Souvni On The Mike

The Sins of Haiti - Punished for Freedom (Part 2)

Mandaly Louis-Charles

Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.

0:00 | 30:03

Send us Fan Mail

In Part 2 of this powerful series, Souvni digs deeper into Haiti’s past to expose the true cost of freedom, not the cost Haitians chose, but the cost the world forced upon them. After the triumph of 1804, no nation congratulated Haiti; instead, they punished it. They isolated the new Black republic, imposed embargoes, blocked trade, and launched diplomatic schemes designed to break a nation that dared to stand tall. This episode traces how France demanded reparations for losing enslaved people, how the United States invaded, seized Haiti’s gold, and installed an occupation that did not seek to understand Haitian culture, religion, and humanity. They mocked Haitian traditions and pushed their ideology while exploiting Haitian labor and resources. And when they were done, they spread lies portraying Haiti as cursed and disorganized, hiding their own role in the damage. Through sharp dialogue, humor, and historical truth, Souvni and Valentin dismantle the myths and reveal the deeper story: Haiti wasn’t punished for failure, it was punished for freedom.

And, in the comedic yet cutting skit, La Famille Pòt prepares a grand Independence Day celebration and invites nations from around the world. But one by one, the powerful countries decline, or pretend Haiti doesn’t exist. Thomas Jefferson “can’t find Haiti on his globe,” France stays silent, and others hide behind excuses. Through laughter and satire, the family exposes the hypocrisy of nations that feared a free Black republic. They celebrate anyway, with good Haitian foods, and the unshakeable truth of Haitian freedom.

Support the show

Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/




Bonswa mezanmi. Welcome. Onè ak Respè. Ou branche sou emisyon Souvni on the Mike la, avèk animatris emisyon an Souvni.

Oditè nou yo, byenveni ankò nan dezyèm semèn nan gwo seri pou sezon ete nou an: Ete 2026 - Anba po Ayisyen an. Yon seri ke nou rele an Angle, Summer 2026 - Under the Haitian Skin
Nou pwojte 12 semèn pou diskite yon seri de sijè ansanm. 12 semèn. N ap pase 12 vandredi ap fè yon pakou anba po Ayisyen an. 

Si se premye fwa ou branche avèk nou, zanmi, mwen envite ou retounen ale nan Pati 1 an, nan podcast Souvni on the Mike la. Nou te rele pati 1 an The Sins of Haiti: Dared to Be Free. Paske se la istwa a te pran dife.
Se la nou te wè kijan Ayiti te komèt pi gwo "peche" lemonn te kapab imajine lè sa a. Enben ki peche sa te ye konsa mezanmi? Se "peche libète".

Listwa se listwa. Nou pa ka chanje li. Men nou kapab revizite li. Pale de li pou nou kapab eseye manyen bagay ke yo pa janm eksplike, e pou nou kapab kapte sa lemonn toujou mal konprann.

Vandredi pase a, nou te retounen nan le pase.  Nou te wè Tayino yo, premye pitit tè Ayiti yo.
 Nou te wè kijan jantiyès yo te rankontre ak goumandiz maren Kristòf Kolon yo.
 Nou te swiv Afriken yo, sòlda, jeneral, estratejis, ke yo te kidnape, sot peyi Lafrik, pou sèvi kòm esklav aprè ke Tayino yo te fin mouri nèt.
 Nou te wè kijan fòs Afriken yo, disiplin yo, kouraj yo te limen tankou yon dife nan chan kann.
 Nou te viv moman kote Dessalines, Toussaint, Capois, Makandal, Boukman, ak dè milye lòt esklav, san non, te leve kanpe, kraze chenn yo, epi di: "Nou se moun. Nou dwe viv lib."

Men apre yon gwo viktwa konsa mezanmi, nou te tande yon gwo silans. Pa t gen okenn peyi ki te voye felisitation. Pa t gen okenn ladan yo ki te lonje men. Oken pòt pa t louvri pou nouvo peyi sa ki te fèt fòme a.

Paske Ayiti te gen odasite. Li te pèmèt li. Li te komèt "peche libète."

E se la Pati 2 a kòmanse.

Zanmi nou yo, si Pati 1 an se te istwa kouraj pou vin lib, Pati 2 a se istwa pri nou peye pou nou te rete lib.

Oditè nou yo, mare senti w ankò. Paske jodi a, n ap antre nan chapit ki pi rèd la: Pinisyon yo ban nou pou libète sa a.

 

SOUVNI: Wi, men nou retounen ankò. Ou branche sou emisyon Souvni on the Mike la, avèk animatris emisyon an Souvni. W ap patisipe nan yon seri de diskisyon ki pral fèt pandan ete 2026 lan. 12 semèn. 12 vandredi. Ete 202 - Anba Po Ayisyen an. N ap akeyi, kounyeya, Mr Valentin ki pa ka tann pou salye tout moun.

