SOUVNI: Zanmi nou yo, fanmi nou yo, men yon kesyon, kòman ou bati yon kay?
VALENTIN: M pa bòs mason, men tout moun konnen, pou bati yon kay ki p ap janm tonbe, ou pa jis poze blòk. Ou dwe fouye fondasyon an fon nan tè a, epi pran siman, melanje sab ak wòch. E se lè sa atò, ou poze blòk apre blòk, piti a piti, chanm pa chanm.
SOUVNI: Bon, Valentin, èske ou panse se menm bagay lan lè w ap bati yon peyi?
VALENTIN: O, pou bati yon peyi sa pral mande anpil blòk. Men m ta panse prensip lan menm avèk lè w ap bati yon kay.
SOUVNI: O definitivman, sa mande anpil planifikasyon. Paske lè w ap bati, si w pa planifye, pou move tan, kay la ka kanpe pou yon ti moman, men lè move tan tonbe bat li, li p ap ka sipòte. L ap tonbe. E, si ou pèmèt nou sa, nou kapab konpare bati yon peyi menm jan ak lè w ap bati yon kay. Toulede mande yon fondasyon solid, yon plan ki trè klè, seleksyon materyèl ki dwe fèt avèk anpil atansyon, epi antretyen kontinyèl pou kay la kapab rete kanpe.
VALENTIN: Yon lòt bagay ankò, se pa yon sèl bòs lan ki bati yon kay. Se yon konbit diferan talan. Ou gen bòs mason. Ou gen elektrisyen, plonbye, pent. Sa mande yon bann ak yon pakèt talan. Bati yon kay, sa mande yon efò kolektif.
SOUVNI: Wi zanmi nou yo, salut and welcome nan yon lòt epizòd Souvni on the Mike. Nou sot pase onz semèn ap aprann anpil bagay de peyi nou.
VALENTIN: Wi, nou te fè sa pa mwayen yon seri ke nou te rele: Under the Haitian Skin.
SOUVNI: Anba Po Ayisyen an. 12 semèn, douz vandredi, ap fouye Anba Po Ayisyen an, ap chache konprann kisa ki fè yon Ayisyen jan li ye a. Nou te oblije ale lwen, nan tan lontan nèt, pou nou te rive konprann kèk bagay. Nou te ale depi nan kòmansman.
VALENTIN: Eh voilà, nou rive nan douzyèm semèn nan. Tout sa nou te diskite yo vin makònen, mare youn ak lòt, pou mennen nou toudwat sou liy final la.
SOUVNI: Zanmi nou yo, si ou t ap suiv nou depi nan kòmansman, ou pral remake kijan tout bagay nou te aprann yo vin fè yon sèl, pou refleksyon jodi a.
VALENTIN: Men, emisyon jodi a pral gade yon ti jan pi lwen. Nou pral pale de lavni Ayiti. Ki kote nou prale? E ki vizyon nou genyen kòm yon pèp? Kòm yon nasyon ki gentan reklame plas li nan mond lan?
SOUVNI: Men pou nou rive nan diskisyon sa a, n ap fè yon ti reflechi sou ki kote nou soti.
VALENTIN: Sa vle di kimoun nou te ye nan tan pase a.
SOUVNI: Apre sa, n ap gade kimoun nou ye kounye a.
VALENTIN: Sa vle di sikonstans nou ap viv jodi a.
SOUVNI: Epi nou pral rantre nan ki kote nou prale.
VALENTIN: Paske nan onz semèn ki sot pase la yo, ou pa t sèlman tande yon istwa. Se kòmsi nou te temwen nesans yon nasyon.
SOUVNI: Wi, nou te wè kòman yon bann esklav te mete tèt ansanm pou poze fondasyon yon peyi. Yo te fouye l tèlman fon, ke okenn lòt nasyon pa t ka kraze l, menm lè yo te eseye.
