Souvni On The Mike

The Sins of Haiti: Dared to Be Free (Part 1)

Mandaly Louis-Charles

Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.

0:00 | 29:17

Send us Fan Mail

(Summer 2026 - Under the Haitian Skin Series)

“The Sins of Haiti: Dared to Be Free” is the electrifying first episode of a 12‑part summer series, Under the Haitian Skin, airing from June 12 to August 28, 2026. In this riveting 30‑minute journey, Souvni and Valentin peel back the layers of history to reveal the truth behind what the world once called Haiti’s greatest sin, the audacity to be free.

With a blend of poetic narration, humor, and unflinching honesty, this episode transports listeners back to a time before Haiti was Haiti, when the Taíno people lived in harmony… until the arrival of Christopher Columbus. From there, the story unfolds like a cinematic epic:

  • The generosity of the Taíno
  • The greed and violence of colonizers
  • The kidnapping of African warriors, strategists, and leaders
  • The rise of a resistance unlike anything the world had ever seen
  • The unstoppable force of Toussaint, Dessalines, Capois, Makandal, and thousands of unnamed heroes
  • The panic of global powers as Haiti declared: “We are human.”

Souvni guides listeners through the emotional landscape of a nation punished for daring to break its chains, while Valentin asks the questions that keep the conversation sharp, human, and deeply relatable.

And just when the intensity peaks, the episode shifts into a comedic, symbolic skit with La Famille Pòt, a hilarious and brilliant dramatization where Columbus, a Nèg Mawon, Rochambeau, Makandal, Dessalines, and even the French “mailman” all show up knocking at the family’s door. It’s history retold with wit, warmth, and unforgettable imagery.

Follow the Full Summer Series

This episode launches the Summer 2026: Under the Haitian Skin series, a 12‑week exploration of Haiti’s history, identity, wounds, triumphs, and global impact.

From June 12 to August 28, tune in every Friday at 7:30 PM on Radyo Konpa 1320 AM or listen anytime on the podcast.

Each episode dives deeper into:

  • Haiti’s revolutionary legacy
  • The price of freedom
  • The myths and truths beneath Haiti’s struggles
  • The brilliance and resilience of the Haitian people

Support the show

Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/




SOUVNI: Zanmi oditè nou yo, salut, byenveni e welcome nan emisyon Souvni on the Mike la.

W ap koute animatris emisyon an Souvni. Nou genyen yon emisyon ki emosyonèl pou ou.

Jodiya se mare senti w. Sere dan. Akwoche w byen. Si w gen yon ti byè, preferabman, yon bon ti kleren, mete sa bò kote w si anka pawòl yo ta vin twò rèd. Dekwa pou w lage yon ti chofe kè desann nan gòj ou. 

Zanmi, Ayiti te komèt yon gwo peche.

E li pase plis pase desanven (220) tan ap peye pou peche sa. 

Men Valentin ap parèt kounye a. Mesye Valentin, ou mèt antre.

 

VALENTIN: Bonswa tout moun ki ap koute. A tout oditè ki branche kounye a, nou di w mèsi dèske ou te fè tan pou w te rejwenn avèk nou ankò. Souvni, ki peche Ayiti te komèt konsa, èske se yon peche mòtèl?

 

SOUVNI: Enben Valentin ou konnen, nan tan sa a moun blan te mache nan liy pa yo. Moun nwa t ap rale nan rakbwa pa yo. Youn se mèt esklav. Lòt lan se esklav. Youn lib. Lòt lan pa t menm gen dwa pou l panse ak mo 'lib' nan 'libète' a menm. 

 

VALENTIN: Si w te pèdi pye w, lè sa, pou gen odasite pou mande libète, se te yon peche mòtèl?

 

SOUVNI: Men wi yon peche mòtèl. Yon aksyon ki te ka voye dwat dirèk nan peyi sa chapo wi. Se pou sa jodiya, mezanmi, nou pral demantibile peche yon peyi, pou nou gade sa k fè peche te grav konsa. 

SOUVNI: Nou pral louvri katechis nou. Nou pral li yon lis peche ki te kondane Ayiti.

VALENTIN: E peche sa yo se te, 'yo te oze gen kouraj. Yo te gen odasite pou leve tèt yo, pou yo viv, pou yo di non, pou di yo se moun tou.'

SOUVNI: E, nan zye lemonn lè sa a, bagay sa yo se pi gwo peche ki te ka egziste.

VALENTIN: Men, m ap mande yon bagay. Depi kilè libète tounen peche?

SOUVNI: Se depi lè moun ki te kenbe chenn ki mare esklav yo, te wè chenn sa yo kase. Lè moun ki te sou chwal yo, lè yo te wè moun ki te anba yo leve kanpe. 

