Souvni On The Mike

Love Letter to Haiti

Mandaly Louis-Charles

Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.

0:00 | 29:36

Send us Fan Mail

In this episode, Souvni takes listeners on a wild, imaginative tour of Haiti, not through maps, but through the human body. Si Ayiti te yon moun, ki pati nan kò a chak depatman ta ye? From the proud crown of the North to the steady spine of the Centre to the heartbeat of the West, we explore the country through a fresh, playful lens that blends culture, geography, and personality. Explore how each region becomes a living character through Haiti’s body map, department personalities, and symbolic storytelling.

Then, inside La Famille Pòt, Tika, Ovila, and Freya each take turns declaring which Haitian department THEY would come from based on their attitude, and of course, they get loud, dramatic, and petty about it. But the real comedy starts when they try to guess where Dyak would come from. Is he the calm Centre? The mysterious Nippes? The dramatic West? Or something none of them expected? Their guesses are bold… but are they right? Dive deeper into La Famille Pòt dynamics or explore character symbolism.

It’s culture, comedy, imagination, and Haitian pride — all wrapped in one unforgettable episode.

Support the show

Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/




SOUVNI: Zanmi oditè nou yo, onè respè! Byenveni e welcome nan emisyon Souvni on the Mike la yon fwa ankò. 

W ap koute animatris emisyon an Souvni.

Chache chèz pou chita, kèlkeswa kote ou te ye a. Rale yon brevaj. Apiye kò w. Kage tèt ou. Paske mizik la pral dous tankou rapadou. Pawòl yo pral vlope w tankou yon ti bebe. E gita a pral siwèl tankou myèl.

Emisyon jodi a se yon lèt afeksyon pou Ayiti. 

Yon lèt deklarasyon. 

A love letter to Haiti.

 

Wi zanmi, n ape dekachte yon anvlòp santibon. N ap prezante yon biyè womantik pou Ayiti. Men kòm toujou, an nou toudabò akeyi mesye Valentin pou li ka patisipe avèk nou nan pwogram nou jodi a. Onè Valentin!

VALENTIN: Respè Souvni! Bonswa tout zanmi oditè ki ape koute. Nou gen lontan depi n ap pale pou nou fè yon emisyon, yon spotlight, sou bote Ayiti, sanble jodi a se jou an.

SOUVNI: Wi zanmi nou yo ki ape koute. Jodi a n ap fè Ayiti tounen yon modèl. N ap mete li kanpe sou podyòm Souvni on the Mike la, n ap fè li vire tounen, pou nou kapab revele bote li, atitid li, ak valè l. 

VALENTIN: Se sa. N ap mete Ayiti sou yon plateau tournant, epi n ap fouye chak kwen li tankou se nan CSI: Edisyon Karibeyen an ke nou te ye.

SOUVNI: Donk Valentin, lè n ap fè referans ak bèlte Ayiti konsa, a kisa li pli sanble ak bote feminen oubyen bote maskilen?

VALENTIN: Bon, genyen tout yon istwa ki atache ak sa. Depi nan 18yèm syèk lan, lè koloni Franse te ateri nan ti zile sa a, yo te bay Ayiti yon ti non feminen, "la Perle des Antilles" paske li te youn nan koloni ki te pi pwofitab nan mond lan. Ayiti te konn rann anpil lajan. Ti non feminen sa a te tou rete. E kounye a, li fè pati nan listwa.

SOUVNI: Se vrè. Epi nan règ lengwistik, lè y ap pale de Ayiti, yo pale de li kòm yon peyi feminen.  Dapre règ lengwistik franse a, yo bay li yon sèks gramatikal feminen. 

VALENTIN: M ap ajoute tou ke Ayisyen gen tandans pale de Ayiti kòm yon figi matènèl ki ap pran swen yo. Ayiti se yon manman, yon pwotektèz. Ayiti se yon fanm ki pa sèlman bèl pou peyizaj, li bèl pou karaktè ak mak lamizè ke li pote. Sa se pi bèl bote a.

SOUVNI: Lè nou leve Ayiti sou podyòm Souvni on the Mike la, mezanmi, nou pral pale de sa ki fè Ayiti bèl konsa. Se bote natirèl li. Ayiti genyen yon peyizaj ke moun poko touche, ke yo pa deranje. Yon peyizaj ki vyèj.