VALENTIN: Oditè bonswa. Mwen kontan rejwenn avèk nou ankò jodiya. Souvni, m ap mande w yon kesyon, konbyen yon libète koute?

SOUVNI: Valentin, se yon bèl kesyon ou poze la wi. Mwen ta reponn ou ke libète pa pou vann. Libète pa gen yon pri, men yo fè nou peye chè pou li. 

VALENTIN: Konbyen ou panse ke libète te koute, yon blan Franse, oubyen yon Ameriken, tankou Thomas Jefferson, youn nan prezidan Etazini yo konsa?

SOUVNI: A! Li pa t koute l anyen. Li se yon nonm ki te fèt lib. Li te gen dwa pou l viv lib. Donk li pa bezwen pou peye pou libète li. Men, konbyen ou panse libète te koute yon esklav an Ayiti? 

VALENTIN: A! Sa te koute anpil

SOUVNI: E poukisa?

VALENTIN: Paske esklav la pa t dwe lib. Donk fòk li te peye pou libète li.

SOUVNI: Malerezman zanmi. Se konsa lemonn te panse nan jou sa yo. Yo te panse moun nwa pa moun ki te dwe viv lib. Donk fòk yo te peye pou libète yo.

VALENTIN: Souvni, mwen twouve gen moun ki byen pèmèt yo. Pou yo panse ke yo gen dwa pran desizyon ke se yo ki mèt nou. E si nou vle viv lib, fòk nou peye yo yon lajan pou sa. Sa vekse m anpil. Ki moun ki bay yo dwa sa?

 SOUVNI: Wi Valentin, gen moun ki byen pèmèt yo, wi. Yo leve maten, yo bwè ti kafe yo, epi yo fè tankou se yo ki gen pouvwa sou tèt tout moun. Yo panse si ou vle respire lib, fòk ou peye yo pou sa, tankou libète se te Netflix li te ye. Si ou vle l, fò w peye pou li. Men ki moun ki bay yo dwa sa vre? Se pa Bondye, se pa listwa. Se yo menm ki enstale tèt yo kòm mèt moun, san pèmisyon, san eleksyon, san wont menm. 

VALENTIN: Ki dwa yo genyen pou yo mete pri sou libète yon lòt moun? Libète pa machandiz. Se tankou si yo vle mete yon pri sou solèy ki ap chofe w la. Se yon gwo endiyasyon, pou yon gwoup moun gendwa deside pou yo mete tèt yo anlè, enpi chwazi yon gwoup moun pou mete anba. E si moun anba sa yo gen frekansite leve tèt yo, y ap fè yo pase tout lavi yo ap peye pou sa. Nou menm Ayisyen te peye yon gwo pri pou libète nou konsa. E n ap kontinye ap peye pri sa a jouk jounen jodi a. 

SOUVNI: Se pi gwo awogans mwen wè nan listwa. Franse yo, pa egzanp, te pran libète kòm pwopriyete prive yo. Yo pa t kreye l, men yo te vle vann li. Ki moun ki te ba yo lisans sa?

Nan peryòd apre ke Ayiti te jwenn endepandans li, 1e janvye 1804, zanmi, nou kapab imajinen tout moun t ap fete. Se te yon gwo moman nan listwa. Pou nou kapab konprann sa yon ti kras, an nou konpare moman sa a lè prezidan Barack Obama te eli prezidan Etazini.

VALENTIN: A! mwen sonje jou sa. Tou je te sou eleksyon an. Mwen pa t dòmi menm menm menm. Mwen te sou telefòn ap rele tout fanmi m, kèk zanmi m, pou mande yo èske y ap suiv sa sou televizyon. 

SOUVNI: Eben viktwa endepandans Ayiti a, se te yon moman prèske konsa. Valentin, lè Ayiti te pran endepandans li, 1e janvye 1804, se pa t moman pou ti kontantman. Se pa t moman pou yon ti “bravo!” nonplis. Non! Se te yon moman eksplozyon. Se te tankou yon tranblemantè emosyonèl. 

VALENTIN: Wi m dakò. Se te premye fwa nan listwa lemonn kote yon pèp esklav leve, bat mèt li, kraze chenn li, epi di: "Nou se moun. Nou lib". Se te yon moman kote tankou nou ta di gen yon limyè ki te pèse tenèb listwa. 

SOUVNI: Lè Barack Obama te eli prezidan Etazini nan ane 2008, lemonn antye te pran yon gwo souf ke yo t ap kenbe anndan yo depi dè santèn dane.

