Souvni On The Mike
Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. Every Friday night at 8 PM, this Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. The show's very name, "Souvni," meaning "Remember," signals its core mission: to be a living archive of cherished experiences and a bridge between generations of Haitians, both at home and across the diaspora.
At its foundation, the program is a powerful tool for language acquisition. Recognizing the challenges faced by intermediate and advanced learners, Souvni On The Mike provides a full transcript in Creole for every episode. This thoughtful feature allows students to read along as they listen, reinforcing their comprehension, expanding their vocabulary, and tuning their ears to the natural cadence and nuances of authentic Haitian speech. It moves beyond simple vocabulary drills, placing learners directly into the flow of real conversation, humor, and storytelling, making the process of mastering Creole both engaging and effective.
The soul of the show is its signature segment, "La Famille Pòt" (The Pòt Family). This weekly skit injects a dose of drama and comedy that is both relatable and distinctly Haitian. Through the lives, laughter, and squabbles of the Pòt family, the show explores everyday situations, cultural touchstones, and social dynamics in a way that is both entertaining and illuminating. This recurring drama not only captivates listeners but also provides rich context for language learners, showcasing how Creole is used in real family settings, complete with idioms, affectionate teasing, and the warmth of familiar interaction. It is this blend of humor and heart that makes the podcast feel less like a lesson and more like a visit with old friends.
Hosted on the widely accessible platform Buzzsprout.com, Souvni On The Mike ensures its reach is as broad as its ambition. The platform's user-friendly interface makes it easy for anyone, from a curious language student in Europe to a homesick Haitian in North America, to tune in and download episodes and transcripts. This accessibility is crucial to the show's goal of fostering a deeper connection within the global Haitian community and providing a welcoming gateway for outsiders.
Ultimately, Souvni On The Mike is more than just a podcast; it is a cultural touchstone. It serves as a vital link for Haitians longing to relive the memories and rhythms of their homeland, offering a sonic space where their language and culture are celebrated with pride and authenticity. Simultaneously, it extends a warm invitation to foreigners, demystifying Haitian culture and offering an enjoyable, participatory way to engage with its vibrant spirit. By blending practical language tools with compelling entertainment, Souvni On The Mike succeeds in its mission to educate, unite, and entertain, one Friday night at a time.
Souvni On The Mike
The Haitian Flag Stands Tall - Drapo Ayisyen Kanpe Kin
Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.
In this Flag Day special, Souvni on the Mike brings history to life with a vivid, cinematic retelling of the birth and evolution of the Haitian flag. Souvni and Valentin explore the courage behind the colors, including five powerful quotes from Jean‑Jacques Dessalines that reveal the steel, fire, and fearless leadership of the man who birthed the flag. And in a warm, humorous twist, La Famille Pòt jumps in as Tika prepares her Haitian Flag Day school project — with Ovila and Dyak adding their unforgettable flair. A soulful celebration of identity, bravery, and the flag that unites generations of Haitians.
Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/
Also, consider DONATING so that we can expand the show from 20 to 30 minutes of air time every Friday. This extra time will allow for more in-depth discussions, additional creative segments, and the continued availability of written transcripts. You may DONATE at our gofundme page at https://www.gofundme.com/f/support-souvni-on-the-mike-radio-show
SOUVNI: Mèdam e Mèsye, m ape di nou yon bèl bonswa. M ap voye yon gwo kout chapo pou tout oditè ki ape koute nou aswè a. Ke w te lakay ou, ke w te nan travay, nan machin ou, sou telefòn oubyen òdinatè pòtab ou, welcome e byenveni nan emisyon Souvni on the Mike la.
Sou mikwo a, ou genyen animatris emisyon an, Souvni.
E nou genyen avèk nou tou zanmi envite nou ki toujou pase nan estidyo an. Yon bèl bonswa, Mesye Valentin.
VALENTIN: M ape salye tout zanmi oditè nou yo.
