Souvni On The Mike
Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. Every Friday night at 8 PM, this Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. The show's very name, "Souvni," meaning "Remember," signals its core mission: to be a living archive of cherished experiences and a bridge between generations of Haitians, both at home and across the diaspora.
At its foundation, the program is a powerful tool for language acquisition. Recognizing the challenges faced by intermediate and advanced learners, Souvni On The Mike provides a full transcript in Creole for every episode. This thoughtful feature allows students to read along as they listen, reinforcing their comprehension, expanding their vocabulary, and tuning their ears to the natural cadence and nuances of authentic Haitian speech. It moves beyond simple vocabulary drills, placing learners directly into the flow of real conversation, humor, and storytelling, making the process of mastering Creole both engaging and effective.
The soul of the show is its signature segment, "La Famille Pòt" (The Pòt Family). This weekly skit injects a dose of drama and comedy that is both relatable and distinctly Haitian. Through the lives, laughter, and squabbles of the Pòt family, the show explores everyday situations, cultural touchstones, and social dynamics in a way that is both entertaining and illuminating. This recurring drama not only captivates listeners but also provides rich context for language learners, showcasing how Creole is used in real family settings, complete with idioms, affectionate teasing, and the warmth of familiar interaction. It is this blend of humor and heart that makes the podcast feel less like a lesson and more like a visit with old friends.
Hosted on the widely accessible platform Buzzsprout.com, Souvni On The Mike ensures its reach is as broad as its ambition. The platform's user-friendly interface makes it easy for anyone, from a curious language student in Europe to a homesick Haitian in North America, to tune in and download episodes and transcripts. This accessibility is crucial to the show's goal of fostering a deeper connection within the global Haitian community and providing a welcoming gateway for outsiders.
Ultimately, Souvni On The Mike is more than just a podcast; it is a cultural touchstone. It serves as a vital link for Haitians longing to relive the memories and rhythms of their homeland, offering a sonic space where their language and culture are celebrated with pride and authenticity. Simultaneously, it extends a warm invitation to foreigners, demystifying Haitian culture and offering an enjoyable, participatory way to engage with its vibrant spirit. By blending practical language tools with compelling entertainment, Souvni On The Mike succeeds in its mission to educate, unite, and entertain, one Friday night at a time.
Souvni On The Mike
The Haitian Immigrant Blueprint: Understanding the Five Faces of Survival
Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.
This week’s episode of Souvni on the Mike dives deep beneath the surface of Haitian migration. We often hear simple explanations, poverty, politics, crisis, but the truth is far more layered, emotional, and human. Haitian immigrants don’t just leave their country; they leave with a hidden operating system, a blueprint shaped by history, culture, trauma, hope, and resilience.
Why Haitians Leave
Haitians migrate not only for economic reasons, but for:
- Safety - to breathe without fear
- Dignity - to be treated as human beings
- Responsibility - to save and support family
- Opportunity - to develop talents that Haiti cannot sustain
- Survival of dreams - refusing to die with unrealized potential
Migration becomes an act of courage, not abandonment.
The Blueprint: Five Faces of Haitian Immigrant Identity
Haitian immigrants adapt by developing five distinct “faces,” each activated depending on context:
- The Haitian Self - cultural roots, humor, language, and inherited wisdom
- The Immigrant Self - caution, paperwork, silence, and strategic movement
- The Performed Self - switching accents, behaviors, and roles to survive
- The Omnipresent Self - living in two countries at once, emotionally and financially
- The Resistant Self - pride, dignity, and refusal to be erased
These identities aren’t confusion. they’re navigation, intelligence, and survival strategy.
La Famille Pòt: Comedy Meets Truth
This week’s skit, Sizyèm Vizaj Ovila a, brings humor to the blueprint. Ovila discovers she has not five, but six faces, including the terrifying “house‑authority face” that sends everyone running. It’s comedy rooted in cultural truth, and it brings the blueprint to life.
Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/
E se konsa nou derape. Bonswa zanmi nou yo. Onè ak respè. Welcome yon fwa ankò nan emisyon Souvni on the Mike la. Jodiya nou vin pataje yon verite ke w p ap jwenn ni nan labib, ni nan okenn lòt liv. Ou pa jwenn li nan radyo, ni ou p ap jwenn li nan okenn podcast tou.
