Souvni On The Mike
Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. Every Friday night at 8 PM, this Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. The show's very name, "Souvni," meaning "Remember," signals its core mission: to be a living archive of cherished experiences and a bridge between generations of Haitians, both at home and across the diaspora.
At its foundation, the program is a powerful tool for language acquisition. Recognizing the challenges faced by intermediate and advanced learners, Souvni On The Mike provides a full transcript in Creole for every episode. This thoughtful feature allows students to read along as they listen, reinforcing their comprehension, expanding their vocabulary, and tuning their ears to the natural cadence and nuances of authentic Haitian speech. It moves beyond simple vocabulary drills, placing learners directly into the flow of real conversation, humor, and storytelling, making the process of mastering Creole both engaging and effective.
The soul of the show is its signature segment, "La Famille Pòt" (The Pòt Family). This weekly skit injects a dose of drama and comedy that is both relatable and distinctly Haitian. Through the lives, laughter, and squabbles of the Pòt family, the show explores everyday situations, cultural touchstones, and social dynamics in a way that is both entertaining and illuminating. This recurring drama not only captivates listeners but also provides rich context for language learners, showcasing how Creole is used in real family settings, complete with idioms, affectionate teasing, and the warmth of familiar interaction. It is this blend of humor and heart that makes the podcast feel less like a lesson and more like a visit with old friends.
Hosted on the widely accessible platform Buzzsprout.com, Souvni On The Mike ensures its reach is as broad as its ambition. The platform's user-friendly interface makes it easy for anyone, from a curious language student in Europe to a homesick Haitian in North America, to tune in and download episodes and transcripts. This accessibility is crucial to the show's goal of fostering a deeper connection within the global Haitian community and providing a welcoming gateway for outsiders.
Ultimately, Souvni On The Mike is more than just a podcast; it is a cultural touchstone. It serves as a vital link for Haitians longing to relive the memories and rhythms of their homeland, offering a sonic space where their language and culture are celebrated with pride and authenticity. Simultaneously, it extends a warm invitation to foreigners, demystifying Haitian culture and offering an enjoyable, participatory way to engage with its vibrant spirit. By blending practical language tools with compelling entertainment, Souvni On The Mike succeeds in its mission to educate, unite, and entertain, one Friday night at a time.
Souvni On The Mike
A Day in the Life of Jean-Jacques Dessalines
Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.
In Week 3 of our Summer 2026 series, Under the Haitian Skin, we step beyond the history books and into the lived reality of Jean‑Jacques Dessalines, not the myth, not the propaganda, but the man.
This episode takes listeners through a single day in Dessalines’ life, revealing the emotional truth behind the figure the world thinks it knows. We explore how a child born in chains became the architect of Haiti’s independence, and how the world used his name as a lens to judge an entire nation.
Through a powerful conversation between Souvni and Valentin, we uncover the psychological scars Dessalines carried from enslavement, the betrayals that shaped his distrust of colonial powers, the propaganda that turned a liberator into a villain in foreign eyes, the tenderness and grounding he found through Marie‑Claire Heureuse, and the survival logic behind his leadership, a logic born from brutality, not cruelty
And as always, we close with a new episode of La Famille Pòt, where Tika paints Dessalines with three faces, a humorous, heartfelt moment that reveals a deeper truth: a man who lived through fire cannot have just one face.
This week’s episode is not just history. It is an invitation to understand how the world sees Haiti through Dessalines, and how we, as Haitians, can reclaim the narrative.
Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/
SOUVNI: Bonswa chè zanmi oditè. Welcome! N ap voye yon bèl kout chapo pou tout Ayisyen lakay, tout Ayisyen nan dyaspora a, tout sa k ap koute nou nan machin yo, nan salon lakay yo, nan travay, oubyen ki ap koute nou pandan y ap fè bon ti manje gou Ayisyen nan kuizin yo.
Onè respè pou nou tout!
Nou kontan rantre lakay ou aswè a. W ap koute emisyon Souvni on the Mike la, e wi, ou ka jwenn nou tou sou podcast Souvni on the Mike la, epi chak Vandredi swa tou a 7:30 sou Radyo Konpa WLQY 1320 AM.
Zanmi, n ap kontinye seri espesyal nou an, Ete 2026 - Anba Po Ayisyen an. Yon seri k ap dire de 12 Jen rive jiska 28 Out, kote n ap fouye fon nan rasin nou, nan idantite nou, nan sikoloji nou, e nan pèsistans nou kòm yon pèp.
Nou sou twazyèm semèn nan seri an ke nou rele an Angle, Summer 2026 - Under the Haitian Skin.