SOUVNI: Jodi a, zanmi nou yo, nou pral rakonte yon bèl istwa. Donk rale chèz ou. Fè yon ti chita pou tande koze. Nou pral antre nan yon istwa ki pa t ekri nan liv sèlman. Yon istwa ki pa t ekri nan lank sèlman. Men, yon istwa ki te ekri avèk san. Ki te ekri avèk lasuè. E ki te ekri ak kouraj yon pèp ki pa t konn sa yo rele KITE SA. Yon pèp ki si tèlman te gen kouraj, yo te refize kouche atè pou sèvi kòm machpye.
Nan emisyon jodi a, n ap komemore fèt drapo Ayisyen an ki se 18 me.
Aswè a, nou p ap sèlman selebre yon drapo.
Nou ap selebre yon moman nan listwa kote yon pèp te leve kanpe. Yo te frape pye yo atè. Epi yo di:
“C’est assez! Nou p ap viv atè a ankò!”
"Nou refize viv nan lesklavaj!"
"Li lè pou nou genyen pwòp lidè pa nou!"
"Li lè pou nou genyen yon senbòl!"
"Yon senbòl ki va reprezante nou kòm yon pèp!"
Oditè nou yo, aswè a, nou pral viv istwa sa a ansanm. Nou pral mache nan wout zansèt nou yo te pase. Nou pral santi kouraj zansèt yo ki pral bat nan kè nou. Nou pral viv moman yo kòmsi yo t ap pase kounye a.
Rete branche, zanmi. Lè nou tounen, nou pral plonje byen fon nan pati nan istwa peyi nou kote drapo Ayisyen an t ap pran nesans.
Istwa a
SOUVNI: Byenveni ankò zanmi. Welcome. Pou komemore nesans drapo Ayisyen an, an nou fè yon vwayaj ansanm. Yon vwayaj ki pa bezwen ni avyon, ni bato, ni okenn preparasyon, men sèlman imajinasyon nou.
Zanmi fè yon ti fèmen je w.
Lè ou ouvri zye ou, lokasyon kote ou va ye an, se va Akayè.
Yon ti vil ke yo rele Akayè.
Dat la se 18 me. Ane 1803.
Solèy la cho. Tè a cho. Chalè tè a ap leve soti nan sòl la. Men, gen yon chalè ki pi fò pase solèy la. Se chalè kouraj yon gwoup moun.
Anba yon ti tonèl ke yo drese bò kote yo gwo pye mapou, moun sa yo rasanble.
Gen enpe ki chita anba tonèl la. Gen enpe ki chita sou wòch. Gen sa ki apiye sou pye mapou a.
Gade yo. Gade figi yo byen. Gason yo dyanm. Fanm yo plen ak kouraj. Jenn moun yo kanpe fò kou pye mapou a. Ata granmoun yo gen fòs. Paske, sa se moun ki travay di. Yo abitye fè gwo kòve. Paske se nan esklavaj yo leve.
Men, jodi a yo bouke soufri, yo bouke plenn, bouke mouri. Yo deside leve kanpe.
Yo pa gen anpil zam. Men yo genyen bagay ki pi fò pase zam. Yo gen volonte yo.
Nan mitan foul la, gen yon nonm ki kanpe dwat tankou yon poto mitan. Li se yon sòlda ki konn abitye goumen. Je l klere tankou dife.
Se Jean-Jacques Dessalines.
Dessalines kanpe la nan pami gwoup moun yo anba tonèl la. Men pa twò lwen an, gen yon drapo Franse ble, blan, wouj, ki ap flote nan van an.
Konsa gen yon sitwayen Franse ki vin ap pase. Li salye drapo Franse a avèk fyète.
Dessalines remake sa. Lamenm, san li pa di yon grenn mo, li mache al kot poto ki kenbe drapo a. Li glise drapo Franse a desann, enpi li kenbe l nan men l. Li di konsa:
VALENTIN: Sa se pa drapo nou! Sa se drapo yon pèp ki te achte nou. Sevi avèk nou kòm esklav! Nou bezwen yon drapo ki reprezante nou. Yon drapo ki reprezante pèp lib ke nou ye a.