Men verite a mezanmi. Rezon ki fè imigran Ayisyen kite peyi yo, se pa janm sa moun panse a vre. Se pa sèlman lajan. Se pa sèlman politik. Se pa sèlman pou kriz n ap kouri. Sa yo se bagay ki sou sifas la. Men si w ap fouye sou sa ki anba sifas la? Si moun te pran san yo pou y ap fouye chache zo nan kalalou sa a, yo ta jwenn bagay ki fè kè yo mal.
Zanmi, an nou akeyi Mesye Valentin dekwa pou nou ka fè ti koze. Valentin, antre non pou w kapab di kisa ki nan tèt ou. Tèt li prèt pou eklate la avèk tout sa li ta renmen di, tout sa li bezwen di. Oke, ou mèt antre.
VALENTIN: Bonswa chè zanmi oditè. Mwen kontan retounen chita pou koze avèk nou. Souvni, ou di verite. Mwen gen anpil bagay pou m di. Nan ki pwen nan emisyon an ke nou ye avèk seri ete nou an?
SOUVNI: Ebyen Mesye Valentin, emisyon jodi a ap pale de Fòmil oubyen Plan ke Chak Imigran Ayisyen suiv. Oubyen, èske m ta dwe di 'tout' imigran Ayisyen suiv'. An angle, tèm emisyon nou jodi a se: The Haitian Immigrant Blueprint. Zanmi, w ap koute emisyon Souvni on the Mike. Nou gentan rive sou uityèm pati nan gwo seri pou pwogram ete nou an. Anba Po Ayisyen an. Yon seri ki te kòmanse depi 12 Jen. E ki ap dire 12 semèn. Chak Vandredi nou pote yon ti moso listwa ba ou. Nou pran chak ti moso sa yo, nou mete yo sou yon tapi, pou nou kapab prezante ou yon desen konplè, yon imaj konplè, pou gen yon lide de kisa ki fè Ayisyen yon Ayisyen.
VALENTIN: M ap di w laverite Souvni, rechèch nou fè pou seri sa mennen nou lwen. Li rekonnekte nou ak sa ke nou te konnen deja. Sa ke nou te li nan liv istwa lè nou te piti. E li fè nou aprann anpil bagay ke nou pa t konnen, tou.
SOUVNI: Men sa ki pi bèl la, seri sa pa sèlman fè nou sonje. Li fè nou konnekte. Li fè nou wè Ayiti ak yon lòt zye. Se tankou nou te gen yon pyès nan men nou depi lontan, men se kounyeya nou konprann valè li. Oubyen nou aprann kouman pou nou itilize l. E pa vre?
VALENTIN: Wi, lè yon moun gade nou kòm imigran, yo wè nou vwayaje kite peyi nou, sa yo wè sou sifas la se yon moun ki nan bezwen, men si yo pa chache, yo p ap konnen konplikasyon ki fè yon imigran Ayisyen kite peyi li.
SOUVNI: Wi Valentin, nou kite peyi nou pou nou ka respire. Alò, mwen p ap pale de respire lè avèk poumon nou. Men m ap pale de 'respire' yon 'lè' kote ou pa pè. Yon 'lè' kote ou pa ap tande kout zam chak swa. Yon 'lè' kote ou pa bezwen ap chare bokit dlo pou vide nan doum lakay ou. Yon 'lè' kote ou pa bezwen ap mande Bondye pou w pa tonbe malad paske, ou konnen ke, pa gen lopital pou ale. Anpil imigran kite peyi yo paske yo vle pase yon sèl jou san yo pa genyen laperèz.
VALENTIN: Gen imigran ki kite peyi yo, paske y ap chache yon tretman imen. Gen imigran ki pase lavi yo, an Ayiti, ap eseye pwouve ke yo gen yon valè. Yo travay, yo lite, yo eseye aprann, men sistèm nan pa t janm ba yo yon plas. Donk lè yo jwenn yon chans pou ale lòt bò dlo, yo di, 'Petèt laba, yo va wè mwen, e yo va trete mwen kòm yon moun'. Sa se pa kouri dèyè dola non. Sa se kouri dèyè diyite.
