Souvni On The Mike

The First Night After Haitian Independence Day

Mandaly Louis-Charles

Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.

0:00 | 28:41

Send us Fan Mail

This episode of Souvni on the Mike dives into the silence and shock that followed Haiti’s independence. Souvni and Valentin guide listeners through the emotional aftermath of victory, when the enslaved woke to a world without the morning bell, without commands, without fear. The show explores how freedom felt like both breath and fire, a new rhythm of life beginning after centuries of bondage. It paints the first sunrise of liberty through the eyes of elders rebuilding, youth discovering identity, and women restoring life with care, love, and the sacred act of making soup joumou.

The La Famille Pòt skit brings comic relief to this history. Ovila returns home bloodied from a hilarious market battle for the last squash, determined to honor tradition by cooking soup joumou for her family. When they realize there’s no oxtail, she grabs her purse and declares she will fight again. The family sighs, “Here we go again,” turning the struggle for ingredients into a modern echo of the fight for freedom itself.

Support the show

Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/




Mèdam e mèsye. Bonjou. Alo. E bonswa. N ape swete ou byenveni e welcome nan emisyon Souvni on the Mike la.
Wi, se mwen menm, Souvni, animatris emisyon an ki ape salye ou.  

Nou rankontre ankò jodiya mezanmi pou nou kontinye seri nou pou ete 2026 la: Anba Po Ayisyen an. N ap pike pou pi devan. Wi, nou pral rantre anba po Ayisyen an, pou nou kapab fouye. Se sa! Se yon seri ki ap pran 12 semèn. 12 vandredi. 3 bèl mwa. Yon seri ki te kòmanse depi 12 jen e ki ap fini 28 out. Yon seri ke nou rele an angle Under the Haitian Skin kote nou antre fon nan rasin verite ki kapab fè nou konnen ak ki matèryèl ke Ayisyen an fèt.

Lè ou gen yon twal nan men w zanmi, fòk ou konnen ak ki materyèl li fèt pou ka trete li. Èske li fèt ak koton? Èske se poliyestè? Èske se spandex? Èske li ka tolere dife fè a repase? Èske se ak dlo frèt ase pou lave li? Lè w reponn tout kesyon sa yo, donk ou konnen ki kalite twal ou gen nan men w. Ou konnen kijan pou pran swen li. Se konsa zanmi, se nan rechèch nou pral konnen kisa k ap kouri nan san konpatriyòt nou yo. Ki sa ki anba po Ayisyen an?

Bon, ou p ap jwenn tout edikasyon yo nan lòt radyo non. Se sa sèlman m ap di. Radyo konpa toujou reponn ak ministè li kòm chanpyon nan sèvis kominote a. Pa gen manti nan sa. Donk rete branche avèk nou chak jou. Fòk nou konnen laverite yo. Konsa lè yon etranje ap chache ban nou manti sou istwa peyi nou, pou nou kapab mete yo nan plas yo. 

Alò, chak semèn, nou ouvri yon lòt paj nan istwa nou. Premye kat semèn nan seri an te rezève pou nou pale de lavi ewo Ayisyen nou yo ki te louvri chemen libète an pou nou kapab pase. Nou sou katriyèm semèn nan. Jodi a nou pral pale de Premye Nuit Apre Liberasyon an. Premye nuit apre ke Dessalines te deklare peyi a lib. What happened after that first night of January 1, 1804? Kisa ki te pase apre premye sware kote yo te ofisyèlman deklare Ayiti lib?

Seri sa a fèt an Kreyòl. Li fèt pou tout moun ki vle konprann Ayiti pi fon. Moun ki vle fè yon vwayaj nan sa ki te pase nan tan lontan. E, nan pwochen 4 semèn k ap vini yo, se pral yon vwayaj ke nou pral fè, tou, nan kondisyon prezan nou sèjousi. E se va yon vwayaj ki ap mennen nou nan lavni ke nou menm Ayisyen n ap konstwi kòm yon pèp. 

