Souvni On The Mike
Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. Every Friday night at 8 PM, this Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. The show's very name, "Souvni," meaning "Remember," signals its core mission: to be a living archive of cherished experiences and a bridge between generations of Haitians, both at home and across the diaspora.
At its foundation, the program is a powerful tool for language acquisition. Recognizing the challenges faced by intermediate and advanced learners, Souvni On The Mike provides a full transcript in Creole for every episode. This thoughtful feature allows students to read along as they listen, reinforcing their comprehension, expanding their vocabulary, and tuning their ears to the natural cadence and nuances of authentic Haitian speech. It moves beyond simple vocabulary drills, placing learners directly into the flow of real conversation, humor, and storytelling, making the process of mastering Creole both engaging and effective.
The soul of the show is its signature segment, "La Famille Pòt" (The Pòt Family). This weekly skit injects a dose of drama and comedy that is both relatable and distinctly Haitian. Through the lives, laughter, and squabbles of the Pòt family, the show explores everyday situations, cultural touchstones, and social dynamics in a way that is both entertaining and illuminating. This recurring drama not only captivates listeners but also provides rich context for language learners, showcasing how Creole is used in real family settings, complete with idioms, affectionate teasing, and the warmth of familiar interaction. It is this blend of humor and heart that makes the podcast feel less like a lesson and more like a visit with old friends.
Hosted on the widely accessible platform Buzzsprout.com, Souvni On The Mike ensures its reach is as broad as its ambition. The platform's user-friendly interface makes it easy for anyone, from a curious language student in Europe to a homesick Haitian in North America, to tune in and download episodes and transcripts. This accessibility is crucial to the show's goal of fostering a deeper connection within the global Haitian community and providing a welcoming gateway for outsiders.
Ultimately, Souvni On The Mike is more than just a podcast; it is a cultural touchstone. It serves as a vital link for Haitians longing to relive the memories and rhythms of their homeland, offering a sonic space where their language and culture are celebrated with pride and authenticity. Simultaneously, it extends a warm invitation to foreigners, demystifying Haitian culture and offering an enjoyable, participatory way to engage with its vibrant spirit. By blending practical language tools with compelling entertainment, Souvni On The Mike succeeds in its mission to educate, unite, and entertain, one Friday night at a time.
Souvni On The Mike
A Deportation Story
Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.
In this week’s episode of Souvni on the Mike, we enter the heart of the Haitian immigrant experience through the powerful journey of Gèlin, a mother whose life is upended by a single email: “Your TPS status is no longer valid.” What follows is a raw, emotional passage through fear, memory, identity, and survival, from the cold van ride, to the airport return, to the moment she must explain danger to a child born in safety. Souvni and Valentin break down the truth behind modern immigration realities, the loss of rights, and the quiet panic many immigrants carry beneath their skin. And to bring levity, La Famille Pòt returns with a chaotic misunderstanding that turns decoration into deportation, proving once again that Haitian households can turn fear into comedy and resilience. A story of truth, tenderness, and the unbreakable Haitian spirit.
Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/
SOUVNI: Mezanmi, onè ak respè tout moun. M ap salye nou ak yon gwo kout chapo. Ou branche nan emisyon Souvni on the Mike.
Ke w ap koute nan podcast la oubyen nan radyo, mwen byen kontan w reponn prezan nan emisyon sa a jodiya.
Nou nan mitan yon seri ki rele Anba po Ayisyen an ke n ap fè pandan sezon ete a. Se yon seri ki ap dire 12 semèn. 12 vandredi. 3 bèl mwa. E nou te kòmanse li depi 12 jen. E n ap fini li 28 Out.
Mwen reyèlman pa ka kwè ke nou gentan nan 6è semèn nan seri a mezanmi. Tan an pase reyèlman vit.
Seri sa se yon rechèch, se yon vwayaj ke n ap fè, depi soti nan orijin nou, pou konprann moman nan lavi Ayisyen an ki afekte lavi li, afekte jan nou prezante sou sèn global la.
