Souvni On The Mike

The Bougie Ones Who Accidentally Started the Haitian Revolution

Mandaly Louis-Charles

Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.

0:00 | 26:46

Send us Fan Mail

This week on Souvni on the Mike, Souvni and Valentin peel back the layers of Haitian society to explore how class, trust, and survival shape everything from the Haitian Revolution to modern healthcare.

We dive into the ironic, hilarious, and very real story of the free people of color, wealthy, privileged, and educated, yet denied equality. In trying to secure their own rights, they accidentally armed enslaved Africans, who promptly decided to fight for everyone’s freedom instead.

Then we jump into a comedic skit with La Famille Pòt, where Dyak insists on choosing Doktè Pèp over Doktè VIP, sparking a family debate that reveals how Haitians still navigate class and survival in a fragile healthcare system.

A blend of history, humor, and cultural truth, this episode goes deep under the Haitian skin.

Support the show

Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/




SOUVNI: Oditè yo, zanmi nou yo, mèdam e mèsye! Gwo salitasyon, e welcome nan emisyon Souvni on the Mike la. W ap koute animatris emisyon an, Souvni. And I will introduce, my sidekick, konpanyon mwen pou emisyon an, Mr Valentin, ki pare pou nou bonè bonè nan estiydo an pou emisyon jodi a.

VALENTIN: Yes, Souvni, the sidekick with an attitude. Yon sidekick ki gen anpil piman ladan l. Bonswa tout moun, n ap salye ou e swete ou byenveni nan emisyon nou jodi a.

SOUVNI: Nou gen anpil pawòl pou ou jodi a, mezanmi. E ou konnen nou pa nan pale met la. Sa nou vin pale an, se sa nou di ou, men avèk yon ti mizik tou piti.

VALENTIN: Non, nou pa pale met la. Nou pote verite sou tanbou.

SOUVNI: M ap fè ou sonje ke, aktyèlman, w ap suiv yon seri nan emisyon nou an. Yon seri ki ap kontinye jiska 28 Out.  Li te kòmanse depi 12 jen. Se yon seri kote nou fè rechèch, bon ti rechèch wi, pou nou vin pale de kisa ou ka jwenn si w al fouye anba po Ayisyen an. 

VALENTIN: Anba po nou, ou jwenn kontantman ak tèt chaje, e nou pote toulede trè byen.

SOUVNI: O, nou jwenn anpil kòmantè pou moun ki ap suiv seri sa a. N ap di mèsi ak tout moun ki te pran yon ti tan pou voye yon ti mesaj pou nou. Mèsi anpil.

VALENTIN: Sou konbyen semèn nou ye la a Souvni, nan seri a?

SOUVNI: Nou sou setyèm semèn nan deja. Tan an pase trè vit. E Jodiya istwa nou trè enteresan, nou ap pale de klas, ki vle di, laboujwazi. N ap pale de konfyans. Epi n ap pale de siviv. Tèm emisyon an jodi a se 'Kote Doktè Ayisyen Ale Kay Doktè'

VALENTIN: Kote doktè Ayisyen ale kay doktè. Sa sanble yon pwovèb?

SOUVNI: Ebyen se prèske egzakteman sa. Si ou se yon doktè, ki vle di, ou nan klas elit yo, èske ou fè pwòp sèvis peyi ou konfyans? Pou Ayiti, klas, konfyans, ak siviv se twa poto ki eksplike tout sa nou viv. Malgre Ayiti se yon peyi ki pòv, sa pa vle di li pa gen moun rich. Moun ki rich lan, li rich anpil. E moun ki pòv la, li pòv anpil tou. Se yon peyi kote rich ak pòv pa viv nan menm reyalite a.

VALENTIN: Wi se vrè. Se kote moun pa mete konfyans nan leta, ni nan lopital, ni nan moun ki gen pouvwa.

SOUVNI: Sa vin tradui nan yon pèp kote pou siviv, sa vin tounen yon lit, yon plan batay ke w ap eseye jere chak jou. Si ou kontinye koute, ou pral konprann sa n ap pale a. 

VALENTIN: Men yon kesyon: Èske richès peyi a byen pataje? Èske pèp la santi yo ini oswa divize? Paske lè moman kriz la pete, se rich ak pòv ki pou mete tèt ansanm pou fè yon konbinezon pou Ayiti ka kenbe, pou peyi a pa koule, ouswa disparèt nèt.