SOUVNI: Lamenm, Dessalines pran drapo a, li kòmanse chire l.
Dessalines rache pati blan ki nan drapo ble, blan, wouj la. Li lage l atè tankou yo chenn yo kase, ki tonbe atè a.
Te genyen yon jenn fanm ki te anba tonèl la tou — Katrin Flon — Yon jenn fanm ki konn koud. Depi yon moun bezwen pyese yon vye rad se kot Kathrin Flon yo ale.
Katrin Flon pa t gen zam. Li pat gen estrateji. Men li te genyen dwèt li. Dwèt ki konn koud. Dwèt ki konn kreye. Dessalines mache al jwenn Katrin Flon anba tonèl la, epi li di li:
VALENTIN: Katrin Flon, mwen gen yon misyon pou ou jodi a.
SOUVNI: Dessalines lonje de moso twal ble ak wouj drapo ki te rete a. Katrin Flon pa t mande okenn kesyon. Li te gentan konprann.
Kathrin Flon pran de moso ki rete yo, ble ak wouj la, epi li chita sou yon ti wòch. Li pase fil la nan zegwi a, epi li kòmanse koud.
Chak pwen li fè ak zegui a, se te yon pwen kouraj.
Chak kouti li fè, se te yon kouti ki te sele libète yo.
Chak mouvman dwèt li, se te yon mouvman ki te di: “Nou se yon sèl pèp.”
Tout moun yo te chita anba tonèl la, yo t ap tann.
Yo t ap tann!!!
Yo t ap gade senbòl libète yo ki ap trase anbe je yo.
Lè Katrin Flon fini. Li Lonje drapo a bay Dessalines.
Dessalines pran drapo a. Li leve li dousman. Li gade l byen. Ble a te briye tankou syèl la. Wouj la te klere tankou san yo ki te koule pou libète.
Drapo Ayisyen an te leve pou premye fwa.
Gwoup moun yo te fè yon bri ki te soti nan zantray yo. Yon bri ke yo pa janm tande depi lontan:
“Viv libète!” “Viv Ayiti!"
SOUVNI: E konsa, yon drapo te fèt. Se pa t nan pentire. Se pa t nan dekorasyon. Men se te nan rebelyon. Nan rechèche diyite. Se te nan rechèch pou libète ke drapo a te fèt.
Depi lè sa a drapo a, premye drapo Ayisyen an, te flote nan van an. Li pa t made sispann. Pou premye fwa nan listwa mond lan, yon pèp ki te esklav leve yon drapo ki di:
“Nou se moun. Nou se pèp. Nou merite libète.”
SOUVNI: Zanmi nou, nou sot tande emosyon yo. Nou sot fè eksperyans kouraj pèp la. Kounye a nou pral pran yon ti leson sou evolisyon drapo Ayisyen an. Paske drapo ke nou wè jodi a, li pa t senpleman parèt konsa. Li gen yon ti istwa ki long, ki chaje ak konfli, aksyon, chanjman, e lespwa.
An nou pran yon ti detant. N ap retounen talè konsa avèk evolisyon drapo Ayisyen an.
Evolisyon Drapo Ayisyen an
VALENTIN: N ap kòmanse an 1791 — Revolisyon Ayisyen an.
1791 - Tout bagay kòmanse ak yon sèl mo: LIBÈTE. Revolisyon esklav Ayisyen an pete an 1791. Se premye fwa nan listwa mond lan esklav leve kont mèt yo. Yon bann ti esklav leve kont yon gwo pouvwa kolonyal. Yo di, 'Nou se moun tou! Nou pa esklav ankò! Gen sa ki mawon, al kache nan mòn nèt. Yo t ap tann gason ak fanm ki te rete dèyè sonnen kòn lanbi a pou yo desann vin goumen.
SOUVNI: 1803 — Kongrè Akayè a te fèt an 1803.
Se la ke Dessalines te rache koulè blan nan drapo Franse a. Li bay Katrin Flon l pou koud. Epi konsa, wi konsa! nou te gen yon drapo! Nou te yon pèp! Nou gen yon senbòl ki reprezante nou! Sa se yon moman ki te chanje tout lemond antye nèt.