E franchman, ke w te yon Ayisyen ki fè anpil pwogrè, ki rive lwen nan peyi a, oubyen ke w te yon moun ki ap debat pou fè lavi fè kwen, tout bagay sa yo ki te pase nou kòm yon pèp, viktwa esklav yo, tretman nou jwenn aletranje, mekonpreyansyon moun, siksè eritaj nou, popilarite kilti nou, sa afekte nou ke nou te vle l ou pa.
Ayisyen ki rive lwen yo, sa ki nan gwo pòs travay yo, yo menm tout konn twouve yo nan sitiyasyon kote etranje ap mande yo kesyon sou peyi yo, ke yo menm yo pa ka reponn.
Paske tanperati a chanje. Atitid sou imigran yo chanje. E nou kapab santi sa anba po nou.
E malgre nou konnen ke sa pa jan m rive vre, kòm Ayisyen ki natiralize, kèk fwa sa vini nan panse nou:
"E si yon jou, yo deside voye tout Ayisyen lakay yo?"
"E si yo deside denatiralize Ayisyen pou ti bagay san sans tankou taks oubyen enfraksyon minè konsa?"
Wi. m konnen. Se pa yon bagay ki ap janm rive vre, men nou gen anpil bagay ki pa konn rive anvan.
Diskisyon depòtasyon lakòz anpil tèt chaje pou imigran yo, ni sa ki gen TPS, oubyen sa ki rantre nan peyi Etazini pa lòt mwayen.
N ap akeyi mesye Valentin. Mwen wè li vle rantre nan konvèsasyon an tou. Come on Valentin, vini.
VALENTIN: Bonswa mèdam e mèsye. Onè respè tout moun. Wi Souvni, kèlkelanswa estati imigrasyon nou, nou te panse ke nou tout lan te jwenn pwoteksyon anba konstitisyon sa a.
SOUVNI: Anba konstitisyon peyi Etazini an, yon imigran te genyen anpil dwa. Men kounye a, sanble ke yo voye tout dwa sa yo jete, paske politik yo, lwa yo chanje. Men se yon bagay ki toutafè nòmal pou diferan administrasyon gen diferan politik. Men, m ap di w sa. Politik jodi yo, sa rèd.
VALENTIN: Ou oblije mache dousman pou w pa tonbe nan okenn vyolasyon. Ou oblije ap mache ak tout papye w anba bra w. Lontan, yon imigran te gen dwa. Dwa pou mande manda. Dwa pou pa ouvri pòt la san rezon. Dwa pou respire. Men jodi a? Imigran ap viv ak yon laperèz ki pa nòmal. Ou pa ka poste anyen sou medya sosyal yo. Ou pa ka pale twòp. Ou pa ka fè erè. Paske yon ti erè ka tounen yon gwo konsekans. Donk anpil moun, imigran ki pa fin twò kòdyòm nèt, pito rete anndan sèlman. Yo senpleman soti lè sa nesesè.
SOUVNI: Li enposib, kòm yon imigran, pou ta ap mennen yon vi an kachèt, kote ou pa ka soti, ou pa ka ale okenn kote paske ou pè pou yo pa kesyonnen w nan lari. Si ou rete kache, sa bay anpil estrès, epi li ka fè bagay yo vin pi mal tou. Men, sa ki absoliman rezonab, e ki totalman legal, se eseye evite pwoblèm, evite malantandi, oswa evite aksyon ki pa nesesè ki ta ka konplike sitiyasyon imigrasyon ou san w pa vle sa.
VALENTIN: Pwoteksyon TPS lan fini kounye a. M pa konnen si se yon bagay ki absoliman konkrè, paske bagay yo konn chanje. Moun kite ranpli pou azil politik, se yo ki gen yon ti chans kounye a. Jodi an, nou gen yon istwa ki lou. Yon istwa ki pa t sèlman pase sou papye, men gen yon moun te viv li. Sa se istwa Gèlin.
The Airport
GÈLIN: Lè yo te depòte mwen, e mwen te rive Ayiti. Depi lè pòt avyon an te ouvè a, imidite peyi a, chalè a te frape m tankou yon bagay m te sonje lontan lontan. Tout moun t ap pale bò kote m, men se kòmsi m te soud. Se wounouwounou sèlman m te tande. Paspò ki te nan men m nan pa t vo anyen. Se pa t yon paspò pou vwayaj li te ye ankò, se te yon paspò depòtasyon.