SOUVNI: E kesyon w lan, Valentin, vin mennen nou nan yon gwo istwa. Yon istwa ki pi gwo pase tout istwa. Yon istwa ki poze yon kesyon.

VALENTIN: Ki kesyon sa ye?

SOUVNI: Zanmi nou, èske ou janm mande tèt ou kesyon, 'kijan revolisyon esklav yo te kòmanse vre'?

VALENTIN: Men wi, m panse ke nou konnen ke li te kòmanse avèk esklav yo ki te revòlte.

SOUVNI: Wi Valentin, men èske ou konnen kisa ki te fè esklav yo leve? Ki bagay ki te pase ki te fè yo deside revòlte?

VALENTIN: O! Kisa ki te pase ki fè esklav you te leve menm?

SOUVNI: Gen yon bagay ki te pase.

VALENTIN: E m panse ou pral di ke sa te gen rapò avèk boujwa Ayiti yo?

SOUVNI: Egzakteman! Ou tou konnen sa. Se te yon afè de klas. Se te yon afè de boujwazi ki t ap chache pou yo te monte pi wo toujou.

VALENTIN: Èske se boujwa yo ki te lakòz revolisyon an?

SOUVNI: Valentin, repons kout lan se, wi. Men se pa t sa ke yo t ap chache fè. Yo te gen klas. Yo te gen ti privilèj. Yo te gen lajan. Men gen yon bagay ke yo pa t genyen.  Zanmi nou yo, gwoup ki te aksidantèlman kòmanse revolisyon Ayisyen an se te boujwa yo. Boujwa Ayisyen ki te gen plantasyon. Boujwa Ayisyen ki te gen esklav, men yo pa t gen libète. Yo t ap chache libète. Pa libète pou esklav yo non. Non non non, jamè sa! Yo te vle esklavaj la kontinye, men yo t ap chache libète pou tèt pa yo.

VALENTIN: Enpi se konsa ke, aksidantèlman, revolisyon an te kòmanse.

SOUVNI: Zanmi nou yo, pa deplase non. Nou gen yon istwa pou ou. N ap kontinye lè nou retounen.

 

Bebe Boujwa Sendomeng yo 

SOUVNI: Oke, dakò, si w ap suiv istwa nou depi nan kòmansman, ou konnen ke anvan revolisyon an, Ayiti te gen de (2) klas. Li te genyen klas blan yo ki te lib. Ki t ap dirije. Ki t ap kòmande. Ki t ap pase lòd. Enpi li te gen klas esklav yo. Ki t ap pase tray. Ki t ap bourike. Ki pa t janm gen yon jou konje. 

VALENTIN: Wi, se de sa nou pale jiskensi.

SOUVNI: Men jodiya, mezanmi, nou vin pale de twazyèm klas la. 

VALENTIN: Oke m ap koute.

SOUVNI: Anvan revolisyon an, Ayiti te gen yon klas moun espesyal. Moun ki te lib akoz de koulè yo. Se te yon gwoup moun ki te privilejye, men yo pa t lib.  Se te pitit mesye blan plantasyon yo, ak fanm ki te esklav yo. 

VALENTIN: O! ki vle di. Yon mèt plantasyon, yon blan, kouche ak yon fanm ki esklav, enpi yo fè yon pitit, men pitit lan te grimo. Li pa t blan. Li pa t nwa. Li te grimo.  

SOUVNI: Yep se konsa. Yo te rele moun sa yo, moun ki gen koulè. Papa blan sa yo, mèt plantasyon sa yo, yo pa te aji tankou lòt papa. Timoun nan te fèt, men li pa t 100% blan. Donk li pa t gen dwa. Yo te libere timoun nan. Yo te bay timoun nan tè. Yo te bay timoun nan pwòp esklav pa li.  Yo te bay timoun nan plantasyon. Yo te bay timoun nan lajan. Yo te bay timoun nan menm edikasyon an fransè. Timoun nan te ka vwayaje al pran edikasyon an Frans. Men, sa papa sa yo pa t bay timoun nan, se te non fanmi yo. Oswa rekonesans yo. Oswa yon plas sou bò tab la.