VALENTIN: Se kòmsi lemonn t ap di: “Ki dwa w genyen pou w leve tèt ou konsa?”

SOUVNI: Egzakteman. Peche Ayiti se pa t krim. Se pa t mechanste. Se pa t trayizon. Peche Ayiti, se te libète. Yon libète ki te twò gwo pou epòk li. Yon libète ki te twò klere pou je ki pa t vle wè. Twò fò pou zòrèy ki pa t vle tande.

VALENTIN: E jodi a nou pral rantre ladan l?

SOUVNI: O wi! Nou p ap sèlman antre landan l non. Nou pral fouye. Nou pral leve wòch lan pou n gade sa k anba wòch lan. Nou pral tande vwa yo menm k ap soti anba wòch la kote l kache a.

SOUVNI: Enben, mezanmi, se konsa nou derape diskisyon an. Men, pou nou byen pote istwa pou ou, nou sètoblije kòmanse depi nan kòmansman.

 

VALENTIN: Depi nan kòmansman? Ou vle di depi jou Endepandans peyi a?

 

SOUVNI: Non pli lwen pase sa.

 

VALENTIN: O! Pi lwen toujou, se depi nan kòmansman lemonn? Depi Adan ak Èv.

 

SOUVNI: Non, Valentin, n ap kòmanse nan tan Kristòf Kolon, anvan Ayiti te Ayiti.

 

VALENTIN: O! Sa vle di anvan yo te rele zile a Ayiti.

 

SOUVNI:  Wi, anvan lemonn te konnen non Ayiti a. Anvan libète te gen yon adrès, te gen yon zile yo te rele Ayiti. Se te yon tè mòn ki wo anpil. Tè solèy ki cho. Yon tè kote moun t ap viv ak kè kontan.

 

VALENTIN: Èske se Ayisyen ke nou konnen kounye a ki t ap viv sou zile sa?

 

SOUVNI: Non. Se te yon pèp Endyen ki t ap viv sou zile a. Yo te rele pèp sa a Tayino.

 

VALENTIN: Hann! Tayino! Enpi etranje mete pye?

 

SOUVNI: Wi, yon gwoup moun rive. Moun ke yo pa t envite.  Moun ki te vini ak souri sou vizaj yo, men yo te gen move lide nan kè yo.

 

SOUVNI: Kristòf Kolon te ateri sou ti zile an an 1492. Pa paske se sa li t ap chache non, men paske li te pèdi. Li t ap chache yon lòt peyi. Yo te voye al chache lò nan peyi Lazi, enpi misye pèdi bon pèdi.

 

VALENTIN: Enben jan w di sa la, se kòmsi li t ap chèche Las Vegas, epi l al tonbe Jeremi.

 

SOUVNI: Tayino yo menm, moun ki te sou zile a, yo wè etranje. Tèt yo pati. Yo kontan. Yo fè fèt. 

 

VALENTIN: Yo te resevwa Kristòf avèk tout maren ki te vin avèk li yo tankou yon bon fanmi ki soti nan peyi etranje. Yo ba yo manje. Yo ba yo kay pou yo rete. Yo ba yo kado. Yo ba yo pi bèl fui ak viv ki te nan peyi a.

 

SOUVNI: Paske nan kilti yo, yon etranje se yon envite. Nou menm Ayisyen, nou toujou kenbe kilti sa. Depi yon etranje vin lakay nou, nou pran swen yo. Nou mete yo alèz. Nou konn ba yo menm chanm nou pou yo dòmi. Nou ba yo tout sa nou genyen.

 

VALENTIN:  Men nan kilti Kristòf Kolon, se pa t menm bagay la. Pou yo, yon etranje se te yon domestik.

 

SOUVNI: Enben, se la pwoblèm nan te kòmanse a.  Ekip maren Kristòf Kolon yo gade Tayino yo, yo di: Gade yon ban moun byen dwòl. Yo pa mete rad sou yo. Yo senpleman gen yon ti kilòt ki pase nan bastengal yo, pou kouvri pati prive yo sèlman. Moun sa yo pa moun.

 

VALENTIN: Kristòf Kolon te panse ke se te nan peyi Tarzan li te tonbe la a?

 

SOUVNI: Men wi! Kristòf panse ke li te yon moun tulututu. Paske se te lewa avèk larèn ki de finanse vwayaj yo. Se te gwo moun konsa li te frekante. Men bato li al fè nofraj sou yon ti zile kote moun yo abiye tankou Tarzan. Yo pa gen rad sou yo.