VALENTIN: Move tan, van ak tanpèt, tout te vini sou fòm lenjistis, sou fòm mepri global ak diskriminasyon. Miray yo te krake. E gen de fwa tòl sou do kay peyi a te vole ale, men fondasyon kiltirèl la te toujou rete fèm. Pa gen moun ki te ka penetre li. Pa gen moun ki te ka kraze fondasyon sa a ke zansèt nou yo te poze a.
SOUVNI: Dabitid lè w ap trase plan yon kay se nan biwo ou chita pou fè sa.
VALENTIN: Wi pafwa se nan sal konferans yo chita pou fè sa.
SOUVNI: Men achitèk Ayiti yo, yo pa t gen tan pou chita nan biwo.
VALENTIN: Ayiti pa t pran nesans nan sal konferans. Ayiti te fèt nan moun ki t ap esoufle anba chay, moun ki pa t pèdi kouraj malgre yo t ap leve anba kout baton.
SOUVNI: Men, mezanmi, ala yon bèl fondasyon zansèt nou yo te poze!
VALENTIN: Premye kat (4) semèn nan seri a, nou te pale de achitèk ki te trase plan peyi a. Nou te pale de nesans peyi Ayiti.
SOUVNI: Nesans Ayiti. Kolon yo te ateri nan yon gwo bato. Taíno yo te resevwa yo. Men premye enpresyon an, premye chòk la, se te trayizon ki te mete pye.
VALENTIN: Nou te pale de youn nan moman ki te pi difisil, men ki defini nou kòm yon nasyon tou. Gen de moman nan lavi w, ou konnen, ok, sa se moman kote ou pral pase nan dife a. Se moman sa a kote ou chwazi pou w kouri oubyen pou rete goumen.
SOUVNI: Kisa w panse zanmi oditè? Se Ayisyen nou ye! Nou te chwazi pou n te goumen. Nou te mande libète, yon dwa prensipal ke tout kretyen vivan ta dwe genyen.
VALENTIN: Men lefè ke se esklav ki te mande libète sa a, lemonn te konsidere sa kòm yon aksyon 'kriminèl'.
SOUVNI: Anvan sa, mo libète a te yon mo pou blan sèlman. Men yon fwa ke esklav yo te mande libète, nou te kraze tout règ, tout prensip ke lemonn te mete annaksyon. Te genyen yon lòd, yon machasuiv ke yo te gentan mete sou plas. Blan yo anlè, nwa yo anba. Enpi kisa Ayiti fè? Ayiti vini, epi li chanje lòd jan bagay yo ta dwe ye a.
SOUVNI: Sa te vin entèwonp anpil bagay. Tout peyi ki t ap bati ekonomi sou do esklav te fè gwo pèt akoz de sa. Yo te sezi. Ayiti te fòse nasyon sa yo rantre nan konsyans yo, pou y ap gade ipokrizi yo nan je, kòmsi yo t ap gade nan yon miwa. Men malerezman, yo te fè nou peye chè pou sa tou.
VALENTIN: Kijan nou peye pou sa? Èske w konn wè lè ou fè yon dèt, epi ou fin peye l. Men y ap pede fè w repeye menm dèt la plizyè fwa ankò?
SOUVNI: Non, Valentin, m pa konn wè sa. Paske sa se pa yon bagay ki nòmal.
VALENTIN: Enben, anvan pou yo te resi ban nou yon plas sou tab la kòm yon peyi, yo te fè nou peye odasite nou dimil fwa. Kimoun nou ye, yon bann esklav, pou nou panse nou ka lib, pou nou panse nou ka dirije yon peyi, pou nou panse nou ka menm negosye ak lòt peyi?
SOUVNI: Nou te vin lib, men kòm tout bagay nan lavi. Malgre libète se yon dwa prensipal, nou pa t gen sa anvan. Nou pa t abitye dirije pwòp peyi nou. Donk, nou te tatonnen pou yon ti moman menm jan ak yon ti bebe ki t ap aprann pou li mache. Nou te oblije aprann kijan pou dirije yon peyi kòm moun lib.