Alò, pa fè m wont non mezanmi. Rete branche. Paske Under the Haitian Skin se pa sèlman yon seri. Li se yon opòtinite pou nou retounen sonje kimoun nou ye. Se yon envitasyon pou wè Ayiti jan Ayiti wè tèt li. Si w pare pou tande Ayiti, konprann Ayiti, epi feel Ayiti Under the Haitian Skin, vin fè yon ti chita tande pandan peryòd seri sa a.

SOUVNI:  E se konsa nou derape, avèk bèl pawòl sa yo. M ap akeyi mesye Valentin, yon zanmi nou ki renmen chita avèk nou pou fè ti dyaloge.

VALENTIN: Mèdam, mesye, pitit Dessalines, pitit Catherine Flon, pitit tout sa ki pa t pè mouri pou nou te viv lib yo, bonjou oubyen bonswa, depandan de ki kote ou ye a. Se avèk respè ke mwen salye nou jodiya.

SOUVNI: Valentin, jodiya, nou pa p pale met la. Nou p ap sèlman ap rakonte yon istwa, men n ap pale de bagay ki te pase tout bon. Nou nan wout verite a nan seri sa a. Nou aktyèlman rive nan sa ki te pase apre 1e janvye 1804, lè libète an te frape pòt nou tankou loraj nan mitan lannuit.

VALENTIN: O O w ap pale libète frape pòt nou tankou loraj? Souvni, libète sa a pa t sèlman frape pòt la, li te kraze pòt la. Li antre ak tout van. Li leve tout pousyè anndan kè nou. Se jodi a sèlman nou gen kouraj pou n pale de sa san vwa nou pa tranble.

SOUVNI: Oke, Valentin, òganizasyon esklav yo te genyen an te esepsyonèl. Yo fè konplo. Yo mete tèt ansanm. Yo kowòdone yo ansanm pou goumen pou libète yo. Enpi yo te genyen. An nou pale de sa ki te vini imedyatman apre.

VALENTIN: Wi oditè k ap koute. Kisa ou panse ki te pase imedyatman apre viktwa sa?

SOUVNI: Yon bagay ke yo t ap chache lontan. Kisa ou ta fè? Èske ou imajinen ke tout moun te mete deyò pou selebre?

VALENTIN: Èske ou panse ke bann rara te pran lari pou komemore viktwa sa a?

SOUVNI: Eseye reponn kesyon sa a zanmi. Kisa ou imajinen ke ewo nou yo te fè imedyatman apre? 

VALENTIN: Eske te gen gwo fèt? Èske te gen gwo konbit? Kisa ou panse repons lan ye?

SOUVNI:  Enben, men repons lan. Nan lannuit apre ke Jean-Jacques Dessalines te fè liberasyon an ofisyèl, Ayiti pa t fè fèt. 

VALENTIN: O O! Tout viktwa sa a. Yon bagay yo t ap tann depi dè syèk dat, epi yo pa t fete?

SOUVNI: Ebyen, Valentin, Ayiti te respire, wi! Yon te pran yon gwo souf, wi!  M ta menm di ke nou te pran yon souf tankou yon moun ki te anba dlo twò lontan epi finalman yo soti anba dlo a pou pran lè.

VALENTIN: Ou gen rezon, Souvni. Yo te pran yon gwo souf.  Men ann pa bliye. Lè yon moun fin soti anba dlo twò lontan, premye souf la se pa kè kontan sèlman. Se chòk. Se doulè. Se reyalite k ap frape. Libète te bèl, wi. Men li te boule nan pwatrin yo tankou premye souf oksijèn ou pran apre ou t ap neye.

SOUVNI: Gen de (2) twa (3) bagay ke yo te dwe fè anvan yo te selebre. Imajinen sa. Jis imajinen sa. Gwo goumen t ap fèt. Se pa t ti goumen non.

VALENTIN: A wi, mwen wè sa kounye a. Te gen gwo goumen ki t ap fèt nan tout peyi a. Kannon ap vòltije toupatou. Kout bayonèt ap pati a dwat agoch. Kout epe ap fè kling kling. Kout zam ap fè etensèl. Moun ap tonbe atè youn apre lòt.