 

VALENTIN: Donk, Tayino yo pa t gen bèl rad tankou Kristòf. Yo pa t sanble ak Kristòf. Yo pa t pale tankou Kristòf. Donk Kristòf panse. Enben se yon sèl bagay la pou nou fè wi la. Yo pa moun. Donk se pou n fè yo esklav. Fè yo travay pou nou.


 SOUVNI: Se konsa anpil moun panse wi. Si moun nan diferan ak yo. Si moun nan pa pale menm lang avèk ou, yo panse ke moun nan pi ba pase yo.

 

VALENTIN: Donk kristòf Kolon ak maren li yo rive sou yon tè ki pa t menm pou yo. Enpi avaris ak goumadiz anpare yo.

 

SOUVNI: Men wi. Yo piyaje tout sa Tayino yo te genyen. Yo pran Tayino yo. Yo fè yo travay tè byen di pou pote tout rannman an ba yo. Yo chanje non zile a. Yo pran zile a pou yo nèt. 

 

VALENTIN: Kisa ki te vin pase Tayino yo menm?

 

SOUVNI: A piti mwen! Lè Kristòf te rive nan ti zile a, te gen ant 300,000 jiska 1 milyon Tayino sou zile a. Men ou konnen, depi etranje mete pye, yo vin ak maladi. Yo pote pwòp kalimite pa yo. Yo fin fè piyay sou tout Tayino yo. Paske se yo ki te blan, yo te mete tèt yo kòm mèt e seyè. E yo te fè Tayino bourike, travay di yon fason ke yo pa t janm travay anvan. Tayino yo tonbe mouri atò.

 

VALENTIN: Nan 20 a 50 ane, te genyen yon de (2) ak 300 Tayino sèlman ki te rete. Tayino yo te prèske disparèt. E pa sa?

 

SOUVNI: Men wi. Tout lòt peyi ki te tande sa, yo vin pran piyay tou. Panyòl ak blan franse, yo vin ranmase, dechèpiye tout ji peyi a. Napoleyon, anperè lafrans, voye sòlda pa li yo pou vin fè dappiyanp tou.

 

VALENTIN: Mezanmi o! Yon pèp antye efase. Epi lemonn fèmen zye yo. Yo pa di anyen?

 

SOUVNI: A, m ap di w yon bagay. Lemonn gen pitye sèlman lè sa konsène yo. Kwè m si w vle. 

 

SOUVNI: Yo fin touye tout Tayino yo. Men ti zile a te dous. Li t ap bay bon rannman toujou. Piyajè yo te bezwen lòt moun pou travay tè a kounye a. Travayè vle di yo bezwen moun pou vin  fè kòve. E kijan pou ta jwenn moun pou travay pou ou, san ou pa peye yo?

 

VALENTIN: Enben, sa vle di kidnapping? Paske pa gen moun ki ap vle travay konsa volontèman.

 

SOUVNI: Kidnapping vle di Lafrik. Y al vòlè moun Lafrik. Yo fè dapiyanp sou Afriken. Yo kidnape yo. Yo plen yo sou bato aprè bato. Yo kidnape ni fanm ni gason ki fò. Ki gen nanm ak kouraj sou yo. Ki konn abitye travay. Ki pa pral mouri fasil menm jan ak Tayino yo.

 

VALENTIN: Sa vle di moun ki ka pote chay. 

 

SOUVNI: Moun ki p ap tonbe fay. Moun k ap tonbe pip.  Fò n di sa klè tou. Afriken sa yo, se pa t moun ki te san edikasyon non. Yo pa t nenpòt kimoun. Men kite mele piyajè yo. Depi se nwa ou ye. Yo fè va sou ou. Yo pran w fè esklav.

 

VALENTIN: Donk Afriken yo te chwazi pou fè esklavaj yo, se pa moun ki t ap plante piman nan jaden lakay yo sèlman?

 

SOUVNI: O non! Majorite Afriken yo te kidnape pou vin fè yo travay nan zile an, se sòlda, estratejis, jeneral, fòjè, gason ak fanm ki konn goumen. Se moun ki te konn goumen ak gwo lyon. Yo te gen eksperyans nan lagè. Yo te gen disiplin. Yo te gen kouraj.

 

VALENTIN: Enben, se tankou la ou pran yon ekip SWAT TEAM, ou lage yo nan yon plantasyon. 

 

SOUVNI: Anhan, se kòm si ou te pran SEAL TEAM Marines Ameriken, epi ou mete yo travay nan jaden. Atò, ou panse yo pa t ap leve kanpe?

 

VALENTIN: Se poutèt sa revolisyon an te posib. Se pa paske yo te esklav. Men se paske moun sa yo ke yo te pran sèvi kòm esklav yo, yo te fò deja. 