VALENTIN: Sa se te pase nou. Sa se te kote nou soti. Apre sa, nan seri nou an, nou te antre nan tan prezan an.
SOUVNI: Si w ap panse ke nan tan prezan an, nou te pran souf, O O! Ou twonpe.
VALENTIN: Bagay yo pa fasil kounye a. Lakay, n ap navige estrikti sosyal peyi a, diferans klas yo, sa ki pòv, sa ki rich, sa ki panse se bondye yo ye. Men n ap aprann mete tèt nou ansanm kanmenm. Pandanstan sa a, dyaspora yo menm, y ap navige pwoblèm imigrasyon, pwoblèm idantite, men yo refize bay legen.
SOUVNI: Nan sitiyasyon prezan nou, nou pran tout mepri, tout mank respè global, tout rasis, nou fè sa tounen yon motè k ap pouse nou pi lwen pase sa yo te panse posib.
VALENTIN: E n ap kontinye rekonèt dyaspora a kòm yon gran pati nan motè ekonomi Ayiti. Ayiti tankou yon malad k ap resevwa sewòm. Dyaspora a se enjeksyon lavi ekonomik la. Lajan yo voye, se sa ki antre nan makèt, se sa ki peye lekòl. Se sa ki soutni legliz Ayiti. Se sa ki peye vizit doktè, ki peye pou restoran. Enjeksyon sewòm dyaspora sa a se yon gwo poto nan ekonomi peyi a.
SOUVNI: Annatandan, Ayisyen ap leve drapo nou nan tout lemonn. N ap fè pwòp chemen nou. Nou te reyisi nan relasyon entènasyonal. Nou reyisi nan tout domèn. Nan domèn medsin, nan domèn pèfòmans, nan domèn jeni, nou tout kote.
VALENTIN: Sa se sitiyasyon prezan nou.
SOUVNI: Gen yon pwovèb ki di si dimanch pral bèl, depi nan vandredi ou gentan wè sa.
VALENTIN: Èske ou panse ke sa se yon bòn nouvèl oubyen yon avètisman pou fiti peyi a?
SOUVNI: Ann nou pran yon ti detant. Lè nou retounen, nou pral mete yon limyè sou sa.
SOUVNI: Valentin, yon erè nou ta fè, e petèt gen moun ki fè erè sa a tou, se gade Ayiti jodi a epi panse ke sa fini.
VALENTIN: Wi Souvni, nou pa ka limite vizyon nou ap gade soufrans ke peyi a ap travèse kounye a. Nou dwe wè yon peyi k ap transfòme, yon peyi ki sou larelèv.
SOUVNI: Sa mwen wè mwen menm, se yon peyi ki ap antre nan yon nouvo chapit.
VALENTIN: Menm jan nou te bezwen dè lidè pou te mande libète, pou poze premye fondasyon peyi a, se konsa jodiya nou bezwen dè Dessalines, dè Toussaint, dè Capois Lamort pou epòk n ap viv la.
SOUVNI: E nou deja genyen konbatan sa yo nan mitan nou. Se Ayisyen politisyen, nan Miami ak nan tout kominote dyaspora yo k ap mete Ayisyen nan yon pozisyon lidèchip. Se jenn moun ki sou rezo sosyal yo ki ap pouse Ayiti devan. Se ekriven nou yo ki tounen yon bousòl pou jenerasyon k ap vini an.
VALENTIN: Se pwofesyonèl nou yo, enfimyè, chofè, teknisyen, antreprenè, tout kalite pwofesyon ki ap transfòme Ayiti.
