Souvni On The Mike
Souvni On The Mike stands as a vibrant cultural beacon in the digital soundscape, offering a weekly immersion into the heart of Haitian language and life. Every Friday night at 8 PM, this Haitian Creole podcast transforms the airwaves into a dynamic classroom and cultural salon, where education, entertainment, and community connection converge. The show's very name, "Souvni," meaning "Remember," signals its core mission: to be a living archive of cherished experiences and a bridge between generations of Haitians, both at home and across the diaspora.
At its foundation, the program is a powerful tool for language acquisition. Recognizing the challenges faced by intermediate and advanced learners, Souvni On The Mike provides a full transcript in Creole for every episode. This thoughtful feature allows students to read along as they listen, reinforcing their comprehension, expanding their vocabulary, and tuning their ears to the natural cadence and nuances of authentic Haitian speech. It moves beyond simple vocabulary drills, placing learners directly into the flow of real conversation, humor, and storytelling, making the process of mastering Creole both engaging and effective.
The soul of the show is its signature segment, "La Famille Pòt" (The Pòt Family). This weekly skit injects a dose of drama and comedy that is both relatable and distinctly Haitian. Through the lives, laughter, and squabbles of the Pòt family, the show explores everyday situations, cultural touchstones, and social dynamics in a way that is both entertaining and illuminating. This recurring drama not only captivates listeners but also provides rich context for language learners, showcasing how Creole is used in real family settings, complete with idioms, affectionate teasing, and the warmth of familiar interaction. It is this blend of humor and heart that makes the podcast feel less like a lesson and more like a visit with old friends.
Hosted on the widely accessible platform Buzzsprout.com, Souvni On The Mike ensures its reach is as broad as its ambition. The platform's user-friendly interface makes it easy for anyone, from a curious language student in Europe to a homesick Haitian in North America, to tune in and download episodes and transcripts. This accessibility is crucial to the show's goal of fostering a deeper connection within the global Haitian community and providing a welcoming gateway for outsiders.
Ultimately, Souvni On The Mike is more than just a podcast; it is a cultural touchstone. It serves as a vital link for Haitians longing to relive the memories and rhythms of their homeland, offering a sonic space where their language and culture are celebrated with pride and authenticity. Simultaneously, it extends a warm invitation to foreigners, demystifying Haitian culture and offering an enjoyable, participatory way to engage with its vibrant spirit. By blending practical language tools with compelling entertainment, Souvni On The Mike succeeds in its mission to educate, unite, and entertain, one Friday night at a time.
Souvni On The Mike
Haitian Spirituality: The Real National Language
Use Left/Right to seek, Home/End to jump to start or end. Hold shift to jump forward or backward.
In this episode, Souvni and Valentin travel beneath the Haitian skin, past the surface, past the stereotypes, straight into the spiritual bloodstream of the Haitian people.
They explore why Haitian spirituality is not a religion, not a doctrine, not a ritual, but a logic, a memory, a feeling, and a national language that isn’t written anywhere, yet every Haitian speaks fluently.
This episode uncovers the six pillars that shape Haitian spiritual identity:
Haitian Logic: the way Haitians interpret dreams, signs, and invisible forces.
Faith as Resistance: the spiritual engine that carried Haitians from slavery to survival.
Dual Identity: one foot in the church, one foot in ancestral tradition.
Two Spiritual Guides: pastors and oungans, two voices shaping one people.
Fear, Power, Protection: the emotional triad that drives Haitians toward spiritual strength.
Unwritten Codes: the invisible constitution that guides Haitian behavior.
And for a dose of humor, the episode features a brand‑new La Famille Pòt skit: Ovila believes she’s been struck by three household curses, a swollen foot, mysterious roof noises, and dying plants. The family tries to help her solve each “curse,” only to discover that sometimes the most “mystical” problems have very simple explanations, until one final mystery makes everyone say: “For that one? Yes, call the pastor.”
This episode invites listeners to understand Haiti with the spirit, not just with the eyes. If you’re ready for truths that hit deep, turn your ears into trumpets, the drumbeat is about to begin.
Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/
SOUVNI: Valentin, lè ou di mo Ayiti, kisa ki pi frape nan tèt ou?