 

SOUVNI:  Nan fen ane 1700 yo, ti zile a, ke yo te rele Sendomeng kounye a, te genyen plis pase 500,000 esklav Afriken. 

 

VALENTIN: 500,000, se pa t de (2) grenn non. Se yon bann ak yon pakèt. Anpil tankou sab lanmè a menm.

 

SOUVNI: Ti zile a te vin dous wi. Li te tankou yon fanm ki gen tè nan ren li. Lè ou manyen li nan tout bon kote yo, ou wouze li. Li ouvri vant li. Li fleri. Li nouri tout moun. Se te tankou yon fanm siwèl ki t ap bay bon rannman. 

Bagay yo t ap mache. Esklav t ap travay. Ti zile a se te koloni ki te pi rich sou latè. Tè a t ap bay tout kalite pwodui. Tout bagay sa yo te fè Lafrans pi rich pase yon kafewolè. Napoleyon, anperè Lafrans, te santi l te nan syèl. Li te fin rive kote l ta prale a.

 

VALENTIN: Men tou, plis larichès Lafrans t ap ogmante, se plis esklav yo t ap mouri. Yo te maltrete esklav yo pou fè yo travay di. Yo te refize yo manje. Esklav yo pa t gen okenn dwa prensipal yon kretyen vivan ta dwe genyen.

 

SOUVNI: A malgre sa yo pa t dekouraje. Moun sa yo te fò wi. Yo pa te yon pèp ki t ap tann lanmò non. Yo te yon pèp ki t ap tann opòtinite. Yon opòtinite pou mete dife nan dengonn lesklavaj pou fini ak sa.

 

VALENTIN: Avèk yon seri de nèg ki te gen anpil eksperyans, sa pa t ap pran lontan anvan yon revòlt te pete.

 

SOUVNI: Mezanmi, lè pou esklav yo te revòlte, sa pa t fèt dousman. Revòlt la te kòmanse tankou yon dife. 

 

VALENTIN: E dife a te anvayi tankou yon dife nan chan kann. Esklav ap mouri. Y ap ranplase esklav. Lè yon esklav tonbe, yo gendwa voye chache lòt esklav nan lòt plantasyon pou pote nan peyi a. 

 

SOUVNI: Se konsa yon bann esklav, chemen yo vin kontre. Dessalines ki soti Gran Rivyè di Nò, li ateri sou sèn nan. Capois Lamort soti Pòdepè, li tonbe sou sèn nan. Boukman ki te soti nan yon plantasyon nan Jamayik, li desann Ayiti. Toussaint Louverture li menm, yon jeneral ki te rich anpil, entelijan! Li parèt sou sèn nan. Gwo van soufle, Makandal parèt sou sèn nan tou.

 

VALENTIN: Ekip solid la.

 

SOUVNI: It's the A-team! Napoleyon Bonapat, anperè franse a li menm, li te gen rèv pa li. Li t ap prepare pou l domine lemonn antye. Paske li te gen lafrans. Li te gen lame. Li te gen konbyen milye esklav k ap pwodui pou li nan zile a.

 

VALENTIN: Kisa esklav yo t ap produi pou Napoleyon konsa.

 

SOUVNI O! Tout kalite bagay wi. Yo pwodui kafe, sik, twal swa. Dè milye desklav wi. Se pa de grenn non! Se pwodui. Pote bay Napoleyon. Pou Napoleyon vann bay tout lòt peyi. Epi lajan ap degrennen tonbe sou Napoleyon tankou lapli. Li rich. Ayiti fè l rich. Li te gen tè tout kote. Li te gen yon ti bout tè menm nan peyi Etazini.

 

VALENTIN: Men wi, Louisiana se te pou li.

 

SOUVNI: Epi, men kounye a, esklav Afriken yo mande libète

 

VALENTIN: O O ki dwa yo? Sa Napoleyon fè menm?

 

SOUVNI: Enben, bagay la te rèd. Yo t ap touye esklav kou moun k ap pati. Yon mouch te vo plis pase yon esklav. Te gen yon jeneral Franse yo te rele Wochambo.

 

VALENTIN: Wouy, pa nonmen non misye sa menm.

 

SOUVNI: Wochambo te mechan anpil. Li te konn mete esklav yo nan chanm a gaz pou l toufe yo. Li gendwa pran yon gwoup esklav li mete yon pwa lou nan kou yo, enpi li pran yon batiman pou l al lage yo nan lanmè a pou neye yo. Li te voye al chache yon bann chyen mechan byen lwen. Chen ke yo te antrene pou atake lè yo wè san. Enpi li pike esklav yo pou l mete chen dèyè yo. Sa k te pi rèd la, li te fè sa kòm yon espetak pou tout moun vin ap gade. 