Gen de bagay, mezanmi, ou p ap janm konprann yo si w gade sou sifas yo sèlman.Menm jan ak yon aparèy ki pa mache, fòk ou louvri l, demonte l,gade chak ti pyès yo youn pa youn,pou w ka wè kijan tout ti moso yo mare ansanm, pou w konprann kijan pou fè l mache.
Semèn pase, nou te pale de pri ke nou menm Ayisyen te peye pou libète nou. E jodi a, nou pral antre anba po Jean-Jacques Dessalines ki se achitèk endepandans Ayiti a. Se li ki te deklare Ayiti lib nan dat 1e janvye 1804.
Jean‑Jacques Dessalines se pa sèlman yon nonm nan istwa Ayiti. Non, li se yon linèt ke lemonn itilize pou gade tout Ayisyen. Si nou vle antre anba po Ayisyen an, fòk nou gade kijan lemonn wè nou atravè figi Dessalines. Paske konprann Dessalines, se konprann imaj nou nan zye lòt yo.
Èske nou sonje jan nou te di semèn pase an, ke libète pa t gratis? E kòman jouk jounen jodi, Ayisyen ap peye pou libète li? Ebyen, jodiya, m ap fè ou konnen ke, Jean‑Jacques Dessalines te peye pri libète sa a tou. Li te peye pou li mil fwa plis. Aprè lanmò li, etranje te vle efase non l. Yo te pase non li nan pousyè. Yo te pran kouraj li te genyen pou l te batay pou libète pèp li, vire l, fè l tounen yon zak sovaj. Yo te pran lefè ke li t ap defann pèp li, yo te fè sa tounen yon krim.
Nan jounal, nan liv, nan pawòl yo, yo te fè l pase pou mechan. Paske se pi fasil pou fè ewo a pase pou lènmi, pase pou yo te admèt ke yo te pèdi devan yon moun ke yo te fè esklav. Dessalines pèp Ayiti a konnen an, se yon ewo. Men Dessalines jounal etranje yo te pentire a, se te yon lonbraj yo te fabrike pou kouvri fayit yo. Apre 1804, yo pa t sèlman pèdi batay la, men yo te pèdi fyète yo. E pou kache sa, yo te kraze non Dessalines nan jounal, nan lèt, e nan move pwopagann.
Ayisyen selebre Dessalines kòm achitèk lendepandans yo, kòm liberatè esklav yo. Men sou sèn entènasyonal la, etranje yo te wè Dessalines kòm yon menas pou ras blan an, yon moun ki vyolan, yon lidè san pitye, yon moun sovaj.
Aprè endepandans Ayiti an, kèk jounal te mete pwopagann deyò pou fè Dessalines parèt kòm yon nonm ki leve maten, pran yon epe nan yon men, enpi alimèt nan lòt men an, epi 'koupe tèt boule kay'. Se pwopagann sa a ke yo te fè sou non li.
Yo fè l parèt tankou se li menm ki te vilen nan fim aksyon Istwa Ayiti a. Yo fè kòmsi se li menm ki te opozisyon an. Men yo pa t janm bay Dessalines, nèg lan, yon chans. Yo pa t janm chache konnen nonm nan. Dessalines, pitit gason ke l te ye a, frè a, papa a.
Ti kote ki te dous nan li, ti kote ki te bezwen lanmou an, ti kote ki te konn fè sòlda yo ri, yo pa t enterese nan sa ditou.
Anvan Dessalines te yon jeneral, li te yon timoun ki te fèt nan lesklavaj. Li te yon esklav ki te pote mak sou po l. Si n ap gade nan liv, listwa te rele yo mak sa yo, mak kouraj. Men Dessalines li menm li te konnen, mak sa yo se te kout rigwaz ki te leve l maten, e ki te voye l dòmi nan kabann leswa.
Donk, li te yon nonm, tou. Yon nonm tankou tout moun. Yon nonm ki te pase mizè. Yon nonm ki te bezwen afeksyon. Yon nonm ki te gen yon kè dou menm si lavi te mete yon gwo wòch lou sou kè li.
Si lemonn te montre pòtre sa a, moun ta konprann li pi byen. Yo ta wè li te yon imen tankou nou tout. Men se pa imaj sa a ke yo te vle prezante.
E se la nou pral antre nan diskisyon nou jodi a: Dessalines, nonm nan. Dessalines anba po li. Dessalines ke listwa pa t janm ban nou an.
SOUVNI: Wi zanmi, nou pral chache konnen Jean-Jacques Dessalines nan yon fason ki pi pèsonèl. E pou ede m fouye nan pwofondè sa yo, ann akeyi patnè m nan mikwo a, Mesye Valentin.