VALENTIN: Pou mwen? Twa bagay ki leve tankou flanm dife nan tèt mwen lè di mo Ayiti, se kouraj, kilti, epi espirityalite. M panse se twa poto sa yo ki kore nasyon an, ki fè l kanpe toujou.
SOUVNI: Oditè nou yo, salut e welcome nan emisyon e podcast Souvni on the MIKE la. Jodi a, nou antre nan onzyèm pati nan seri nou an ki rele: Anba Po Ayisyen an. Zanmi, nou gen lontan, trè lontan, nan seri a, depi nou kite sifas po Ayisyen an. N ap vwayaje nan nannan an kounye a. Nou rive nan kote verite yo pa kache. Nou jwenn pwen sansib lan. Nou jwenn ti kwen ke Ayisyen pa ka maske a. Ti kote ke yo pa ka kache avèk okenn makiyaj.
VALENTIN: E chak fwa nou fouye pi fon, nou jwenn bagay ki fè nou di: 'Ah, se pou sa Ayisyen kanpe konsa!'
SOUVNI: 'Ah se pou sa Ayisyen mache konsa!'
VALENTIN: 'Se pou sa Ayisyen pale konsa!'
SOUVNI: Ou konn tande moun di: 'Fòk ou ta nan plas mwen pou konprann sa m ap viv.'
VALENTIN: Uhuh.
SOUVNI: Se la ki gen ti pwoblèm tou wi. Gen moun ki pa janm fè menm yon ti efò pou konprann lavi Ayisyen an, men yo toujou pare pou bay opinyon, pou fè plan, pou fè jijman, bay direksyon, kòmsi se sèl yo menm ki te kenbe kat jewografi Ayiti a.
VALENTIN: Non. M dakò. Apre tout bagay sa yo ke nou fin jwenn lè nou t al fouye anba po Ayisyen an, anvan yon moun pale sou sa ki konsènen nou, fòk yo ta vrèman fè yon vwayaj, Anba Po Ayisyen an.
SOUVNI: Si ou pa ka fè vwayaj sa, fèmen bouch ou.
VALENTIN: Wi, mete yon babòkèt sou bouch la menm.
SOUVNI: Ou pa ka antre nan zafè ke ou pa konnen.
VALENTIN: Pa pale de bagay ke w pa konprann.
SOUVNI: Pa di m kijan pou m pare lapli anba kay pay, si se nan kay beton ou grandi.
VALENTIN: Pa di m kijan pou m dirije bourik pou al nan mache, si se vwati sèlman ou konn kouri.
SOUVNI: Pa di m ki kote pou m al chache lavi, si ou pa janm kouri pou chape lavi. Paske gen bagay Ayisyen konnen pa eksperyans, pa nan liv. Ayiti, se pa yon peyi ou gade ak zye sèlman. Paske zye nou twò limite. Ayiti se yon peyi ou entèprete ak lespri w. Ou tande l ak kè w. E ou santi l ak zo w.
E jodi a, nou pa vin pou fè bèl diskou non. Nou vin manyen nè espirityèl Ayiti. Si w pare pou tande verite ki frape, kenbe zòrèy ou an twonpèt, nou pral kòmanse bat tanbou a.
VALENTIN: Wi oditè nou yo! Nou toujou sou seri nou an, Anba Po Ayisyen an. Depi 10 semèn, nou pale de tout sikonstans ki fòme pèp sa a. Nou pale de kouraj yo, kilti yo, fyète yo. Nou pale tout de batay yo, de peripesi ke yo pase. Men jodi a, nou rive nan eleman ki frape chak desizyon e chak demach ke nou menm, nou fè kòm yon pèp. Se espirityalite Ayisyen an.
SOUVNI: Atansyon! Atansyon! Anvan ou fè yon konklizyon san w pa panse, nou p ap pale de relijyon.
VALENTIN: Non, nou pa gen diplòm pou sa.
SOUVNI: Nou pa vin apwouve, ni kondane okenn sistèm kwayans. Nou pa vin ni atake ni fè pwomosyon pou oken relijyon.
VALENTIN: Nou pa gen diplòm pou sa.
SOUVNI: Si w ap atann pou n ap pale de ki kwayans ki bon, e ki kwayans ki pa bon ann Ayiti, w ap desi.
VALENTIN: Non, se pa kalite emisyon sa a nou genyen jodi a.
