Souvni On The Mike

Health, Prevention and the Haitian Lifestyle

Mandaly

Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.

0:00 | 21:10

In this powerful and entertaining episode of Souvni on the Mike, Souvni and Valentin take listeners on a deep dive into the health challenges affecting Haitians at home and across the diaspora. From high blood pressure and diabetes to high cholesterol, obesity, arthritis, and cancer, they break down how diet, stress, long work hours, and changing food habits contribute to these conditions — and offer practical, culturally grounded steps for prevention. With warmth, clarity, and cultural pride, they remind the community that prevention is not just medicine — it’s survival, empowerment, and love.

To bring the message home, the episode features a hilarious La Famille Pòt skit where Dyak returns from the doctor with strict dietary orders, only to clash with Ovila’s unwavering commitment to traditional Haitian cooking. As Tika and Freya jump into the debate with their own dramatic opinions, the family wrestles with the tension between health, flavor, and culture — proving that changing lifelong habits is easier said than done.

A perfect blend of education, comedy, and cultural truth, this episode invites listeners to laugh, reflect, and take charge of their health while celebrating the richness of Haitian life.

Support the show

Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/

Also, consider DONATING so that we can expand the show from 20 to 30 minutes of air time every Friday. This extra time will allow for more in-depth discussions, additional creative segments, and the continued availability of written transcripts. You may DONATE at our gofundme page at https://www.gofundme.com/f/support-souvni-on-the-mike-radio-show



Bonswa chè zanmi oditè. Welcome! N ap voye yon bèl kout chapo pou tout Ayisyen lakay. Yon bèl onè respè pou tout zanmi ki branche avèk nou. Nou kontan rantre lakay ou aswè a. W ap koute emisyon Souvni on the Mike. Yon emisyon ki vin jwenn ou chak Vandredi swa a 7:30 sou Radyo Konpa, nan WLQY 1320 AM! Radyo Konpa se yon koneksyon ant Ayiti ak Dyaspora a. Se yon lyen ant Angle ak Kreyòl la tou. E finalman, avèk bon ti komedi Aubry Blag yo, radyo a se yon pon ant komedi ak refleksyon. Donk zanmi, pou pa janm rate bagay sa yo. Toujou rete branche sou Radyo Konpa!


Se konsa zanmi. Se konsa. Pa bliye, chak Vandredi swa a 7:30,  kèlkeswa sa ou t ap fè, ke w te lakay, ke w te nan machin, ke se sou konpitè ou oubyen nan telefòn, branche ou sou emisyon Souvni on the Mike la. Nou pa pale met la. Nou toujou genyen yon bon pwogram ki byen rechèche pou ou.

Donk w ap koute animatris emisyon an, Souvni. E pèmèt nou pou nou akeyi Mesye Valentin. Yon zanmi nou ki toujou vizite emisyon an pou patisipe nan diskisyon nou. 

SOUVNI:  Bonswa Mesye Valentin!

 VALENTIN: Bonswa Souvni. Bonswa tout zanmi emisyon Souvni on the Mike yo.

SOUVNI: Valentin, mwen t ap di oditè nou yo ke nan emisyon Souvni on the Mike la, nou pa vin pou n pale pawòl ki pa fè okenn sans.

VALENTIN: Se vre Souvni. Nou fè bon ti reflechi anvan nou pale. Nou fè bon ti diskisyon ki konnekte oditè yo ak rasin yo, ak orijin yo, ak zantray yo. 

SOUVNI: Nou defann kilti nou. Nou defann lang nou. Nou leve idantite Ayisyen yo avèk diskisyon nan emisyon Souvni on the Mike la.

VALENTIN: Nou pale avèk bon entansyon. Nou diskite tout kalite sijè.  Nou diskite pwomosyon ak amelyorasyon lavi Ayisyen nan dyaspora a. Nou pale de seksyalite ak edikasyon jenn timoun Ayisyen nou yo. E nou kontinye ap fè ti brase lide sou lit imigran yo. Epitou sijè moun ap chichote, nou mete sa sou tab nan objektif pou nou elimine tabou, e pou retire izolasyon kèk moun k ap soufri tou. 