VALENTIN: 1804 — Fanm ak Gason mete pye yo atè. Yo mete kanson kouraj yo sou yo. Yon dènye lit. Yon dènye goumen. Ayiti vin Endepandan. Bri Kouri! Nouvèl la gaye! 1 janvye 1804 — Ayiti vin premye repiblik nwa endepandan nan mond lan. Drapo ble e wouj la vin senbòl viktwa, diyite, ak libète. Tout lòt peyi ki te gen esklav yo, yo sezi! Anpil nan esklav nan lòt peyi yo, kounye a, yo mande pou vin abite Ayiti, paske Ayiti te ofri libète pou moun nwa.
SOUVNI: 1805 — De 1805 a 1840, drapo Ayisyen an te fè anpil chanjman koulè. Anpil chanjman fòm. Chak lidè politik te gen pwòp vizyon pa yo. Yo te chanje koulè ak chema drapo a anpil. Men ble e wouj la te toujou retounen.
VALENTIN: 1843 — Se ane sa a ke drapo ble e wouj la te retounen ofisyèlman an Ayiti. E depi lè sa a, se li ki vin tounen drapo nasyonal Ayiti. Ble pou inite. Wouj pou kouraj.
SOUVNI: 1964 —François “Papa Doc” Duvalier te pran pouvwa ann Ayiti. Li te chanje koulè drapo nasyonal la ankò. Li te retire ble a, epi li te retounen ak drapo nwa e wouj la. Koulè nwa a te reprezante revolisyon nwa yo, fòs pèp la, ak eritaj batay kont esklavaj. Wouj la te senbòl san ki te koule pandan lit pou libète. Drapo nwa e wouj la te rete drapo ofisyèl peyi a pandan tout rèy Papa Doc, ni gouvènman pitit li, Jean‑Claude “Baby Doc” Duvalier. Se sèlman apre Baby Doc te kite pouvwa a nan mwa fevriye 1986, lè pèp la te leve kont diktati a, ke drapo ble ak wouj la te retounen kòm drapo ofisyèl Ayiti.
VALENTIN: 25 Fevriye 1986 jouk jounen jodi a — Se jou sa ke drapo a te ofisyèlman retounen koulè ke nou konnen jodi a. Nan ane sa a, fèt drapo Ayisyen an te flote yon drapo ble e wouj ankò jouska jodi a. Drapo Ayiti a se yon drapo de (2) koulè, ki genyen de (2) bann orizontal ble ak wouj. Nan mitan li, gen yon dekorasyon panno rektangilè blan ki genyen blazon Ayiti a sou li. Blazon an reprezante yon twofe zam sou tèt yon ti mòn vèt ak yon palmis wayal ki senbolize endepandans. Palmis la genyen yon Chapo Libète anlè tèt li. Epi, deviz L'Union fait la Force la parèt sou yon riban blan ki anba imaj sa a.
SOUVNI: Jodi a, drapo Ayisyen an, se pa sèlman yon twal ki genyen de (2) koulè. Se batman kè tout Ayisyen. Se yon siy ki vle di ke nou vivan toujou. Se yon siy ki vle di ke n ap debat toujou kòm yon pèp.
VALENTIN: Pou jèn yo, drapo a se idantite. Pou granmoun yo, drapo a se souvni istwa ki te pase nan tan yo. Depi se 18 me, sot lari Pòtoprens rive Brooklyn, nan Miami rive Montreal, nan Chili rive Lafrans, Ayisyen leve drapo an ak yon fyète ke ou pa ka mezire. Tout jenerasyon yo melanje. Timoun ak ti drapo ble e wouj mare nan ren yo. Jèn ak mayo drapo a sou pwatrin yo. Granparan yo ak foula drapo sou zepòl yo, tout nan kou yo. Nan chak parad, chak fèt, chak 18 me, drapo a leve tankou yon lapriyè. Yon priyè ki genyen fyète ladan li. Li leve kòm rasin nou. Li leve kòm yon memwa ke nou p ap janm bliye.