SOUVNI: Nou envite w chita avèk nou pou aprann yon lòt eleman, yon lòt branch nan gwo pyebwa ki kenbe Ayisyen kanpe an depi plizyè jenerasyon.
VALENTIN: Nan emisyon jodi a, nou vin chache konprann lojik espirityèl ki dèyè fason ke Ayisyen an kwè, fason li pèsevwa, e fason li entèprete lavi.
SOUVNI: E se la wi, anpil moun rate vwayaj la. Gen moun ki pa janm chache konprann. Yo repete sa yo tande. Yo repete vèsyon Hollywood la, vèsyon ki fè moun pè a, sa yo wè nan fim, oubyen sa yo li nan liv, san yo pa chache konnen kisa espirityalite vle di pou Ayisyen.
VALENTIN: Espirityalite Ayisyen an, se vrè lang nasyonal peyi a.
SOUVNI: M te kwè se Kreyòl ki te lang nasyonal peyi a?
VALENTIN: Souvni, men kijan bagay la ye: Fransè se lang ofisyèl peyi a. Kreyòl se lang nasyonal ki ekri a. Enpi espirityalite Ayisyen an, se lang nasyonal ki pa ekri a. Lang ki pa sou papye a. Lang ke ou p ap jwenn nan liv, men li nan san nou, li nan sèvèl nou. E tout Ayisyen konprann li.
SOUVNI: Valentin, kòm n ap pale de espirityalite Ayisyen an jodi a, ann fè yon ti detou tou piti, anvan nou kontinye, pou n ka pale de diferans ki genyen ant espirityalite ak relijyon.
VALENTIN: Espirityalite se sa Ayisyen an pote nan san yo, menm lè yo pa pratike oken relijyon. Se fason yon moun entèprete oubyen chache fè sans a lavi a. Li ka mache san relijyon, san oken rityèl, san oken liv, paske se pa yon sistèm. Se yon lojik, yon ensten, yon fason nou santi nou, ki soti nan rasin nou.
SOUVNI: Relijyon, se estrikti a. Se sistèm òganize ki gen règ, doktrin, yo gen disiplin, yo gen lidè, enpi yon plas pou yo adore.
VALENTIN: E, diferans la?
SOUVNI: Espirityalite, se sa ou santi. Relijyon, se sa ou pratike.
VALENTIN: Espirityalite, se sa ki a lenteryè. Relijyon se sa ki a leksteryè a.
SOUVNI: Espirityalite gen prensip ki pa ekri. Relijyon se suiv règ ki ekri.
VALENTIN: Espirityalite se presantiman ke nou genyen. Relijyon se seremoni ke nou fè. E Poukisa sa enpòtan pou konvèsasyon nou jodi a?
SOUVNI: Paske jodi a nou pa vin pale de relijyon. Nou vle ke ou byen konprann sa. Nou vin pale de espirityalite Ayisyen an. Menm si Ayisyen an pa pratike relijyon, li toujou genyen espirityalite.
VALENTIN: Se poutèt sa emisyon sa a se pa sou relijyon li ye. Li sou espirityalite Ayisyen an, ki se yon fòs enteryè ki ap gide pèp la depi lontan lontan.
SOUVNI: Rete branche avèk nou zanmi oditè. Nou pral montre w poukisa Ayiti se pa sèlman yon peyi. Ayiti se yon fòs espirityèl. Ayiti se yon espas ki sakre. E moun ki poko janm desann anba nivo po sa a, ou pa janm konnen Ayiti vre.
VALENTIN: Ke ou te leve nan legliz, nan tradisyon Ayisyen an, oubyen nan toulede, emisyon jodi a konsène w si w se Ayisyen. Li enpòtan pou nou konnen ke Ayisyen an gen yon dosye espirityèl ki trè konplike. Se espirityalite peyi nou ki fòme yon pati nan idantite nou.
SOUVNI: Wi sa w di a se vrè paske, paske trè souvan lè ou entwodui tèt kòm Ayisyen ba yon etranje, anpil dè fwa moun nan, se espirityalite ou ke li wè anvan.
VALENTIN:Wi se konsa sa ye pafwa, paske lè ou prezante tèt ou kòm Ayisyen, moun pa sèlman tande non peyi a, yo konn pafwa santi yon fòs, oubyen yon mistè, ki mache avèk ou. E jodi a, objektif nou se montre odyans lan kote espirityalite sa a pran nesans.