VALENTIN: Se te kòmsi papa yo te di yo. "Mwen renmen ou, men pa di okenn moun si mwen avè w nou frekante menm klas."

SOUVNI: Moun lib sa yo, grimo ki te gen koulè yo, te vin rich. Anpil ladan yo te trè rich. Yo t ap pwodui kafe, sik, koton, ak digo. Pa menm valè ak gwo plantè blan yo, men ase pou yo te vin nan yon klas mwayèn, ki te gen bon ti mwayen.

VALENTIN: Se yo menm ki te konn ap mache nan Sendomeng tankou: "Mwen pa tankou lòt esklav yo. Mwen diferan. Mwen espesyal. Papa m se blan, menm si li fè tankou li pa konnen m."

SOUVNI: Yo te gen plantasyon. Yo te gen esklav. Yo te gen lajan. Yo te gen manyè franse. Yo te konn mete bèl perik nan tèt yo. Yo te konn ap mache ak manch ki gen bèl ti dantèl. Ou konnen esklav yo pa t gen dwa fè bagay sa yo. Yo te gen odas. Men, yo pa t gen egalite.

 

Yon Lwa ki te Di: 'Ou Lib, men pa Mete Twò Alèz'

SOUVNI: Bon pou moun lib sa yo ki te gen yon ti koulè a, kolon blan yo te kreye yon lis lalwa konplè espesyalman pou raple yo: "Hey, nou lib, men pa mete nou twò alèz." Lalwa ke kolon blan yo te kreye pou moun sa yo te genyen anpil bagay ke yo pa t kapab fè, ki te sou lis la.

VALENTIN: Yo pa t kapab: pratike medsin, pratike lalwa, okipe yon pòs administratif nan biwo. Yon gen yon sèten rad alamòd yo pa t kapab mete. Yo te gen sèten mèb ke yo pa t kapab achte. Yo pa t ka chita nan sèten plas, mache nan sèten kote, antre nan sèten bilding, e marye ak sèten moun.

SOUVNI: Malerezman se konsa bagay la te ye. Se te tankou blan yo te di. Nou te libere w, men pa kòmanse panse ou se youn nan nou.  Menm si ou te gen po klè. Menm si papa w te plantè ki pi rich nan pwovens lan. Menm si ou te gen yon edikasyon fransè. Menm si ou te gen pwòp esklav pa w, ou te toujou nwa. E lalwa yo te asire w ke yo te sonje sa.

VALENTIN: E se konsa nou ap konesans avèk Julien Raimond, misye te premye aktivis ki t ap chache libète pou boujwa yo, libète pou moun koulè yo. 

SOUVNI: An 1784, youn nan mesye koulè lib yo, ki te gen anpil richès. Kòm Valentin te di, se te Julien Raimond. Mesye Julien Raimon te di, 

"Bon, oke, ase nan bagay sa a! Sa sifi. Mwen vle gen plis dwa. Natirèlman, mwen dakò avèk li wi.  Twòp pou yo mezanmi.

Mesye Julien Raimon te fè yon demand, epi voye l bay Lafrans pou te aboli lwa diskriminasyon sou moun ki te gen koulè yo.

Lafrans te gade demann nan, enpi li te di: "Aww, sa bèl. Men, non nou p ap fè sa."

Raimond te eseye ankò. Lafrans te di: "Non, toujou non. Nou pa p ba ou oken dwa."

Julien Raimon pa t bay legen. Misye te eseye yon twazyèm fwa, epi Lafrans te di:

"Tande misye, al chita yon kote tande."

VALENTIN: Konsa, moun koulè lib yo te kòmanse fache. Yo pa t fache ase pou te libere esklav pa yo non. Non! Ann pale klè. Jis fache ase pou yo te vle pwòp libète pa yo. Libète pou yo sèlman.

SOUVNI: Yo te vle egalite ak blan yo. Yo te vle menm dwa ak blan yo. Yo te vle menm privilèj ak blan yo. Men, yo te vle esklav Afriken yo rete esklav.