VALENTIN: Ayiti gen yon divèsite byolojik ki ekstraòdinè. Tè Ayiti rich anpil. Li pwodui pi bon jan kreyati ak pye bwa twopikal ki esansyèl. Ayiti gen gwo montay ki kanpe dyanm. E li gen yon sòl ki trè rich avèk mineral ki itil. Ayiti gen anpil rivyè ki fre, klere, e ki donnen bèl flè. Lanmè Ayiti gen dlo ki ka mete w byen enganm.

SOUVNI: Tout bagay sa yo bay Ayiti yon klima ki inik.  Se pou sa tout Ayisyen genyen yon relasyon ki prèske gen yon sans espirityèl avèk Ayiti. Ke moun nan te fèt Ayiti. Ke moun nan se yon eritaj Ayisyen ki fèt nan peyi etranje, ke moun nan te yon etranje, depi ou vizite Ayiti li toujou gen yon efè emosyonèl sou ou. E se pousa nostalaji toujou anpare w lè w kite Ayiti dèyè. 

VALENTIN: Zanmi, nou pral eksplore diferan pati nan Ayiti tankou kò yon moun. Men sa pa vle di ke n ap objektifye peyi a non. Nou ta renmen pran konparezon sa yo, sèvi ak yo, pou eksplike fòm jewografik Ayiti nan yon langaj ke ou kapab rekonèt. Nan mo ak tèm ke ou kapab idantifye. Dekwa pou makonnen idantite kiltirèl ou pi byen ak peyi ou.

 

SOUVNI: Ayiti genyen plizyè depatman. 

VALENTIN: Dis (10) depatman.

SOUVNI: Menm jan ak kò yon moun, chak depatman sa yo sèvi kòm yon pati nan kò peyi a. Donk li gen pye. Li gen vant. Li gen bra. Li gen lestomak. Li gen tèt.

VALENTIN: M panse ke depatman Nò se tèt Ayiti.

SOUVNI: Poukisa w panse ke se depatman Nò ki tèt la? 

VALENTIN: Paske se zòn sa ke wa Henri Christophe te chwazi pou fè wayòm li. Pou li te kanpe sitadèl la. Donk sitadèl la se kouwòn pou mete sou tèt peyi a. 

SOUVNI: Latibonit se vant lan. Se li ki ap nouri tout kò an avèk bon jan diri.

VALENTIN: Zòn Lwès se kè a. Paske se la kapital la ye. Se la tout operasyon antrepriz yo ye pran plas.

SOUVNI: M panse pèp la se san peyi a. Se yo ki toujou ap sikile andan peyi a. Fè va e vyen. Monte desann pou mennen lavi. Pou bay peyi a bon ti oksijèn.

VALENTIN: E Si w pa dakò, se paske, petèt ou soti nan depatman ki gen plis atitid la!

SOUVNI: Lè nou tounen zanmi, nou pral pale de bote chak depatman sa yo. Chal manm itil sa yo ki vin fè Ayiti yon bèl fanm ke ou pa ka refize.

 

Depatman Nò.

SOUVNI: Depatman Nò se Tèt Ayiti. Se tèt la ki pote kouwòn nan. Se tèt la ki gen brenn nan. Se la memwa Ayiti ye. Vil Kapital depatman Nò se Okap.  Okap se yon vil yo te konsidere menm jan yo konsidere vil Pari an Frans. Se te yon vil pou moun ki rich, moun ki mete rad ki alamòd, moun ki abiye tankou yo te nan katalòg, moun ki pa bezwen entwodiksyon.

VALENTIN: Nan listwa, se la ke yo te fè seremoni Bwa Kayiman ki te kòmanse revolisyon Ayisyen an. Se la dènye batay la te fèt, Batay Vètyè a. Dènye kou pou touye koukou a, ki te mete Ayiti sou kat lemond antye kòm premye repiblik moun nwa ki lib. Moun nan Nò gen anpil fyète pou sa. Depi ou bezwen konnen si you moun soti nan Nò, gade kijan y ap mache. W ap konnen.