VALENTIN: Wi, paske pou anpil moun nwa, yo te soufri doulè diskriminasyon. Yo te fè fas ak anpil baryè.  Moun k ap di yo, "Ou pa p janm rive". Men jou Obama monte sou sèn nan, yo te eksperyanse yon bagay yo pa t janm panse yo t ap viv. Se te yon moman kote anpil moun te respire yon lòt kalite lè. Yon lè ki te di: "Sa yo te di ki enposib lan rive.", "Sa yo te di nou pa t dwe reve a, nou reve li, e nou reyalize l."

SOUVNI: Enben se te prèske menm santiman ki te genyen nan moman sa. Moman sa te sanble ak moman lè esklav yo te deklare tèt yo lib. Lè Obama te genyen eleksyon an, tout chèf deta rele pou felisite li: 

Nelson Mandela, ekri Obama yon bèl lèt. Li di felisitasyon. 

Thabo Mbeki, prezidan Sid Lafrik la lè sa, te voye konplimante li. 

Premye minis Kenya a, te selebre eritaj Obama, ki te gen papa l ki te soti Kenya. 

Premye minis Angletè a, Gordon Brown, bay Obama yon koutfil. 

Prezidan Lafrans lan, te rele Obama, e voye yon lèt pou li tou felisite l.      . 

Chanselye Alman an te voye felisitasyon. 

Lemonn antye t ap fete avèk li. Konpliman, kout chapo, felisitasyon t ap degrennen sot tonbe.

Premye minis Itali a, premye minis Kanada a, prezidan Meksik lan, prezidan Brezil lan, prezidan Venezyela, prezidan Kore Sid, premye minis Japon, End, Palestin, Izrayèl, Nasyon zini.

 

VALENTIN: Se te yon bann a yon pakèt felisitasyon. Wi, paske lè yon peyi vin gen yon nouvo prezidan eli, yon nouvo pouvwa, lòt chèf deta toujou rele pou felisite. Yo konnen se li ki pral anchaj negosyasyon politik. Se li ki pral jere zafè etranje yo. Se li ki vin nouvo ‘cherif’ nan vil diplomasi a.

SOUVNI: Men nan ka Ayiti? 1804. Lemonn te anpenpan. Sa pa t ap koute yo anyen pou yo te voye yon telegram, pou yo voye yon lèt. Pa t gen okenn felisitasyon.  Klòch libète a te sonnen. Nouvo Prezidan Ayiti an te monte. Anyen ditou. Zewo bare. Zip. Squat. Nada! 

VALENTIN: Se tankou ou fè fèt gradyasyon pou selebre yon gwo achèvnan. Ou envite tout moun. Epi pèsonn pa vini. Men yo tout la, ap gade foto w ou sou Facebook.

SOUVNI: Se te yon silans total. Pa yon sèl peyi. Pa yon sèl lèt. Pa yon sèl ‘bravo!’. Okenn men pa t lonje. Okenn pòt pa t louvri pou Ayiti.

VALENTIN: Obama te resevwa apèl. Men, Ayiti te resevwa menas.

SOUVNI: Obama te fè lemonn di, ‘Wi, nou rantre nan listwa’. Men, Ayiti te fè lemonn di ‘ki dwa w genyen pou rantre nan listwa?’

VALENTIN:  Se konsa mwen espere ke moun kapab konprann diferans lan. Lè libète fè lemonn alèz, yo selebre w, tankou Obama. Men, lè libète fè lemonn pè, yo pini w. Yo vire do ba ou, tankou Ayiti.

SOUVNI: Ayiti te vin tounen yon timoun piti ke yo te mete ajenou nan pinisyon. Pa t gen okenn peyi ki te vle brase kòmès avè l. Lafrans pa t rekonèt gouvènman Ayiti a. Peyi Lespay te vire do  pou Ayiti. Angletè bay Ayiti yon bwa long kenbe. Etazini te fèmen pòt lan ak kle. Ata Vatikan te nan bagay la tou. 

VALENTIN: Yo te di, 'Si nou rekonèt Ayiti, esklav lakay nou ap fè menm bagay la. Nou pa ka pran risk sa!'

SOUVNI: Apre 1804, Ayiti te nan yon sitiyasyon trè difisil. Pifò plantasyon yo te kraze pandan lagè endepandans lan. Pifò enfrastrikti kolonyal yo te detwi. Pa t gen izin lokal ki pou te pwodwi anpil nan sa peyi a te bezwen. Se poutèt sa Ayiti te bezwen enpòte plizyè bagay pou l siviv. Li te bezwen fè zanmi ak lòt peyi yo. 

VALENTIN: Lafrans, Etazini, ak lòt peyi nan Ewòp la te konnen ke Ayiti pa t ap kapab siviv san enpòtasyon sa yo.  Donk yo te mete peyi a nan yon izolasyon pou wè si yo ta koule peyi a. 