 

Vincent Ogé: Boujwa Revolisyonè ki te Gen Gwo Kouraj

SOUVNI: Kounye a gen yon lòt grimo, ki te gen koulè, ki te rele Vincent Ogé, yon nonm ki te rich anpil. Vincent Ogé te di: "Tande, si Lafrans pa vle ban nou dwa ke nou merite a, nou pral goumen pou sa." Epi ou konnen, moun lib yo, ki te gen koulè yo, te gen lajan. Donk sa vle di yo te gen aksè pou yo te jwenn zam. Yo te gen chwal. Yo te gen koneksyon. Donk yo fòme pwòp gwoup ame militè yo. Men mwen rele sa kouraj. Paske se youn nan premye revolisyonè Ayisyen nou yo, menm si li pa t ap goumen pou esklav yo.

VALENTIN: Ogé te dirije yon rebelyon ki te al goumen pou dwa yo. Sa te dire de (2) semèn.

SOUVNI: Men malerezman li te echwe. Bon m ap di w sa. Listwa di ke Lafrans, se vannen yo te vannen misye. 

VALENTIN: Blan yo te kapte li, yo te fè l pase yon tray anba baton, epi yo te egzekite li.

SOUVNI: Donk moun koulè yo vin di. OK, plan sa a pa t mache. Men, kisa nou kapab fè la a. An nou panse.... An nou panse... An nou panse.

VALENTIN: Yo t ap panse.

SOUVNI: Men wi, yo t ap panse, kijan fè pou yo pa ta panse a? Se moun entlijan yo te ye. Se Ayisyen yo te ye. Enpi yo vin reyalize yon bagay. Yo te di, "Tann yon moman. Nou pa ka genyen poukont nou. Men si nou te anpil, si nou te plizyè, nou ta genyen."

VALENTIN: E se lè sa yo vin reyalize ke yo kapab itilize esklav yo, pou mete yo, nan lame yo.

SOUVNI: Konsa konsa, moun ki te gen koulè yo te pran desizyon ki pi dwòl nan listwa peyi Ayiti: Yo te bay esklav yo zam.

VALENTIN: Yo te di esklav yo: “ Men gwo zam. Men kijan pou itilize li. Enpi kounye a, vin goumen pou libète nou.”

SOUVNI: Mezanmi si w panse sa te dwòl, tann yon moman toujou. Yon lòt bagay ki pi dwòl vin pase ankò. Kounye a, plantè blan yo ki wè sa, yo wè ke grimo yo, moun ki te gen koulè yo, te ame esklav yo. Plantè blan yo te tonbe panike. Kisa ou panse yo te fè? 

VALENTIN: Yo te ame esklav pa yo kounye a.

SOUVNI: Kounye a la, esklav Afriken, ki pa t gen zam pandan plizyè syèk, te gen zam nan toude bò yo. Imajinen sa. Ayisyen ki te gen koulè yo te di esklav yo: 'Goumen sou bò pa m nan'

VALENTIN: Epi plantè blan yo ki t ap maltrete esklav yo, te gen odas, yo te di: “Non, goumen pou nou pito!”

SOUVNI: Enpi zanmi oditè, ou gentan imajinen kisa ki te pase aprè., Esklav yo ki pa t sòt, yo kanpe, yo gade toulede bò yo, epi yo te di, "Non ti cheri a, kounye a nou gen zam. Nou pral goumen pou libète nou pito. Nou pral goumen pou libète esklav yo. 

VALENTIN: E se te moman sa kote esklav yo te di. Si w ban nou zam, sèke ou pa fò vrèman. Se nou menm kounye a ki va fòs nou dèzojoudui.

SOUVNI: E sa se te bouji ki te kòmanse dife a. Se moman sa a ki te derape revolisyon Ayisyen an. Moun ki te gen plis pouvwa a te vle egalite. Blan yo menm te vle tout kontwòl la. Men, esklav Afriken yo te vle libète, vrè libète pou tout moun yo. Epi yon fwa yo te gen zam, yo te pran li.

 

Kote Doktè Ayisyen Ale Kay Doktè?

SOUVNI: Mezanmi, sa se te yon istwa boujwazi, konfyans yo nan sistèm nan, e kòman diferan gwoup, ak diferan klas ap chache yon fason pou yo siviv. 

VALENTIN. Moun ki te privilejye yo pa t gen konfyans nan sistèm nan. Enpi moun ki te pi ba pase yo pa t gen konfyans ni nan moun privilejye yo, ni nan sistèm nan. Sa vin kreye yon mank avansman. 