SOUVNI: Zanmi nou yo, sa n ap di la, se pa pawòl ke n ap voye konsa. Se listwa ki gentan montre nou ki direksyon Ayiti ap pran. Wout la deja trase. Nou sèlman bezwen louvri zye nou, degaje brenn nou, epi rekonèt chemen ki deja trase pou yon Ayiti modèn. Yon Ayiti ki gen bon jan sekirite. San gang. San dominasyon elit yo. Paske si nou gade, chemen sa deja trè klè.
VALENTIN: Kijan sa posib pou sa k ap pase nan peyi a, pou nou gen yon bon prediksyon konsa?
SOUVNI: Valentin, n ap pale de enfrastrikti? Men Ayisyen pwofesyonèl nou sot nonmen la yo deja kòmanse chanje enfrastrikti peyi a. Itilizasyon AI pou fè Ayiti pi vizib sou kat gobal la deja fèt. Jenn Ayisyen, menm sa ki ap viv Ayiti, deja fè pati mendèv ki ap pouse teknoloji Ayiti pi avanse toujou. Yon Ayiti modèn, se pa yon rèv, se yon bagay ki lojik.
VALENTIN: Se bagay sa yo ki ap pase kounye a, ke nou pral wè rezilta yo nan kèlke ane ankò. Ki vle di kounye a se fas modèn Ayiti ke n ap gade la a. Nou p ap pale de yon bagay majik ki pral fè 'Pouf!' epi tout bagay chanje. Non. Se yon mouvman ki deja kòmanse. N ap pale de yon chanjman ki ap grandi an silans, anba anba. Epui talè konsa nou pral wè fas modèn Ayiti an parèt aklè devan nou.
SOUVNI: Sa se pa yon pwomès. Sa se yon pwojeksyon. Lavni Ayiti deja trase nan teknoloji avanse yo: platfòm dijital yo, AI, atis Ayisyen yo, Ayisyen sou rezo sosyal yo, entèprèt yo ki ap anseye AI sou Ayiti, antreprenè ak Ayisyen pwofesyonèl yo. Se yo ki se motè chanjman an. E motè sa a deja derape, pa gen fason pou kanpe pou li ditou.
VALENTIN: Yon Ayisyen Ayiti kapab travay a distans kounye a. Yon etidyan Ayiti kapab pran klas aprantisaj a distans. Yo kapab aprann yon metye, a distans, e pran diplòm nòmal. Yon malad kapab itilize telemedicine pou vizite doktè a distans. Sa se resous ki ajoute nan sa Ayiti ap bay deja.
SOUVNI: Akoz de developman sa yo plis jenn moun Ayiti gen okipasyon kounye a. Yo kòmanse fè pati nan mendèv ki pral chanje peyizaj peyi a.
VALENTIN: Jodi a, jènn Ayisyen yo ap travay ak gwo konpayi AI tankou Lakay AI, Ayiti AI, Ayiti Deep Learning. Lè ou gen kòd pou ekri, sistèm pou bati, ak teknoloji pou mennen Ayiti pi lwen, gang pa enteresan ankò.
SOUVNI: Travay ak konpayi AI sa yo bay salè ki reyèl, opòtinite mondyal, ak mobilite sosyal. Yo aprann langaj teknoloji. Jenn Ayisyen vin wè tèt yo kòm ajan AI, kodè, enjenyè, antreprenè, pa kòm moun ki dwe chèche siviv nan gang.
VALENTIN: E lè gen plis edikasyon, plis travay, plis pwofesyonèl, pral gen plis lajistis ak pi bon gouvènans, gang pa p kontwole katye yo menm jan ankò.
SOUVNI: Gang yo p ap disparèt, paske se sa nou swete non. Y ap disparèt paske wòl yo pral ranplase. Pwofesyonèl Ayisyen yo ap chanje wòl sa yo.
VALENTIN: Ayisyen pral pi enterese nan bati kominote pase pou y ap kraze kominote yo avèk laperèz
SOUVNI: E yon lòt nouvèl ankò. Pran chèz pou chita. Dominasyon klas elit la pral disparèt.