SOUVNI: Alò pou di laverite, yo pa t vle rekonèt peyi a ofisyèlman, men lòt peyi yo, yo pa sòt non. Yo te fèmen je yo, men yo t ap gade ak ti kwen je a kanmenm. Yo te fèmen bouch yo, men yo te kenbe zòrèy yo an twonpèt. Paske yo konnen, depi Lafrans pa t nan mele a ankò, se te yon gwo opòtinite ki louvri pou tout moun, pou yo vin yaya kò yo, antre, vòlè pran sa ki rete a nan peyi a. 

VALENTIN: Se te yon jwèt diplomatik kote tout moun t ap fè kòmsi yo pa wè Ayiti, men an verite se mezire yo t ap mezire distans yo bezwen pou yo sote sou li. Se konsa listwa konn ye lè pouvwa chanje men. Moun ki pa vle rekonèt ou an, se yo menm ki pi prese vin fouye valiz ou.

 

SOUVNI: Donk pou mete abse sou klou, yo te vin mete presyon sou Ayiti, pou wè si yo te ka fè l retounen nan esklavaj ankò. Yo te mete yon anbago sou peyi a.

VALENTIN: Yon anbago, se lè yon peyi oswa yon gwoup peyi deside fèmen tout pòt komès ak ou. Yo pa vann ou anyen, yo pa achte anyen nan men ou, yo pa kite ou fè okenn tranzaksyon. Se tankou yo mete yon kadna sou ekonomi w, epi yo kenbe kle a nan pòch yo. Sa kreye yon kalite izolasyon kote ou pa ka respire ekonomikman. Yon anbago se pa sèlman yon sanksyon, se yon presyon, yon menas, yon fason pou fòse yon peyi bese tèt li nan jwèt diplomasi entènasyonal la. 

SOUVNI: Ayiti te tankou yon KOVID‑1804. Tout moun mete l an karantèn.  Yo te izole l. Pa t gen okenn alyans ofisyèl ki te fèt avèk okenn lòt peyi. Ayiti se te yon peyi plantasyon. Yo konnen si l te fè pwodui pou l vann lòt peyi tankou sik, kafe, koton, twal swa, sa ta ba li lajan pou l enpòte bagay ki nesesè.

VALENTIN: Ki kalite bagay ke Ayiti te bezwen konsa?

SOUVNI: Li te bezwen tout pwodui ke yo pa t fè nan peyi a. Pwodui tankou zam, poud pou fè kanon pou yo kapab pwoteje endepandans lan kont menas Lafrans ak lòt peyi.

VALENTIN: A wi, yo te bezwen zouti agrikòl tankou rach, kouto, mato, pikwa pou yo te kapab travay nan jaden pou rekòmanse pwodiksyon manje nan peyi a.

SOUVNI: Yo te bezwen machin ak ekipman pou plantasyon, pou yo kapab pwodui sik, kafe, koton. Bagay sa yo te esansyèl pou ekonomi an, men yo te difisil pou jwenn akoz anbago a.

VALENTIN: A wi. Epitou. Ayiti pa t gen izin twal. Pifò rad te soti nan Ewòp oubyen nan peyi Etazini. Yo te bezwen medikaman ak ekipman medikal tou. Pa t gen lopital modèn, e pa t gen pwodiksyon medikaman nan peyi a tou.

SOUVNI:  Ou konnen you te bezwen zouti konstriksyon tou, bagay tankou klou, bwa, fè, siman. Peyi a te bezwen rebati vil yo apre lagè endepandans lan.

VALENTIN: Ayiti te bezwen manje ki pa t pwodwi nan peyi a tou: farin, sèl, pwason sale, epis. Pwodiksyon lokal peyi a te febli anpil apre lagè endepandans lan. Yo te konnen ke fòk te gen komès ki mache pou peyi a pran fil aprè. Men lòt peyi yo, yo pa t fè sa. Yo pa t lonje men, Yo te pè manyen Ayiti. Yo te pè ke libète esklav yo te kontajye.

SOUVNI: Apre 1804, Etazini, Lafrans, ak lòt peyi Ewòp yo te fè konbinezon pou izole Ayiti, pou koupe komès, pou mete presyon ekonomik, pou fè libète Ayiti an tounen yon avètisman. Se te yon plan pou yo te febli peyi a. Libète Ayiti te tounen yon menas pou yo, e yo te reyaji tankou se yon krim Ayiti te fè.

VALENTIN: Men malgre yo te abandone Ayiti, yo te toujou ap chache yon fason pou yo te prije tout sa l te genyen.

SOUVNI: Men wi, ou tou konn sa. Paske se avèk yon bann vòlè w annafè.

VALENTIN: Donk premyèman Lafrans parèt.