SOUVNI: Wi, pou yon sistèm byen balanse, fòk manm nan sistèm yo santi ke yo tout genyen yon bon chans pou siviv. Menm si klas yo pa menm, dwe gen konfyans. Yon klas dwe santi ke li kapab apiye sou lòt  la lè sa nesesè. Men si pa gen konfyans, sistèm nan ap fè fon, sistèm nan ap koule.

VALENTIN: Men malerezman, si sistèm nan pa balanse, vin gen divizyon, pa paske gen rayisab non, men paske moun ki pi ba yo konnen ke moun ki gen privilèj yo gen aksè a sèten bagay ki esansyèl pou siviv, tankou manje, swen lasante, edikasyon, ak kote pou pare lapli. E yo pa konnen si moun ki gen privilèj yo, si y ap vle pataje resous sa yo lè gen yon kriz. Donk sa vin mete tout moun nan yon pozisyon kote y ap chache siviv tout tan, tout tan. Sa se pa yon sistèm ki kapab kenbe lontan.

SOUVNI: Yo egzanp ou ka pran, se menm jan ak tan prezan an, sèjousi: Doktè Ayiti pa fin fè sistèm swen lasante peyi a anpil konfyans. E se pa tout pasyan yo ki fè doktè yo konfyans tou. Donk tout moun ap navige klas yo, fason yo kapab, pou yo ka siviv.

VALENTIN: Lè w ap mande, “Ki kote doktè an Ayiti ale pou jwenn swen lasante?” nou p ap sèlman ap pale de swen lasante ak medikaman, n ap pale sou pouvwa, n ap pale sou laperèz, e n ap pale sou echèl envizib sa ki andedan yon sistèm ki pa fonksyonnen byen tankou Ayiti.

SOUVNI: An Ayiti, sistèm swen lasante an tèlman anba presyon ke menm moun ki resevwa fòmasyon pou bay swen medikal yo, souvan, pa ka konte sou fòmasyon sa pou sove pwòp lavi pa yo. Nan moman n ap pale a, pa egzanp, se sèlman 19% nan popilasyon Ayisyen an ki gen aksè a swen debaz prensipal. Sa se yon chif ki ba anpil anpil. Epi sa ki pi mal la, plis pase 70%, ki vle di la plipa, nan lopital oubyen klinik nan kapital la, fèmen pòt yo akòz vyolans, oubyen akoz yo pa gen resous, oubyen, akoz bilding etablisman an menm fin kraze. Yo pa ka repare l.

VALENTIN: Donk kisa doktè yo fè? Yo bati chwa pa yo pito. 

SOUVNI:  Yo ale nan klinik prive ki sèvi popilasyon ki gen koneksyon, ki sèvi moun ki gen mwayen, ki sèvi moun ki ka peye pou sa.  Se yon bann seri de klinik ki fonksyone trankilman, an prive, an sekirite. Nan klinik sa yo, ou jwenn bon atansyon, gen bon ekipman, gen medikaman ou ka fè konfyans, gen plis sekirite, e travayè klinik sa yo yo pa fatige tankou nan klinik pèp yo.  Men malerezamn, klinik sa yo chè anpil. Ayisyen ki nan klas mwayèn nan pa gen aksè nan yo.

VALENTIN: Ot ke klinik prive yo, anpil medsen chache swen nan sant ONG, oubyen nan lòt òganizasyon Entènasyonal, pa egzanp òganizasyon Medsen San Fwontyè yo. Yo gen plis konfyans nan òganizasyon sa yo pase lopital leta yo, lopital pèp la. Paske sant klinik oubyen lopital entènasyonal yo fonksyonnen nan yon anviwònman ki pi an sekirite, yo gen ekipman ki pi konsistan, e sa ki pi enpòtan an, yo gen kontwòl enfeksyon ki pi solid. 

SOUVNI: E twazyèmmam, moun ki gen mwayen yo, yo pa rete pran tretman nan peyi a pou maladi ki grav. Yo kite peyi a pito. Menm sa yo ki ap anseye lamedsin, ki ap dirije depatman lasante yo, oswa ki ap jere lopital yo, yo vwayaje nan peyi etranje: Repiblik Dominikèn. Miami. Kanada. Paske yo konnen verite a: Sistèm Ayiti a frajil. Li kase, e byen souvan, li danjre. Yo konnen ki kote pou yo ale pou yo genyen plis chans pou siviv.