VALENTIN: Onè respè tout zanmi oditè nou yo. Mwen kontan retounen avèk nou nan emisyon Souvni on the Mike sa a. Mwen pare pou fouye, pou mande kesyon, epi pou fè gason an, Dessalines, soti nan lejann lan pou antre l nan reyalite a.
SOUVNI: Aswè a, Valentin, nou pa vin rakonte listwa. Nou vin rakonte yon verite emosyonèl ki t ap bat dèyè listwa. Nou pral gade yon jou antye nan lavi Jean‑Jacques Dessalines. Nou pral fouye zo nan kalalou pou nou ka konnen ki kalite moun Dessalines te ye anba po li.
VALENTIN: Sa vle di nou pral retire mask ke lemonn te mete nan figi l la?
SOUVNI: Egzakteman. Paske Dessalines pa t fèt tou lejann. Li te fèt moun, epi Ayiti fè l tounen yon fòs.
SOUVNI: Lematen Dessalines leve bonè bonè, anvan solèy la te sonje leve menm. Konnen sa, se pa paske li te gen disiplin non, men se paske move rèv t ap toumante tèt li, tankou yon bann rara ki kole nan katye ou, ki pa vle kite w dòmi.
VALENTIN: Tann, tann yon moman. Ou vle di Dessalines, gason ki te fè Lafrans tranble a, te konn leve ak kè sere? Tankou yon moun ki gen anksyete lematen?
SOUVNI: Valentin, lè ou leve nan lesklavaj, ou pa janm santi ou gen otorizasyon pou ret nan kabann long non. Menm lè Dessalines te vin lib, kò l pa t janm aprann sa ki rele "dòmi dous lan." Li te toujou leve bonè, paske tèt li te toujou chaje ak responsablite. Se yon gason ki te konn leve ap swe nan chalè a, respirasyon l byen rapid, paske l ap koute frèt k ap bat Ayisyen parèy li. L ap tande moun k ap rele paske y ap maltrete yo. L ap tande moun k ap plenn anvan yo mouri. Se son lenjistis sa yo ki te leve l nan kabann.
VALENTIN: Se vwa konpatriyòt li ki te leve l nan dòmi. Men li pa t kapab fè anyen pou ede yo. Epi pa bliye sant ki te nan lè a tou. Sa te anpeche esklav yo dòmi byen.
SOUVNI: Esklav Ayiti yo te pwodui 40% tout sik blan nan lemonn antye. E 60% kafe nan lemonn antye tou. Sa se te anpil. W ap imajinen jodiya yo gen machin pou fè pwodiksyon sa yo, men lontan se esklav ki ta fè kòve sa yo.
VALENTIN: Esklav yo t ap fè travay yon machin ta dwe fè, yon ekipman konplike ki fèt pou sipòte chalè, lafimen, ak pwodiksyon san pran souf.Si se te machin ki t ap fè travay sa yo, lafimen sik la pa t ap deranje yo.Men figi esklav yo, poumon yo, po yo, yo pa t fèt pou te sipòte sa.Se kò imen yo ki te pran tout chay lafimen sa.
SOUVNI: Wi, pou fè sik la, yo te kenbe kann nan ak men yo.Kann nan t ap chire po yo, t ap koupe dwèt yo,paske yo pa t gen gan, yo pa t gen pwoteksyon.Men yo t ap senyen pandan yo t ap travay,tankou se te kò yo ki te tounen zouti pou izin sik la.
VALENTIN: Apre yo fin koupe kann nan, yo te pase l nan yon gwo machin k ap woule san pran souf.Se la anpil esklav te pèdi lavi yo,paske machin sa a te konn rale men yo, trennen yo,koupe yo vivan, san yo pa menm gen tan rele.
SOUVNI: E malgre tout sa, lè yon esklav mouri, travay la pa t kanpe.Yo te fòse yon lòt pran plas li menm jou a, menm lè a.Paske pou mèt plantasyon an, pwodiksyon sik la te pi enpòtan pase lavi yon moun.Si sik pa t fèt, lajan pa t antre.Donk pou yo, pa t gen okenn rezon pou yo sispann pwodiksyon an, menm lè se te lavi yon moun ki te pèdi.
VALENTIN: Nan epòk plantasyon yo, tout kote ou pase nan peyi a te gen kann k ap boule pou fè sik.Lè yo bouyi ji kann nan, lafimen an t ap monte tankou yon move nouvèl k ap gaye nan syèl la.Ou pa t ka chape l. Ou respire l.Lè a vin lou. Li kole nan nen w. Li antre nan poumon w, li antre nan po w.Lafimen an t ap swiv ou menm nan dòmi. Li t ap antre nan rèv ou, tankou yon memwa ou pa t ka efase.