SOUVNI: Alò, se sa ki t ap pase nan tout peyi a. 

VALENTIN: An nou fè ti retounen nan fason esklav yo te òganize sa. Yo te mete tèt ansanm.  Men, jan yo t ap bourike nan plantasyon yo, ki lè yo te gen tan pou mete tèt yo ansanm?

SOUVNI: Enben lè yo fin travay di nan plantasyon yo. Yo reyini ap fè ti seremoni yo leswa. Mèt plantasyon yo panse se adore yo t ap adore bondye yo, men se pa sa yo t ap fè. Se ti konplo yo yo t ap regle.

VALENTIN: Chak swa apre yo te fin travay nan plantasyon yo, yo te reyini pou òganize revòlt la. Youn te di lòt. Chak moun te pran pozisyon yo. 

SOUVNI: Esklav ki nan chan kann te ranje pou yo kraze tou machin plantasyon sik yo. Sa ki t ap travay andan kay te ranje pou te anpwazonnen mèt yo, boule kay yo. Sa ki te travay nan kafe te ranje pou mete dife nan plantasyon kafe yo. Sa ki te t ap travay nan plantasyon koton, te pare pou rache tout plant. Detui tout bagay.

VALENTIN: Se yon konplo ki te byen òganize. Chak esklav te gen yon wòl pou jwe.

SOUVNI: Yon bagay mwen t ap panse, sèke mèt plantasyon yo te mal kalkile bagay yo. Pou chak 1000 esklav konsa te genyen petèt 50 oubyen 100 moun ki t ap kòmande.  Ki t ap maltrete yo, ki t ap bat yo. Sa vle di ke esklav yo te dis fwa plis pase blan yo nan tout koloni yo. Donk pousantaj la te ekstrèmeman dezekilibre, toujou an favè esklav yo. M pa konpran kòman yo pa t panse ke nonm esklav yo te pi gran pase yo. Si 1000 esklav fè va sou 100 moun, ou gentan konprann bagay la. Pa t ap gen chape pou mèt plantasyon yo.

VALENTIN: Epi non sèlman sa tou. Esklav ki te tonbe Ayiti yo, anpil nan yo se te yon bann prizonye lagè ke yo te kapte nan batay lagè lafrik lan. Paske se te prizonye yo te ye, yo vann yo nan lesklavaj. Donk anpil ladan yo te tonbe Ayiti. Donk esklav sa yo te deja gen taktik sòlda. Yo te gwo konbatan ki te konn mennen pwòp lame pa yo. Se avèk yon bann moun ki abitye goumen nan lagè yo te annafè la. Se sèlman opòtinite yo t ap tann.

SOUVNI: Donk opòtinite a te prezante. Rive nan fen ane 1803. Vètyè, 18 Novanm. Sa yo t ap tann nan te tonbe nan pla men yo. Tout esklav te pran pozisyon yo kounyeya. Yo te mete zòrèy yo an twonpèt. Yo t ap tann. Epi kòn lanbi a te sonnen toutpatou. Batay la pete tankou yon vag lanmè ki te anvayi bò yon rivaj.

VALENTIN: Dènye gwo batay ki pou te ban nou libète a, te kòmanse 18 novanm. Konfli a te dire jouk 31 desanm 1803. 

SOUVNI: Men kounyeya, 1e janvye 1804. Dessalines Deklare laviktwa. Yo genyen.  Yo lib, se vre! Men si w fèmen zye w, kisa ou panse ke w ta wè? Si ou ta rekoute diskou Dessalines te fè jou sa a, jou endepandans lan, ki kalite anbyans ki te genyen? Ki sant, ki odè ki te nan lè a? 

VALENTIN: Tout peyi a te yon chan batay. 

SOUVNI: Egzakteman.

VALENTIN: Dife ta p boule kay yo toujou. Plantasyon yo t ap boule toujou. Lafimen t ap leve soti nan destriksyon yo toujou.

SOUVNI: Wi, lafimen t ap leve sot anba tè a, kòmsi tè a menm t ap lage doulè ke l te kenbe andan zantray li depi dè syèk. 