SOUVNI: Wi. Genyen sis bagay ke nou konsidere kòm yon temwayaj pou espirityalite Ayisyen an.
VALENTIN: Ale, m ap koute w Souvni.
SOUVNI: Premyèman: Se lojik Ayisyen an. Se fason Ayisyen an rezonnen.
VALENTIN: Anhan! Si yo santi yon bagay, se ase pou yo pran prekosyon. Jan lojik Ayisyen an fonksyonnen se: lespri yo avèti yo anvan je yo wè.
SOUVNI: Dezyèmman: Lafwa se baz prensipal ki kore Ayisyen pou yo pa tonbe.
VALENTIN: Ou konn tande yo di se motè ki kenbe yon machin? Enben, lafwa se motè rezistans Ayisyen an. Se li ki kenbe nou lè lavi a frape nou fò, se li ki leve nou lè tout bagay tonbe. Lafwa? Se baz fòs Ayiti.
SOUVNI: Twazyèmman: Ayisyen gen yon doub idantite espirityèl.
VALENTIN: Sa pa vle di yo sèvi de (2) bondye alafwa. Sa vle di ke yo grandi ak de (2) mantalite: Nou grandi ak legliz ki fòme moral nou. E nou grandi ak tradisyon zansèt ki fòme ensten nou. De (2) rasin ki pa janm disparèt. Yo mache ansanm. Se yo ki gide jan Ayisyen boule ak lavi a.
SOUVNI: Katriyèmman: Genyen de (2) lidè espirityèl ki gide lafwa Ayisyen an.
VALENTIN: Lakay Ayisyen, ou toujou wè de (2) gid: Pastè a oubyen prèt la ki pote moralite ak lapriyè. Enpi souvan ou konn wè oungan an ki pote tradisyon ak memwa sa nou pote soti Lafrik. De (2) vwa diferan, men yo toude fòme fason pèp Ayisyen an chèche pwoteksyon.
SOUVNI: Senkyèmman: Laperèz, pouvwa, ak pwoteksyon fè Ayisyen an chache espirityalite.
VALENTIN: Ayisyen chèche espirityalite pou twa rezon: Yo gen enkyetid nan nanm yo. Yo bezwen pouvwa pou kenbe tèt yo. Yo bezwen pwoteksyon lè lavi yo pa estab.
SOUVNI: E dènye a, nimewo sis la: N ap viv pa yon seri de kòd ki pa ekri. Yon seri de prensip ki nan san nou, ke nou eritye. Sa se nannan espirityalite nou.
VALENTIN: Se vre, Souvni. Paske nou tout, menm lè nou pa antre nan oken relijyon, nou toujou mache ak yon fòmil Ayisyen ki nan san nou. Gen bagay nou fè san nou pa reflechi, san nou pa t aprann yo, san pèsonn pa t montre nou yo. Bagay sa yo se ti prensip ki leve nou, ki avèti nou, ki gide nou. Se pa bagay nou te aprann, men se bagay nou fèt avèk yo. Se bagay ki nan san nou.
SOUVNI: Premyèman, lojik espirityalite Ayisyen an se fason pèp la panse. Se fason nou rezonnen. Mantalite Ayisyen an, akoz de istwa nou, gen yon fason nou entèprete bagay ki pa vizib.
VALENTIN: Men lè w di lojik espirityalite Ayisyen, de kisa egzakteman w ap pale? Ki sa ki fè lojik sa a diferan menm?
SOUVNI: Ayisyen pa janm wè yon evènman kòm 'jis evènman'. Yon rèv, yon aksidan, yon move nouvèl, tout gen sans. Pou nou, tout sa se siy, se avètisman, se yon mesaj ki kache dèyè sa k ap rive a.
VALENTIN: E sa gen rasin. Depi epòk lesklavaj, Ayisyen devlope yon mantalite kote yo santi yo pa janm pou kont yo. Yo santi yo gen yon fòs ki toujou avèk yo, yon pwoteksyon kont mechanste, kont maladi, kont move je, e kont nenpòt danje. Se konsa espirityalite Ayisyen an vin tounen zouti pou yo siviv. Li vin tounen yon rad pwoteksyon ki kouvri yo lè gen move tanpèt.