SOUVNI: Yon moun kon Dessalines, se yon moun ki leve chak maten ak doulè lòt moun sou zepòl li. Li wè esklav yo k ap pase tray, men li pa t gen pouvwa pou l te sove yo. Kè l t ap rache. Li t ap gade yo ap travay san rete. Ke yo te ansent, malad, ke yo te febli, sistèm nan pa t gen pitye. Te vin gen yon epòk kote administrasyon pwodiksyon sik la te pwopoze pou yo te bay esklav yo yon sèl jou repo pa semèn.
VALENTIN: Yo te ba yo jou repo sa a vre?
SOUVNI: Men non! Sa pa t janm fèt.
VALENTIN: Poukisa?
SOUVNI: Paske mèt plantasyon yo te fè kalkil. Li t ap pi bon mache pou yo travay esklav yo jouk yo mouri, epi ranplase yo imedyatman, pase pou yo pèdi yon sèl jou pwodiksyon. Sistèm nan te bati sou lide ke lavi esklav yo pa t gen valè, se sèlman pwofi ki te konte.
VALENTIN: Paske li te pi bon mache pou ranplase yon esklav ki mouri pase pou yo kite yo repoze oswa swaye yo lè yo malad.
SOUVNI: Egzakteman. Si esklav la pa t ka travay, yo pa t tann li refè. Yo te touye l epi ranplase l. Yon esklav te travay 18 èdtan pa jou, chak jou nan semèn nan. Se poutèt sa lavi yo te kout. E se poutèt sa tè a te toujou plen ak rèl moun k ap mouri.
VALENTIN: Donk se nan kondisyon sa a Dessalines te leve.
SOUVNI: Wi. Se nan lanfè sa a nanm misye te fòje. E se pou sa, pou konprann li, fòk nou konprann mond li te viv ladan l. Lè Dessalines te finalman lib, sèl non li te genyen se te non mèt li. Se konsa li te vin rele Dessalines. Se pa t non li. Se non sistèm nan te kole sou li.
VALENTIN: Donk li pa t sèlman yon konbatan, men li se yon moun ki t ap chèche rasin li.
SOUVNI: Wi. Dessalines te leve ak mak sou po li.Mak ki pa t soti nan batay, men mak rigwaz ki te gen pikan ladan l. Mak ki t ap di: ‘Ou se pwopriyete.’ Mak ki te di: ‘Ou pa gen valè.’
VALENTIN: Epi sonje epòk la, se te yon monn chen manje chen. Trayizon te toupatou.
Yon esklav te ka denonse w fasil. Dessalines te wè trayizon nan tout fòm li.
SOUVNI: Wi. Lè li wè kijan yo te trayi Toussaint Louverture, li pa t ka fè Franse yo konfyans ankò. Toussaint t ap goumen kòt a kòt a Franse yo, men yo pran l. Yo mare l nan yon pake. Yo voye l Lafrans tankou yon bwat Amazon. Dessalines te konprann:‘Sa yo fè Toussaint la, yo ka fè menm bagay la tou.’”
VALENTIN: Toussaint te kwè nan diplomasi. Apre premye abolisyon esklavaj la,
li te siyen yon akò ak Lafrans. Li te gen vizyon pou plantasyon an mache san esklavaj.
Men Napoléon pa t vle sa. Li te voye jeneral Leclerc ak yon gwo lame pou repran koloni an epi retabli esklavaj.
SOUVNI: Nan lèt prive Napoléon te voye bay jeneral Leclerc, li te ekri byen klè: ‘Fè Toussaint disparèt.’ Yo pa t janm gen entansyon kite Ayisyen viv lib vrèman vre.
VALENTIN: Toussaint te envite jeneral Leclerc pou yon rankont lapè. Li rive san lame, san pwoteksyon, paske li te kwè nan pawòl Franse yo.
SOUVNI: Epi yo te tou mete men sou li. Yo arete l sou plas. San avètisman. San jijman. Yo mare l, yo mete l nan yon bato. Yo voye l nan yon kacho byen frèt nan mòn Lafrans. Li mouri grangou, poukont li, ak yon lèt nan men l kote li t ap mande:‘Poukisa yo trete m konsa?’”
VALENTIN: Se pou sa Dessalines pa t fè Franse yo konfyans. Yo te di yon pawòl devan w,
epi yon lòt pawòl dèyè do w. Depi li piti, li te wè mèt plantasyon yo ap bat moun, ap touye moun. Li te wè lanmò nan tout fason.
SOUVNI: Li te wè mèt plantasyon yo fouye twou, mete esklav yo ladan twou an, kite sèlman tèt yo deyò, vide siwo sou tèt yo, epi kite foumi ak lòt bèt manje yo vivan. Apre ou fin wè sa,
ki moun ou ka fè konfyans?