SOUVNI: Gen imigran ki kite peyi an, se pou yo ka sove moun ke yo renmen. Imigrasyon, se pa janm yon vwayaj ki fèt pou yon sèl grenn moun nan sèlman. Se yon vwayaj pou tout fanmi an. Gen imigran ki kite pou yo kapab voye lajan pou manman yo, pou yo ka peye lekòl pou pitit yo. Pou yo ka retire frè oubyen sè yo nan mizè. Yo kite pou yo ka vin tounen pon ki kapab sove lòt moun ke yo kite dèyè.
VALENTIN: Bon, gen imigran ki kite paske rèv yo pa gen plas an Ayiti ankò. Si w ap panse, se pa de grenn Ayisyen ki pa gen bon talan, gwo talan, gwo vizyon, gwo kouraj. Men si yo te rete Ayiti, yo pa t ap kapab devlope talan sa yo. Paske pa gen opòtinite. Pa gen travay. Pa gen moun ki kap louvri yon pòt pou yo. Donk, lè yo wè yon lòt peyi kote rèv la posib, yo kouri dèyè posiblite a.
SOUVNI: E sa, Valentin, se verite ki pi kache a wi. Gen imigran ki di, 'Mezanmi o! Si m rete, m ap mouri san m pa eseye.' Donk, se pa kouri nou kouri pou peyi nou. Se pa lage nou lage peyi nou atè non plis. Se pa trayi nou trayi peyi nou tou. Se refize nou refize yo antere nou ak rèv nou tou vivan. Nou pran desizyon pou yo pa antere nou ak rèv nou san li pa reyalize.
VALENTIN: Souvni, m ap ajoute yon lòt verite ki pi pwofon toujou. Lè yon Ayisyen kite peyi li, se goute li vle goute yon ti tak chans. Li vle santi kòman sa ta ye pou goute yon chans ke li pa t ap, otreman, genyen lakay. Mwen poko janm jwenn yon Ayisyen ki fache paske l ap vwayaje al pran chans li nan yon lòt peyi. Li ka tris, men li pa janm fache.
SOUVNI: No offense Haiti, my darling. Ayiti se yon bon manman, men pafwa, se eritaj lamizè li kite pou pitit li. Lè ou nan premye vwayaj sa a, Valentin, ou nan avyon an, ou pa menm konnen kijan w ap rive. Ki moun ki va resevwa w. Si w pral dòmi sou sofa, sou kabann, oswa sou yon planch. Ou gen yon sèl bagay la avèk ou: lespwa. Yon lespwa ki danble lespri w tèlman, kèlkeswa sa ki pral pase a, ou pa bay tèt ou sousi paske ou gen lespwa avèk ou.
VALENTIN: Ou konnen? Mwen sonje premye vwayaj mwen nan peyi etranje. Mwen te di, 'Bondye, si ou fè m rive anbyen, m ap travay, m ap fè tout sa yo pa t kite m fè lakay. M ap ede tout fanmi mwen ki rete dèyè'. Lè m te Ayiti, m te gen ti zafè, men m pa t gen gwo opòtinite. Pa t gen travay. Pa t gen anpil lajan. Pa t gen moun ki te louvri yon pòt pou mwen. Mwen te tande yo di, 'Nan peyi lòtbò dlo, rèv posib'. Donk, mwen te desann avyon an avèk yon bon rezolisyon.
SOUVNI: Enbyen se la wi nou vin aktive fòmil la. Ou te mèt di m sa w vle. Gen moun ki p ap janm kwè sa, men se pawòl pou de bon m ap pale la. Depi Ayisyen an mete pye nan peyi etranje, kèlkeswa peyi a, Ewòp oubyen nan Lamerik la, li vin chanje lamenm. Se kòm si lè w desann avyon an, gen yon fòmil nan kò w ki t ap dòmi, enpi ki vin reveye lamenm. Se tankou yon telechajman otomatik ki fèt lè w ateri.