 

VALENTIN: Donk ou vle di m la, li mete esklav yo devan yon gwo wonn, li maltrete devan yon gwo espetak kòm anmizman? 

 

SOUVNI: Wi piti, kòm yon gwo estaj pou pèfòmans. Li mennen esklav yo an gwoup sou sèn nan. Li kòche esklav yo, enpi yo ouvri ti baryè sou sèn nan, lage chen dèyè yo.

 

VALENTIN: Enpi tout moun ap bat bravo pandan chyen yo ap devore esklav yo devan yo. 

 

SOUVNI: Mezanmi, Valentin, pawòl la twò rèd. M ap pran yon ti kleren. Ban m yon ti chofe kè tou piti. 

 

VALENTIN: Oke Sovni. Te m vide yon ti tak pou ou la.

 

SOUVNI: Lage yon ti grenn kenèp ladan l pou mwen tanpri.

 

VALENTIN: M ap pran yon ti gout tou. Mezanmi! Adye o! Ala mechan! Ala rayisab!

 

SOUVNI: Ti chofe kè a bon wi. Sa ranje m. Yo te maltrete esklav yo pou ka fè yo pè pou yo pa revòlte. Te genyen yon esklav yo te rele Francois Makandal.

 

VALENTIN: O! Makandal? Mwen tande pale de li. Misye te kòmanse resistans kont Franse yo plizyè ane anvan ekip solid la te antre sou sèn nan?

 

SOUVNI: Wi wi, jan w tande l la. Men m ap di w yon bagay. Lè w ap fè mechanste, ou toujou sispèk, paske ou si tèlman fè lenmi, ou panse tout moun dèyè w. Se konsa, Fransè yo te maltrete esklav yo tèlman mal, yo te konvenki ke François Makandal t ap vin touye yo. Yo te kwè li t ap vin anpwazonnen yo pou l touye yo.

 

VALENTIN: Donk, Franse yo chache Makandal. Yo kapte l. Yo boule l tou vivan sou sèn nan.

 

SOUVNI:  Malgre sa esklav yo pa t bay legen. Detanzantan, ou tande gen yon ti rebelyon ki fèt pasi, oubyen yon ti soulèvman ki fèt pala.

 

VALENTIN: Pou sa m te aprann, Souvni, esklav yo se te moun ki vanyan, ki te konn goumen nan peyi yo. Yo te gen rezistans. Lè youn tonbe, lòt lan pran la relèv. Yo te gen eksperyans goumen nan mòn. Yo te konn kouman pou yo kache nan twou, anba bwa, anba tè tou. Gen kèk nan yo ki te gen eksperyans batay nan lame Franse oubyen nan lame Lafrik lan. Yo pa t janm sispann. Yo te kontinye revòlte

 

SOUVNI: Napoleon te chita sou twòn ni an Frans epi li t ap voye sòlda l yo goumen pou li, pou kraze revolisyon an. Li voye dè santèn, esklav yo lage yo atè. Li voye 20,000. Esklav yo te pataswèl yo. Apre sa Napoleyon te voye plis. E plis ankò. Malgre l ap voye sòlda, esklav yo t ap genyen. Napoleyon oblije di, 'sa se derespekte pèsonalite m mezanmi'. Kounye a li tonbe mande sekou.

 

VALENTIN: Ki moun li te mande sekou e, èske gen moun ki te ede l?

 

SOUVNI: Enben, devine kimoun ki te prezidan Etazini lè sa a?

 

VALENTIN: M pa konnen. Kimoun?

 

SOUVNI: Thomas Jefferson.

 

VALENTN: A wi! Thomas Jefferson te prezidan Etazini, de Mas 1801 a Mas 1809. M sonje dat sa a.

 

SOUVNI: Wi, 1801 a 1809. Ki vle di ke lè endepandans Ayiti an te fèt an 1804, se te Thomas Jefferson ki te prezidan Etazini.  Donk li te nan mitan bagay yo. Li t ap suiv. Li voye yon lèt pou Napoleyon, li di 'Ou pa bezwen okipe w. M ap voye lajan pou ou. Map voye zam. Fini ak sa ban mwen.' 

 

VALENTIN: Fini ak kisa la a?

 

SOUVNI: Enben Thomas Jefferson te genyen plis pase 600 esklav ki t ap travav nan plantasyon li. Li te konn kijan pou l boule ak yo. Menm lè misye te vin prezidan Etazini li te pran kèk nan esklav yo pote avè l pou travay nan mezon blanch lan. 