SOUVNI: Nan mantalite Ayisyen yo, nou kwè fòs espirityèl yo gen bon jan pouvwa. Sa kreye yon lojik kote moun toujou ap chache konnen: 'Ki moun ki ap fè m mal?' 'Ki sa ki dèyè sa k ap pase m la?'
VALENTIN: Bon, fason panse sa pran nesans nan pawòl granmoun, nan eksperyans pèsonèl ke nou fè, oubyen nan sa ke nou konn tande lòt moun ap rakonte. Memwa bagay sa yo rete nan panse nou, enpi yo fòme yon rezònman nan nou, ki vin fè mantalite nou. Nou konnen sa nou konnen.
SOUVNI: Lafwa se baz rezistans Ayisyen an.
VALENTIN: Lafwa ann Ayiti pa t janm sèlman yon kesyon relijyon. Se yon zam li te ye pou Ayisyen. Yon fason pou yo siviv. Depi epòk esklavaj rive jiska jodi a, Ayisyen sèvi ak lafwa pou kenbe tèt yo lè tout lòt bagay ki anviwonnen yo fin tonbe.
SOUVNI: Lafwa se te premye libète ke Ayisyen yo te genyen. Pa egzanp, nan plantasyon yo, kò yo te esklav, men lespri yo pa t esklav. Lespri yo te lib. Lafwa, kit se te lapriyè, kit se te chante, kit se te rityèl, te tounen yon kote andann yo, nan lespri yo, kote mèt plantasyon yo pa t gen aksè. Se te yon espas kote esklav la te ka di: 'Yo ka pran kò mwen, men yo pa ka pran nanm mwen.' Se sa ki rezistans Ayisyen an.
VALENTIN: A wi, Ayisyen yo te sèvi ak lafwa, nan tan sa a, pou soutni lespwa yo lè reyalite yo te an malmakak. Lè Ayisyen an pa t gen otorizasyon pou pale, yo te chante. Lè yo pa t gen dwa reyini, yo te lapriyè. Lafwa te pèmèt yo kenbe fèm. Li te kenbe yo tankou yon limyè nan fènwa.
SOUVNI: Sa w di an se vre, paske se lafwa ki te tounen estrateji pou òganize revolisyon an. Nan tout mouvman revolisyon Aysiyen yo, lafwa te sèvi kòm kòd sekrè pou rasanbleman yo. Yo pa t gen pouvwa. Yo pa t gen zam. Men yo te itilize lafwa kòm zam yo.
VALENTIN: Wi, lafwa te tounen yon idantite nasyonal. Menm apre endepandans, Ayisyen kontinye sèvi ak lafwa pou geri yo, pou konstwi kominote, pou fè fas ak katastwòf, menm pou kenbe espwa nan kriz politik, e pou chèche pwoteksyon lè yo gen ensekirite. Lafwa vin tounen yon lang rezistans, yon fason pèp la di, 'nou gen yon bagay ki soutni nou.'
SOUVNI: Idantite doub relijye Ayisyen an. Sa se yon fenomèn ki pa senp ditou, men ki eksplike anpil nan mantalite pèp la. Kantilsaji de espirityalite ki mele ak relijyon, Ayisyen an genyen yon idantite ki doub.
VALENTIN: Anpil Ayisyen viv ant de (2) mond espirityèl an menm tan. Sa pa vle di yo konfonn toulede.
SOUVNI: Wi, yo mache ak yon pye nan legliz, yon pye nan tradisyon zansèt yo. Anpil Ayisyen grandi nan legliz, nan lapriyè, nan moralite, disiplin, chante evanjelik, fòmasyon pastè ak fanmi kretyen. Men yo grandi tou nan yon peyi kote tradisyon zansèt yo prezan. Pawòl granmoun yo la nan kannkès tèt yo. Yo gen kwayans nan siy. Yo gen respè, oubyen krentif pou kèk espas ke yo konsidere ki sakre. Yo kwè nan yon seri de prensip ki pa ekri, oubyen, bagay ki te pase nan fanmi, yo kite sa gide jan yo aji. Sa kreye yon idantite doub, kote yo respekte legliz, men yo respekte tradisyon zansèt yo tou.