VALENTIN: Fòmil oubyen prensip ke Ayisyen itilize nan peyi etranje kòmanse depandan de ki kote yo fè ladesant. Si se lakay fanmi w ou desann, ou mete w alèz. Ou gen yon ti tan pou w abitye. Pa egzanp si se manman w, papa w, konjwen w ki te voye chache w, ou anfòm. Si ou genyen yon zanmi pwòch nan peyi a tou, ou kapab menm pran yon ti souf.
SOUVNI: Men, si w pa genyen yon fanmi pwòch, enpi se lakay moun ou fè ladesant. Ou vin ap viv avèk yon seri de fòmil ke w kreye pou tèt ou. Paske, gen de kote ou fè ladesant, fòk moun sa ta yon zanj disyèl pou yo pa ba w pwoblèm. Pou yo pa ta fè w sonje ke respire lè isit pa gratis.
VALENTIN: Enben, se pa t fòt yo non, yo bliye kijan sa te ye lè yo te fèt antre nan peyi a. Yo pa ba ou tan pou abitye ak sistèm peyi a menm. Yo konn lage yon pèsekisyon nan kò w. Pèsekisyon sa a tonbe tankou yon pè kalòt pou reveye w menm kote a, fè w sonje kote w ye.
SOUVNI: Si se lakay manman w, ou abite, oubyen lakay yon bon fanmi w, y ap di w, 'Pitit, pa fè m wont. Travay di.' Si se lakay zanmi ou ou ye, w ap eseye viv yon fason pou pa deranje yo twòp, pou pa janm fè yo santi kòmsi ou bezwen yo. Men si se lakay lòt moun ou fè ladesant, ou oblije ap mache dousman dousman, tankou yon moun ki fèt sot fè pediki. Ou pa manje manje yo twòp, pou yo pa di w se vòlè.
VALENTIN: Ou fè kò w piti piti, pou w pa deranje moun
SOUVNI: Se la prensip imigran an, fòmil imigran an kòmanse. Fòmil la pran nesans depi de jan yo resevwa ou kote ou fè ladesant lan.
VALENTIN: Byen vit, san okenn moun pa montre ou, san ou pa t pase nan okenn aprantisay, ou gentan ap viv dapre yon seri de prensip ke anpil imigran ap suiv.
SOUVNI: E se prensip sa yo ki tounen fòmil ke Ayisyen itilize pou viv nan peyi etranje.
VALENTIN: Souvni, ki sa Blueprint Imigran Ayisyen an ye? Ki plan ke Ayisyen an suiv nan peyi etranje? Ki fòmil sa ke nou pote nan zo nou an menm?
SOUVNI: O Valentin, yo anpil. Men n ap mete kèk sou lis nou jodi a. Premye fòmil ke imigran Ayisyen suiv se: Travay di pou yo respekte yo.
VALENTIN: Kou imigran Ayisyen rive isi, yo vin tounen yon ‘machin’. Yo travay tankou yo te gen 3 motè. Pou imigran Ayisyen yo, travay vle di respè, idantite, ak valè pwòp tèt yo. Se pa sèlman pou touche lajan. Depi imigran Ayisyen an rive isi, premye bagay yo fè se chèche yon ti debouye pou pwouve ke yo fè pati nan moun ki pwodiktif, pwouve ke yo kapab kontribye, pwouve ke yo pa yon chay. M panse ke ‘Travay di dekwa pou moun respekte yo’ se pratikman yon lwa kiltirèl, yon fòmil, yon prensip pou tout imigran Ayisyen.
SOUVNI: M dakò avèk ou sou sa a, Valentin. Lòt prensip ke imigran Ayisyen kreye se, Pa Fè Bri.
VALENTIN: Wi, imigran Aysiyen pa fè bri. Ou mache dousman nan peyi moun yo. Ou pa pile tè moun yo twò fò. Pridans ke imigran Ayisyen an genyen se pa sèlman yon abitid, se kòm yon sistèm pou yo adapte. Se yon fason nou itilize pou nou mouvmante kò nou nan yon peyi ke se listwa yo konsidere pou yo fòme yon opinyon de nou. Imigran Ayisyen yo pa ‘aji avèk prekosyon’ paske yo timid; yo aji avèk prekosyon paske anviwònman n ap viv la, li mande pou nou genyen estrateji. Li mande konsyans. Enpi li mande pwoteksyon pou pwòp tèt pa w. ‘Lavi imigran an pa gen plas pou fè erè.’ Yon move mouvman ka koute w travay ou. Li ka koute yon viza. Li ka koute w kay ou, oswa posibilite pou w pran swen fanmi w an Ayiti. Kidonk, prekosyon vin tounen yon reflèks, yon fason pou w rete an sekirite nan yon mond ki pa toujou byen akeyi w.