 

VALENTIN: Donk si esklav Ayiti yo revòlte, enpi yo te genyen, sa ta va mete lide libète nan tèt esklav Thomas Jefferson yo.

 

SOUVNI:  Kounye a ou kòmanse wè bagay yo klè. Donk m pa bezwen di w kijan sitiyasyon an te mangonmen. Lamizè nan kò esklav yo. Baton nan dengonn yo. Y ap travay kou bèt. Yo grangou. Y ap swe nan solèy. Men yo pa wè sa! 

 

VALENTIN: Sèl bagay yo wè devan yo, se libète.  Kalamite fè yo lite pi rèd.

 

SOUVNI: Se kounye a nou vin konprann kisa 'kole zepòl', 'tèt ansanm', 'men anpil chay pa lou' vle di. 

 

VALENTIN: Wi, se nan tèt ansanm yon gwoup esklav san zam, tou grangou, san inifòm, san sipò, leve e kraze pi gwo lame nan lemonn.

 

SOUVNI: A pitit mwen, 1e janvye 1804.  Dessalines voye franse yo tounen lakay yo. Li di, ban m peyi a. Tout Franse. Sòlda. Mèt esklav. Madanm yo ak timoun yo. Yo pran batiman.  Yo tout al fè wout yo. San valiz. San fyète. San okenn plan pou retounen. Yon defèt total. 

 

VALENTIN: Yo treounen Lafrans ak ke yo nan mitan janm yo? 

 

SOUVNI: E pa ti wont non Napoleyon pa t wont. Ayiti pran libète. Napoleyon pa gen ase revni pou fè lajan ankò. Rèv ke Napoleyon te genyen pou domine lemonn antye te tonbe plat. Akoz de odasite esklav yo.

 

VALENTIN: Donk Napoleyon pa t gen lajan. Li te oblije vann tout sa li genyen pou l gen de twa goud nan pòch li. Se lè sa li oblije vann eta Louisiana bay Etazini. 

 

SOUVNI: Nouvèl libète esklav sa a te tonbe tankou yon pwa senkant. Libète esklav yo te mete Napoleyon sou po dèyè l. Thomas Jefferson sezi. Lemonn mete men sou bouch yo. Nan sware sa anpil nan yo, se te anmè yo te oblije al bwè!

 

VALENTIN: Yo tande Ayiti lib. Jean-Jacques Dessalines te monte Premye Prezidan nouvo peyi nwa sa.

 

SOUVNI: Yo te di, “Ki sa? Yon nèg nwa, yon ansyen esklav ankò, ap rele tèt li prezidan ti peyi ki t ap fè nou fè kòb la? Sa pa ka fèt!” Yo te pè. Yo te fache. Yo te wont.

 

VALENTIN: Kounye a peyi a vin gen yon prezidan, Jean-Jacques Dessalines, premye prezidan, aprè yon batay ke yo te genyen viktoryezman. Ou ta di ke tout chèf lòt peyi ta voye lèt felisitasyon pou li.

 

SOUVNI: O O, Wayan! Se sa ki pou ta pase. Men pa gen okenn moun, okenn chèf deta, ki voye lèt felisitasyon, ni voye chwal, ni voye yon lapriyè. Yo pa pete pa Dessalines Santi menm.

 

VALENTIN: Poukisa yo te fè sa?

 

SOUVNI: Bon, Thomas Jefferson li menm. Esklav li yo te dous pou li. Poukisa pou l al felisite Dessalines. Se pen sa pral retire nan bouch li. 

 

VALENTIN: Si yo te rekonèt nou, sa vle di esklav lakay yo ta panse fè menm bagay la tou. Donk, kisa ki vin pase la a?

 

SOUVNI: Premye bagay anvan. Dessalines chanje non peyi a. Pa bliye piyajè ki te desann sou zile a, yo te fin touye tout moun ki te landan l. Yo te fè dapiyanp sou tout bon bagay kite sou zile a. Enpi yo te chanje non l. Yo te rele l Sendomeng. Donk Dessalines te chanje non an. Li rele l Ayiti ankò.

 

VALENTIN: Oh se lè sa li te repran non Ayiti a. M konprann.

 

SOUVNI: Kounye a la, Ayiti vin tounen yon dezyèm New York.

 

VALENTN: M pa konprann, kòman yon dezyèm New York la?

 

SOUVNI: Enben, Ayiti te vin yon peyi lib pou moun nwa. Li ouvè bra l pou asepte tout moun nwa ki te vle libète. 


  VALENTIN:  Se konsa Ayiti te vin tounen yon repwòch moral pou tout peyi ki te bati sou lesklavaj.