Yon fwa pye mwen te touche tè Ayiti, m pat kapab jwenn sèvis nan telefòn mwen. Se kòmsi tout sa mwen te konnen depi dènye 16 ane sa yo te rete dèyè. M ta p mache nan èpòt la. Te gen anpil limyè byen klere, men mwen te wè twoub nèt. Malgre m te retounen nan peyi m, men m te santi ke se pa t la lavi m te ye ankò.
Mwen te gade pitit fi m nan ki te avèk mwen. Se premye fwa li te ale nan peyi a. Li fèt Etazini. Li pale tankou Ameriken. Li panse tankou Ameriken. Men jodi a yo voye l nan yon peyi li pa janm konnen.
Lè nou soti èpòt lan, mwen gade deyò. Nou nan yon machin. Peyi ap pase bò kote nou, moto, machann, timoun k ap kouri, solèy k ap frape, men mwen pa santi m te ladan l. Se tankou mwen ap gade yon fim sou yon ekran ki twò lwen.
Pitit fi m nan t ap gade tout bagay ak je l louvri byen gwo. Li pa t di anyen. Men mwen konnen li te pè. Li pa janm wè peyi an. Li pa janm tande bri Ayiti konsa.
Mwen tande pitit fi m respire byen fò. Mwen t ap mande tèt mwen: “Ki jan m pral eksplike l ke peyi sa a se lakay li, men li pa santi l lakay li?” “Ki jan m pral eksplike l ke mwen te kouri pou te sove l men jodi a, yo mennen m tounen nan danje an?”
M t ap panse: “Bondye, dènye fwa m te kite peyi sa a, se te pou m pwoteje l. Kouman jodi a, se mwen menm ki pote l tounen nan danje sa a?”
M pran telefòn mwen. Pa t gen sèvis. Pa t gen Wi-Fi. Pa gen anyen. Se tankou tout 16 ane m te viv yo te rete dèyè nan avyon an.
VALENTIN: Lè yo te desann avyon an, se pa Ayiti ki te frape yo non. Se te verite an. Verite a ke ou ka fèt Ameriken epi ou pa gen yon peyi ki rele w pa w toujou.
The Van Ride
SOUVNI: Mezanmi, lè Gèlin fin desann avyon an, yo pa kite l respire. Depòtasyon pa nan zafè kite w pran souf. Depòtasyon pa di, “pran yon ti moman.” Depòtasyon se tankou yon dans, yon seri mouvman ki fèt youn dèyè lòt, san santiman, san konsideration. Ou pa yon moun ankò. Ou se yon moso papye y ap eseye retire nan kòlèt yo.
VALENTIN: Depi ou rive, yo mennen w kote yo vle. Ou pa gen dwa mande “poukisa?” Ou pa gen dwa mande “kote nou prale?” Ou pa gen dwa mande “èske pitit mwen ka chita bò kote mwen?”
SOUVNI: Se yon vwayaj kote ou kite tout dwa w dèyè. Dwa pa monte nan machin nan.
GÈLIN: Yo mennen nou pou n antre nan yon ti bis blan. Li pa gen okenn mak sou li. Pa gen non. Se tankou yon machin ki te fèt pou pa t kite tras.
Lè yo ouvri pòt la, yon frèdi te frape m nan figi m. Yon fredi ki soti nan kò bis lan. Yon fredi ki te soti nan tansyon, nan laperèz.
Mwen monte an premye. Pitit fi m monte dèyè mwen. Li te kenbe men m, men l frèt tankou glas.
Chèz yo di. Pa gen kousen. Pa gen konfò. Se tankou yo vle fè w sonje ke ou pa yon pasaje. Ou se yon moun y ap transpòte. Yo pa t vle nou bliye kote n te ye, pou n pa mete nou konfòtab.
Machin nan pran wout lan. Li souke. Li fè bri. Men anndan an, se te yon silans nèt. Silans ki fè ou tande pwòp kè w ap bat.
Lè bis la kanpe nan èpòt la gen yon moun ki t ap gade nou nan vit machin nan. Li pa t souri. Li pa t fache. Li jis gade, gade tankou li t ap konte nou, pa tankou lite konprann nou.