SOUVNI: Lè yon Ayisyen mete drapo a, se pa lamòd ke li mete non. Men se yon istwa ke l ap komemore. Se diyite li ke la demontre. Se fòs zansèt li ke l ap fete. E chak fwa ke nou wè drapo Ayisyen an ap flote nan van an. An nou toujou sonje tout sakrifis ki te fèt pou nou menm Ayisyen te ka rive kote nou ye jodi a.
Refleksyon Sou Jean-Jacques Dessalines
SOUVNI: Zanmi n ap kontinye bèl pwogram nou pou nou bay drapo Ayisyen respè ke li merite.
E pou nou fè sa. Nou pral fè yon ti refleksyon sou Ayisyen ki te kreye drapo a.
Moun ki te premye panse ke, "mezanmi fòk nou lib. Yo pa ka pran nou, fè nou esklav.
Y ap manje dòb a woti. Epi nou menm, n ap dòmi sou nat, n ap travay maten midi swa san peye".
VALENTIN: Dessalines pa t ap pran sa nan men w. Li rasanble sòlda. Epi li te gen tandans di w: si yon moun se ti kriye dèyè manman ou ye, li pa bezwen sa nan lame li.
SOUVNI: Si w se moun ki te mete pantalon pou bèl twal, ou pa t ap kapab patisipe nan lame Dessalines.
Dessalines se yon sòlda ki te fò. Li te gen sa yo rele balls of steel. Misye te gen grenn nan bouda l. Li pa t manje anyen frèt. Donk an nou eksplore 5 pawòl ke Dessalines te di ki pral fè w panse:
VALENTIN: Premye Pawòl La - : “Que ceux qui veulent rester esclaves des Français sortent du fort, que ceux, au contraire, qui veulent mourir en hommes libres se rangent autour de moi.”
SOUVNI: Jan w tande l la. Moun ki vle rete esklav fransè yo soti nan fò a, men se pou moun ki vle mouri kòm moun lib rete bò kote m.
Dessalines t ap teste sòlda li yo. Li t ap chèche gason ki gen kran, ki gen kouraj, pa moun ki kapon.
Se konsa yon lidè pale. Li te konnen ke libète pa gratis. Libète pa pou moun ki kapon.
VALENTIN: Dezyèm Pawòl La - “Jurons de combattre jusqu'au dernier soupir pour l'indépendance de notre pays.”
SOUVNI: Wi. Ann sèmante pou n goumen jouk dènye souf nou pou endepandans peyi nou.
Mezanmi o! Lè yon nonm di “dènye souf,” se paske li konprann ke libète t ap vin a yon pri. E li te pare pou l te peye sa ak lavi li. Li te prè pou l mouri.
Sa se pa pawòl moun fèb.
VALENTIN: Twazyèm Pawòl La - : “Je vous fais tous sauter si les Français pénètrent dans ce fort.”
SOUVNI: Pawòl sa rèd wi. M ap fè nou tout la eksploze si Fransè yo antre nan fò sa a.
Sa se pawòl yon nonm ki pito mouri ak diyite li, pase pou l viv nan lawont. Pase pou l viv nan lesklavaj. Se kòm si misye te di. Tande, si nou kite vòlè antre nan kay la aprè ke mete bon kadna nan pòt yo, m ap tou touye nou, m fini ak sa.
Dessalines t ap di sòlda yo: “Si nou pè, n ap mouri. Si nou pa pè, n ap viv.”
Se konsa li te kenbe lame li kanpe byen solid.
VALENTIN: Katriyèm Pawòl La - “Nous avons osé être libres, osons l'être par nous-mêmes et pour nous-mêmes.”
SOUVNI: An bon kreyòl, "Nou gen odasite pou n devni moun ki lib, si pou nou vin lib se poukont nou pou nou fè li. E pa gen moun k ap fè sa pou nou."