VALENTIN: Si w ap mache, se kenbe zye anlè. Paske si ou te gade atè, ou t ap wè ke te gen anpil kò moun ki te gaye atè toujou. Esklav, mèt plantasyon, fanmi yo. Si ou te fè yon ti mache, ou t ap wè inifòm ki chire atè a, bòt ki tòde, kadav ki te gaye atè a.

SOUVNI: Revolisyon an te fini. Nou te genyen. Men peyi a te wouj avèk san. Peyi a te sanble ak yon blesi ki patko fin geri. Kadav Franse yo te gaye nan lari a, nan jaden, nan lakou plantasyon yo. Sant poud zam te melanje ak sant lanmò.

VALENTIN: E m ap di w sa, Souvni, si m te viv nan epòk sa, m t ap mache ak yon mask fèy mant sou nen m! Paske m panse ta gen sant lanmò tout kote, san konte anpil mouch tou!

SOUVNI: E, si ou te leve tèt ou, gade dwat devan w, ou ta wè esklav ki fèk lib yo. Yo t ap mache nan silans lan tankou si you te gen nanm yo ki potko retounen nan kò yo. Yo pa t gen kay. Yo patko konnen ki kote pou yo ta prale.

VALENTIN: Kisa yo t ap fè menm?

SOUVNI: Se te jou pou antèman, pou tout kò ki te mouri, pou tout tèt kite koupe. Gen kadav yo te boule. Genyen yo te jete nan ravin. Genyen yo te antere. 

VALENTIN: Tout moun mete men.  Se te silans total. Se patko lè pou yo fete vre.

SOUVNI: Se te lè pou moun antere mò yo. Se te moman verite pou moun k ap chache konnen èske mari yo te mouri nan batay. Pou manman k ap chèche pitit li. Pou mari ki t ap chèche madanm. Frè ki t ap chèche sè yo. Fanmi ki t ap eseye rekonnekte tankou yon moso vè ki kase.

VALENTIN: Antere pitit yo. Netwaye san ki te fè labou atè a. Bale poud kannon ki te simayen atè a. Ranmase bayonèt ak zam sòlda ki te tonbe yo, pou mete yo dekote.

SOUVNI: Esklav you te toujou.... A! yo pa esklav ankò. Kounye a yo se moun lib. Esklavaj la te fini. Donk annou korije sa. Ayisyen yo te toujou gen ki ti krentif toujou. Yo t ap gade. Yo t ap veye. Yo t ap dòmi an relè. Paske, Lafrans te toujou retounen. Yo pat konnen si lafrans t a pral tounen ak reyanfòsman toujou.

VALENTIN: Mwen menm, m t ap dòmi ak yon je fèmen, yon je louvri. 

SOUVNI: Se konsa yo te dòmi premye nuit sa a. Oke atò, an nou pale de kijan Ayisyen yo, moun lib yo, te leve apre 1e janvye sa a. Men anvan nou pale de kijan yo te leve apre premye janvye, nou dwe pale de kijan yo te toujou leve depi dè santèn dane. Chak maten a 4è bonè bonè, gen yon gwo klòch nan plantasyon an ki sonnen. 

VALENTIN: Listwa di ke klòch sa yo te sonnen fò anpil anpil. Yo te fè sa fò eksprè pou yo te reveye esklav yo nan dòmi bonè nan maten. 

SOUVNI: Chak maten, klòch plantasyon yo sonnen. Esklav yo leve. Kòmandè antèt esklav yo kòmanse bay lòd. Epi bayonèt la, baton an, kòmanse pale sou do esklav yo!