SOUVNI: Lafrans parèt avèk 12 gwo bato lagè.Li bloke pò Ayiti an.

VALENTIN: Mwen gen enpresyon se pa yon ti vizit yo te vin fè. 

SOUVNI: Se te yon menas. Yo wè Ayiti t ap rale toujou. Yo ta panse l ta gentan mouri. Donk yo vin atake pou eseye koule l pi fon.

VALENTN: Ki sa yo te bezwen?

SOUVNI: Ak gwo je chèch, Lafrans di, "Peye nou 150 milyon fran ke ou dwe nou". Nou vin chache lajan nou.

VALENTIN: Lajan ki kote sa? Men, nou pa t achte anyen nan men yo. Kijan fè nou dwe you?!

SOUVNI: O O, se sa w ta panse. Franse yo di: “Nou vle lajan pou esklav nou yo. Nou vle lajan pou plantasyon nou yo. Nou vle lajan pou libète ou.”

VALENTIN: A la yo penmèt yo. Se tankou yon vòlè antre lakay ou, epi ou goumen avèk li. Ou ba l kèk bon tabòk, ou kraze zo li, ou demontibile machwè li, men li chape avèk tout lajan ou te genyen nan kòf ou. Enpi apre sa, li voye yon bil pou ou, pou peye li paske ou te maltrete li lè l te vin vòlè lakay ou.

SOUVNI: A! ou konprann bagay la. “Se tankou yon moun kraze machin ou, epi li voye ou yon bil pou w kapab repare machin nan.”

VALENTIN: Èske Ayiti te gen lajan pou peye dèt sa a?

SOUVNI: Ki kote Ayiti ta pral jwenn lajan sa pou l peye a. Ayiti te izole. Pa gen komès ki t ap brase. Pa gen afè ki t ap fèt.

VALENTIN: Kijan yo te fè peye dèt la?

SOUVNI: Enben, se la ou pral vekse plis kounye a. Paske lè Ayiti fin pase anba tout presyon, tout izolasyon, tout menas sa yo. Lòt peyi gentan wè yon opòtinite pou antre Ayiti pou mete men sou finans Ayiti. Yo di: ‘Ayiti, m ap prete w lajan, men w ap oblije ban m sa, w ap oblije fè sa.’ Se te yon mache kote chak peyi t ap chache pran ti moso pa yo. Se te tankou yo te wè yon pòt louvri pou yo antre fè ti biznis sou do yon nasyon. Se pa prete yo t ap prete nou, se lavni yo t ap asire annavans nan peyi a. 

VALENTIN: Donk distans pou dèt sa te fin peye la, Ayiti pa t ap gen anyen ki te rete pou. li ankò.

SOUVNI: Menm Lafrans, wi, jan w pral tande l la. Menm Lafrans te gen odas pou di: ‘Pa gen pwoblèm Ayiti, m ap prete w lajan pou w ka peye lajan ou dwe m nan.’ Ou tande sa? Yo prete w lajan pou w peye yo, epi yo mete enterè sou lajan yo prete w, pou w peye dèt yo te fòse w genyen an. Se tankou yon moun vin vòlè w, epi lè w tonbe rele, vòlè di: ‘Pa kriye ti cheri, m ap prete w lajan pou w ka ranbouse m tout sa mwen vòlè w la.’ Si sa pa fè yon moun vekse, mwen pa konnen kisa ki ka fè l ankò.

VALENTIN: Kisa?

SOUVNI:  Men wi. Se te yon piyay. Kounye a tout rannman Ayiti ap fè se te pou peye dèt sèlman. Èske ou poko janm nan sitiyasyon sa, kote tout lajan ou touche se dèt sèlman w ap peye avè l?

VALENTIN: Se te yon vòl byen òganize.

SOUVNI: O O! Sa pa anyen. Ou pral tande vòl toujou.

VALENTIN: O O kisa ankò la a?

SOUVNI: Lafrans fin plwaye Ayiti anba dèt. Etazini gade sa, yo di: ‘Ah wi, men opòtinite!’  Yo vin rekonèt Ayiti. Tout lòt peyi swiv. Tout moun ap fè tankou yo vin zanmi Ayiti. Men se pa lanmou non. Se paske yo te vle yon plas nan bous peyi a. Yo wè pòt la louvri. Yo wè Lafrans jwenn yon fason pou dechèpiye peyi a, epi yo tout rale chèz yo pou yo antre nan dans la tou. Se pa rekonesans yo t ap bay non, se rekonesans yo t ap chache nan labank peyi a.

VALENTIN: O O men ni tou.