SOUVNI: Kijan yo mache?

VALENTIN: Yo mache tankou moun ki gen yon kouwòn sou tèt yo. Yo pa janm prese. Se kòm si pye yo pa pile tè menm. Yo jis glise lè y ap mache. Menm lè y ap pale yo pran san yo tou. 

SOUVNI: Si Ayiti te yon fanm, Nò se ta tèt li. Zòn Nò an ta pote kouwòn li.

 

Depatman Latibonit.

SOUVNI: Depatman Latibonit se vant Ayiti.

VALENTIN: Se pa ti vant non. Se gwo Vant menm. Depatman sa esansyèl pou devlopman agrikòl Ayiti. Yo pwodui diri kou moun k ap pati. Yo fè diri depase tout rès peyi a ansanm nèt.

SOUVNI: Kapital la se Gonayiv. Vil Endepandans lan. Se la Jean Jacque Dessalines te ofisyèlman deklare peyi a lib.  Moun Gonayiv mache kòm si se yo ki te envante libète. E ou pa ka blame yo pou sa. 

VALENTIN: Gonayiv se kote Ayiti te leve kanpe, pran souf, epi di: “Nou pap janm tounen esklav ankò.” Se poutèt sa yo pa bese Yo pa kase. Yo pa mande padon. Yo leve. Latibonit se vant Ayiti. Kote fòs la fèt. Kote endepandans la pran souf. Kote nou aprann kenbe tèt nou.

SOUVNI: Si w soti nan Latibonit, ou se poto mitan peyi a. Epi ou gen anpil diri nan san w.

 

Depatman Lwès.

SOUVNI: Depatman Lwès se batman kè Ayiti. Kè a se sant enèji peyi a. Se motè peyi a. Se ponp ekonomik la. Pwen rasanbleman an. Vil kapital la se Pòtoprens. Kè a se kòm sant politik e sosyal la. Kè a se kote desizyon yo fèt, kote bri yo leve. Nouvèl yo pran dife. Si kè a bat fò, tout rès peyi a santi l. 

VALENTIN: Pòtoprens se yon kè ki ap bat sou kafe, sou sik, sou politik, sou bri. Se yon kè ki pa janm dòmi. Se sèl vil ki leve chak maten ak yon atitid frekan san pèsonn pa fache avè l. Moun Pòtoprens, wa pa kouzen yo, prezidan pa bòpè yo. Yo pa ba w regle anyen pou yo. Yo konnen depi yo pale tout moun kanpe ogadavou pou koute.

SOUVNI: Valentin, Pòtoprens se yon vedèt ki toujou gen bri, nouvèl, politik. Tout moun ap gade l, tout moun ap pale de li, e li toujou gen yon antre espesyal ke l ap fè.

VALENTIN: A Pòtoprens se lokasyon gwo espetak kanaval wi. Moun pòtoprens konn fete wi, avèk gwo defile, bon jan danse, mizik ak bon jan konpa tradisyonèl la.

 

Depatman Nòdwès.

SOUVNI: Depatman Nòdwès, se pye Ayiti. Pye yon moun se sipò li. Pye a se mouvman. Se estabilite. Kapital Nòdwès la se Pòdepè. Se yon kote ki gen plis istwa pase liv lekòl menm. 

VALENTIN: Men wi! Se la Kristòf Kolon te rive an 1492 nan Mòl Sen Nikola. Yo rele l “Jibralta Karayib la.” Sa vle di? Si w pa gen fòs, pa vin pase la! Si ou pa gen pye pou mache, ou pa ka al Pòdepè. 

SOUVNI: Se sèl kote ou ka wè yon moun ap mache senk (5) kilomèt san yon grenn laswè pa tonbe soun fontèn yo.  Se moun ki fèt pou lite! Moun Pòdepè, yo gen yon enèji ki di, “m ap fè l rive menm si m pou kont mwen.” 

VALENTIN: Se yon depatman ki toujou kenbe tèt li. Lè Pòtoprens nan dezòd, lekòl Nòdwès ap mache nòmal. Moun Nòdwès pa janm tann wout. Yo pran lanmè. Yo se maren.  Yo se pirat modèn. Yo se kalite moun ki di, “m ap rive lakay mwen menm si pa gen wout.”