VALENTIN: A! Sa a pi difisil pou kwè. Se kòmsi se blag n ap fè kounye a.
SOUVNI: Valentin, nou pa di siksè oswa moun rich pral disparèt non. Non! Se pa sa nou di. Sa n ap montre a, sèke modèl dominasyon sa a, fason kèk moun te konn kenbe tout pouvwa a, p ap gen plas nan sosyete Ayisyen k ap vini an ankò.
VALENTIN: Se vrè. Mwen wè sa kounye a. Paske Ayiti k ap vini an p ap ka fonksyone sou ansyen modèl sa yo ankò. Lè tout moun gen aksè ak travay, ak teknoloji, ak edikasyon, dominasyon elit yo p ap ka kenbe. Lè opòtinite louvri pou tout moun, sistèm ki te konn fè kèk moun rete anba a, l ap fè fon. Li p ap gen sans ankò. Li p ap gen plas li nan sosyete modèn nan ankò.
SOUVNI: Se yon reyalite ki reyèlman difisil pou konprann e kwè. Men pa bliye se konsa yo te konn di lontan:
Yo te konn di, 'Gwo chato yo va toujou domine. Se nan chato yo ke pouvwa peyi yo va konsantre'. Men, gade jodiya, moun pa viv nan chato ankò. Chato yo vin tounen atraksyon touris, yo pa sant pouvwa yo ankò.
Yo te konn di, 'blan yo ap toujou anlè, esklav yo ap toujou anba'. Yo te di esklavaj se te 'lòd natirèl bagay yo,' ke li p ap janm fini. Men li te tonbe, e Ayiti te kraze l an premye.
Yo te konn di ke Monachi Ewopeyen yo ap la pou tout tan. Yo te kwè ke se wa ak rèn ki pral dirije pou tout tan. Men, kote yo kounye a?
Yo te konn di ke segregasyon rasyal te la pou tout tan. Yo te konn di ke moun diferan koulè pa t ap janm viv, etidye, oswa travay ansanm. Men èske lwa sa a pa tonbe?
Yo te konn di ke fanm pa gen dwa vote. Yo te di ke fanm pa t ap gen kapasite pou pran desizyon politik. Men èske fanm pa vin lidè, minis, e prezidan?
Yo te konn di ke travay se avèk misk ak fizik ou ka fè sa sèlman. Men, èske teknoloji pa chanje tout bagay sa yo?
Yo te konn di ke lekòl se sèlman fas a fas sa va fèt. Yo te di aprantisaj dwe fèt nan yon sal de klas sèlman. Men jodi a, ou kapab aprann nenpòt gwo pwofesyon sou entènèt sèlman, pou pran diplòm ki aksepte tout kote.
Yo te konn di si doktè a pa manyen pasyan an, pa gen laswenyay ki fèt. Pa gen laswenyay ki bay. Vizit doktè dwe fèt fas a fas sèlman. Men èske telemedicine pa chanje tout modèl sa? Gade jodiya, yo fè menm operasyon telegide a distans.
Yo te konn di elit yo ap toujou domine. Yo te kwè ke toujou gen yon ti gwoup ki fèt pou dirije. Men mobilite sosyal, sa kraze modèl sa a.
Yo te konn di se ke gwo medya yo sèlman k ap mennen. Yo te di sèlman televizyon ak radyo ki se sous pou bon nouvèl. Men jodi a, yon moun sou TikTok, Twitter, Facebook kapab chanje diskou nasyonal la.
Konsa, mezanmi, yo di gang ap toujou egziste. Yo te kwè ke ensekirite se yon bagay Ayiti ap toujou genyen. Men, gade kounye a, travay, teknoloji, ak edikasyon ap kraze baz gang yo.