 

SOUVNI: Wi pitit. Pandan lemonn t ap fèmen pòt yo pou moun nwa, Ayiti t ap louvè bra l gran ouvè. Li te resevwa esklav ki te soti Amerik latin k ap chape anba kolonyalis. Li te resevwa Grèk k ap goumen pou endepandans. Li te akeyi moun nwa ki t ap chape esklavaj nan Karayib la.

 

VALENTIN: Èske Ayiti te di: 'Vin jwenn mwen, nou menm ki bouke, nou mwen ki kraze, nou menm k ap chache libète." menm jan avèk estati lalibète New York la.

 

SOUVNI: M pa konnen. Men ou kapab wè kòman Ayiti te sètènman vin yon senbòl libète pou tout lemonn.

 

VALENTIN: Mezanmi o, gade yon gwo peche Ayiti al fè la. 

 

SOUVNI:  Men wi pitit. Ayiti te oze lib. Donk zanmi oditè nou yo. Istwa sa a se premye pati nan yon seri emisyon ki va fèt de 12 Jen ak 28 Out. 12 semèn.  3 mwa. Chak Vandredi. Nou rele seri a: Sezon Ete a Anba Po Ayisyen an. Nou gen plis enfòmasyon sou seri sa a. Si w ta renmen konnen tout emisyon ki va fèt nan seri sa a, tcheke sit wèb mwen SOUVNI.ORG ou va wè yon pòs ki make Summer 2026: Under The Haitian Skin (UHS). Sa se te premye pati nan istwa a. Nou ankouraje ou pou retounen branche sou Radyo Konpa 1320 AM chak vandredi a 7:30, oubyen ale sou podcast nou pou fin tande 2è m pati istwa sa a ki pral pale de pri ke Ayiti te peye pou peche sa a.  Pri libète a. Pri ki fè lemonn toujou ap mande tèt yo: “Poukisa Ayiti konsa?”.  Rete branche toujou zanmi, La Famille Pòt ap vini talè konsa.

 

La Famille Pòt

Epizòd 22

Kiyès K ap Frape Pòt La?

 

DYAK: Ovila gen yon moun k ap frape pòt la.

OVILA: Ou t ap tann vizitè Dyak? Ki moun ki nan pòt la? Tika al gade pou wè ki moun sa a.

TIKA: Attends manmie. Je vais voir. M pral gade pou m wè ki moun ki nan pòt la.

FREYA: Mommy, I think it's Jehova’s Witness.

TIKA: Manmie, ce sont trois hommes très étrange. Yo abiye tankou se nan liv listwa yo sòti.

OVILA: Bonjou mèsye, èske se Temwen Jehova nou ye?

DYAK: Ovila, si yo pa vaksinen pou Kovid, pa kite yo antre nan kay la. 

FREYA: Who are you guys? Se kilès nou ye?

KRISTÒF KOLON: Bonjou, mwen se Kristòf Kolon. E de (2) mesye sa yo ki avè mwen la, se ekip nan batiman mwen. Se maren yon ye. 

OVILA: O O! Kristòf Kolon? E pa Kristòf Kolon ki te dekouvri Ayiti a?

KRISTÒF KOLON: Nou soti nan peyi Lespay Madame. N ap chache wout, men nou pèdi. Nou t ap chèche peyi Lazi. Nou t ap chache lò.

OVILA: Peyi Lazi? Nou pa gen okenn bagay annò pou n ba ou, Kristòf.

KRISTÒF KOLON: Pa gen pwoblèm Madame. Nou kapab antre lakay ou pou nou pran nenpòt sa nou vle.

OVILA. Tande Kristòf, se lakay Ovila Pòt ou ateri ti cheri a. Mwen pa manje anyen frèt. Mwen pa jwe ak moun. Al frape yon lòt pòt.

DYAK: Ovila, ou byen fè pou fèmen pòt la sou yo.

TIKA: Bravo Manmie. Tu as bien fait.

OVILA: O O! Ki moun ki nan pòt la ankò la?

FREYA: Maybe Christopher Columbus is back with more men to take over our house.

OVILA: O Se kimoun ou ye?

NÈG MAWON: Bonjou madame. Mwen se nèg mawon. Y ap kouri dèyè m! Tanpri, kite m antre!

FREYA: Oh my God! Nèg Mawon! Mommy, let him in, hurry! 

TIKA: Wi wi. Antre vit vit Nèg Mawon! Vin kache anba tab la.

DYAK: Non, kache l anba kabann lan!

OVILA: Non dyak, al kache l nan frijidè a!

DYAK. Ah non, Ovila, sa w ap di la? Frijidè a ap fè twò frèt!

TIKA: Shhhhh! Silence, pa fè bri!