SOUVNI: So, if it’s true, if it’s funny, if it’s Haitian — We're talking about it. Donk toujou chache koute emisyon Souvni on the Mike la nan radyo a oubyen sou platfòm podcast Souvni on the Mike la. 

VALENTIN: Jodi a, nou gen yon epizòd espesyal, paske n ap pale de yon bagay ki afekte lavi tout moun. N ap pale de maladi ak prevansyon. 

SOUVNI: Wi Valentin, maladi pa tonbe sou pye bwa. Se sou kretyen vivan li tonbe. Men gen de bagay ou kapab fè pou evite yon seri de kondisyon afekte lavi ou.  Zanmi, rete avèk nou. An nou pran yon ti detant. N ap tounen talè konsa avèk emisyon Souvni on the Mike.


SOUVNI: Wi zanmi, mèsi dèske ou rete branche. Gen de diskisyon ki ap fèt, si sa va amelyore lavi ou, si sa va amelyore lasante w, ou oblije fè yon ti poze pou chita tande.

VALENTIN: Wi. N ap pale de kèk bagay ou kapab fè pou prevansyon kondisyon ke nou jwenn lakay anpil Ayisyen.

SOUVNI:  Mezanmi nou genyen yon sèl kò a. Si ou pa pran swen li, ou p ap jwenn yon lòt kò ankò. 

VALENTIN: Evite miyò pase mande padon. Pito ou evite yon maladi, pase pou tonbe malad enpi tonbe mache kay doktè pou chache gerizon. 

SOUVNI: Ou konnen, yo di, pou jan Ayisyen ap viv Ayiti, yo ta dwe yon pèp ki pi ansante pase tout lòt pèp.

VALENTIN: Ayisyen an Ayiti toujou ap mouvmante kò yo. Yo mache ale tout kote. 

SOUVNI: Yo mache al nan mache. Yo mache al legliz. Yo mache al travay.  Yo mache al lekòl. 

VALENTIN: Yo manje anpil viv. Yon manje anpil legim. Yo bwè anpil te.

SOUVNI: Donk kò yo ta dwe byen anfòm. Yo pa ta dwe ap soufri maladi kè. Men Ayisyen yo soufri maladi tansyon. Tansyon yo toujou byen wo. You soufri maladi kè. Anpil Ayisyen fèt Dyabèt. Sa yo rele maladi sik la.

VALENTIN: Poukisa?

SOUVNI: Paske gen de (2) bagay ki lenmi kò a anpil. Men se li menm ke anpil Ayisyen renmen mete nan manje yo. Ayisyen mete anpil sèl nan manje yo. Non sèlman yo mete sèl, yo ajoute magi met sou li.

VALENTIN: E dezyèm lenmi kò a. Ayisyen mete sik nan tout bagay. Ou pa oblije mete sik nan tout bweson ke w ap bwè. Ou pa ta dwe menm genyen sik ak sèl lakay ou menm.

SOUVNI: Pawòl sa yo ka difisil anpil pou w tande. Men gen plizyè ane ke mwen menm mwen pa achte sik. Mwen pa mete sèl nan manje mwen. Anpil bagay w ap manje deja gen sèl ladan l. Pa egzanp, si w ap fè yon sandwich ze konsa, ou pa bezwen mete sèl nan ze a paske pen sandwich la gentan gen sèl ladan. Pou moun ki renmen sèl, eseye fè sa. Si ou retire sèl nan manje a, w ap vin remake ke gen anpil manje ou pa bezwen mete sèl ladan yo.

VALENTIN: Gen moun ki  ka panse fè manje san sèl, oubyen diminye sèl la va kite manje a san gou. Men gen ranplasman sèl ke w kapab itilize ki bon pou lasante. Kanta pou sik la menm, m pa t ap menm bezwen itilize ranplasman sik ke yo vann nan makèt yo. Mwen senpleman ta itilize sik natirèl fui yo si m bezwen sik. Si ou fè sa, ou p ap menm sonje si sèl la oubyen sik la te egziste menm.