VALENTIN: Lojik legliz la kont lojik tradisyon an. Legliz la bay yo rezònman ke Bondye pwoteje, priyè chanje tout bagay, moralite gide lavi, ke movèzespri pa gen plas kote ki gen lapriyè. Tradisyon an bay yo yon lòt rezònman kote yo kwè ke gen siy ki pale, gen bagay ou pa pwoche, gen nan kote ou pa antre. Ayisyen an konn viv ak toude lojik yo san yo pa santi yo kontradi tèt yo.
SOUVNI: Doub idantite sa a se yon estrateji pou siviv. Lè lavi difisil, Ayisyen pa chèche yon sèl sous fòs. Yo chèche tout sous fòs yo konnen. Yo priye. Yo chante. Yo fè jèn. Enpi, yo evite move siy. Yo respekte pawòl granmoun. Yo chèche pwoteksyon nan memwa zansèt yo. Sa pa kontradiktwa pou yo. Pou yo, sa se yon fason pou siviv.
SOUVNI: Oke, an nou pale de wòl ougan ak pastè oubyen prèt yo sèvi nan kilti Ayisyèn nan san prejije. Se pa pou jije, se pou konprann de (2) modèl lidè espirityèl ki souvan fòme mantalite pèp la pandan plizyè jenerasyon.
VALENTIN: Pastè a ak oungan an, de (2) wòl, menm pèp la.
SOUVNI: Misyon yo nan kominote a. Pastè a kòm gadyen moralite. Pastè a gide moun nan labib, nan lapriyè, nan disiplin. Li sèvi kòm konseye, medyatè, ak poto mitan legliz la.
VALENTIN: Oungan an kòm gadyen tradisyon yo. Oungan an gide moun nan tradisyon zansèt yo, nan rityèl, nan memwa lontan, nan konesans ki pa ekri. Li sèvi kòm entèprèt siy, pwoteksyon, ak memwa sa esklav yo te pote avèk yo soti nan peyi Lafrik.
SOUVNI: Sous otorite yo. Pastè a: Otorite li soti nan Labib, nan fòmasyon teyolojik, nan legliz, nan konsekrasyon.
VALENTIN: Oungan an: Otorite li soti nan tradisyon oral, nan transmisyon zansèt yo, nan rityèl, nan eksperyans ke li pran de jenerasyon an jenerasyon.
SOUVNI: Men wòl yo jwe lè genyen yon kriz. Pastè a ede moun fè fas ak doulè. Li ede moun viv yon lavi pwòp pou yo elwanye yo de peche. Li ede moun lè genyen konfli. Li fè tout sa avèk kwayans lafwa Kretyen an.
VALENTIN: Oungan, moun al kote yo pou ede yo fè fas ak laperèz, move siy, move enèji, oswa pou fè yo konprann bagay ke yo pa ka eksplike nan lavi a.
SOUVNI: Poukisa Ayisyen kenbe espirityalite yo. Poukisa li enpòtan pou nou konsa?
VALENTIN: M gen repons lan. Pou lè gen laperèz. Pou lè yo bezwen fòs ak pouvwa. Pou lè yo bezwen pwoteksyon.
SOUVNI: Se twa poto ki soutni bezwen espirityalite Ayiti a. Sa eksplike anpil konpòtman pèp Ayisyen.
VALENTIN: Lè nou di laperèz, n ap pale de enkyetid ak sousi. E enkyetid Ayisyen an pa soti nan imajinasyon. Li soti nan esklavaj, represyon, move tretman, ak ensekirite ke n ap travèse, menm sèjousi. Laperèz sa a vin tounen yon rada anndan nou k ap gide nou, yon sans ki toujou ap di: 'Fè atansyon. Pran prekosyon nan zòn sa a.' Se pa yon enkyetid ki paralize nou non. Se yon enkyetid ki sèvi pou mete nou sou prigad nou.
SOUVNI: Donk se pousa nou vin kwè nan fòs ki envizib. Nan mantalite Ayisyen an, pouvwa pa sèlman politik. Gen pouvwa espirityèl, ki ka pwoteje, ki ka pran vanjans pou yo, ki ka louvri chemen pou yo, ki ka fèmen chemen, ki ka retire danje. Ayisyen kwè ke gen fòs ki pi gran pase sa zye yo wè. Se poutèt sa yo respekte pawòl granmoun. Yo respekte moun ke yo konnen ki genyen kèk otorite espirityèl. Yo respekte ni pastè a ni oungan an.