VALENTIN: Si Dessalines te viv jodi a, se pa de ane terapi misye t ap bezwen pou depake tout twoma britalite sa yo. Misye t ap bezwen dè santèn dane de terapi wi.
SOUVNI: Donk se pa t zonbi ki t ap toumante l nan rèv li. Se te memwa krim li te wè ak zye l.
Plantasyon yo. Sant kann k ap boule yo. Rèl moun k ap mouri. Kò ki tonbe atè, pèsonn pa ranmase yo.
VALENTIN: Lè ou leve konsa, kò w nan tan prezan, men lespri w toujou nan batay.
Ou toujou pare pou goumen ak yon bagay ki pa la.
SOUVNI: Egzakteman, se sa mwen di. Kijan ou vle yon nonm ki leve nan lanfè aprann dousè?
Dessalines pa t di pa volonte. Se lavi ki te fòse l vin di tankou yon wòch. Li pa t ap chèche touye moun, li te jis ap chèche pou l siviv.
SOUVNI: Distans pou midi sonnen, Dessalines te gentan al enspekte sòlda. Pou jan li te wè ke yo te maltrete esklav yo san pitye, li te trè strik, trè displine avèk sòlda li yo. Se yon nèg ki te gen de (2) grenn asye nan bouda l.
VALENTIN: E fason li te antrene sòlda li yo, li te vle yo tout al chache kote yo ka jwenn yon pè grenn asye tou. Dessalines te konn mache devan sòlda l yo, souvan san pwoteksyon, pou montre yo, 'Ou wè? Si mwen pa pè, nou pa dwe pè.' Se lidèchip li ki te fòme kouraj sòlda li yo.
SOUVNI: Li se moun, yon sèl pawòl la di, enpi tout sòlda l yo kanpe dwàt prèt pou goumen. Laperèz pran vòl ale nèt.
VALENTIN: Li te antrene sòlda yo pou obeyi san ezitasyon. Lè y ap goumen, pou yo frape vit, disparèt vit, itilize tèren an kòm zam pou fè lènmi an pèdi oryantasyon.
SOUVNI: Lame Dessalines lan t ap aprann pou yo goumen avèk lame Lafrans ki te trè byen ekipe. Donk li te anseye sòlda l yo pou yo itilize tout sa yo genyen pou goumen, paske Franse yo pa ta pral gen pitye pou yo.
VALENTIN: Se ouswa ou touye yo, oubyen yo touye w.
SOUVNI: Alò zanmi nou, nou pral oblije rantre nan pati ki trè sansib sa kounye a. Tout moun ap pale de listwa.
VALENTIN: Tout moun ap di ke Dessalines te koupe tèt franse yo sovajman. Men li enpòtan. pou nou antre nan pati sansib sa a.
SOUVNI: Si w ale sou entènèt la, gen yon imaj, lè ou mete non Dessalines, ke ou toujou wè. Se yon desen kote yo mete li ak yon tèt koupe nan yon men, enpi yon epe nan lòt men sa a. Imaj sa a pa t soti nan listwa.
VALENTIN: Se yon imaj ke yo te itilize kòm zam kont pèp Ayisyen.
SOUVNI: Franse yo te fabrike imaj sa kòm pòtre ofisyèl Dessalines. Yo te ba Dessalines yon figi ki fè yo santi yo pi alèz ak fayit ke yo te sibi an, ak viktwa ke Ayisyen te gen sou yo a.
VALENTIN: Se yon atis Ewopeyen ke yo rele, Manuel López López, ki te trase imaj sa a. Te genyen yon mesye yo te rele Louis Dubroca, yon franse ki t ap fè pwopagann, dezan aprè endepandans Ayiti an 1806. Donk Louis Dubroca te pibliye imaj sa a pou yon sèl rezon. Li te vle fè lemonn pè libète Ayisyen an.
SOUVNI: Yo te vle montre Dessalines kòm yon bèt, paske yo pa t ka sipòte lide ke yon nonm ki te fèt nan chenn te kraze yon gwo peyi tankou Lafrans.
VALENTIN: Yo te pran imaj sa a, yo te di lemonn, 'men nonm nan wi, ki ap fin anraje a.' Pou moun te ka panse tout moun nan peyi a se sa y ap fè sèlman. Men verite a, se te verite ki aplike nan tout kalite lagè. Koupe tèt, boule kay la se te yon taktik ki te fèt nan dife, nan lanmò, nan nesesite pou yo pa t tounen esklav ankò. Epi Franse yo pran sa, fè l tounen yon karikati rasis pou yo te kapab vann liv ak jounal.