SOUVNI: M panse bagay ki vin desann lasante anpil Ayisyen k ap viv an Ayiti, sèke Ayisyen an Ayiti kounye a, anpil ladan yo kite koutim manje viv ki nan jaden lakay yo. Yo pito manje manje peyi etranje ki gen anpil prezèvatif ladan yo.

 VALENTIN: Pa egzanp, gen anpil Ayisyen ki pito manje poul etranje a pase  yo manje pou l peyi yo.

SOUVNI: Poul etranje yo trete avèk anpil antibyotik ki kapab afekte kò ou lè w manje pou la. E gen de òganizasyon ki bay poul yo pwodui pou yo grandi vit tou. Bagay sa yo, yo antre nan kò ou lè nou manje poul sa yo.

VALENTIN: Donk poul peyi yo mèg. Yo pa gen pwodui chimik. Poul etranje yo, yo gwo. Men yo gen anpil pwodui ke yo mete kò poul sa yo pandan elvaj yo.

SOUVNI: Men pwason tou, si ou pa achte pwason ki leve nan lanmè, se menm bagay la tou. Anpil nan pwason sa yo, depi ou wè vyann yo, yo bèl. Yo wòz. Yo gonfle. Se nan laboratwa yo leve pwason sa yo.

VALENTIN: Menm fui ak vejetab ke w ap achte, si ou byen egzamine, ou va wè fui ke yo grandi nan laboratwa. Pa egzanp, objektif laboratwa se pwodui fui yo an grann kantite, tout fèt menm jan, dekwa pou yo kapab konbat famin. Yon lòt fason ou kapab rekonèt fui laboratwa yo, sèke anpil ladan yo, yo pa gen grenn.  

SOUVNI: Wi, fui ki fèt nan laboratwa yo, yo manipile kwomozòm fui sa yo,  yo trete yo avèk òmon vejetal dekwa pou yo kapab reponn a demann konsomatè yo. Paske konsomatè yo,  yo konn bezwen fui yo konsève pli long, e konsa lè fè fui yo, menm si yo gen grenn, grenn yo steril. Si ou plante l, yo p ap grandi.

VALENTIN: Fason ou kapab rekonèt fui sa yo, ou va wè yo, yo bèl. Yo gonfle. Yo gen bèl koulè. Yo pa gen oken defo. Pa egzanp ou konn ale nan Walmart. W ap gade yon bann seri de chadèk. Yo tout won. Yo bèl. Anndann yo byen woz. 

SOUVNI: Dabitid, fui òganik yo, fui ki yo leve nan vrè jaden yo, ou kapab wè tout ti defo sou po fui yo konsa. 

 VALENTIN: Men fui laboratwa yo pafè.

SOUVNI: Donk prevansyon an la, se lè w ap fè makèt chache konnen kote manje w ap achte yo soti avan w chwazi yo. Epi ki pwodui ki nan manje ke w ap achte yo. 

VALENTIN: Pa egzanp si w ap gade fui ak vejetab ke y ap vann nan farmer's Market, ou wè kòman fui sa yo, yo pa gen bèl fòm. Men se yo ki bon.  Yo pa t fèt nan laboratwa.

SOUVNI: Kidonk, manje ki prezève deja gen sik ladan yo. Manje ki prezève deja gen sèl ladan yo. Chwazi manje ki òganik. Sa vle di ke se pa nan laboratwa ke manje sa yo fèt. Chwazi vyann ki pa gen pwodui chimik ladan l. Lè w ap achte vyann, chache gade.  W ap wè genyen ki make èske yo gen òmon, oubyen èske yo itilize antibyotik lè y ap fè levaj bèt sa yo.

VALENTIN: Viris Kovid la vin deklannche yon sansiblite lakay anpil nan nou pou kèk maladi. Donk, anpil nan nou vin pi sansib pou plis kondisyon e plis maladi.