SOUVNI: Ane 1914, Etazini pa t menm fè anpil pale. Yo debake Ayiti tankou moun ki antre nan yon kay san yo pa envite. Yo desann, yo gade peyi a dwat nan je, epi yo di: ‘Ayiti, avèk tout dèt sa yo, ou pa ka okipe tèt ou. Nou vin okipe w.’ Men se fason yo te di l la ki fè kè w sere. Yo te di sa tankou yon moun ki pran kle kay ou, epi li di w se pou pwòp sekirite w. Men se pa èd li te pote, se kontwòl li te vin pran.


 VALENTIN: Donk, se pa sekirite yo te vin mete annòd. Se pa enstitisyon yo te vin ranje.  Yo te pase 19 ane ak fouye men yo byen fon nan tout lajan peyi a. Se Ameriken ki te vin direktè labank. Se yo ki te vin trezorye. Se yo ki t ap fè kontwòl. Okipasyon Ameriken an? Se tankou yon moun antre lakay ou, epi li di: "Mwen vin ede w òganize kay la. Epi premye bagay li òganize, se kont labank ou."

SOUVNI: Etazini di yo vin ede, men yo ede tèt yo an premye. Se tankou yo prete machin ou, epi yo fè Uber ak li, pou yo fè lajan pa yo.

VALENTIN: Èske okipasyon Ameriken an te fè anyen pou Ayiti menm? 

SOUVNI: Yo te bati kèk wout, kèk lekòl, kèk lopital, men tout sa yo te bati, se te pou pwòp bezwen pa yo. 

VALENTIN: Yo bati wout, wi, men se wout ki mennen yo kote yo te bezwen ale, pa kote Ayiti te bezwen rive.

SOUVNI: Kou ki pou te touye koukou a rive. 17 Desanm 1914. Gwo lajounen! Ameriken voye Marines debake Ayiti. Yo antre tankou se yo ki mèt kay la. Yo louvri Labank Nasyonal Repiblik Ayiti, epi yo pran tout lajan peyi a. Yo retire $500,000 an lò, wi, tout lò a yo pran l, yo mete l nan gwo bwat, yo chaje l sou bato lagè, epi yo voye l New York. Tout moun te kanpe sou ran ap gade, men pèsonn pa t ka fè anyen. Se te yon vòl ofisyèl, ak inifòm, ak drapo, ak souri frèt. 

VALENTIN: Pa gen moun ki te ka kanpe yo? 

SOUVNI: Kibò sa la? Yo te gen kontwòl tout bagay. Yo te òganize sa ak presizyon. Epi lè yo fin pran sa yo vle, yo desann nou.  Yo imilye nou. Yo fè moun pè nou, pou n ka rete atè a, pou n ka depann sou yo toujou.

VALENTIN: Enben m gentan gen lide kote w prale ak sa.

SOUVNI: A wi. Apre tout sa yo fè a, yo kòmanse fè pwopagann. Yo gaye pawòl. Yo di Ayiti se yon peyi malediksyon. Yo di Ayiti pa ka òganize. Yo di Ayiti pa ka devlope. Yo fè tankou pwoblèm nan se nan Ayisyen sa soti. Se pa t nan zak yo te fè a sa soti.

VALENTIN: Men yo pa janm di verite a. Se yo ki te kraze ekonomi nou. Se yo ki te pran lajan nou. Se yo ki te izole nou. Se yo ki te vin okipe nou. Yo pa janm mete sa nan liv istwa yo.

SOUVNI: Yo te vin okipe Ayiti, men yo pa t konprann peyi a ditou. Yo pa t chache konprann pèp la. Yo pa t chache konprann tradisyon yo. Yo te antre tankou se te yon tè vid ki te la. Yo pa t bay nanm nasyon an okenn konsiderasyon.

VALENTIN: Yo pa t respekte libète Ayisyen. Nan peyi Etazini lè sa, moun nwa pa t egal ak moun blan. Kijan fè pou yo ta respekte Ayisyen? Yo te mete anpil entèdiksyon sou Ayisyen. Yo pa t vle Ayisyen pale. Yo pa t vle yo rasanble. Yo pa t vle yo pratike relijyon yo. Men yo menm? Yo t ap pouse pwòp ideyoloji yo sou tout Ayisyen, tankou se sèl fason ki te genyen pou te viv.

SOUVNI: Yo te vin pran lajan, pran tè, pran pouvwa. Epi lè yo fin pran tout sa yo te vle a, yo mete Ayiti sou jounal pou fè moun kwè ke pèp Ayisyen se yon pèp ki sauvaj. Se yon pèp ki pa t dwe egziste.

VALENTIN: Yo te fè tout sa, epi yo mande: "Poukisa Ayiti konsa?"

SOUVNI: Yo bloke tout wout, epi y ap mande: "Poukisa peyi a pa avanse!"

VALENTIN: Yo fèmen pòt la sou nou, epi y ap mande: "Poukisa nou rete deyò?" 