Donk, lè nou pale de 'klas ki pi wo,' an, nou pa ap pale de moun ki reyisi. Nou ap pale de sistèm ki mete kèk moun sou tèt lòt. Avèk teknoloji, ak edikasyon, ak mobilite sosyal, pitit moun ki pa t gen anyen ka vin doktè. Yo ka vin avoka, antreprenè. Sa kraze lide ke gen yon ti gwoup ki fèt pou dirije, epi rès la fèt pou soufri.
Se pa klas ki ap disparèt non. Ap toujou gen moun ki pi rich pase lòt. Wi, w ap toujou gen sa. Men, se awogans klas yo ki pral disparèt. Paske avèk avansman k ap fèt, zafè pou genyen yon klas ki toujou ap domine an p ap gen plas nan sosyete an ankò. Li p ap gen plas nan sosyete modèn ke Ayiti ap tounen an kounye a.
VALENTIN: Men Souvni, èske nou genyen yon pwojeksyon pou lè bagay sa yo pral rive?
SOUVNI: Aktyèlman, nou kapab itilize modèl avansman Ayiti an pou fè yon prediksyon. Sa se odasite. Pa gen moun ki ka predi anyen. Men kòm nou te di nan kòmansman epizòd sa a. An nou fèmen je sou sa ki ap pase nan moman sa a, epi gade travay ki ap fèt kounye a, ki pral chanje fiti peyi a nèt nèt nèt, nèt al kole.
SOUVNI: Zanmi nou, nou sot lage gwo verite. Gang ap fini. Dominasyon elit ap tonbe. Ayiti ap vin pwodiktif. Sa se pwojeksyon nou.
VALENTIN: Yon pwojeksyon, yon kalkil ki gen lasyans dèyè li.
SOUVNI: 1804: Nou kraze prensip mond lan. Nou kraze tout defi. Nou pran libète.
VALENTIN: Apre sa, nou peye dèt nou, nou sibi presyon, men nou te jwenn plas nou sou menm tab ak tout lòt peyi yo.
SOUVNI: Ane 2000 yo: Ayiti anba ensekirite.
VALENTIN: Men Ayisyen pwofesyonèl ak dyaspora yo te leve, e nou te kòmanse wè ti limyè pwojeskyon pou demen an, ki t ap pouse tèt li anlè.
SOUVNI: Ane 2026: Nou ouvè yon nouvo chapit.
VALENTIN: Jèn Ayisyen an yo antre nan teknoloji, AI, pwofesyon; baryè opòtinite louvri pou Ayisyen a letranje, kòm Ayisyen ann Ayiti.
SOUVNI: Ane 2050: Ayiti ki ap vini an. L'Haiti du future. Yon Ayiti modèn rive sou nou. Pa gen moun ki ka ralenti l kounye a.
VALENTIN: Teknoloji ap kraze baryè. Pwovens kou Pòtoprens eklere ak avansman. Sekirite ap soti nan opòtinite. Se pa rèv, se kalkil.
SOUVNI: E ki Ayiti ke nou va genyen nan ane 2100?
VALENTIN: Si nou kontinye konsa, Ayiti va tounen yon modèl pou mond lan: soti nan esklavaj rive nan modènizasyon, soti nan gang rive nan teknoloji. Gen moun ki deja santi van sa a k ap leve a, e yo prepare.
SOUVNI: Alò zanmi oditè nou yo, sa se te emisyon pou sezon final nan seri ete nou an ki te rele Under the Haitian Skin, Anba Po Ayisyen an.
Pou tout moun ki t ap suiv seri a, nou di yon gran mèsi dèske ou te pran yon ti moman nan tan ou pou pakouri jounen sa a avèk nou. E, pou moun ki pa t ap suiv depi nan kòmansman, ou kapab jwenn tout seri a nèt nan podcast nou depi kòmanse premye semèn nan jouk ou rive nan emisyon sa a.