SOUVNI: Men imaj sa a pa montre Dessalines. Yo pa t janm di ou ke Dessalines te epanye yon bann blan Franse ak blan lòt nasyon ki t ap pwomote libète esklav yo.
VALENTIN: Dessalines te konnen ke esklav yo gen bon moralite, ke se pa t moun ki t ap touye moun pou dan ri. Se pou sa li te antrene yo pou yo konsantre sou misyon an, aji vit anvan laperèz pran yo, pou pwoteje libète yo t ap goumen pou li a.
SOUVNI: Dessalines pa t ap senpleman batay pou l te goumen, li t ap goumen pou egzistans. Si w poko janm nan pozisyon pou ap goumen pou egzistans ou, ou ka pa janm konprann sa esklav yo t ap pase nan moman sa a.
VALENTIN: Tout moun li te fè konfyans te desi li. Li te fè Franse yo konfyans, yo te mete l nan esklavaj. Li te fè Napoléyon konfyans men li te derespekte akò abolisyon esklavaj la. Li te fè lame Franse yo konfyans men yo te arete e touye Toussaint. Alafen li te fè pwòp lame l konfyans men yo te asasinen l.
SOUVNI: Yon moun k ap viv nan yon aviwònman konsa pa ka gen dousè lakay li. Tout sa li konnen se defann tèt li anvan ou touye li.
VALENTIN: Si n ap li diskou li te fè pou selebre endepandans lan, sa ban nou yon lide sou lespri misye. Li te di: “Sitwayen natif natal, gason, fanm, tifi, ak timoun, lonje je nou sou tout pati nan zile sa a. Chèche mari nou, frè nou, sè nou la. Mwen tranble pou m di nou sa, bèt malfini sa yo ap chase yo.” Gade kijan li pale. Se pa yon jeneral ki t ap pale la sèlman. Se yon papa, se yon frè, se yon nonm ki te wè twòp.
SOUVNI: Li te twomatize. Li te fè pèp la sonje, men sa moun sa yo te fè nou. M pa wè kijan nou kapab kowegziste avèk yo. Se tankou ou te nan yon relasyon toksik ak ansyen menaj ou, men ou vle retounen viv avè l ankò. Non, se pa yon bagay ki te posib.
VALENTIN: Li te kwè nan preparasyon lame tankou repibliken kwè nan prezidan yo. Tout sa li te vle fabrike se te kanon, bal, ak zam. Li te depanse prèske tout resous peyi a pou lame. Menm Henri Christophe te joure l. Henri Christophe te di: “Dessalines pa sivilize, li pa vle liv nan men okenn moun; li sèlman kontan pou wè baton nan men moun sèlman.” Men Christophe pa t konprann. Lè ou pase 30 ane kòm esklav, ou pa kwè nan liv an premye. Ou kwè nan sekirite.
SOUVNI: Moun nan antouraj li pa t menm konprann li. Yo te wè severite li, men yo pa t wè kisa ki te fè strik konsa a.
VALENTIN: Anpil moun te jije l pou sa. Men yo pa janm mande: “Kisa li te eksperyanse ki fè li te jan l te ye a?
SOUVNI: Egzakteman. Britalite li pa t soti nan mechanste. Li te soti nan lojik, lojik yon nonm ki te konnen Lafrans t ap retounen. Yon nonm ki te viv nan po bèt la. Yon nonm ki te wè grif dan bèt la. Yon nonm ki te santi souf bèt la. Yon nonm ki te avèti tout moun, "Bèt la va retounen!"
VALENTIN: E jan li te panse a, Lafrans te retounen.
SOUVNI: E lè Lafrans te retounen, li te pare pou yo.
SOUVNI: Dèyè chak nonm ki pran chemen kouraj la, gen yon fanm ki ap mache bò kote l pou kenbe limyè a pou li wè chemen an. Lè solèy la desann, enpi twoup Dessalines nan ap antre lakay yo, apre yon batay, li te gen yon madanm ki t ap tann li lakay.
VALENTIN: Wi, Marie‑Claire Heureuse. Lè Dessalines t ap marye avèk li, se te Toussaint Louverture ki te kanpe la avèk Dessalines kòm sipò, kòm fanmi.
SOUVNI: Madanm Dessalines pa t gen yon lavi fasil non. Men li pa t janm plenyen jouktan li mouri. Li te viv jouktan li te gen santan.
VALENTIN: Lè gouvènman Ayiti an te resi deside pou rekonèt li. Apre ke yo te fin rekonèt sa Dessalines te fè pou peyi a. Gouvènman Ayiti a te mande pou ogmante pansyon li. Men li te refize. Li te rete nan yon ti kay byen pòv jouktan li mouri.