Mwen tande yon moun nan devan bis lan ki di: “Nou gen de pou nou mennen nan resepsyon an.”
De. De. Se konsa yo rele nou. Pa non nou. Pa istwa nou. Pa lavi nou. De. De sèlman.
VALENTIN: Depòtasyon pa janm kòmanse ak yon avyon. Li kòmanse ak yon machin frèt, yon vwayaj kout, yon silans ki pa nòmal. Se la istwa Gèlin lan ak pitit fi li ap kontinye nan yon bis kote yo pa t gen non.
The Knock
SOUVNI: Mezanmi, chak istwa depòtasyon gen yon moman kote bagay yo vin reyèl. Yon moman ki pa fè bri, men ki fè anpil domaj. Yon moman ki pa frape fò, men ki frape fon. Pou Gèlin, moman sa a se te lè yo te vin frape pòt li. Yon kout frape ki pa t anonse danje, men li te pote danje a.
VALENTIN: Lontan, kout frape pòt sa yo te gen limit. Ou te ka mande yo manda. Ou te ka mande rezon. Ou te ka di “non, mwen p ap ouvri.” Men jodi a? Kout frap lan pa mande pèmisyon. Li pa mande manda. Li pa mande dwa. Li jis mande, ou menm.
GÈLIN: Se te bonè nan maten. Solèy la potko leve. Kafe a te sou tab la, toujou cho. Pitit fi m nan te nan chanm li, li t ap dòmi toujou. Se te yon maten nòmal, jiskaske li pa t nòmal ankò.
Mwen tande yo t ap frape pòt la. Li pa t fò. Li pa t vyolan. Li te ofisyèl. Se te yon frape ki te fè w santi ke moun ki deyò a pa vin mande, li te vin pran.
Mwen te panse se te vwazen an. Mwen te panse se te livrezon. Mwen te panse se te yon erè menn.
Men lè mwen ouvri pòt la mwen te wè yo. De ajan. De vès. De figi ki pa gen emosyon. De moun ki pa vin pale, men ki vin konfime.
Youn gade m, li di: “Èske ou se Gèlin?” Non mwen te sonnen etranj nan bouch li. Tankou yon moun yo pa fin sèten de li. Tankou yon non ki pa gen pwoteksyon.
Mwen di wi. Se lè sa a, tout bagay chanje.
Yo pa t antre. Yo pa t fache. Yo pa t rele. Men prezans yo te antre anvan yo. Prezans ki fè lè a vin lou. Prezans ki fè ou santi ke ou pa gen plas nan pwòp kay ou.
Youn ladan yo te montre m yon papye. Papye ki pa t gen plas pou eksplikasyon.
Li di: “You need to come with us.”
Mwen gade pitit fi m nan ki te parèt nan koulwa a. Je li te gonfle ak dòmi toujou. Li pa t konprann. Li pa t konnen. Li pa t imajinen ke maten sa a se te maten ki ta pral kraze lavi li.
Mwen t ap panse: “Kouman m pral eksplike l ke l fèt nan peyi sa, men yo pa vle li la?”
Mwen t ap mande tou: “Kòman m pral eksplike l ke mwen pa ka pwoteje l?”
Yo ban m kèk minit pou te pran detwa bagay. Men minit sa yo pa t ase pou m te pran lavi m nan lakay la. Ni pou pran tout bagay ki te nan lavi pitit mwen.
Mwen pran telefòn mwen. Mwen pran yon dyakèt. Mwen pran men pitit fi m. E mwen kite kay la, kay mwen, tankou yon moun k ap kite yon kote li pa t janm panse li t ap kite konsa.
VALENTIN: Kout frap lan pa t fò. Men li te final. Li te kout frap ki louvri pòt depòtasyon an. Li te yon kout frap ki te fè Gèlin konprann ke gen jou ki pa t fèt pou viv, men pou chanje. E depi kout frap sa a rive, tout bagay ki vin apre pa t yon chwa menm. Se te yon tranzaksyon.
Life Before the Knock
SOUVNI: Donk, avan yo te frape pòt la, avan li te monte nan bis blan san mak la, avan li te antre nan avyon an, te gen lavi. Lavi Gèlin te bati ak men li. Yon lavi ki pa t pafè, men se te lavi kanmenm.