Yon refleksyon final nou kapab fè se lè nou gade Ayiti jodi a, li fasil pou w dekouraje. Li trè fasil pou w gade gang yo, gade kriz peyi a ap travèse, gade difikilte ke Ayisyen ap pase sou sèn entènasyonal la, epi panse. 'A! Se la istwa nou fini'.
Men, an nou toujou sonje nou menm Ayisyen, nou se yon pèp ki gen tenasite. Yon pèp ki pa konn lage. Nou gen yon lespri nan nou ki pouse nou avanse menm nan move tan. Nou te kraze chenn. Nou te soti anba vant Lafrans. Nou te pran libète nou. E pèp ki te fè sa a? Pèp sa a kapab leve ankò.
Ayisyen se moun ki travay di chak jou, nan lopital, nan lekòl, nan biznis, nan tout dyaspora a. Nou genyen dyaspora ki ap retounen ann Ayiti, ak konesans e ak eksperyans ke yo te fè. Menm moun ke y ap depòte jodi yo, yo pote avèk yo, sa yo aprann, sa yo te wè, sa yo vin konprann tou. Alò, pou nou tout, gen yon sèl mesaj la: Pa gade Ayiti jodi a. Gade Ayiti ki ap vini an.
Paske, nou antre nan yon epòk kote jènn Ayiti yo, yo wè sa trè klè kounye a. Yo konprann ke opòtinite pwofesyonèl, sa bay plis pase lè y ap chita ap teworize. Se yon epòk, tou, kote teknoloji ap louvri tout pòt ki te fèmen. Yon epòk kote gang yo, y ap pèdi teren gras a avansman e opòtinite nan teknoloji, ki aktyèlman vin ranplase dezespwa jènn Ayisyen yo.
Alò se yon epòk tou, kote dominasyon elit yo, sa senpleman pa p fè oken sans ankò, paske Ayiti ap vin tounen yon peyi kote tout moun kapab avanse nan menm nivo.
Fanmi Souvni on the Mike yo, kontinye briye. Pa lage. Ayiti pa sèlman kote nou soti. Ayiti se kote nou prale.
M ap ankouraje nou pou retounen branche sou Radyo Konpa 1320 AM chak vandredi swa a 7:30, oubyen ale nan podcast nou pou koute nou. Vandredi pwochen, mezanmi, se pral gwo komedi. Nou pral pale de La Famille Pòt nan emisyon an. Alò mwen apresye ekout nou anpil anpil zanmi nou yo. M espere chita avèk nou ankò semèn pwochèn. Dakò zanmi, rete branche. Pa deploge. La Famille Pòt ap vini talè konsa.
LA FAMILLE PÒT - Epizòd 32
'La Famille Pòt an Ayiti 2050'
DYAK: Oke, kote tout fanmi mwen yo? Vini. Reyini. M ap swete 'Bòn ane 2050 a tout La Famille Pòt!' Nou rive! N ap viv Ayiti san gang! N ap viv Ayiti ki gen limyè 24 sou 24 kounye a!
OVILA: Mezanmi Dyak, m pa ka kwè sa. Ayiti 2050! Hey, nou gen sekirite. Nou alèz. Nou gen teknoloji. Nou menm gen tiyo ke nou pa menm bezwen manyen pou l ban nou dlo!
DYAK: Se vre wi Ovila! Ayiti 2050 se yon Ayiti ki fè anpil pwogrè wi. Gade, do kay anpil moun se panno solè ki sou yo sèlman. Kay yo klere tankou telefòn ki sou chaj.
FREYA: Oh Mom! Dad! I love Haiti 2050! Menm machann nan mache yo gen panno solè sou bak machandiz yo.
TIKA: Oui, Freya, c’est l’Haiti du future. Tout kay, depi Pòtoprens rive nan mòn, gen limyè. Tout aparèy entelijan kounye a.