OVILA: O O! Kimoun ki nan pòt la toujou la? O O! Sa moun sa genyen li prese konsa?

WOCHAMBO: Bonjou madame, mwen se Wochanmbo. Nou tande nèg mawon te antre lakay ou.

OVILA: O wi! Enben mwen tande te gen yon blan Franse ki t ap chèche yon bèl palavire.

DYAK: Koute, nou se La Famille Pòt. Men nou pa ouvri pòt pou pwoblèm. Tanpri retounen kote w soti a, Wochambo.

TIKA: Wochambo, est-ce-que vous avez un mandat? Paske san manda, ou pa ka antre nan kay la.

FREYA: Epi, Wochambo, ou gen sant yon moun ki pa benyen depi 1791.

WOCHAMBO: Oke, si nou pa kite m antre, mwen pral fouye kay la pa fòs!

DYAK: Fouye ki kote? Tande, nou gen Ring kamera k ap fè videyo tout sa w ap fè la. E nou deja rele lapolis pou. Fèmen Pòt la Ovila.

OVILA: Hey, mezanmi o! Kimoun ki nan Pòt la toujou.

DYAK: A! Ovila, bòn nouvèl. Mwen rekonèt moun sa. Bonjou!

JEAN-JACQUES DESSALINES: Bonjou mesyedam. Mwen se Jean-Jacques Dessalines. Mwen tande nèg mawon kache isit la. Mwen vin chache l paske listwa ap tann li.

DYAK: O wi. Avozòd Dessalin tousuit! Antre non. Vin chita nan salon an!

OVILA: O O ki sant bagay sa k ap boule nan kizin nan?! Ki bri sa ki gen nan kizin nan?

DYAK: Nèg mawon pa konn itilize fou a, Ovila. Sanble l ap fè manje la. Ann al ede l non.

OVILA: Dyak, se pa nèg mawon ki nan kizin nan non. Men se yon lòt nèg ki nan kizin nan wi!

DYAK: O O. Nou gen yon lòt vizite ankò. Se ki moun sa?!

OVILA: Men, mesye, se kimoun ou ye? W ap fè manje nan kizin nou an!

MAKANDAL: Bonjou, mwen se François Makandal. Mwen te itilize pòt dèyè a pou m antre nan kay lan. M grangou. Donk m ap fè yon ti manje.

OVILA: Hey! Makandal, fè atansyon ak dife a wi. Blan franse yo vle boule w wi!

MAKANDAL: Ovila, pa gen pwoblèm. Tout batay gen risk. Libète vo lapenn. Aba lesklavaj!

DYAK: Dakò Makandal. Nou la avèk ou.

FREYA: Wow! we have so many people in the house, mommy. Nou gen anpil moun nan kay la. Nou gen nèg mawon kache anba kabann nan. Makandal nan kizin nan, enpi Dessalines nan salon an. Kisa nou pral fè avèk yo?

DYAK: Annou mande Dessalines. Li va konn sa pou l fè.

OVILA: Wi, Dessalines. Kisa ou bezwen pou n fè pou ou la a?

DESSALINES: Ovila, ou pa bezwen fè anyen. Kenbe tèt ou wo kòm Ayisyen sèlman. 

OVILA: Dakò Dessalines.

DESSALINES: Bon m ap pran Nèg Mawon ak Makandal, pou m al avè yo. Paske nou pa ka rete kache. Fòk nou konplete listwa. Nèg Mawon! Makandal! Annavan!

FREYA: Bye Dessalines! It was knowing you.

FREYA: O man! What a crazy day!

OVILA: O O mezanmi, pòt la ap frape toujou. M pa pral ouvè pòt la pou okenn moun ankò. Kimoun ki nan pòt la?

FREYA: Let me look to see who is at the door. Oh mommy you can open it. It's the mailman.

OVILA: Oh ok. Si se lapòs ou mèt ouvè l.

FREYA: Hello Mailman.

FAKTÈ A: Bonjou, mwen gen yon lèt pou ou ki soti Lafrans.

TOUT MOUN: Oh no! 

OVILA: Dyak, li lèt la non. Kisa li di? 

DYAK: O O mezanmi! Men Lafrans voye yon bòdwo pou nou. Yon bil ki di ke nou dwe Lafrans 150 milyon fran.

FREYA: Oh my God! How could we owe them? We didn't buy anything. 

TIKA: Manmie, petèt se bil pou kòmann ke mwen te fè nan Amazon nan.

OVILA: Pa gen pwoblèm. Ban m lèt la pou m chire l, dyak. M ap di yo sa pou yo fèt ak bil la.

END

Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Se te Souvni on the Mike.  Pase bon wikenn.