SOUVNI: Men madanm sa, si kè Dessalines pat gen okenn dousè, se li menm ki te konplemante dousè a lakay Dessalines.
VALENTIN: Se moun ki te konn mache antre nan mitan lagè avèk manje, ak medikaman, ak timoun dèyè l pou pote manje, pote dlo, avèk tout sa sòlda yo te bezwen.
SOUVNI: Li te konn chita fè manje nan lari pou moun ki blese. Li te konn pran timoun Dessalines fè deyò yo, adopte yo, ba yo manje, ba yo rad.
VALENTIN: Se yon fanm ki te konn fè Dessalines wont ak jantiyès li. Li konn mete ajenou mande Dessalines gras, "Tanpri, pa touye yo." Li te konn fè Dessalines sonje: "Ou ka batay, men mwen ka geri."
SOUVNI: Li te konn kache blan anba kabann li pou sove yo. Li te konn fè Dessalines fache, men li te konn fè Dessalines reflechi tou. Li pa t janm jije Dessalines. Li te konprann misyon li.
VALENTIN: Sa vle di lè Dessalines rantre lakay, li pa t jwenn batay. Li te jwenn balans. Li te jwenn yon fanm ki te ka manyen blesi li yo san fè l wont. Yon fanm ki te ka gade l nan je, epi wè pa sèlman konbatan an, men gason an ki te bezwen lanmou an.
SOUVNI: Marie‑Claire Heureuse se pa t sèlman madanm Dessalines non,se te limyè ki te montre mond lan ke menm yon nonm ki leve nan difegen yon kè ki ka tounen dous lè li jwenn lanmou.
VALENTIN: Gendelè lavi yon moun sanble ak yon kontradiksyon. Ou pa mande pou fèt nan doulè, men doulè vin chita sou ou tankou ou te ba l envitasyon. Ou pa t mande lavi di, men lavi di an pousuiv ou epi l jwenn ou. Ou pa t mande lenjistis, men lenjistis pat ba w yon souf menm.
SOUVNI:Dessalines pa t mande lavi sa a. Li pa t mande pou l te fèt nan esklavaj. Li pa t mande pou yo te trete l tankou bèt. Li te gade moun ki te lib, epi li te mande tèt li: "E mwen menm, mwen pa moun tou? Mwen pa respire menm lè ak ou? Mwen pa mache menm jan ak ou? Mwen pa senyen menm koulè san ak ou?"
VALENTIN: Se sa ki fè m fache a. Paske lè li mande pou l viv tankou moun, yo di l se moun fou. Lè li mande pou l goumen pou libète l, yo di li se danje. Lè yo vin atake l pou fè l tounen esklav ankò, li defann tèt li, yo di l sovaj. Men lè se yo ki frape l? Lè se yo ki kraze l? Lè se yo fè l tounen esklav? Yo di, "Sa nòmal." Yo di, "Sa, se lòd natirèl bagay yo"
SOUVNI: Nan tan sa, yon esklav nwa pa t bezwen fè mechanste pou yo te rele l mechan, li te sifi pou li leve pou defann tèt li, epi yo ba l non mechan pou sa.
VALENTIN: Men, pou nou konprann bagay yo, annou mande tèt nou dè kesyon. Panse byen. Koute trè byen:
Yo rele Dessalines mechan, men kilès ki te mechan anvan?
Yo rele Dessalines rayisab, men ki moun ki te rayisab anvan?
Yo di ke Dessalines te brital, men kimoun kite brital anavan?
Yo di Dessalines te Kriminèl, men kilès ki te kriminèl anvan?
SOUVNI: Dessalines pa t mechan. Li te yon nonm ki te fatige, blese, e fwase. Li te wè twòp lanmò devan l. Li te tande twòp rèl. Li te wè twòp trayizon. Li te wè kijan mèt plantasyon te san pitye. E lè yon moun pote tout sa. Li pa t ka aji dous ak moun k ap maltrete li. Si w frape l, l ap defann tèt li. Sa se lwa siviv la.
Donk zanmi oditè nou yo. Istwa sa a se te twazyèm pati nan yon seri emisyon ki va fèt de 12 Jen ak 28 Out. 12 semèn. 3 mwa. Chak Vandredi. Nou rele seri sa: Sezon Ete 2026 - Anba Po Ayisyen an. Nou gen plis enfòmasyon sou seri sa a. Si ou ta renmen konnen tout emisyon ki va fèt nan seri a, tcheke sit wèb mwen SOUVNI.ORG. Ou va wè yon pòs ki make Summer 2026 - Under the Haitian Skin (UHS). Nou ankouraje ou pou retounen branche sou Radyo Konpa 1320 AM chak vandredi a 7:30, oubyen ale sou podcast nou pou fin tande istwa nan seri sa a. Vandredi pwochen, nou pral pale de La Sware du 1e janvye 1804. Se tit pwochen emisyon nou. Dakò zanmi, rete branche. Pa deploge. La Famille Pòt ap vini talè konsa.