DYAK: Men wi Tika! Do kay yo gen panno ki reziste siklòn tou wi. Bon, nou gen blendè otomatik, frijidè ki ka brase manje ban nou. Nou gen fou AI ki ka kuit manje pou nou. E tiyo nou menm, se pase men sou li, san nou pa manyen l, epi li ban nou dlo. Nou gen lontan nou t ap tann pou Ayiti avanse konsa. Sa se yon paradi!
OVILA: Wi Dyak, Ayiti se yon paradi modèn kounye a, men se pa tout bagay ki mache byen non.
FREYA: Mommy, kisa ki pa mache byen?
OVILA: Enben yo te voye yon transfè lajan pou mwen pa drone ki ap pase anlè tèt nou an, men drone nan al ateri lakay vwazen an! Kounye a vwazen yo pran lajan transfè mwen, yo pa vle ban mwen l!
DYAK: O O! Sa pa anyen la, Ovila. Bon tande sa! Yèswa m ale pou m pran yon vè wonm Barbancourt nan frijidè a, men frijidè a fèmen pòt la sou mwen! Epi li voye notifikasyon: 'Dyak, ou deja bwè twa vè wonm jodi a. Ale dòmi.'
TIKA: Enben c'est la programmation. Se konsa nou te pwograme aparèy yo. Pou yo kenbe nou ansante.
OVILA: Enben Tika, frijidè a te jije m tou! M pa t ka ouvè pòt frijidè a yèswa. Li pa t vle ban m pikliz. Li voye yon avètisman ban mwen: ‘Tèt ou twò cho. Twòp piman nan san ou. Retounen demen’
TIKA: Bon, l'autre jour m al mete yon asyèt sal nan senk la, epi senk lan fè yon bri alèt: 'Atansyon! Mwen pa aksepte asyèt sal ankò!'
OVILA: A! Se mwen ki te mete pwogramasyon sa a nan senk lan. Mwen renmen sa a.
DYAK: Men, Ovila, ki kote nou pral mete asyèt sal yo la? Sou kabann nan?!
OVILA: Non Dyak! Ou pral oblije chèche yon machin rèstavèk ki pou lave asyèt yo pou ou. Ayiti 2050 pa gen madanm ki pral lave asyèt pou ou ti cheri a!
FREYA: And me, mommy, I tried to make griyo. Mwen limen fou a, men fou pa vle limen. Li voye yon notifikasyon: ‘Ou deja manje griyo 2 fwa semèn sa.’ Li ofri m vitamin ki gen gou griyo, pito.
DYAK: O O hey! Enben aparèy sa yo derespektan! Bon Ovila, kisa n ap manje aswè a? Kisa aparèy entelijan yo pwograme pou nou kòm dine aswè a la?
OVILA: Dyak, mwen tale pou m fè manje. Epi tout aparèy yo pran revòlte! Fou a, blendè a, frijidè a, tiyo a, yo tout voye mesaj: ‘Nou bouke! Nou fatige! Nou pa esklav ankò!’
DYAK: O O aparèy mande libète menm?
TIKA: Oh mon Dieu, mais ça c’est une révolution!
OVILA: Revolisyon? Hey! Si aparèy yo vle libète, sa vle di nou menm Ayisyen finalman aprann, pou n pa fè aparèy yo travay twòp! Men si Ayiti 2050 rive nan pwen kote frijidè ap fè manifestasyon, mwen menm, Ovila Pòt, m ap retounen nan Ayiti 2026 kote omwens frijidè a pa p jije m, ni li pa p fè m replik!
DYAK: Ovila, m dakò! Ayiti 2050 twò avanse, twò modèn pou nou!
FREYA: Mommy, maybe you need an update.
TIKA: Oui manmie, ou bezwen you mizajou. Fanmi an bezwen version Ovila 2.0 ki pa gen pwoblèm pou lave asyèt!
END
Mezanmi o mesyedam, se tout sa nou t ap di. Mèsi anpil pou lekout. M espere n ap pale ankò lòt Vandredi. Se te Souvni on the Mike. Pase bon wikenn