap diskite!
SOUVNI - Wi, menm lè sa a — ti bebe a deja ap aprann son karakteristik kreyòl la.
VALENTIN - Kidonk fondamantalman, anvan timoun nan louvri je l, anvan l pran premye souf li, li deja konnen rit kreyòl la.
SOUVNI - Wi! moun lasyans yo te jwenn ke ti bebe ki fèk fèt yo rekonèt lang ke yo te tande nan vant manman an. Sèvo yo reyaji yon fason diferan. Kidonk, yon ti bebe Ayisyen? Yo soti deja branche sou kreyòl la.
VALENTIN - Sa vle di ke kreyòl se literalman premye ti chante dodo ke yon timoun Ayisyen tande.
SOUVNI - Wi. Ou byen di sa. Se pa mo ankò non — se melodi. Se batman kè lang lan. Ti bebe a tande vwa manman an ap vibre nan kò li, tankou yon tanbou.
VALENTIN - Kidonk, lè tibebe a fèt, epi yon moun di, "Bonjou ti cheri," timoun nan di, "Ah wi, mwen konnen son sa!"
SOUVNI - Egzakteman. Se poutèt sa kreyòl la pa sèlman yon lang — Kreyòl la se yon eritaj. Yon kado ke manman an bay timoun nan depi li nan vant. Yon bon souvni.
VALENTIN - Donk Kreyòl la se kòmsi se premye kay ke timoun nan te genyen. Ki vle di kòmsi, si pa egzanp timoun nan ap pale Kreyòl, enpi ou pa kontinye pale Kreyòl avèk li, lè li vin pèdi l, se kòm si li pèdi premye kay li. Li pèdi premye abri li.
SOUVNI - Wi. Kreyòl la fè pati nan sibstans nou, nan kò nou. Li nan brenn nou. Kòm si se te de grenn je nan tèt nou ke l te ye. Paske se kreyòl la ki gide nou. Donk imajinen ke ti moun nan rantre lekòl, kounye a yo entwodui li yon lòt lang. Y ap fè li siprime lang ke li te konnen an. Y ap pini li paske li pale lang ke li abitye avèk li a, lè sa rive, yo pa t sèlman fèmen bouch pawòl li — ou te fèmen bouch idantite li, konfyans li, ak tout koneksyon ke li te fè deja. Li gen plas pou li aprann toude lang yo. Donk yo pa dwe siprime yon lang, pou fè li aprann yon lòt pito.
VALENTIN - Donk Kreyòl la, se pa yon feblès. Kreyòl la se yon fòs pito. Li se son ki gide ou. Lang ou se yon trezò — epi l ap te toujou gen valè.
SOUVNI - Kounye a apre ke timoun fin devlope kapasite pou premye lang lan, li gen plas pou l aprann plizyè lòt lang toujou.
VALENTIN - Ou pa bezwen enkyete w, li p ap gen konfizyon nan de lang yo.
SOUVNI: Sèvo yon timoun se tankou yon eponj - li kapab apran 2, 3 jiska 4 lang lè yo piti.
VALENTIN - yon lòt pawòl moun konn di, sè ke Kreyòl la pa itil nan lòt peyi.
SOUVNI: Kreyòl la itil tout kote w pase. Si w ale nan lopital, lekòl, nan tribinal, nan ofis imigrasyon, nan ofis doktè, ou va wè itilite Kreyòl la. Kreyòl Ayisyen an se lang ki pi popilè nan tout lang kreyòl yo. Gen dè milye de moun ki ap pale Kreyòl sa tout kote.
VALENTIN - Ankouraje ti moun ki fèt nan peyi etazini pou li aprann Kreyòl tou.
SOUVNI: Wi si yo fè sa, sa va devni koneksyon ke yo va genyen ak peyi yo. E pa bliye tou ke timoun ki pale de lang, yon gen yon avantaj sou lòt sa yo ki pale yon sèl lang. Yo rezoud pwoblèm pi vit. Yo gen pi bon memwa. Yo gen plis kreyativite. E yo kapab boukante byen fasil antre de lang yo.
Alò, mesye Valentin, mèsi anpil pou bèl konvèsayon nou.
VALENTIN - Se toujou yon plezi Souvni. Mèsi
SOUVNI - Oditè nou yo — Mèsi pou patisipasyon ou nan emisyon nou jodi a. Sonje ke Kreyòl la se pa sèlman yon lang ke li ye. Kreyòl la se memwa nou. Se idantite nou. Se rit lavi nou. Se fason ke nou te siviv. Kontinye pale li, Kontinye anseye li. E kontinye renmen li.