VALENTIN: Depòtasyon pa janm retire yon sèl grenn moun nan sèlman. Li retire tout sa moun nan te bati. Tout travay moun nan. Woutin li. Relasyon li. Tout bagay ki sanble yo pa t gen valè, men ki te fè lavi a gen sans. E se sa nou pral tande kounye a.
GÈLIN: Lavi mwen te senp. Mwen pa t gen anpil tèt chaje. Mwen te leve chak maten a 5è. Mwen te fè kafe. Mwen te reveye pitit fi m pou lekòl. Mwen te mennen li nan bis stop la, kote li konn rankontre ak zanmi li yo. Li te renmen lekòl li. Li te renmen pwofesè li.
Mwen te ale travay. Travay mwen pa t gwo, men li te estab. Mwen te konn fè blag ak moun nan travay mwen yo. Mwen te konn pote manje Ayisyen pou yo. Yo te konn di: “Gèlin, this is so good! Teach us how to make it!” E mwen te konn ri, paske se te premye fwa nan lavi mwen moun te mande m pou yo aprann nan men mwen.
Nan apremidi, mwen te pase nan makèt. Mwen te konn achte bagay pou dine. Mwen te konn rele pitit fi m pou mande si li vle espageti oubyen diri kole. Li te toujou di: “espageti, mom!” Se te ti bagay konsa ki te fè m santi ke mwen te rive nan lavi a.
Nan wikenn, nou te konn ale nan legliz. Nou te konn ale nan fèt. Nou te konn fè ti vwayaj Orlando pou nou pran plezi nou. Lavi a te bèl vrèman vre.
Mwen te konn gade l lè l ap dòmi nan aswè. Mwen te konn panse: “Bondye, mèsi. Mèsi paske mwen te sove li. Mèsi paske li fèt nan yon peyi ki ba li pwoteksyon.” Mwen te konn panse ke tout sakrifis mwen te fè apre tranbleman de tè a te vo sa. Ke mwen te chape. Ke mwen te rive. Ke mwen te bati yon lavi ki pa t gen danje.
Men mwen pa t konnen ke danje a te sou wout. Ke danje a te nan papye. Ke danje a te nan politik. Ke danje a te nan kout frape pòt ki t ap vini an.
VALENTIN: Se nan lavi ki te senp ke Gèlin te mete tout lanmou li. Se lavi sa a ke depòtasyon an te kraze. Depòtasyon pa retire yon moun sèlman. Li retire tout sa moun nan te bati.
Childhood Memory
SOUVNI Mezanmi, chak Ayisyen gen yon istwa ki pa sou papye. Istwa ki pa nan dosye imigrasyon, ki pa nan paspò, men ki nan souf ou sèlman, ki kache nan brenn ou. Bagay ou sonje lontan. Pou Gèlin, istwa sa a se yon memwa ki te andòmi pandan 16 ane, jiskaske depòtasyon fòse l reve l ankò.
VALENTIN: Depòtasyon pa sèlman mennen w kote w pa vle ale. Men li mennen w kote w te kite pou yon rezon. Li mennen w tounen nan memwa ou pa t pare pou te reviv ankò.
GÈLIN: Lè mwen te rive Ayiti ankò, yon sant te leve nan lè a, yon sant mwen pa t santi depi m te timoun. Sant tè cho. Sant dlo rivyè. Sant mango ki tonbe atè a. Sant yon peyi ki te fòme m, men ki te fè m kouri tou.
Mwen sonje jou mwen te kite peyi a. Se te apre tranbleman tè a. Mwen te ansent. Mwen te pè. Mwen te santi tè a ap souke anba pye mwen. Mwen te tande moun ap rele. Mwen te tande kay ap tonbe. Mwen te tande Ayiti t ap kraze.
Mwen menm ak pitit mwen te gentan gen paspò. Donk yo te pran nou epi depoze nou nan yon vil nan Etazini. Yo te ban m papye powteksyon. Nan de tan twa mouvman, mwen akouche, m ale lekòl, mwen kòmanse travay. Mwen te bati yon bèl lavi.