 

Depatman Sidès.

SOUVNI: Depatman Sidès la se zye Ayiti. Mwen konsidere pati Sidès la kòm zye Ayiti, paske moun sa yo se atis yo ye. Yo toujou ap reve. Zye a se vizyon peyi a. Zye a bay yon fenèt sou mond lan. Se zye a ki mete linèt pou li wè tout bagay yo yon lòt koulè.

VALENTIN: Vil Kapital depatman Sidès la se Jakmel. Jakmèl se kapital atizay lemonn. Tout bagay bèl. Menm pyebwa yo sanble y ap poze pou yon foto. Jakmèl gen achitekti 19yèm syèk, balkon ki kanpe tankou yon teyat ki ap tann aplodisman, kay ki sanble yo soti nan yon fim. Se sèl vil kote menm moustik gen bèl estil!

SOUVNI: Epi kanaval Jakmèl la? Se pa kanaval non. Kanaval Jakmèl se yon mize mobil li ye. Mask, atis, dans, tout moun tounen yon tablo vivan.  Mask Jakmèl yo tèlman bèl. Lè l ap kouri dèyè w, ou pè li men w ap admire l an menm tan!

VALENTIN: Sidès se te youn nan premye kote nan Karayib la ki te gen elektrisite ak telefòn. Yo te modèn depi avan modèn te vin alamòd.  Yo t ap limen limyè lè lòt moun t ap chèche chandèl.  E peyizaj la menm? Lanmè, mòn, bèl kaskad dlo k ap tonbe sot nan mòn yo, tout bagay yo melanje tankou yon kat postal. 

SOUVNI: Se sèl depatman kote ou ka naje nan plaj nan maten, monte mòn a midi, epi al fè foto bò yon bèl kaskad dlo nan lapremidi. 

 

Depatman Sid la. 

SOUVNI: Depatman Sid la se poumon Ayiti. Se kote Ayiti respire. Se kote tè a pran souf. Se kote rasin yo fè pafen. Yo kiltive anpil vetivè nan depatman sid la. Chak briz ki soti la pote sant vetivè. Tankou yon souf pwòp k ap remonte nan tout kò peyi a. Kapital la se Okay. Lè w ap mache nan zòn sa se tankou se nan yon faktori pafen w ap mache. Yo pwodui vetivè ki ale nan tout gwo mak pafen nan lemond antye. 

VALENTIN: Moun nan zòn Sid pa pè mache sou moun non, paske yo konnen yo santi bon natirèlman. 

SOUVNI: Si ou janm ale nan zòn Sid Ayiti, vizite Masif Makaya — yon pak nasyonal ki sanble ak yon mize lanati ke Bondye fè ak pwòp men pa l. 

VALENTIN: Souvni, Pa bliye pou vizite Gwòt Mari Jàn nan — pi gwo kav ke yo te dekouvri an Ayiti. Se yon mèvèy. Depi ou parèt anndan li, kav la gwo, li long, epi li fon. Lè ou parèt nan zòn Sid la se kòm si se nan yon bèl foto kat postal ou tonbe. Moun Sid gen gwòt anba tè, dlo k ap tonbe, plaj ki si tèlman pwòp, ou wè byen fon anba dlo a. 

SOUVNI:  Bon, zòn sa gen plis atraksyon pase Disney World! 

VALENTIN: Moun nan Sid kè pòpòz paske lè ou grandi ak vetivè k ap santi bon nan nen w, dlo k ap koule dousman, ak briz k ap fè ti masaj nan zòrèy ou, ou pa ka prese. Menm estrès la pran yon ti poz pou l respire tou.

 

Depatman Grandans.

SOUVNI: Depatman Grandans lan se po Ayiti. Po peyi a se bèlte ke l mete deyò. Se po Ayiti: lis, cho, natirèl, ak bèlte ki pa bezwen makiyaj.

Se koulè plaj yo, koulè mòn yo, ak vil yo. Yon bèlte san fòse.  Kapital depatman Grandans lan se Jeremi. Yo rele l Vil Powèt yo. Se sèl kote nan Ayiti ou ka pran yon taksi oubyen moto, epi chofè a ap resite powèm pandan l ap monte mòn avè w! 