SOUVNI: Amèn Valentin, Amèn! Lòt prensip ke Ayisyen itilize, se Kenbe Ayiti Nan Kè Yo. Menm si w ap manje yon manje etranje, ou toujou ap chèche ti epis Ayisyen ou ak bon ti piman pou mete ladan l.
VALENTIN: Pwoteje idantite Ayisyen nou aletranje se youn nan pati ki pi bèl, yon ti jan konplike, e yon ti jan emosyonèl tou, nan eksperyans ke imigran Ayisyen an fè. Se pa ke nou se nasyonalis. Se pa tèt di nou genyen. Se pa nostalji nonplis. Se mentni idantite nou anba presyon. Souvni, mwen renmen ke se yon bagay ki volontè ke nou pran pou nou leve kilti nou, nan yon anviwònman kote yo souvan pa konprann nou. Yo souzestime nou. Oubyen menm, kote yon konn eseye efase idantite Ayisyen nou an.
SOUVNI: Pawòl ou di, Valentin, se bon laverite. Yon lòt fòmil ke imigran Ayisyen kenbe di se Pote istwa Ayiti sou zepòl yo. Ou pa jis yon imigran. Ou se pitit Dessalines. Ou se pitit rezistans. E nou toujou eseye montre sa kèlkeswa sikonstans lan.
VALENTIN: Souvni, nou genyen yon pwa lou ke nou tout pote avèk nou kòm imigran Ayisyen. M ap di w sa. Se yon chay ki pi lou pase yon gwo malèt, pi lou pase chagren, pi lou pase menm lapenn n ap pase sèjousi. Se istwa nou kòm premye nasyon nwa lib lan. Ke w te vle l ou pa, sa fòme fason imigran Ayisyen an deplase, kijan yo siviv, kijan yo mache. Paske lè moun lòt nasyon yo ap gade nou, se sa yo wè anvan. Menm si yo pa di l fò, yo di nan tèt yo, ‘men Ayisyen yo!’ E sa vle di anpil bagay.
SOUVNI: Mezanmi o! Nou gen kont chay sou zepòl nou. Donk nou pwoteje lang nou, manje nou, mizik nou, ak kilti nou. Lòt prensip ke imigran Ayisyen an kreye se, Viv Ak De Tèt. Yon tèt pou travay, yon tèt pou lakay.
VALENTIN: Zafè viv ak de tèt la, se yon bagay ki trè komen pou wè jan imigran Ayisyen nan dyaspora a devlope plizyè idantite. Souvni, se pati ki pi konplèks nan fason ke dyaspora Ayisyen an ap viv. Se pa konfizyon non, se pa pòz n ap pran nonplis. Men se sa ki navigasyon nou. Se sa ki adaptasyon nou. Gen yon bagay yo rele desantralizasyon, kote ou layite kò an miyèt moso nan plizyè kote, se pa sa li ye tou. Men prensip imigran Ayisyen an, m pral di mo sa a, se miltiplisite, kote nou aprann viv kòm plizyè diferan vèsyon tèt nou alafwa, paske chak mond nou travèse mande yon diferan kalite prezans.
SOUVNI: Wow, Valentin, that's deep. That's very deep. Se bagay pwofon w ap pale la a wi. E se sa ki mennen nou nan nannan koze kounye a. Pou Ayisyen an adapte li nan peyi etranje, li oblije genyen plizyè figi.
VALENTIN: Gen moun ki di Ayisyen an gen ‘de (2) tèt.’ Men se manti. Ayisyen an genyen senk. Senk fas. Senk idantite. Senk vèsyon tèt yo yo oblije pote pou yo ka siviv nan peyi ki pa t fèt pou yo. Se pa chanjman. Se pa pretann. Se estrateji pou siviv. Se yon kout entelijans nou fè. Se entèlijans ras nou. Se konsa nou adapte.