VALENTIN:Pou Gèlin, sa ki fè sa pi mechan an, se pa retou an non.Se kontradiksyon an.Ou te kouri pou lavi, epi sistèm nan voye w tounen nan menm kote ou te chape lanmò a. Kounye a se kòmsi li pral rekòmanse ankò. Men m t ap panse rekòmansman yo brital. Li te sove kite peyi a, li te rekòmanse britalman isi. Men kounye a yo rache l kote l te ye a, pou l rekòmanse yon lòt fwa ankò.
The Moment Everything Changed
SOUVNI: E kounye a nou tonbe kote bagay la te kòmanse a.
GÈLIN: Mwen sonje jou sa a. Se pa t okenn bri. Se te yon imèl.
Yon imèl ki te rive pandan mwen te nan travay. Mwen te louvri l san panse. Mwen te panse se te yon avi nòmal. Men lè mwen li l mwen santi vant mwen vire.
Li te di: “Your TPS status is no longer valid.”
Mwen li l ankò. Mwen panse se te yon erè. Mwen panse se te yon bagay mwen te dwe renouvle. Se te yon papye ke mwen te bliye.
Men pa t gen erè. Pa t gen oken renouvèlman. E pa t gen papye ki te manke.
Se te yon desizyon, yon desizyon ki pa t mande opinyon mwen, ki pa t mande si mwen te gen pitit fi ki fèt Ozetazini. Yon desizyon ki pa t menm mande si m te kouri apre tranbleman detè a.
Alò se te yon desizyon ki te di: “Nou pa vle w la ankò.”
Mwen te kenbe telefòn nan. Mwen te santi m ap tranble. M te panse: “Kòman m pral di pitit fi m sa la a?” “Kòman m pral eksplike l ke fò nou pati.
Mwen rele yon avoka. Li di m: “Nou ka eseye. Men chans yo piti.”
Mwen rele zanmi. Yo di: “Y ap priye.”
Mwen rele legliz. Yo di: “Kenbe fò.”
Men okenn bagay sa yo pa t chanje imèl la. Depòtasyon an te deja kòmanse.
Li te kòmanse ak yon imèl ki te di: “Prepare yourself.”
VALENTIN: Se konsa depòtasyon travay. Li pa t kòmanse ak ajan yo ki te parèt nan pòt la an premye non, men li te kòmanse avèk yon ti mesaj nan imèl. Li te kòmanse ak sistèm nan.
SOUVNI: Wi zanmi, Istwa Gèlin, se istwa anpil moun. Pou anpil imigran, pi gwo pwoblèm nan se mank sètitid lan. Se separasyon avèk fanmi ou, avèk pitit ou ki te fèt nan peyi a. Men Gèlin di ke se te desizyon pa li pou l te kenbe pitit li avè l. Li pa t vle kite desizyon sa nan men okenn moun.
VALENTIN: Kòm imigran nou merite viv lavi nou san sousi sa yo. Men yon lis bagay ou pa dwe fè pou pa tonbe nan pwoblèm.
SOUVNI: Pa inyore lèt ofisyèl yo voye ba ou. Pa janm inyore lèt ki soti nan USCIS, DHS, IRS, oswa nenpòt depatman nan gouvènman an. Si ou rate yon delè, menm si se pa aksidan, sa ka lakòz gwo pwoblèm pou ou.
VALENTIN: Pa sote randevou oubyen mizajou legal ke yo mande w fè. Règ imigrasyon yo chanje souvan. Si ou pa mete w kouran de dènye mizajou yo te fè yo, sa ka mete w an danje san w pa reyalize sa.
SOUVNI: Pa Travay san otorizasyon. Menm si travay la sanble li inofansif, travay san otorizasyon kapab konplike aplikasyon ou nan lavni.
VALENTIN: Pa sèvi ak fo dokiman. Fo nimewo Sekirite Sosyal, fo kat idantite, papye prete, sa yo se fason ki pi rapid pou pèdi yon ka pou tout tan.
SOUVNI: Evite antre nan pwoblèm legal. Menm ti pwoblèm piti, tankou tikè ki pa peye, ti enfraksyon tankou, kondwi san lisans, kapab genyen yon gwo konsekans nan imigrasyon.