SOUVNI: Yo mare pye peyi a, epi y ap mande: "Poukisa peyi a pa mache?" 

VALENTIN: Yo retire opòtinite pou nou fè manje, epi y ap mande: "Poukisa nou grangou?"

SOUVNI: Yo koupe kouran an, epi yo mande: "Poukisa Ayiti nan fènwa?"

VALENTIN: Yo mete wòch sou wout nou, epi y ap mande: "Poukisa Ayisyen ap bite konsa?" 

SOUVNI: Yo retire nechèl la, epi y ap di: "Poukisa Ayiti pa monte?"

VALENTIN: Yo fèmen bouch Ayiti, epi y ap mande: "Poukisa Ayiti pa ka pale?" 

SOUVNI: Yo fèmen tout wout yo, epi y ap mande: "Poukisa nou pa ka rive?"

VALENTIN: Yo pran tout zouti nou, epi y ap mande: "Poukisa nou pa ka bati?" 

SOUVNI: Yo kraze jaden nou, epi y ap mande: "Poukisa nou pa ka gen rekòt?"

VALENTIN: Yo pran tout lajan nou epi y ap mande, "Poukisa n pòv konsa?"

SOUVNI: Donk lè moun deyò ap gade Ayiti, sa yo wè se sa ki sou sifas la. Se sa yo wè nan nouvèl. Se sa yo tande touris ki senpleman pase de (2) grenn jou nan peyi ap di:  Dezòd nan lari, moun k ap mande, povrete, yon peyi ki san defans militè, lekòl ki pa òganize, lopital ki limite, yo peyi san sistèm ijans medikal, gouvènman ki pa estab, koudeta youn dèyè lòt. Yo wè tout sa.

VALENTIN: Men sa yo pa wè, se wòl pa yo ke yo te jwe nan tout sa. Yo bliye louvri liv listwa yo. Yo bliye gade verite a. Sitiyasyon Ayiti jodi a pa sòti nan okenn vakabondaj. Sitiyasyon Ayiti jodi a, se yon sitiyasyon ke tout peyi sa yo te kreye. Yo te pran san yo tankou moun k ap planifye yon gwo asasina. Yo te kalkile pri libète Ayisyen an, enpi yo voye bil la ban nou.

SOUVNI: Libète te koute Ayisyen chè. Li te koute 150 milyon fran Lafrans. Li te koute nou okipasyon Ameriken an. Li te koute nou izolasyon. Li te koute nou anbago ekonomik. Li te koute nou move pwopagann nan peyi ki vle wè nou koule fon. Libète Ayiti te koute yon jenerasyon k ap lite, k ap kenbe, k ap leve. Libète Ayiti te koute anpil. Men li pa t koute nou nanm nou. E se poutèt sa, malgre tout sa yo fè nou peye, Ayiti toujou la. Ayiti toujou kanpe. Ayiti toujou Ayiti.

Donk zanmi oditè nou yo. N ap kontinye avèk emisyon nou. Men se la nou rete avèk pati diskisyon nou pou jodi a. Nou espere ke w te aprann anpil bagay. Nou ankouraje ou pou retounen branche sou emisyon nou sou Radyo Konpa 1320 AM chak vandredi a 7:30, oubyen ale sou podcast nou pou fin tande istwa nan seri sa a. Vandredi pwochen, nou pral pase Yon Jou Nan Lavi Dessalines. Dakò zanmi, rete branche. Pa deploge. La Famille Pòt ap vini talè konsa.


La Famille Pòt

“Kote Envite yo?”

Epizòd 23

OVILA: Mezanmi, ann fin ranje kay la non! Talè konsa fèt la pral kòmanse. Se 1e fèt endepandans nou nou pral fete! Èske ou te poste tout envitasyon yo, Freya?

FREYA: Yea, Mommy, all the invitations went. Nou te envite anpil peyi nan fèt la.

OVILA. Okay Freya. Paske griyo an pare. Bannann peze a tou cho. Diri kole a byen grennen.

DYAK: E kisa n ap sèvi kòm bwason, Ovila?

OVILA: Dyak, mwen fè yon ti ponch. Men ou pa dwe bwè twòp non, pou w pa sou.

DYAK: Ovila, sa w ap vin di m la? Se 1e fèt endepandans peyi a. Se yon gran okazyon. Fò m lage yon ti kleren desann kanmenm.

OVILA: Tika, èske ou asire ke tout peyi te reponn a envitasyon yo?

TIKA: Manmie, gen anpil peyi ki pa reponn.

OVILA: O O! Se Freya ki te anchaj voye envitasyon yo ale. Li di m ke li fè sèten ke li te voye tout. Èske ou te mete envitasyon yo nan jounal tou, Freya?