Dessalines t ap di: “Pa tann okenn moun pou vin delivre w.” Libète pa janm soti nan men moun k ap toupizi w la.
Li soti nan men moun ki gen kouraj pou pran li.
VALENTIN: Senkyèm e dènye pawòl ke n te vle diskite a - “Que m'importe le jugement de la postérité, pourvu que je sauve mon pays.”
SOUVNI: Aha! Kite mele m a moun ki pral bay pitit pitit mwen jijman, depi m sove peyi mwen.
Mezanmi, sa se pawòl yon nonm ki pa t ap chèche laglwa.
Li t ap chèche rezilta.
Li t ap chèche libète pou pèp li. Li pa t ap chache opinyon moun.
Li te konnen ke depi misyon li reyisi, pitit pitit li ap lib, donk p ap gen jijman pou yo.
Mezanmi, Jean-Jacques Dessalines se te yon nonm ki te mache ak kouraj sou zepòl li. Li pa t pè mouri. Li te gen yon sèl deviz. Se ou swa li te lib ouswa li te mouri. Li te gen odasite pou l te chire drapo franse a pou l fè pwòp drapo pa l. Panse ak sa. Yon moun konsa, ou gentan wè ak kisa li fèt. Donk m espere ke ou gen yon bon lide de nèg sa a ki te kreye drapo Ayisyen nou an. Li ta pito mouri pase pou n pa ta lib jodi a. Donk zanmi nou, chak kou n ap fete drapo Ayisyen an, an nou sonje sa.
Enfòmasyon kontak nou
SOUVNI: Wi mèdam e mèsye, ou branche sou emisyon Souvni On The Mike. Sou Mikwo a, ou genyen animatris emisyon an, Souvni. N ape fè ti dyalòge avèk Mesye Valentin, yon zanmi nou ki pase nan estidyo an detanzantan pou patisipe nan diskisyon nou. Emisyon Souvni On The Mike la vin jwenn ou lakay ou chak vandredi soir at 7:30 PM sou Radyo Konpa, nan WLQY 1320 AM.
Si ou ta renmen kontakte nou, ou kapab ale nan sit wèb mwen, SOUVNI.ORG. Lè w ale nan sit lan, gade sou bò goch ekran an, w ap wè yon ti kare ble, ki make, poze kesyon ou la. Ou kapab poze kesyon ou, mete imèl ou, epi soumèt li, w ap jwenn repons. Pi ba goch anba ekran an, si ou ta renmen telechaje emisyon an apre ke li fin pase, ou va wè yon lyen ki make Souvni On The Mike. Lè ou klike sou lyen sa a, ou va jwenn podcast Souvni on the Mike la kote emisyon yo va disponib pou telechaje si ou ta renmen tande yo ankò.
Dakò zanmi, rete branche avèk nou toujou. La Famille Pòt ap vini talè konsa.
LA FAMILLE PÒT
Epizòd 18
TIKA’S FLAG DAY SCHOOL PROJECT
OVILA: Tika, ou fin manje? Fè vit non. Paske pwojè lekòl ou an p ap fèt pa mirak non!
DYAK: Wi Tika, si w bezwen nou ede w avèk pwojè w la, vin fè sa vit kounye a.
TIKA: Manmie, papi, attendez un instant. Je suis prète. Tout bagay deja pare pou m fè pwojè prezantasyon Fèt Drapo a pou lekòl mwen. Men, yon sèl bagay mwen bezwen, se yon moun ki pou fè vwa Dessalines.
DYAK: Ah, Tika! Sa se pral travay pa mwen! Moun toujou di mwen ke mwen gen yon bèl vwa istorik! Tande sa: "Ahem.... Annavan! Annavan! Boulèt se pousyè!
TIKA: Papi, ça se pa la voix de Dessalines. Ça se Capois Lamort qui a dit ça.
FREYA: Yeah dad, if you're gonna help Tika with her homework project. You need to know your Haitian history.
TIKA: Allez-y papi. Fais la voix de Dessalines.