LA FAMILLE PÒT - EPIZÒD 24
Tika Paints Dessalines
OVILA: Bon Dyak, depi ou te fin achte penti ak bwòs pou Tika, m pa konn sa k pran w, w al achte penti ak bwòs pou l pentire. Kounye a li panse se Micheline Picasso li ye. Chak jou m jwenn yon nouvo tablo sou chèz salon mwen yo. M ap di w sa Dyak, pwochen kado w ap achte pou li, se pwodui pou netwaye penti. Paske l ap fin sal tout chèz salon mwen yo la a.
DYAK: Ovila, ala w engra ti cheri an! Ou pa di Bondye mèsi pitit fi w lakay ou anba pye w la? Olye pou l ap valkande nan lari a ak move zanmi, li chita la ap pentire ti tablo li. Kounye a se nan lari ou ta renmen wè li a ap fè TikTok challenge?
FREYA: Oh wow, Tika's painting again dad?
DYAK: Wi, Freya. Tika fin gwo atis nèt wi la wi.
FREYA: Tika, what are you painting today? Kisa w ap pentire jodi a?
TIKA: Je fais la photo de Jean-Jacques Dessalines aujourd'hui.
FREYA: Let Me See. Oh my God! Tika, figi Dessalines pa nòmal ditou nan tablo a. Ou si ou pa vle m ba ou yon gòm kreyon, pou ta rekòmanse ankò?
TIKA: Non Freya. Se konsa m vle fè l. M pa vle yon foto nòmal. M ap pentire Dessalines ak twa figi.
OVILA: Twa figi?! Tika, sa se pa Dessalines non. Sa se yon zonbi ki soti nan Kanaval Jakmel! Poukisa ou pentire l konsa?
DYAK: Hmm, te gade pou m wè. O O Tika, pitit, m panse mwen bezwen linèt wi la. M pa konprann penti sa. M pa ka wè l byen. Gade nonm nan. Li sanble li gen maladi twa tèt la.
FREYA: No, Dad. I get it now. It’s symbolism. Like Beyoncé’s Renaissance cover, but historical.
OVILA: Beyoncé?! Ki sa Beyoncé gen pou wè ak Dessalines la? Dessalines pa t yon vedèt ki te monte yon cheval ak gwo kouwòn kristal sou tèt li tankou Beyoncé!
FREYA: Mwen konprann sa Tika pentire a la. Dessalines te gen plizyè lavi, men li te gen yon sèl kò. That’s why she gave him three faces. It’s giving like multi‑dimensional Black king energy.
DYAK: Men poukisa youn nan figi tankou yon wòch. Lòt la ouvè bouch li tankou l ap rele. Epi dènye a sanble li bezwen dòmi? Sa se Dessalines oubyen se mwen ki fatige, Tika?
TIKA: Oke, oke tout moun sispann pale. Kite m esplike. Tout vizaj yo se Dessalines. Premye figi a se figi esklavaj la. Figi l te vin di tankou yon wòch akoz britalite ke li te soufri. Dezyèm figi a se figi batay la. Lespwa libète te ba li fòs pou li goumen. E twazyèm figi a se figi prive a. Figi ke sèlman madanm li, Marie‑Claire Heureuse te konnen. Figi ki montre ke li te gen yon kè dou menm si lemonn pa t janm wè sa.
OVILA, DYAK AND FREYA: Oh!
OVILA: Mwen pa t wè l konsa. Men ou gen rezon, Tika. Yon nonm ki pase nan dife ka gen plizyè figi.
DYAK: Bon, m pa t bezwen linèt apretou. Se mwen ki pa t konprann atis la.
FREYA: Yasss! Tika just gave Dessalines a whole identity arc.
TIKA: Merci beaucoup tout le monde. La peinture c'est la vie.
FREYA: Oh please Tika, sa pa vle ou se yon gwo atis non!
OVILA: Bon, Tika, lè w fini, ak tablo a, ban mwen li pou m ka pote l nan travay mwen an. M pral vann li pou 3,000 dola.
FREYA, DYAK, TIKA: KISA?!
DYAK: 3000 dola, Ovila ou pa byen nan tèt ou?
OVILA: Enbyen se sa menm wi. Kounye a mwen gen piti mwen ki se gwo atis, li pral mouri pòv. Se responsablite m pou m ede l fè lajan. Tika, mwen pral fè w devni Tika Picasso Pòt.
END
Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Se te Souvni on the Mike. Pase bon wikenn