SOUVNI: Donk se mèt kò ki veye kò.  Prevansyon ak edikasyon se responsablite pa w si ou vle evite kèk kondisyon ak maladi sèjousi.

VALENTIN: Prevansyon se yon kalite ekonomi li ye. Li evite w pou w pa ale depanse tout lajan ou kay doktè pita.  Prevansyon se sèl fason pou w antre nan laj byen anfòm. Pou w pa tonbe nan mezon retrèt kote se moun ki ap swaye w, ki ap fè tout bagay pou ou. Si ou ta renmen gen bon lasante pita lè ou aje, se depi kounya pou kòmanse byen trete kò a. Pou fè prevansyon dekwa pou kò a ka byen prezève lè ou kòmanse granmoun, pou w pa entatad.

SOUVNI: Dakò zanmi. Nou pral pale de kondisyon ki pi afekte lavi anpil Ayisyen. E ki prevansyon ou kapab pran pou evite genyen kondisyon oubyen maladi sa yo. Men anvan nou fè sa. An nou pran yon ti detant. N ap tounen talè konsa.


 SOUVNI: Premye kondisyon an, anpil Ayisyen soufri ak tansyon ki wo. Sa se youn nan pwoblèm sante ki pi komen nan kominote Ayisyen an. Bagay ki lakòz tansyon moun wo se premyèman manje ki gen anpil sèl. Non sèlman nou mete sèl nan manje nou, men nou mete magi ak lòt sezònman ki plen sèl ladan yo. 

VALENTIN: Lòt bagay ki monte tansyon ou, se estrès. Ayisyen gen anpil pwoblèm ki koze estrès lakay yo. Ayisyen gen pwoblèm imigrasyon, pwoblèm travay, pwoblèm finans. Non sèlman sa tou, si fanmi ou fè tansyon, sa kapab devni eritaj ou. Donk ou vin eritye maladi tansyon an tou.

SOUVNI: Donk ou kapab fè prevansyon tansyon wo. Se pa pou ap bwè fèy leti sèlman non. Men diminye sèl ou nan manje ou. Chwazi epis natirèl ki bay gou san yo pa monte tansyon w. Mache chak jou menm si se 20 a 30 minit. Aktivite fizik ede kenbe tansyon ou ba. Epi pa manje aprè 9vè nan aswè. Bwè plis dlo. Pa bwè soda. Pa bwè anpil ji. Epi kontwole estrès ou si ou kapab fè sa.

VALENTIN: Wi, pou estrès la, pran yon 5 minit chak jou pou respire. Fè ti lapriyè ou, oswa fè ti meditasyon. Sa ede anpil. Sante mantal ak sante fizik mache ansanm. Zanmi, tansyon wo pa fè gwo bri, men li fè gwo dega. Pran swen tèt nou.

SOUVNI: Lòt maladi ou jwenn kay Ayisyen anpil se Dyabèt, oubyen maladi sik.  Maladi sik atake zye w. Li atake kè w. Li atake ren w.  Li atake tout manm ou.  

VALENTIN: Maladi sik lan ka fè w avèg. Li ka ba ou kriz kadyak. Li ka fè w pèdi feeling nan pye w jouktan ou pèdi pye a. Fason dyabèt la mache nan kò ou, li kòmanse pouri tout anndan kò ou. Se apre yon ti tan ou kòmanse santi sentòm yo.

SOUVNI: Prevansyon pou maladi sik se mete plis legim nan asyèt la. Bwè plis dlo, mwens ji, mwens kola. Mache chak jou. Diminye kantite diri ak pen ke w ap manje.  Chwazi manje ki griye oswa ki bouyi olye de manje ki fri. Sa senp, men li mande disiplin. Wi, men li vo li. Sa vo lapenn. Prevansyon pi fasil pase tretman. Zanmi, pran swen tèt nou. Maladi sik pa fè gwo bri, men li fè gwo dega.

VALENTIN: Wi se  sa. 

SOUVNI: Lòt maladi ke anpil Ayisyen fè se kolestewòl yo ki toujou monte byen wo. Kolestewòl mache men nan men ak maladi kè.