Lendi maten, klòch plantasyon yo sonnen. Esklav yo leve. Kòmandè yo kòmanse bay lòd, epi y ap lage baton atè. Chak jou nan semèn nan, se te menm bagay la. Apre ennan toujou, menm kout baton an. Apre senkan, menm penpenp lan. Pou esklav ki te siviv travay fòse sa yo, apre dizan, se te menm woutin nan toujou. Li pat janm sispann. Se te konsa chak jou. Menm jan solèy la te toujou leve a, se konsa woutin yo te kontinye. Men 1e janvye nan aswè, esklav yo al dòmi. Malgre yo te goumen, yo te genyen. Yo patko abitye ak chanjman nan rit lavi sa. Sa patko antre nan lespri yo. 2 janvye 4è nan maten. Esklav yo leve bonè. Yo te fin abitye ak klòch la. Yo t ap tann vwa kòmandè yo ki t ap jape. Kò yo te pare pou pran kout baton yo ki t ap tonbe sou yo san pitye. Men yon bagay dwòl te pase. Pa t gen klòch. Pa t gen kòmandè. Pa t gen kout baton.

VALENTIN: Se lè sa, Souvni, kè yo te si tèlman kontan li te ka soti nan biskèt yo wi. Paske lè ou pase lavi w ap tann klòch, ap tann lòd, ap tann kout baton, epi yon maten ou leve, sa disparèt, sa se pa sèlman libète non. Sa se yon lajwa ki frape tankou yon vag lanmè byen fò.

SOUVNI: Se lè sa fèt la te kòmanse. Reyalite libète a, jan w di l la, te vin frape yo. Tout moun pran fete atò.

SOUVNI: Poukisa premye lannuit apre libète sa a te enpòtan? Paske se youn nan pi gwo moman nan listwa peyi a. Se pa t yon moman ki te jwenn anpil merit nan liv istwa, men se yon momam ki te sakre. Se pa t yon lannuit ki te nòmal. Se pa t sèlman yon dat nan kalandriye a.  Men se te yon chòk. Ou te kapab rele sa yon nesans, kòmsi yon premye souf.

VALENTIN: Se apre lannuit sa a libète a te vin ofisyèl pou anpil moun. Pandan plizyè ane, libète a te yon rèv. Li te yon chimera. Li te yon espwa. Men apre lannuit 1e janvye 1804, li te kòmanse kore nan kalbas tèt yo.

SOUVNI: Kounye a, chak gwoup laj moun te kòmanse resevwa chòk lan nan yon fason diferan.

Granmoun yo: Granmoun yo t ap panse. Donk si mwen pa esklav. Se mwen ki mèt tèt mwen. Kote manje mwen va soti? Kijan mwen pral pran swen tèt mwen? Esklavaj la te fè yo kwè ke yo te pwopriyete, san valè. Lè libète a rive, yo te bezwen mande tèt yo, 'Ki moun mwen ye?" "Ki valè mwen genyen?"

VALENTIN: Gramoun yo te vin responsab tèt yo. Yo t apral rekòmanse a zewo. Rebati kay yo. Rebati fanmi yo.  Rebati tout sistèm nan. 

SOUVNI: Gen yon bagay mwen te twouve ki te trèt komik lè nou t ap fè rechèch pou emisyon sa a. Lè Dessalines t ap eseye rebati peyi a, paske, ou konnen, you te boule tout plantasyon yo, yo pa t gen ekipman. Dessalines te sijere pou yo te retounen travay nan plantasyon yo, pa kòm esklav non, men pou tèt pa yo, pou pwòp revni pa yo, pou yo fè lajan pou yo. Paske chak moun kounye a responsab tèt yo. 

VALENTIN: Kisa yo te reponn Dessalines?

SOUVNI: Ayisyen yo te di, "Jamèdlavi!" Ayisyen yo di, ou te mèt t ap fè m rich, m p ap janm tounen travay nan plantasyon ankò. Pou sa yo te pran nan men mèt plantasyon yo, pou jan yo te maltrete you, pou jan yo te bese yo, se yon metye ke yo te refize kategorikman! Yo te di yo pa p janm vle travay nan okenn plantasyon ankò, menm si se te pou tèt yo, pou tout tan y ap viv sou tè a.

VALENTIN: Donk anpil ladan yo te chwazi pou leve bèt. Yo te plante viv tou nan pwòp jaden lakay yo pou te pran swen tèt yo.