SOUVNI: Imigran Ayisyen an ka ba ou senk diferan figi. E nou pral aprann kisa figi sa yo ye lè nou retounen.
SOUVNI: Kòm nou t ap pale, imigran Ayisyen an ka ba ou senk diferan vizaj. E chak vizaj sa yo pote yon istwa. Ou genyen premye vizaj la, se Vizaj Ayisyen An.
VALENTIN: Sa se vizaj ki fèt lakay. Vizaj ki grandi ak lang Kreyòl la. Ki konn bay bon ti blag Ayisyen. Ki konn itilize tout epis Ayisyen. Vizaj ki konnen tout pawòl granmoun yo, tout pwovèb yo. Vizaj ki konn ti chante rara yo. Se vizaj ki di: ‘Mwen se Ayisyen. Menm si m te pran avyon pou al nan lòt peyi, mwen pa t janm kite peyi a vre’.
SOUVNI: Enpi ou genyen Vizaj Imigran An. Ayisyen an kapab ba ou vizaj imigran.
VALENTIN: Vizaj imigran an se vizaj ki aprann mache dousman nan peyi etranje moun yo. Se vizaj ki aprann li papye, ranpli fòm, fè randevou, suiv règ yo san yo pa fè bri. Se vizaj ki aprann viv nan fredi, ki aprann yon nouvo lang dekwa pou yo ka metrize yon sistèm ke yo pa t janm abitye avèk li. Se vizaj ki di: 'Mwen dwe adapte pou m siviv.'
SOUVNI: Apre sa, imigran Ayisyen an gen Vizaj Ki Ap Fè Pèfòmans La.
VALENTIN: Souvni, tout Ayisyen dwe konn sa. Chak Ayisyen genyen yon vizaj pèfòmans kote yo chanje vizaj depandan de kote yo ye. Pa egzanp, nan travay? Ou pale dousman. Ou souri plis. Ou chanje aksan w. Lakay? Ou pale fò, ou ri fò, ou manje fò. Nan lari? Ou fè atansyon. Nan dyaspora? Ou mete drapo ou deyò. Nou rele sa, vizaj ki aprann jwe yon wòl pou pwoteje tèt li. Se pa fo vizaj ke n ap bay non. Sa se estrateji pou siviv. Sa se vizaj ki di: ‘Mwen chanje selon kote m ye, men mwen pa janm bliye kimoun mwen ye.’
SOUVNI: Enpitou, imigran Ayisyen an ka montre w yon vizaj ke mwen menm mwen rele Vizaj ki Omniprezan An
VALENTIN: Omniprezan, Souvni? Ou te kwè se Bondye yo di ki omniprezan. Ki kapab nan plizyè kote anmenmtan? Èske sa vle di ke Ayisyen itilize maji?
SOUVNI: Non, Valentin. Se vizaj kote Ayisyen kapa viv nan de peyi anmenmtan.
VALENTIN: Wi Souvni, gen de imigran Ayisyen, malgre kò yo nan Miami, Montreal, Chicago, Paris, oubyen New York. Men kè yo? Kè a toujou nan Pòtoprens, nan Jakmèl, Okap, oubyen Gonayiv. Sa se vizaj ki voye lajan, ki rele manman yo, ki ap suiv nouvèl Ayiti nan ti radyo oubyen televizyon Ayisyen yo. Se yo ki kriye lè peyi a soufri, ki selebre lè peyi a leve. Se vizaj ki pa janm dekonekte. Sa se vizaj ki di: ‘Kè mwen nan de (2) peyi an menm tan.’
SOUVNI: Enpi senkyèm vizaj ke imigran Aysiyen an kapab prezante, se Vizaj Rezistans Lan.
VALENTIN: Sa se vizaj ki refize efase a. Vizaj refize wont lan. Ki refize kite moun pase l nan rizib. Se vizaj ki pote istwa 1804 nan san li. Ki mache ak fyète. Ki travay ak diyite. Ki pale ak fòs. Ki kenbe Ayiti vivan menm lè lemonn vle fè l parèt tankou yon erè. Se vizaj ki di: ‘Yo pa ka retire Ayiti nan mwen.’