Rete branche zanmi. Nou pral tounen talè konsa avèk La famille Pòt
Epizòd 13
Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann
Ovila: Tika! Freya! Vin Kote m. Tika! Freya! Vin Kote m silvouplè.
Freya: Mommy, you're calling me? Here I am.
Tika: Maman, qu’est-ce qu’il y a? Tu m as appelé encore?
Ovila: Men Bondye papa mwen! Tika, Freya, sa nou genyen nou pa ka reponn mwen an Kreyòl la la a? Chak kou mwen pale ak timoun sa yo, youn reponn mwen an tulututu, lòt lan se Angle sèlman li vle pale. Mwen bouke ak bagay sa!
Tika: Je ne comprends pas. Mais, qu'est-ce-que tu veux dire Manmie?
Freya: Yeah Manmie, what's wrong with that. I can speak in any language we want.
Ovila - Se pa nan kay sa a. Nou pa ka Ayisyen, enpi tout lajounen se pou m ap apiye zorèy mwen byen fen, pou m ka konprann sa pwòp timoun mwen ap di. Youn ap pale Angle lòt lan ap pale Franse, enpi nou vle pou m a pwenti bouch mwen pou m reponn nou? O O!
Freya: Mommy I can speak English if I want to.
Ovila: Bon, si se konsa bagay la ye, si nou pa ka reponn mwen an Kreyòl lè m ap pale avèk nou, m ap oblije mete nou deyò wi nan kay la.
Freya: You're gonna kick us out for a language, mommy? That's crazy!
Tika: Manmie, soyons raisonnables.
Ovila: Reasonable? Freya, malgre ou fèt isi nan peyi Etazini, konnen se pitit Ayisyen ou ye. E ou menm, Tika, ou fèt Ayiti! Nou konprann Kreyòl lè m ap pale avèk nou, poukisa nou pa reponn mwen an Kreyòl? Sa fè m mal pou wè sa.
Dyak: Ovila, sa k genyen la?
Freya: Dad, Mom’s being dramatic again.
Tika: Comme toujours papi, elle fait du theâtre comme toujours, papi.
Ovila: Ou wè? Ou wè Dyak? Yo pa respekte lang manman yo! Se pou yo pale Kreyòl ban mwen. Si se pa sa, yo mèt ale.
Dyak: Ovila, sa wap di la? Ou pa ka mete timoun yo deyò konsa. Tika, Freya, nou fè manman nou fache. Lang Kreyòl la se lang manman nou. Se lang zansèt nou. Se pou nou respekte l.
Freya: What do you mean, dad?
Dyak: Medam, lè nou pale Kreyòl, nou pale lang ki te makònen zansèt nou ansanm lè yo te nan difikilte. Kreyòl la se lang natif natal nou. Se an Kreyòl nou bay bèl ti blag nou. Se Kreyòl la ki simante nou ansanm kòm yon pèp Ayisyen. Se gras a Kreyòl ke n ap siviv toujou. Kreyòl se son lakay nou. Donk fè plis zefò non pou nou pale Kreyòl nan kay la, medam.
Tika: Je n’avais jamais pensé à ça comme ça, papi. E byen m ap fè pli efò pou mwen pale Kreyòl, si sa ap fè w ou menm ak manman m plezi.
Dyak: Non Tika, ou pa dwe pale kreyòl pou fè m kontan non, ou dwe pale Kreyòl paske se idantite w, paske ou gen fyète peyi ou.
Tika: D'accord Papi, je ferai plus d’efforts pour vous parler, à toi et à Manmie, en Créole. Mwen va plis efò papi.
Dyak: E ou menm Freya, ou fèt isi nan peyi Etazini, men se Ayisyen ou ye tou. Lè ou pale Kreyòl sa pa diminye lefè ke w se Ameriken non. Okontrè, Lè ou pale Kreyòl, sa vin rann ou plis konplè. Sa vin fè w parèt pli entilijan.
Freya: I guess I do want to feel connected. But it’s so hard, dad. Mwen va fè plis efò pou mwen pale Kreyòl avèk ou e mommy.
Ovila: Ala bèl! — sa fè kè m kontan pou m wè timoun mwen ap pale Kreyòl. Men
Si nou tounen pale angle ak franse sèlman ankò, m’ap mete nou toulede deyò.
Dyak: Nou pa bezwen pè medam, se blag manman nou ap fè.
END
Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Pase bon wikenn