VALENTIN: Epizòd sa a pa t sèlman konsène doktè yo. Sa te konsène konfyans, ki moun ki genyen l, ki moun ki pa genyen l, e kisa sa revele sou nasyon nou an. Li konsène klas sosyal, kijan aksè pou jwenn swen lasante vin tounen yon sòt de glas, yon sòt de miwa pou inegalite. Epi li espesyalman konsène jan moun ap chache siviv akoz de sa. Kijan menm moun ki ap bay swen lasante yo, dwe jwenn yon fason pou yo rete vivan nan yon sistèm ki ap kraze, nan yon sistèm ki ap fè fon.

SOUVNI: Donk zanmi oditè nou yo, sa se te setyèm pati nan seri Anba Po Ayisyen an. Nou kontinye ap pouse pi fon wi.  N ap pike pou pi devan nan seri sa a. Tcheke sit wèb mwen SOUVNI.ORG, si ou vle plis enfòmasyon, w ap jwenn sa nan pòs ki make Summer 2026 - Under the Haitian Skin (UHS). Nou ankouraje ou pou retounen branche sou Radyo Konpa 1320 AM chak vandredi swa a 7:30, oubyen ale sou podcast nou pou tande tout diskisyon ki nan seri sa a. Vin koute vandredi pwochen kote nou pral pale de plan aksyon ke chak imigran Ayisyen ap suiv. Se yon seri de règ, malgre yo pa ekri, chak Ayisyen pote règ sa avèk yo. Wi zanmi nou, uityèm semèn nan pral pale de yon sistèm operasyon kache ke Ayisyen pote avèk yo lè y ap imigre, règ ki pa ekri, kòd ke yo itilize pou siviv, reflèks kiltirèl, ak yon seri de apwòch ke nou eritye, ki fòme fason ke nou navige lavi aletranje. Règ sa yo pa ekri okenn kote, men nou resevwa yo nan listwa ke nou tande, e nan abitid nou. Se yo ki ede Ayisyen siviv, adapte, epi reyisi nan yon anviwònman ki souvan malkonprann nou. Donk ou deja konnen, zanmi oditè nou yo, se va yon emisyon ki va gen anpil enfòmasyon. Mwen apresye ekout nou anpil anpil anpil. M espere chita avèk nou ankò semèn pwochèn. Dakò zanmi, rete branche. Pa deploge. La Famille Pòt ap vini talè konsa.

                                                          LA FAMILLE PÒT  

                                                              EPIZÒD 28

                                                     Doktè VIP vs Doktè Pèp

OVILA: Dyak, li lè pou nou renouvle fòm asirans medikal nou.

DYAK: O O! Ou te kwè se ane pase nou fèt sot ranpli fòm nan? Ane a pase vit, hein. Li gentan lè pou nou renouvle ankò?

OVILA: Men wi, Dyak! Mwen gentan ranpli fòm pou mwen, ou menm, Tika, ak Freya. Mwen jis bezwen ou siyen l.

DYAK: Dakò, ban m siyen l non, Ovila.

OVILA: Men li, Dyak. Siyen la.

DYAK: O O Ovila, kijan fè asirans lan monte tèt nèg konsa? Ane pase nou te peye $400 sèlman. Kounye a nou pral peye $15,000? O O! Sa se asirans medikal oubyen se achte nou pral achte klinik la?

OVILA: Enben, ane sa mwen chwazi doktè VIP an. Mwen bouke ak doktè pèp la.

FREYA: Yeah Dad, doktè pèp la fè w tann de jou anvan yo rele non w. Enfimyè yo fatige. Limyè yo ap limen etenn tankou se DJ yo t ap fè nan klinik la. Mwen pa renmen sa.

DYAK: Freya, enben w ap gade klinik la sou aparans la? 

OVILA: Wi, enpi chèz yo di kòmsi w t ap chita sou yon gwo wòch larivyè.

TIKA: Papi, c’est vrai sa yo di a, wi. Lè w chita Kay Doktè VIP a, ou chita nan sal datant lan, ou santi w geri menm anvan doktè a parèt.