SOUVNI: E sa k pas lè w mete tout vizaj yo ansanm, Valentin?
VALENTIN: Ou jwenn imigran Ayisyen an. Yon moun ki pa janm gen yon sèl idantite. Yon moun ki aprann divize tèt li an senk pati pou l ka siviv. Se pa konfizyon. Se pa divizyon. Se pa maji. Se Imigran Ayisyen k ap mache ak senk figi, men yon sèl kè.
Alò zanmi oditè nou yo, sa se te uityèm pati nan seri Anba Po Ayisyen an. Rete branche avèk nou semèn pwochèn pou kontinye aprann avèk nou toujou. Tcheke sit wèb mwen SOUVNI.ORG, si ou vle plis enfòmasyon. Si ou ale nan sit lan, chache pòs ki make Summer 2026 - Under the Haitian Skin (UHS). Nou ankouraje ou pou retounen branche sou Radyo Konpa 1320 AM chak vandredi swa a 7:30, oubyen ale sou podcast nou pou tande tout diskisyon ki nan seri sa a. Vini koute nou ankò vandredi pwochen ki va nevyèm semèn nan, kote nou pral pale de Lidè Ayisyen ki Kache yo. Sa se yon epizòd ki va mete limyè sou moun k ap pote Ayiti sou do yo san yo pa janm parèt nan liv listwa. Alò n ap pale de machann ki leve a 4è nan maten, chofè kamyonèt ki ap chache kote lavi fè kwen chak jou, enfimyè ki ap bay lespwa. Se yo menm ki fè peyi a respire. Epizòd sa a se va tankou yon bèl leve‑vwal sou ewo k ap mache bò kote nou chak jou. Moun sa yo, yo pa nan liv, men yo antre sòti nan lavi nou chak jou. Vin tande istwa moun ki fè Ayiti kanpe, menm lè yo rete an silans. Donk ou deja konnen, zanmi oditè nou yo, sa se va yon emisyon ki va gen anpil enfòmasyon. Mwen apresye ekout nou anpil. M espere chita avèk nou ankò semèn pwochèn. Dakò zanmi, rete branche. Pa deploge. La Famille Pòt ap vini talè konsa.
LA Famille Pòt
Epizòd 29
Sizyèm Vizaj Ovila
DYAK: Bon, Ovila sa w genyen w ap monte desann nan salon an konsa? Ou sanble yon moun ki ap mezire salon an pou ka al achte kapèt.
OVILA: Mezanmi Dyak, m ap li yon bagay la sou Fòmil Imigran Ayisyen an. Liv lan di imigran Ayisyen an gen senk vizaj. Senk wi! E mwen menm? Mwen gen yon sèl figi an depi m fèt. Donk sa ban m pwoblèm!
DYAK: Ki senk vizaj w ap pale la, Ovila? Mwen pa t konn sa. Di mwen non.
OVILA: Liv la di Ayisyen an kapab prezante ak senk vizaj depandan de sitiyasyon an:
- Vizaj Ayisyen
- Vizaj imigran
- Vizaj pèfòmans
- Vizaj omniprezan
- Vizaj rezistans
Ou janm tande yon bagay konsa? Mwen pa t konnen sa. Tout tan sa a, se yon sèl figi an mwen t ap itilize!
DYAK: Ovila, ou gen tout senk vizaj sa yo. Ou itilize yo chak jou pou ban nou pwoblèm nan kay la!
OVILA: Dyak, an verite, se yon sèl figi an mwen konnen. Mwen bezwen aprann lòt yo pou m ka benefisye plis.
FREYA: Mommy, you have all those five Haitian faces. Ou itilize yo chak jou. Chak minit.
OVILA: Non Freya, mwen pa genyen yo non. Di m kilè m te gentan gen figi sa yo la a.
TIKA: Freya a raison, Manmie. Tu es une Haitienne avec cinq visages. Ou jis pa konnen lè ou itilize yo.
OVILA: Tika, m pa konprann sa n ap di la. M pa kwè sa menm.