VALENTIN: Depi lontan, Ayisyen devlope reflèks sa a. Yo toujou konnen ke: 'Mwen bezwen pwoteksyon'. Pwoteksyon sa a, pou yo, ka pran plizyè fòm: lapriyè, jèn, chante, benediksyon ke yo chache nan men pastè, konsèy pastè, konsèy granmoun, oubyen yo chache pwoteksyon tradisyonèl. Menm moun ki pa pratike vodou toujou gen yon sans pwoteksyon: 'Yo p ap fè sa a.' 'Yo p ap pase la.' 'Sa a pa bon.' Oubyen, 'Sa se move siy.' Ayisyen an sèvi ak siy pwoteksyon sa yo kòm yon reflè nasyonal. Se yon estrateji pou siviv.
SOUVNI: Donk espirityalite Ayisyen an, ou wè sa nan règ pèp la swiv san yo pa bezwen ekri règ sa yo, san yo pa bezwen eksplike yo. E san yo pa bezwen aprann yo menm. Se prensip mantal nou. Lè y ap pale de konstitisyon, ebyen, se sa ki fòme yon konstitisyon ki envizib ki a gide konpòtman Ayisyen depi lontan.
VALENTIN: Nan espirityalite Ayiti, Souvni, siy gen valè: rèv, move presantiman, bagay ki rive nan yon fason etranj. e règ ke Ayisyen yo suiv: 'Lè lavi voye siy, ou pran sa oserye.'
SOUVNI: Pou Ayisyen an, pwoteksyon se yon dwa, se pa yon bagay ki fè wont. Ayisyen pa wont chèche pwoteksyon. Lè yo bezwen sa, yo chache wout lapriyè, yo chache wout jèn, yo chache benediksyon, yo chache konsèy pastè, konsèy granmoun, oubyen yo respekte tradisyon. Pou yo, chèche pwoteksyon se entèlijans, se pa feblès.
SOUVNI: Alò zanmi oditè nou yo, sa se te emisyon pou 11è pati nan seri ete nou an Under the Haitian Skin. Si ou poko tande tout pati nan seri sa a, ale sou podcast nou, Souvni on the Mike, pou w koute tout emisyon nan seri sa a, paske chak epizòd bati sou epizòd ki vini avan an. Semèn ki ap vini an se va 12èm e semèn final la. Donk, nou pral fè yon refleksyon final. Yon moman kote nou poze tèt nou kesyon ki senp, men ki pi lou a: 'Ki kote nou ye kounye a? Ki kote nou soti? E ki kote nou prale?'
M ape ankouraje nou pou retounen branche sou Radyo Konpa 1320 AM chak vandredi swa a 7:30, oubyen ale nan podcast nou pou tande tout diskisyon ki nan seri sa a. Vini koute nou ankò vandredi pwochen e kontinye koute e suiv nou chak semèn. Mwen apresye ekout nou anpil zanmi nou yo. M espere chita avèk nou ankò semèn pwochèn. Dakò zanmi, rete branche. Pa deploge. La Famille Pòt ap vini talè konsa.
LA FAMILLE PÒT
Epizòd 32 - Ovila Ak Twa Malediksyon Kay La
OVILA: Woy! Dyak, mwen gen twa malediksyon k ap frape m anmenmtan la. Twa! Lè w wè bagay yo vini pa twa konsa, ou tou konnen gen moun k ap fè bagay dèyè ou.
DYAK: Ki malediksyon sa yo, Ovila? Pale vit, pou m ka konnen si m dwe kouri, oswa si m dwe ri.
OVILA: Premye malediksyon an: Depi de (2) jou pye m anfle. Pye m tèlman anfle, yo mete m nan konkou ‘pi gwo pye nan katye a’.
FREYA: Mommy, are you OK? Do you need ice on your feet? Or do you need Jesus?
OVILA: Freya, kite m anrepo m. Dezyèm malediksyon an: Chak 2è di maten, mwen tande bri sou do kay la ki fè m pa ka dòmi.
TIKA: Oh mon Dieu, manmie, un voleur mystique! Peut-être yon fantòm ki gen talon kikit k ap mache sou do kay la?
OVILA: Tika, apa w ap pase m nan rizib tou. Bon, twazyèm malediksyon an: Tout plant mwen yo ap fin mouri deyò a, tankou si nou t ap viv nan sechrès biblik.