DYAK: Hmm. Tande bèl pawòl sa a: “En me renversant, on n’a abattu à Saint-Domingue que le tronc de l’arbre de la liberté, mais il repoussera car ses racines sont profondes et nombreuses.”
TIKA: Mais, papi, pourquoi tu plaisantes comme ça? Se pa Dessalines ki te di pawòl sa yo. Se Toussaint Louverture ki te di yo.
DYAK: Pa enkyete Tika. Mwen senpleman t ap tcheke pou w wè si w konn Istwa Ayti ou.
OVILA: Sispann jwe non Dyak. Di pawòl Dessalines nan non pou nou fini avèk pwojè a.
DYAK: Okay, Dakò. Men pawòl Dessalines yo: Ahem: "Jurons de combattre jusqu'au dernier soupir pour l'indépendance de notre Pays."
FREYA: Whoa, Dad… you sound like you’re auditioning for a superhero movie.
OVILA: Freya, kite papa w an repo tande! M panse se konsa Dessalines te konn pale nan tan lontan. Li te yon sòlda, donk li dwe te gen gran vwa ak gwo kouraj!
TIKA: D'accord tout le monde. Un p'tit silence. Mon projet est simple. M dwe eksplike kijan drapo Ayisyen an te fèt. Ki moun ki te koud li. Epi, poukisa li enpòtan. Men mwen ta renmen fè yon ti pyès teyat avè l, paske pwofesè m nan renmen lè m fè bon prezantasyon byen vivan.
FREYA: So basically, Tika, you want a whole Broadway show in our living room.
OVILA: Freya, sispann non. Ou pa wè se ede n ap ede sè ou? Tika, kòmanse non. Nou pare.
TIKA: D'accord Manmie. Voici ma presentation: "Nan 18 me 1803, nan Arcahaie, te gen yon gran rasanbleman. Dessalines pran drapo Franse a, li chire l, epi li di: Papi, ale.
DYAK: “Sa se pa drapo nou!”
FREYA : Okay… that was actually good, dad.
TIKA: Apre sa, li rache pati blan an nan drapo a. Epi li bay yon fanm ke yo rele Katrin Flon koud drapo a. Katrin Flon se te yon fanm ki te gen anpil kouraj. Li pran drapo a nan men Dessalines, epi li di:
FREYA: Mommy that's where you come in. That's your part.
OVILA: Oh se tou pa mwen. ok. Ale non Tika.
TIKA: Dessalines bay Katrin Flon drapo a, epi Katrin Flon di:
OVILA: "Nou se yon sèl pèp! M ap pran zegui ak fil pou m koud drapo a."
DYAK: O O Ovila, ki vwa w ap bay la?
FREYA: Mommy, what kind of voice is that?
OVILA: O O se vwa Kathrin Flon m ap fè. M panse se konsa l te pale. Katrin Flon te gen yon vwa dous ki te mennen o van.
TIKA: Manmie. Ecoute moi s'il vous plait. Li pa nesesè pou fè tout teyat sa yo. Fè sa nan vwa nòmal ou tanpri.
OVILA: Dakò Tika. "Nou se yon sèl pèp! M ap pran zegui ak fil pou m koud drapo a."
FREYA: Not too bad. Mommy!
TIKA: E konsa, drapo Ayisyen an pa t fèt pou dekorasyon. Li te fèt pou sonje batay, pou sonje inite, pou sonje fòs nou kòm Ayisyen.
DYAK: Tika, Bravo! Sa se yon bèl prezantasyon ki pral fè pwofesè w la kriye!
OVILA: Non, se mwen ki pral fè pwofesè a kriye. Mwen pral ale lekòl la ak yon gwo drapo mare sou tèt mwen!
DYAK: E mwen menm, Tika, ou vle mwen vini lekòl la abiye avèk kostim Dessalines?
TIKA: Non non non non! Manmie, papi, je vous en prie. Abiye nòmal pou prezantasyon an. M senpleman vle pase klas la, mwen pa bezwen yon gwo pwodiksyon La Famille Pòt!
END
Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Se te Souvni on the Mike. Pase bon wikenn