SOUVNI: Jenn moun yo: Gwoup ki te pi frape avèk chanjman libète a se te jenn yo. Istwa pa janm pale de yo. Men se yo ki te la ap chache pwoteje manman yo lè kolon yo ap fè kadejak sou yo, lè kolon ap bat papa yo. Yo te fèt nan yon sistèm kote yo te aprann yo pa t gen valè. Yo te grandi ak laperèz, ak kout fwèt, ak lòd. Epi yon maten, yo leve lib. Sa te kreye yon chòk nan tèt yo.

VALENTIN: Si mwen pa esklav ankò, ki moun mwen ye? Se premye fwa nan lavi yo yo te gen dwa imajine pou tèt yo. Yo pa t gen modèl pou suiv. Pa t gen okenn adilt lib pou montre yo kijan pou viv lib. Tout granmoun yo te soti nan lesklavaj tou.

SOUVNI: Yo te wè anpil bagay nan lavi yo, kò moun mouri, dife, masak, trayizon, Franse k ap mouri, zanmi kap pèdi lavi yo. Yo te vin lib, men yo te pote twoma sa a nan kè yo.

VALENTIN: Yo pa t konnen si libète an t ap dire. Yo pa t ka planifye avni. E si franse yo tounen? Yo pa t ka reve twò lwen. Yo pa t ka santi yo an sekirite.

SOUVNI: Jèn moun 1804 yo te viv yon kriz idantite ki san parèy. Yo te fèt esklav, men yo leve lib. Yo te oblije aprann viv nan lapè malgre yo te fèt nan tan lagè. Yo te premye jenerasyon ki te kapab reve.

VALENTIN: Timoun yo. Timoun yo te adapte pi vit. Se te timoun piti. Apre 1804, timoun yo te premye gwoup ki retounen jwe byen vit. Yo te jwe ak bwa, ak wòch, ak fèy, ak imajinasyon yo. Distans pou yo te grandi, yo te mete memwa lesklavaj la lwen panse yo. 

SOUVNI: Fanm yo. Apre 1804, fanm yo te bezwen adapte tou. Yo te gen pwòp batay pa yo. Yo te viv anba lesklavaj, anba laperèz, anba abi, e menm lè libète te rive sou yo, yo te bezwen aprann respire ankò. Men yo pa t chita ap plenyen. Yo te fè sa fanm Ayisyèn toujou fè, yo leve, yo netwaye sann lagè a. Yo rasanble fanmi yo. Yo swaye blese yo. Yo kwit manje pou vwazen yo. Yo te suiv egzanp madanm Dessalines, Marie‑Claire Heureuse. Yo te fè soup joumou pou te fè sa ofisyèl. Manje yo pa t gentan manje lè yo te esklav, yo pran san yo, yo te fè l jou sa. Tout moun nan peyi a te fè ti soup joumoun yo pou yo te komemore libète yo, menm jan nou manje kodenn lè thanksgiving.

Donk zanmi oditè nou yo. Istwa sa a se te katriyèm pati nan yon seri Anba Po Ayisyen an ki ap dire de 12 Jen ak 28 Out. 12 semèn.  3 mwa. Chak Vandredi. Nou genyen plis enfòmasyon sou tout sijè ke nou va diskite nan seri sa a. Si ou ta renmen ranseye w plis, tcheke sit wèb mwen SOUVNI.ORG. Ou va wè yon pòs ki make Summer 2026 - Under the Haitian Skin (UHS). Nou ankouraje ou pou retounen branche sou Radyo Konpa 1320 AM chak vandredi a 7:30, oubyen ale sou podcast nou pou fin tande istwa nan seri sa a. Vandredi pwochen, se pral gwo koze, sijè nou pral diskite se The Sh!thole Generation, nou pral fè yon vwayaj brital nan jenerasyon jodi a ki leve anba mepri global, men ki toujou kanpe dwat. Se yon epizòd ki pral fouye fon nan idantite nou, nan doulè nou, ak nan fòs yon jenerasyon ki refize kite mond lan di kilès pou yo ye. M espere chita avèk nou ankò semèn pwochèn. Dakò zanmi, rete branche. Pa deploge. La Famille Pòt ap vini talè konsa.