VALENTIN: Prevansyon an se diminye manje ki fri. Chwazi plis manje bouyi, manje ki griye oswa boukannen. Diminye vyann ki wouj tankou vyann bèf konsa.  

 SOUVNI: Nou pa ka pale de kolestewòl san nou pa pale de AVC, Stroke, Aksidan Vaskilè Serebral, oubyen Atak nan Sèvo. Depi ou fè maladi tansyon ak maladi sik, risk pou AVC ou, oubyen yon atak nan sèvo w, monte a dimil pousan.

VALENTIN: Pou prevansyon atak nan sèvo ou, diminye sèl nan manje ou.  Pa mete twòp lwil nan manje yo.  Epi fè ti mache chak jou.  Pa fimen. Pa bwè twòp bwason ki gen alkòl. Kenbe kolestewòl ou ba. Si ou peze anpil. Ou gen anpil grès, mache anpil pou desann grès la.

SOUVNI: Lòt maladi ki afekte Aysiyen ankò se atrit avèk doulè kwonik. Gen moun ki fè anpil ane ap travay,  ap leve bagay lou. Epi gendefwa yo pa trete doulè yo bonè. Oubyen yo ka te asepte doulè a kòm yon bagay nòmal.

VALENTIN: Rete aktif. Lè w mache, fè ti detire. Kontinye fè egzèsis pou jwenti ka toujou rete fleksib. Lè nou pa mouvmante kò nou, doulè a ap vin pi mal. Manje plis manje ki konbat enflamasyon tankou pwason, legim vèt, oubyen fwi.

SOUVNI: Dènye maladi ke n ap mansyone se kansè.

VALENTIN: Pa bliye avèk kanse, pi bonè se granmaten. Menm si ou pa santi w malad, fè screening. Se sa ki va sove w. Tès ki enpòtan, se mammogram, tès pwostat, screening pou kansè nan kolon, tès pou poumon lakay moun ki te fimen. Epi tcheke avèk doktè ou trè souvan.

SOUVNI: Screening ki fèt an reta kapab egal move rezilta. Epi gen lòt bagay ki kapab ede ou: Evite fimen. Diminye alkòl. Manje plis legim avèk fui. Fè egzèsis regilyèman. Kenbe yon pwa ki ansante. Pa bliye kontinye wè doktè ou regilyèman paske se sèl yo menm ki genyen tout zouti pou ede ou nan lit kon maladi ak nan efò prevansyon ou.

Zanmi, n ap di w mèsi dèske ou te patisipe avèk nou nan emisyon sa a. Rete branche. La Famille Pòt ap vini talè konsa. 

                                                             LA FAMILLE PÒT

                                                           Nou tout sou rejim.

                                                                 Epizòd 15

 


OVILA: Mwen pa konprann sa w ap di m nan la non, Dyak. Ki vle di la a, ou vle di m pou m fè manje ki bon pou lasante w?

 DYAK: Wi Ovila. Se sa doktè m nan di pou m fè wi.

OVILA: Ki vle di tout tan sa m t ap bourike nan kizin pou kuit manje pou tout moun nan kay la, manje sa yo pa t bon? 

DYAK: Se pa sa m di non, Ovila. Mwen senpleman di w ke doktè a mete mwen nan yo rejim.

OVILA: Donk ou vle pou m fè manje ki bon pou lasante. Yon manje san sèl? San magi? San lwil? Men ou vle pou manje a gen bon gou tou? 

DYAK: Non Ovila. Se pa sa m di.  Se pa pou retire tout epis ki nan manje a. Se pou w diminye li. Petèt ou ka itilize mwens luil, oubyen pa mete magi nan manje a.

OVILA: Enben tèt ou pa byen Dyak. Ki pawòl moun fou w ap pale la? Se ouswa manje a gou, oswa li bon pou lasante. Li pa ka toulede anmenmtan.