VALENTIN: Pa Pibliye kontni ki riske sou entènèt la. Ofisye imigrasyon yo tcheke rezo sosyal yo tou. Menas, ekstremis politik, oswa nenpòt bagay ki sanble vyolan ka mal entèprete.
SOUVNI: Pa demenaje san ou pa kite imigrasyon konnen. USCIS egzije mizajou adrès nan 10 jou. Rate yon avi tribinal akòz yon ansyen adrès se youn nan kòz ki pi komen pou lòd depòtasyon.
VALENTIN: Pa vwayaje san otorizasyon. Kite peyi a, menm si se te pou yon fineray, kapab danjere si estati yon moun pa an sekirite.
SOUVNI: Pa konte sou rimè olye de avoka ou. Konsèy kwafè, mesaj WhatsApp, oubyen gwoup Facebook, konn gaye laperèz avèk move enfòmasyon.
VALENTIN: Kontinye chèche asistans toutotan ke ou nan peyi a. Anpil imigran panse rete trankil kenbe yo an sekirite. Men, non non, silans ou ka mete w nan yon move sitiyasyon.
SOUVNI: E finalman, sekirite ou pa soti nan kache, li soti nan rete enfòme, kenbe papye ou ajou, chèche èd legal si w bezwen, evite konpòtman ki riske, epi toujou rete onèt nan tout sa w ap siyen.
Donk zanmi oditè nou yo. Nou rive nan fen diskisyon nou. N ap pike pou pi devan nan seri Anba Po Ayisyen an. Tcheke sit wèb mwen SOUVNI.ORG, si ou vle plis enfòmasyon, w ap jwenn sa nan pòs ki make Summer 2026 - Under the Haitian Skin (UHS). Nou ankouraje ou pou retounen branche sou Radyo Konpa 1320 AM chak vandredi swa a 7:30, oubyen ale sou podcast nou pou fin tande istwa nan seri sa a. Vandredi pwochen, nou pral fè ti kozman sou Ki kote doktè Ayiti ale kay doktè. Mwen apresye ekout nou. M espere chita avèk nou ankò semèn pwochèn. Dakò zanmi, rete branche. Pa deploge. La Famille Pòt ap vini talè konsa.
La Famille Pòt - Epizòd 28
La Famille Pòt Prepare Pou Depòtasyon
OVILA: Mezanmi o Dyak, gen yon ajan leta ki ap mache deyò a la. Li lonje dwèt sou drapo Ayisyen ke mwen genyen devan an, li fè yon ti soupi, epi li di m konsa, "M ap retounen demen pou depòtasyon." Sa vle di nou gen 24 èdtan pou n prepare pou DEPÒTASYON. Tout moun, ann fè valiz nou! Ann fè vit!
DYAK: Ovila. sa w ap di konsa? Ou sèten se sa ajan an te di? Paske bagay depòtasyon pa fèt konsa non!
OVILA: Bon, poukisa pou m ap ba w manti la Dyak?
DYAK: M pa konnen. M konn tande yon moun di ‘bonjou’ epi ou menm, ou panse moun nan di ‘lagè’.
OVILA: Wi Dyak, se sa m tande. Li vin anonse nou ke l ap vin pran nou demen pou DEPÒTASYON. Mwen tande l trè klè! Menm zòrèy mwen ki konn rate bri moustik, pafwa, tande sa! Rele Tika! rele Freya! pou yo kòmanse fè valiz yo!
DYAK: O O, woy! Enben, fò m rele travay mwen. Fò m rele zanmi. Fò m rele manm legliz yo pou m di yo orevwa.
OVILA: Tika! Freya! Tika, Freya, vini! Tika, mezanmi, vini non!
TIKA: Oui manmie, qu'est-ce qu'il a? Ou rele nou tankou se dife ki pran nan kwizin nan.
FREYA: Yes Mommy, wha't s up? What's going on? Poukisa w ap rele konsa? Is ICE trending again?
OVILA: Tika, Freya, al pran valiz nou! Yo pral depòte nou.
FREYA: What? Why?! But I was born here! Mwen te fèt isi. They can't deport me. Yo pa ka depòte mwen. I have rights… and followers!
OVILA: Enben se sa w panse! Followers p ap sove pèsonn. Freya, al fè valiz ou. Pa ban m tèt fè mal. Nou sou lòd depòtasyon!