DYAK: Ovila, premye vizaj ou se figi Ayisyen an. Ou fè tout bagay avèk gwo enèji.
OVILA: Gwo enèji?! Sa w vle di la, Dyak?
DYAK: Ou genyen anpil expression nan tout sa w ap fè.
OVILA: O o! Dyak, ou vle di la, m pale fò, m ri fò, m manje fò? Ti cheri a, lè m fè sa, se otorite m ap poze pou moun nan kay la pa mete pye sou kou m tande!
TIKA: Men manmie, ou pa poze otorite ou non, ou lage otorite w tankou yon loraj kale.
FREYA: Mommy, dezyèm vizaj ou genyen an, se vizaj imigran an. Se figi kote ou mache dousman pou pa pèdi papye imigrasyon w. Ou tounen yon ti mouton lè w ap boule ak leta. Nou pa janm wè w dou konsa.
OVILA: Sa se figi mwen fè pou m pwoteje fanmi mwen, Freya! Mwen nan tè etranje. Mwen pa ka pile tè a fò. Lè w lakay moun, fò w fè atansyon.
DYAK: E vre wi Ovila, lè w ale nan biwo gouvènman, ou mache tankou yon moun ki fenk sot fè pediki.
TIKA: Twazyèm figi a ou genyen an Manmie, se vizaj pèfòmans lan. Se vizaj kote ou chanje aksan ou selon kote w ye.
FREYA: Like when Mommy goes to Walmart and suddenly speaks English with a British accent.
OVILA: O! Freya, pa fè m wont nan radyo a! Mwen pa janm eseye pale anglè tankou moun ki soti Angletè… mwen senpleman pale pale pwofesyonèl lè m ap take care business mwen.
FREYA: Non, mommy, men kijan ou pale: ‘Excuse me sir, where is the bread aisle? I can't find it’ tankou ou soti nan Buckingham Palace.
OVILA: Non, m pa pale konsa vre.
DYAK: Se vre. M pa janm tande w pale angle byen konsa pase lè w nan deyò nan magazen.
FREYA: Katriyèm vizaj la, se vizaj omniprezan an. Mommy ou toujou la ap kontwole tout bagay nan kay la. Menm lè ou nan travay, ou toujou lakay.
TIKA: Se vre. Manmie, lè ou nan travay ou toujou ap voye mesaj: ‘Ki moun ki manje dènye pen an?’ ‘Poukisa televizyon an limen?’ ‘Ki moun ki kite pòt frijidè an ouvè?’
OVILA: Se pa kontwolè ki nan kò mwen non. Se lòd m ap eseye kenbe! Mwen omniprezan. Se pa maji. Se responsablite.
DYAK: Senkyèm vizaj la. Mwen konnen li trè byen, paske mwen kontre li tout tan. Se vizaj rezistans lan. Sa se vizaj kote ou pa kite moun ranse avè w.
OVILA: A! sa se vizaj mwen chak jou. E mwen konfòtab avèk li. Se vizaj Dessalines mwen. Se figi mwen bay lè Dyak ap fè m fache. Se figi mwen itilize pou m leve fanmi mwen.
DYAK: Ovila, se vizaj ou leve fanmi an, men se vizaj ki leve presyon mwen tou.
OVILA: Bon, si nou di mwen gen senk vizaj, kounye a, mwen pral ajoute sizyèm vizaj la!’
ALL: O O woy! yon lòt ankò?!
OVILA: Wi se sa menm! Vizaj ki ka fè tout moun kouri nan kay la! Se vizaj mwen itilize lè mwen wè, asyèt pa lave nan senk lan, lè nou kite tout rad yo atè a, lè nou kite pòt frijidè a ouvri, oswa lè Dyak ap fè kòmantè san m pa mande l.
FREYA: Mommy, sa se vizaj ki konn fè m kache anba kabann.
TIKA: Ah Oui, c’est le visage de la terreur.
DYAK: M pa p bay manti. Se vizaj ki konn fè menm mwen menm tranble.
OVILA: Wi Tout moun! Se vizaj ki di 'Pa Jwe Avè m'. Vizaj ki di, 'Ovila pa manje anyen frèt!'
END
Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Se te Souvni on the Mike. Pase bon wikenn