VALENTIN: Men wi! Jérémie gen plis ekriven pase kèk inivèsite. Moun Grandans yo pa pale non, yo konpoze. Yo pa plenyen, men yo ekri konplent yo. Yo pa kriye, yo pibliye lamizè yo.

SOUVNI: Depatman Grandans lan kache dèyè Massif de la Hotte. Se poutèt sa lanati a rete pwòp tankou yon timoun ki fèk sòti nan yon beny. Plaj yo pa gen bri. Pa gen moun ki la pou sal li. Pa gen fatra. 

VALENTI: Grandans se depatman ki gen twòp bèlte pou l fè bri. Si w tande yon bri, se yon kokoye ki tonbe atè a.

SOUVNI: Se poutèt sa moun Grandans mache ak yon kal ki ka fè w jalou. Lè ou soti nan kote ki gen mòn, plaj, powèt, ak zannimo ki espesyal, ou pa bezwen fè bri. Bèlte a pale pou ou.

 

Depatman Nip.

SOUVNI: Depatman Nip, se men Ayiti. Men yon peyi reprezante moun ki leve bonè, ki bati, ki plante, ki pote chay. San men, pa gen pwodiksyon, pa gen mouvman. Men yon peyi, se moun ki fè tout travay la pandan tèt la ap fè planifikasyon toujou.

VALENTIN: Depatman Nip pi piti, pi jèn, fènk kale, men li pi frekan. Li konpòte l tankou li se granmoun nan kay la. Kapital la se Miragwàn ki chita nan yon vale tè, kote mòn nan ap pwoteje l. Se tankou yon ti bijou Bondye sere pou li menm. 

SOUVNI: Depatman Nip jenn paske li te te fèt kòmanse pou kont li an 2003 aprè ke li te fin separe avèk depatman Grandans.

VALENTIN: Nip se ti depatman ki jèn, men ki gen nanm granmoun. Se kote ou ale pou w tande Ayiti pale dousman. Nip se depatman ki si tèlman trankil, menm vag lanmè yo mache sou pwent zòtèy yo.

SOUVNI: Depatman Nip se dènye pitit Ayiti, ki fèt an 2003. Men li toujou konpòte l tankou li pi gran pase tout moun. Yo pran l nan vant Grandans. Yo fè l tounen pi piti depatman peyi a, epi Nip gade tout lòt depatman yo tankou: ‘Wi, mwen pitit, men gade bèl mòn mwen, gade rivyè mwen yo, bèl festival tradisyonèl mwen, gade plaj mwen yo. Ki moun ki vrèman piti la?’ Depatman Nip toujou ap fè Ayiti sonje ke pafwa se dènye pitit la ki pote plis cham, plis sekrè, epi plis atitid la.

  

Depatman Sant.

SOUVNI: Depatman Sant se rèl do Ayiti. Se sèl depatman Ayiti ki pa touche lanmè. Depatman Centre se kolòn vètebral Ayiti paske se li ki kenbe peyi a kanpe.

VALENTIN: Depatman Sant kenbe peyi a kanpe fizikman e fonksyonèlman. Se la dlo ap soti. Se la enèji ap sikile. Se la wout entèn yo travèse. Epi se li ki konnekte Nò avèk Sid. San depatman Sant, peyi a ta koube, li ta kraze, oswa li ta pèdi balans li.

SOUVNI: Vil kapital la se Hench ki chita nan mitan peyi a. Epi gen Barrage Péligre — pi gwo baraj idwo-elektrik nan tout Karayib la. Li bay dlo, li bay kouran, li bay lavi. Se sèl kote ki ka di: “Nou limen Pòtoprens.” Moun Sant ap gade w ak fyète paske yo di, "Wi, se nou menm ki ba nou limyè.” Se yo menm ki se “charger” Ayiti!

VALENTIN: Sant gen gwo yon istwa. Se la nèg mawon te kache. E se premye vil ke Toussaint Louverture te kapte. 