FREYA: Yeah, Mommy, I sent them all. M te tcheke sa, e m retcheke l. Pou Etazini, yo te remèt Prezidan Thomas Jefferson envitasyon l lan nan pla men l.

OVILA: Ki vle di la a, li te wè envitasyon yo, men li pa t reponn. Mezanmi o!

DYAK: Enben Ovila, petèt li gen pwoblèm ak youn nan 600 esklav li yo. Ou konnen, si youn malad, li pa ka kite lòt 599 yo pou kont yo.

TIKA: Oswa petèt li pa vle esklav li yo wè yon Ayiti ki lib.  Li ka pè pou yo pa mande li: “Bòs, e nou menm, ki lè n ap lib tou?”

FREYA: Mommy, maybe he’s lost. Petèt GPS li an pa ka twouve Ayiti.

DYAK: M pa panse GPS Thomas Jefferson nan ap branche sou peyi moun nwa ki lib.

OVILA: E peyi Lafrans, Tika, èske yo te reponn envitasyon nou an?

TIKA: Non manmie. Yo di nou, yo pa ka vini. Lafrans voye di nou pou nou eseye envite yo nan yon lòt santan ankò.

OVILA: A! Se bagay delenkan Lafrans ap fè la. E peyi Lespay, Tika, kisa yo di? 


 TIKA: Manmie, peyi Lespay di si Lafrans p ap vini, yo p ap vini tou.

OVILA: O o! Ki tenten sa a? E peyi Litali, Tika?

TIKA: Peyi Litali ban nou yon silans tankou yon moun ki nan meditasyon.

OVILA: Ki vle di la, pa gen yon peyi ki te dakò fete 1e fèt endepandans Ayiti avèk nou?!

FREYA: Maybe they're scared. Petèt yo pè, mommy. Yo fè alèji a moun nwa ki lib.

OVILA: Enben se yon sèl bagay la pou nou fè wi la.

DYAK: Ovila, kisa ou pral fè la?
 
 

OVILA: Enben Dyak, m pral bay yo tout yon kout fil, pou m konfime si y ap vini ou pa. Premye peyi m ap rele, se peyi Etazini.

MESYE JEFFERSON: Hello? Sa se Thomas Jefferson. Who is this?

OVILA: Alo, bonswa Mesye Jefferson. Se Ovila Pòt ki ap rele w la. Nou te voye yon envitasyon pou 1e fèt endepandans Ayiti ba ou. Men m pa t jwenn yon repons nan men w. M te bezwen konnen si w ap vini.

MESYE JEFFERSON: A! wi wi, Ovila! Fèt endepandans lan. Mwen t ap fè preparasyon pou m vini men, GPS mwen kase. Li pa montre Ayiti sou kat la.

DYAK: Li pa montre Ayiti paske li pa vle wè Ayiti.

OVILA: Pe bouch ou Dyak. M ap pale nan telefòn! O! GPS ou kase Mesye Jefferson?

MESYE JEFFERSON: A wi wi, mwen pa ka jwenn paspò mwen. E, mwen panse youn nan esklav mwen yo pran lafyèv, m pa ka kite li pou kont li. E, mwen pa vle twouble nou tou.

OVILA: Twouble nou? Nou gen bon ti griyo ak bon ti kleren la. Nou pa ka twouble! Sanble ou pè vini?

MESYE JEFFERSON: Non, non, non se pa sa non. Mwen pa pè! Se, se, twòp moun nwa lib nan yon sèl kay. Mwen pa alèz ak sa.

TOUT FANMI AN: KISA??!

MESYE JEFFERSON: Epitou Ovila, mwen chache, men, mwen pa ka jwenn Ayiti sou glòb mwen an. Li pa make. Se tankou li pa egziste ditou.

DYAK: Monchè, li pa egziste nan glòb ou an, men li egziste nan listwa.

FREYA: Mommy, sanble li bezwen yon nouvo glòb. Yon glòb ki gen libète ladan l.

MESYE JEFFERSON: E, mwen panse m ap rete lakay mwen. Mwen poko prè pou listwa sa a, Ovila. Mwen gen tèt fè mal.

OVILA: Ou pa bezwen enkyete w Mesye Jefferson, listwa va ratrape avèk ou yon jou kanmenm.

MESYE JEFFERSON:  Bon Ovila, m ap kite w la wi. Fè fèt la san mwen.

OVILA: Pa gen pwoblèm, Mr. Jefferson. Nou va selebre libète nou san ou. Enpi n ap voye ti griyo pou ou tèt fè mal la.

MESYE JEFFERSON: O Wi, Ovila, ou mèt voye yon bokit griyo, ak anpil diri kole, ak bannann peze. M ap tann li. 

END

Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Se te Souvni on the Mike.  Pase bon wikenn