DYAK: Ovila ban m tèt mwen la, tanpri! Doktè a di m tansyon m ap monte. Li di m sik mwen ap monte. Donk se preskripsyon sa li ban mwen. Mwen pa dwe manje ni sèl, ni lwil, ni fritay, ni magi, ni sik, ni diri, ni pen. Kisa ou vle pou m fè la a? 

OVILA: O O! Sa vle se yon vè dlo sèlman ou ka bwè la a.

DYAK: S a w ap di konsa?

OVILA: Enben e sa menm wi Dyak. Dlo a pa gen ni sèl, ni lwil, ni fritay, ni magi, ni sik, ni diri, ni pen ladan l. Chak kou lè repa a rive, m ap fout ou yon vè dlo, epi m fini avè w. Se rejim nan sa wi!

DYAK: W ap pase nan rizib?

OVILA: Men Dyak, depi mwen fèt, m te aprann, si manje a pa gen magi, li p ap gen gou! Si l pa gen bon ti luil ak bon ti sèl ladan l, pa gen moun k ap manje l. Kounye a ou vle m trayi tradisyon manje peyi mwen la?

DYAK: Ovila, Tradisyon pa vle di Tansyon! Mezanmi, gade tout lwil ou mete nan chodyè a. Ovila, sa se pa kuizin ankò, sa se yon estasyon gazolin avèk tout lui l sa a! Men Tika ap pwoche sot nan chanm li la a. Kisa ou di nan sa Tika?

TIKA: Moi je suis complètment d’accord avec papi. Si nous voulons rester en bonne forme et très maigre comme moi, nous devons éliminer tous ces aliments gras, manmie. 

OVILA: Ah Tika, kimoun ki te gentan mande w sa la?

TIKA:  Moi, je veux garder ma silhouette, manmie?

OVILA: Tika, jan w renmen ti bannann peze ak griyo a.  Ou vle di m konsa ou pa vle manje sa ankò?

TIKA: Oh Je dois reflechir sur ça. Peut-être nous pouvons faire de la bannane frite et du griot une fois par semaine, manmie 

OVILA: E sa m konnen. Reflechi toujou non Tika. Si nou bezwen pou m fè manje ki bon pou lasante, m p ap fè ni griyo, ni bannann peze nan kay la. 

DYAK: Bon, men Freya li menm k ap vini avèk bwat chicken nuggets ak French Fries li nan men l. 

FREYA: Okay, wait… so if everybody is eating healthy now…does that mean I can’t eat my French Fries and chicken nuggets anymore?

DYAK: Freya. Nuggets se pa manje. French Fries se pa manje tou. Manje sa yo pa bon pou ou, ni yo p ap plen vant ou tou. Donk kòmanse jodi a, tout moun se vejetab ak fui sèlman.

FREYA: But Dad… the nuggets and fries are like… my emotional support food.

TIKA: Freya, je pense que tu peux encore les manger, mais pas tous les jours. Balance, ma chérie, balance!

OVILA: Bon, tout moun silans pou mwen tanpri! Tanpri! Se mwen k ap fè manje nan kay la. Se mwen menm ki kanpe sou recho a. Pa gen nou youn ki ap janm pran chodyè pou vin mete sou fou an. Kite m pale.

DYAK: Ok Ovila. Pale non!

OVILA: Tande, si manje ki bon pou lasante te gou konsa, tout moun t ap fè li. Nou ta bezwen gen ni grès, ni bè, ni luil, ni tout bagay sa yo ki nan peyi a ki gen bon gou.

DYAK: Ovila, se pa sa nou di non! Nou senpleman di pou nou diminye sou tout manje ki pa bon pou lasante yo. 

OVILA: Pa gen pwoblèm! Mwen menm m ap kontinye fè manje ki gen bon gou. Manje tradisyonèl Ayisyen mwen. Nou tout ap pale de manje ki bon pou lasante fizik. Si nou bezwen m kenbe lasante mantal mwen nan kay la, kèlkeswa manje m fè a, kèlkeswa manje m kuit la, sa mwen ban nou an, e sa n ap manje!

 END

Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Pase bon wikenn