SOUVNI: E pa bliye Sodo — dlo k ap tonbe, moun k ap priye, Vodou ak Katolik k ap fè kolaborasyon. Sant se kote espirityalite ak agrikilti, yo marye, yo makònnen. 

 

Depatman Nòdès.

SOUVNI: Depatman Nòdès se zòrey la. Toujou ap koute.  Zòrèy la se zòn ki tande premye nouvèl yo. Nòdès se zòrèy peyi a paske se li ki tande van an anvan tout moun. Li pran nouvèl lanmè, nouvèl fwontyè, nouvèl komès, nouvèl moun k ap vini. Se li ki di: “Ayiti, leve! Gen mouvman k ap pwoche bò isit!”

VALENTIN: Kapital depatman Nòdès se Fò Libète. Men ou genyen ti vil Wanament ki ap viv sou fwontyè a tankou yon touris ki gen paspò diplomatik. Se pi gwo sant komès ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. 

SOUVNI: Kapital la, Fò Libète, se youn nan vil ki pi ansyen an Ayiti. Li gen fò franse, istwa kolonyal, e se vil ki pi pwòp e ki gen plis sekirite an Ayiti. Si w ap chache ki kote pou ale pase Kanaval an Ayiti, zòn Fò Libète an se youn nan okazyon pou pa janm rate. 

VALENTIN: Moun Nòdès tande nouvèl anvan nouvèl la menm rive Pòtoprens! Fò Libète se kote istwa te tire premye kout zam li, epi depi lè sa a vil la ap mache dwat, kanpe ogadavou, kòmsi li toujou sou sèvis militè.

 

SOUVNI: Bon Valentin, n ap pale de tout kote nan kò a ki ta reprezante Ayiti. Nou di Nò se tèt la. Pòdépè se pye a. E Pòtoprens se kè a. M pa vle mande kesyon dezòdone, men ki pati ki reprezante foufoun Ayiti menm.

VALENTIN: A Souvni! Se yon gwo kesyon wi!

SOUVNI: M pa ta imajinen ke se mwen sèlman ki ap panse ak sa.

VALENTIN: Aktyèlman se yon bon kesyon. Paske chak peyi gen ti pwen ideyal yo. Ti loksayon sansib yo.

SOUVNI: Si Ayiti te yon fanm ki lokasyon fizik ke nou ta konsidere kòm zòn sansib sa a? 

VALENTIN:Anvan m repon kesyon sa, m ap mande w souvni, ki kote an Ayiti ke ou panse ki tareprezante foufoun nan. Se yon kote ki reprezante bote, plezi, oubyen detant. Donk ki kote ou panse sa ye?

SOUVNI: Lokasyon Jewografi fizik ki ta reprezante sa, m panse se plaj Ayiti yo?

VALENTIN: Ou Kòrèk souvni. Mwen konsidere ke foufoun Ayiti se bèl plaj ak lanmè. Byen bèl, byen klere. Ou naje ladan l. Ou benyen. Ou jwe ladan l. Ou pa mande pou soti. E li fè w di byen tou.

SOUVNI: Mwen toutafè te panse ke se sa ou ta pral di. Ki vle di la a, mòn yo, montay yo se tete Ayiti? 

VALENTIN: Bien sure. Et Pourquoi pas?

 

SOUVNI: Zanmi nou, fanmi nou, mèsi dèske ou te rete branche jouk nan fen diskisyon nou.  Mèsi anpil Mesye Valentin pou patisipasyon ou nan pwogram jodiya. 

Oditè, kontinye branche sou emisyon Souvni On The Mike la, kote mikwo a toujou cho, e kote mwen toujou pare pou fè w sonje bagay ou te bliye depi lontan.

Chak vandredi soir a 7:30 PM, w ap jwenn nou nan Radyo Konpa sou WLQY 1320 AM. Si w rate yon epizòd, pa kriye, pa bat tèt ou—podcast Souvni on the Mike la va la pou ou. Ale sou sit mwen, SOUVNI.ORG, epi w ap jwenn lyen pou podcast la, e lyen pou TikTok la tou. Wi se sa, TikTok, kote m ap fè efò pou m pa fè jenerasyon mwen an wont.