FREYA: Oh man. I got to put this on Tiktòk. I have to bring my WIFI router to Haiti. And I need my ring light, too. Mommy, fò m al met sa sou Tiktok. Fò m pote WIFI mwen Ayiti tou, pou m ka kontinye fè Tiktok.
OVILA: Freya, ou p ap gen koneksyon WIFI ayiti konsa. Bwat WIFI ou an, li p ap pral fonksyonnen Ayiti konsa. Kite sa dèyè.
DYAK: Oke, Ovila, mwen menm, m ap pote liv meditasyon mwen. Epi mwen pral pote twalèt mwen an, paske m pa konnen si Ayiti ko gen twalèt ki gen bon presyon dlo toujou.
TIKA: Bon, je ne vais pas apporter grand chose manmie. Mwen pral pake tout pafen ak makiyaj mwen. Ayiti fè cho ti chéri a. M pa vle swe twòp, donk m ap pote vantilatè pòtab mwen an tou.
FREYA: Mommy, bring the air fryer too. It's for emotional support. I can't live without my crispy fries. Pote air fryer a tou. M pa p kapab viv san french fries mwen.
OVILA: Ok Freya, Men m pa pran chans! M ap pote fou elektrik la avèk espresso machin nan tou .M pa pral fè manje nan dife bwa mwen menm!
DYAK: Men mezanmi, tann yon moman. Kiyès ki pral peye tikè avyon pou depòte nou an menm.
OVILA: Ou pa bezwen pè Dyak, depi yo depòte w, ou pa bezwen achte tikè. Se yo ki voye yon avyon vin chache w.
FREYA: O! In that case, enben si se pou sa, mwen vle chita nan FIRST CLASS.
TIKA: Freya, pa gen FIRST CLASS nan depòtasyon. Ou pa konnen sa? Se sèlman 'Chita kote yo mete w' ki genyen
FREYA: Wait a minute. Wait a minute. Wait right here. Tann yon moman. Tann yon moman tout moun silvouplè!!!
DYAK: Ki sa k genyen Freya?
FREYA: Kijan manman m te pran nouvèl yo pral depòte nou an? Nan imèl, nan telefòn, oubyen nan yon lèt? Oubyen èske se nan rèv manman m te tande sa?
OVILA: Mezanmi o, poukisa tout moun ap mande m menm kesyon a? M pa di w. Se yon mesye nan yon machin gouvènman leta ki parèt deyò a, enpi li lonje men li sou drapo Ayisyen nou genyen deyò a. Epi li di m konsa li pral vin demen pou depòtasyon.
FREYA: What?! Yon mesye ki vin parèt ki di w sa? Kote li? Èske li deyò a toujou?
OVILA: Wi, m panse li deyò a toujou. Lè m fin pale avèk li. Mwen jis antre m pou m ka di nou sa, pou nou ka pare byen vit.
FREYA: Mommy, se pa konsa bagay yo fèt. M pral pale avèk li.
DYAK: O non, Freya, pa fè sa. Pa al kesyonnen moun sa yo. Yo ka vin vyolan wi.
FREYA: Dad, m pa pè okenn moun. Ou konnen sa.
FREYA: O men mwen wè li deyò a toujou. Te m rele l. Excuse me Sir?
MAN: Yes ma'am.
FREYA: Did you tell my mom something about DEPORTATION?
MAN: Deportation? No Ma'am. I pointed to the Haitian flag, that she has up there. I told her that the flag is too high. It's a hazard. So I will check back tomorrow to make sure that she fixed it. I said DECORATION, not DEPORTATION.
FREYA: O! Thank you, sir!
OVILA: Kisa li di Freya? Kisa mesye a di?
FREYA: Mommy, mesye a di pou w desann DEKORASYON drapo ou genyen deyò pi ba. Se lalwa vwazinaj la. Mesye a di DEKORASYON, li pa di DEPÒTASYON. Ou te tande l mal.
OVILA: O enben, nou va eskize mwen. Nou konnen, zòrèy Ayisyen mwen pa fin twò fen. Se depòtasyon mwen te tande mwen menm!
END
Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Se te Souvni on the Mike. Pase bon wikenn