DYAK: Sa se enposib Tika. Tout de (2) klinik yo. Ni klinik kay doktè pèp lan, ni klinik kay doktè VIP a, tou de (2) se menm.

TIKA: Non, papi. Kay doktè VIP an gen awomaterapi. Yo gen enfimyè ki ap souri tout tan. Yo gen tès laboratwa ki soti, tankou, yèswa. Enpi tout bagay yo nèf.

OVILA: Wi Tika, Chèz yo fèt an vlou. Gen frijidè ak ti rafrechi gratis. Se tankou yon spa, Dyak. Yon spa medikal.

FREYA: Dad, nou vle VIP a. Menm si nou pa rich, nou se moun ki boujwa nan kè nou.

DYAK: Ovila, kòm père de la famille, e mwen panse ke se mwen ki gen dènye mo a paske se mwen ki ap peye, mwen chwazi doktè pèp la.

FREYA: Dad! Why?

DYAK: Se pou byen tout fanmi an mwen fè sa, Freya.

OVILA: Non Dyak. Se paske ou pa vle depanse ou fè sa.

DYAK: Ovila, ou poko konprann kijan bagay yo a mache.  Doktè VIP yo pa trete gwo maladi. Kliyan yo pa janm malad! Kliyan yo se moun ki ale doktè chak jou pou yo pa malad. Donk, doktè VIP yo pa gen eksperyans.

TIKA: Mais papi, les riches sont malades aussi. Moun rich yo, yo malad tou.

DYAK: Wi, men se maladi moun rich yo fè. Doktè VIP trete moun ki koupe dwèt ap konte lajan yo. Moun ki bouke paske yo ap mache twòp nan gwo kay yo. Moun ki gen fatig emosyonèl paske yo bouke konte lajan yo.

FREYA: Yeah, but dad, nou gen pwoblèm sa yo tou. Nou gen maladi sa yo tou.

DYAK: Non, Freya. Nou gen pwoblèm moun pòv. Nou gen do kase paske nou travay twòp. Nou gen tansyon paske manje chè. Nou gen respirasyon difisil paske nou pa gen lajan pou pirifye lè ke n ap respire a. Sa se maladi doktè pèp konn trete chak jou.

OVILA: Donk Dyak, ou pito tann 7 èdtan ap tann lakay doktè pèp la, pase pou santi w byen, nan de minit, lakay doktè VIP an?

DYAK: Wi Ovila! Doktè pèp la se gran medsen. Li wè tout kalite maladi, maladi ki soti nan pousyè, nan move lè, nan move gouvènman. Li jere papye ki pèdi, medikaman ki pa rive, asirans ki pa peye, ak pasyan ki fache. Depi w parèt, li gade w, epi li di: "Ou gen tansyon. Ou gen dyabèt. Ou gen ren ki foule" epi li ba w ti te fèy.”

TIKA: Diagnostic visuel, papi?

DYAK: Wi Tika! Doktè pèp la pa bezwen tès. Li gade w epi li fè twa dyagnostik ak yon sèl je. Se tankou li te gen WiFi medikal nan tèt li.

FREYA: So, Dad, kay ki doktè nou prale ane sa a?

DYAK: Nou pral kay doktè pèp la, Freya. Paske menm si yo fè tansyon nou monte lè nou tann 7 èdtan nan klinik yo, yo gen remèd pou fè tansyon an desann.

OVILA: Wi, e lè chèz yo fè dèyè nou mal paske yo di tankou wòch, yo gen remèd pou geri dèyè fè mal.

FREYA: Lè sal datant yo pa gen è kondisyone, ap fè nou prèske endispoze, yo gen te fèy pou remonte nou.

TIKA: Lè nou gen tètfèmal paske limyè yo ap limen etenn tankou nou te nan yon fèt disko nan klinik yo, yo gen remèd pou tètfèmal la.

DYAK: Doktè pèp la trete tout bagay: maladi, move zèv, move nouvèl, move gouvènman, tout bagay! Epi si nou malad tou bon, mwen vle doktè ki konn trete moun ki malad pou de bon, pa doktè ki konn trete moun ki jis fatige paske gwo bato yatch yo pa gen WiFi.

END

Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Se te Souvni on the Mike.  Pase bon wikenn