DYAK: Ovila, ann fè lojik. Bagay sa yo pa malediksyon. Se pou w chèche konnen kòz pwoblèm nan anvan w di se bagay mistik k ap pase nan kay la.
FREYA: Yeah Mommy, si pye w anfle, ale kay doktè.
TIKA: Si ou tande bri sou do kay la, manmie, verifye pou wè si se pa bèt ki ap viv nan galata a.
DYAK: E si plant yo ap mouri, tcheke pou wè si yo jwenn ase dlo.
OVILA: Tout moun, m apresye efò nou, men non non! Sa se mistè Ayisyen. Depi m wè pwoblèm nan vini pa twa konsa? M konnen sa trè byen. Se moun k ap fè m. Mwen sèten ke se moun ki voye pwen gwo pye sou mwen. E mwen si ke se yo ki voye bèt vole sou do kay la ap anniye lespri m chak maten. E m konnen ke se yo menm ki voye pwen gwo sechrès nan kay la.
FREYA: So, mommy, you think someone is spiritually killing your plants, swelling your feet, and making roof noises?
OVILA: Freya, ou pa konprann. Se Ayiti mwen sòti. Mwen gen nen espirityèl. Mwen santi lè gen moun k ap fè bagay dèyè m. Tande, m pa fè moun mal, men yo toujou ap make m paske m bèl.
DYAK: Ovila, ki kalite pawòl san sans w ap pale la? Ki moun ki ta make w konsa?
OVILA: Dyak, ou pa janm konnen. Gen moun ki pa renmen wè lè plant mwen ap fleri byen bèl deyò a.
DYAK: Ovila, konbyen èdtan ou travay semèn sa?
OVILA: Ah semèn sa, mwen pa t gen yon grenn jou konje menm? E pi mwen te fè senk (5) overtime. M te kanpe sou pye m nan travay la tankou yon polis k ap veye yon festival.
FREYA: So Mommy, your foot is swollen because you worked hard. Take a break. Pye w anfle paske ou travay anpil. Manyè chita pou mete pye w anlè mommy.
OVILA: Bon, sa a te fasil. Wi, nou kapab di ke pye m anfle paske m travay anpil, men se pa sa m te panse.
DYAK: Ovila, bri a? Se yon antèn mwen te enstale pou m ka pran chanèl football Ayisyen pi byen. Eskize m. mwen te dwe di w sa. Lè van an leve, li souke antèn nan tankou fèy nan pye bwa. Donk ou tande bri an klè leswa paske pa gen twòp bri nan katye an alè sa a.
OVILA: Ah bon? Se yon antèn, Dyak? M pa t konnen. M te deja pare pou m rele pastè pou vin chase movè zespri sou do kay la. Bon, e plant yo k ap mouri deyò an menm? Bon, sa se yon mistè wi. Paske m konnen ke nou pa gen yon rezònman pou sa a.
TIKA: Manmie, les plantes qui meurent, c'est ma faute. Se mwen menm ki te fèmen sprinklè a ki te toujou ap mouye rad mwen chak fwa m ap soti. Epi mwen te bliye re-ouvè l ankò.
OVILA: Men gade sa! Mwen te deja pare pou m al lakay pastè pou plant mwen yo. Se konsa espirityalite Ayisyen an fonksyonnen nan nou wi. Nou toujou ap chèche ki kote pou nou ale pou nou regle bagay ke nou pa konprann. Men pafwa, se nou menm ki koze bagay yo.
FREYA: Yeah, that's the way it is sometimes.
OVILA: Bon, mwen gen yon dènye pwoblèm la wi.
DYAK: O O! Ki pwoblèm li ye, Ovila?
OVILA: Bon kòm mwen nou gen repons pou tout bagay, gade pou wè si nou kapab jwenn yon solisyon pou malediksyon sa a pou mwen. Chak fwa mwen lave asyèt yo, mwen fè yon ti vire, epi lè m tounen, gen asyèt sal nan senk lan ankò! Èske nou panse gen yon zonbi ki ap manje an kachèt epi li lage asyèt yo tou sal nan senk lan pou mwen lave?
DYAK: Bon, Ovila, pou malekdiksyon sa a....
ALL: Ou mèt al konsilte pastè!
END
Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Se te Souvni on the Mike. Pase bon wikenn