 

La Famille Pòt — Soup Joumou - Soup Lagè

Epizòd 25

DYAK: O Bondye, Ovila! Sa w genyen? Ki moun ki bat ou konsa? Ou kwè se nan makèt ou te di m w ale. Nan ki lagè ou sòti la?

TIKA: Manmie! Mais tu saignes! Tout kò w benyen ak san! Sa k pase?

FREYA: Mommy, did you fight a bear? A zombie? Or a French soldier from 1804?

OVILA: M pa gen anyen! Pa gen anyen! Pa gen anyen! Mwen sot fè devwa mwen kòm fanm Ayisyen. Mwen t al fè makèt pou soup Joumou.

DYAK: Makèt? Pou soup Joumou? E kijan fè ou sanble ak yon sòlda ki sòti nan batay Vètyè la?

OVILA: Mwen te rive nan makèt la, Dyak. Epi mwen wè li. Dènye joumou a te sou rak la. Li te klere tankou solèy sou mòn Petyonvil. Men gen yon lòt madanm ki t ap gade joumou an tou.

TIKA: Ah non, manmie, pa di mwen. Ou tonbe goumen ak madanm nan pou joumou an?

OVILA: Men non, Tika! Men non! Madanm nan gade m, m ap gade madanm nan. Epi n ap avanse. Epi nou tonbe kouri! Mwen sote sou joumou an tankou Dessalines sote sou Rochambeau!

FREYA: Oh man, this is so going on Tiktòk. Mommy, did you tackle the produce manager too?!

OVILA: Enben wi Freya, li vini pou rale joumou a nan men mwen pou l sere pou yon lòt kliyan. Mwen di non! Jodi a se 1e janvye! Jodi a se fèt libète! Jodi a se soup Joumou! Mwen pran l, mwen woule atè. Mwen fè yon ti karateka. Epi men rezilta a! Mwen pote you joumou pou fanmi mwen lakay pou m fè soup.

DYAK: Ovila, ou bat yon moun pou yon grenn joumou?

OVILA: Non, Dyak. Se pa pou joumou an mwen bat li non. Mwen bat li pou m ka bay fanmi manje. Sa se gwo diferans lan.

TIKA: Bravo manmie. Bon, omwens nou gen joumou a. Nou ka fè soup la kounye a.

FREYA: Guys, we have a problem.

OVILA: Ki pwoblèm ki genyen, Freya?

DYAK: Wi, Freya, kisa ki gen ankò la?

FREYA: Nou pa gen vyann. Mommy, nou pa gen ke bèf pou mete nan soup la.

TIKA: Oh non, manmie ou p ap ka fè soup la ankò. 

OVILA: Pa gen pwoblèm. Freya, gade sou entènèt la pou wè si gen makèt ki gen ke bèf l pou mwen

FREYA: Sou entènèt la, li di gen yon makèt ki 15 minit de isit la, ki gen ke bèf.

OVILA: Oke mèsi Freya. Tout moun tann mwen la. Mwen pral achte l.

FREYA: Uh Oh!

DYAK: Kisa ou vle di avèk, 'Uh Oh' a. Kisa k genyen?

FREYA: Se yon gen yon sèl pake ke bèf la yo genyen ki rete.

OVILA: Pa enkyete nou. Se pa pwoblèm. M pral dèyè l. 

DYAK: Ovila! Tanpri, pa al bat okenn moun ankò tande!

OVILA: Enben Dyak, dat ou marye avè m nan, ou poko konn ak kimoun ou annafè la. Si yo manyen pake ke bèf mwen a, yo pral konnen ki moun mwen ye.

FREYA: There she goes again, dad. She's gonna hurt somebody.

TIKA: Sa se pa soup Joumou ankò non. Sa se soup Lagè!

DYAK: Bon, m mèt pare wi, paske se lopital m pral jwenn madanm mwen pou soup sa a.

END

Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Se te Souvni on the Mike.  Pase bon wikenn