Ou ka telechaje nenpòt epizòd ke w ta renmen tande ankò. Si w vle tande vwa mwen 3 fwa nan yon jounen, mwen pap jije w.

Dakò zanmi, rete branche. Pa deploge. La Famille Pòt ap vini talè konsa.

 

LA FAMILLE PÒT  

Nan ki Depatman ou Soti?

Epizòd 21

OVILA: Bon, depi Souvni ak Valentin fin pale de tout dis (10) depatman Ayiti yo, sa fè m panse anpil.  Mwen ta renmen konnen nan ki depatman nou chak lan ta dwe soti?

DYAK: Kòman nan ki depatman nou ta dwe soti an Ovila? Tika Fèt Pòtoprens. Freya fèt isit nan peyi etazini. E mwen menm avè w, nou soti nan menm vil Ayiti.

OVILA: Non, se pa sa m ap pale, Dyak. Depandan de karaktè nou, nan ki depatman an Ayiti, ou ta di nou soti?  

FREYA: Like, based on my vibe alone, where do you think I come from?

OVILA: Wi Freya.

TIKA: Ah! J'aime ça beaucoup, manmie! N ap fè yon ti jwèt. Quant à moi, je pense que j’aurais dû venir de Jacmel. Mwen renmen atizay. Mwen renmen maske pou kanaval. Mwen renmen bèl plaj. E Mwen fèt pou mache sou bèl twotwa.

FREYA: Tika, stop. You think too much of yourself. Moun Jakmèl pa t ap janm tolere w. Depi w antre nan vil yo a, yo t ap choute w deyò.

OVILA: Freya, sispann anniye gransè ou. Nan ki depatman ou panse ou t ap soti Freya?

FREYA: As for me, I like to explore. I am a poet. Mwen menm, mwen renmen eksplore. Mwen se yon powèt. Donk Mwen ta soti Jeremi, nan depatman Grandans. E ou menm mommy?

OVILA: A! Mwen menm, mwen pa manje anyen frèt. Se nan depatman Lwès pou m ta soti. Nan Pòtoprens menm! Paske depi maten jouk aswè, Pòtoprens gen bri, gen atitid, gen politik. Mwen pa bezwen okenn rezon pou m pale fò!

DYAK: Ovila, m byen kontan ou rekonèt ki moun ou ye.

OVILA: E ou menm Dyak, avèk gwo bòl diri nan men w lan, w ap manje toujou an, nan ki depatman ou panse w ta soti?

DYAK: O non, mwen pa bezwen jwe nan jwèt nou an. Nou se yon sèl fanmi. Sispann pale de ki moun ki pi bon, tande.

OVILA: Dyak, se pa kimoun ki pi bon non. Chak depatman Ayiti gen pwòp karaktè pa yo. Men nou tout se youn. 

TIKA: Exactement! Nou se yon sèl fanmi, men nou gen 10 pèsonalite diferan. 

FREYA: Yeah, like a Haitian Avengers.

DYAK: Bon, Tika se Jakmèl nan depatman Sidès kote gen bèl fèt kanaval ak anpil atis. Freya se Jeremi, nan depatman Grandans kote k gen anpil ekriven. E Ovila se Potoprens, nan depatman Lwès kote k gen anpil moun tèt chaje. Donk mwen panse mwen ta soti nan Sid, kote moun yo kè pòpòz. Toujou santibon ak pafen vetivè yo.

OVILA: O non Dyak, ou pa moun nan Sid ditou.

DYAK: O O, kòman sa? Nou tout chwazi. M gen dwa fè chwa pa m.

FREYA: Mommy's right dad. You're not from the south at all.

TIKA: C'est vraie Papi. J'aurais choisi un autre departement pour toi. M ta chwazi yon lòt kote pou ou

DYAK: Ki kote nou ta chwazi pou mwen la?

OVILA/FREYA/TIKA: Depatman Latibonit!!!!!!!!!!

 DYAK: Latibonit! Poukisa?

OVILA: Dyak ou toujou ak mache ak yon bòl diri nan men w. Gade, ou gen yon bòl diri nan men w kounye a. Se Latibonit n ap ba ou.

 

END

Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Se te Souvni on the Mike.  Pase bon wikenn